Diagnostic de la communaut© de carice

download Diagnostic de la communaut© de carice

of 71

  • date post

    18-Nov-2014
  • Category

    Documents

  • view

    190
  • download

    1

Embed Size (px)

Transcript of Diagnostic de la communaut© de carice

CENTRE POUR LA CULTURE ET LE DVELOPPEMENT DE CARICE SANT POU la KILTI AK DEVLPMAN KARIS e-mail : skdkaris@yahoo.fr

DOKIMAN DYAGNOSTIK KOMINOTE KARIS

RATIFYE NAN ASANBLE REPREZANTAN

DAT :7/8 JIYE 2006

1

Men sa n ap jwenn nan dokiman sa: 1.- Demach reyalizasyon plan an 2.- Prezantasyon Kominoite Karis 2.2- Kote kominote Karis la ye 2.3- Istwa Kominote Karis 2.4- Jeyografi ak Teritwa Karis 2.5- Popilasyon 2.6- Mouvman Popilasyon an ak kalite abita yo 2.7- Anviwnman an 2.8- Administrasyon piblik nan Komin Karis 3.- Ekonomi 3.1- Agrikilti ak Elvaj 3.2- Atizana 3.3- Koms 3.4- Transp 3.5- Atelye Pwodiksyon ak Transfmasyon 3.6- Kredi 4.Reyalite Sosyal Kominote Karis 4.1- Edikasyon 4.2- Sante 4.3- Kominikasyon 5.Reyalite Kiltirl 5.1- Lwazi 5.2- Relijyon ak Kwayans 5.3- Patrimwn Kiltirl 6.Reyalite Sosyo Oganizasyonl 6.1- Oganizasyon Tradisyonl yo 6.2- Oganizasyon k ap f pwomosyon devlpman nan kominote Karis

2

6.3- Enstitisyon k ap travay nan Devlpman anndan kominote a 7.- Dnye ti koze 7.1- Lis patisipan yo dapr Atelye yo 7.2- Envite espesyal 7.3- Lis Ajan Fasilitat yo 7.4- Lis Manm Konsy Kodinasyon SKDK 7.5- Lis Manm Ekip RADYO TET ANSANM KARIS 1.Demach Reyalizasyon Plan an: Nan dat 10 jiy 2003, konsy kodinasyon SKDK te ganize yon premye refleksyon sou ki sa yon plan estratejik ye. Nan rankont sa, te gen Ekip Ajan Fasilitat yo, Delege Ps Rasanbleman yo ak Dirijan ganizasyon yo. Nan dat 6 septanm menm ane a, refleksyon sa te vin ranfse ak plis patisipan. Apr sa,konsy kodinasyon SKDK te ganize yon rankont nan Ptoprens ak kk jn pwofesyonl Karis ansanm ak dirijan plizy ONG ki enterese nan zaf devlpman nan lokalite a tankou: ACS, GRAIFSI, CECI, OXFAM GB, GRAMIR, SAKS, IRAM,elatriye Te gen kk pwofesyonl zanmi Karistankou Enjeny Bernard Lacarte ki te prezan nan rankont sa ki te ft nan dat 3 oktb 2003. Tou swit apr sa,nan Atelye Refleksyon ak Desizyon SKDK,pi gwo enstans desizyon anndan SKDK,lide reyalizasyon plan estratejik kominote Karis la, te vote ak konsantman tout moun prezan nan dat 28 janvye 2004.Nan sans sa,konsy kodinasyon SKDK te gen manda pou reyalize yon plan devlpman kominote karis pou 15 lane k ap vini yo.Li mennen demach yo epi li mete yon Ekip Teren ki fme ak : o Ekip Ajan fasilitat SKDK o Ekip teknik SKDK o Komisyon ki soti nan divs sekt devlpman

3

o Ekip Dakonpayman Ekstn(EAE) kanpe. Ekip sa te demare ak 4 pwofesyonl espesyalize nan diferan domn.Ekip sa te kmanse travay la ofisylman le 24 jiy 2004 Pou faslite refleksyon yo ak yon apwch patisipativ,lide a te vini pou separe kominote Karis la an Ps Rasanbleman.Nou te konte 36 Ps kap fonksyone ak akonpayman Ekip Ajan fasilitat yo.Pi devan, metodolji a pral mande regwoupe Ps sa yo ki vin tounen 11 gran Ps travay ki rele Ps konsantre.Metd sa te vin fasilite travay la pou n pa rantre nan twp detay ki ta kapab f chay la vin tw lou.Divs kalite ganizsyon ak enstitisyon kap travay nan devlpman te enplike tou nan demach yo. Aktivite ki reyalize: Aksyon Karm Swis se yonn nan ganizasyon ki akonpaye SKDK nan tout demach reyalizasyon plan an depi premye jou rankont avk popilasyon kominote karis la. Avk tout enstans sila yo ki t ap fonksyone, soti nan mwa jiy 2004 pou rive nan Mas 2005, divs kalite sesyon fmasyon te reyalize sou teknik: Kat Tematik.Nan sans sa, nou reyalize 66 kat nan edikasyon, sante, fizik administratif, agrikilti, kilti ak lwazi, ekonomi ak koms nan tou le 11 Ps konsantre yo.An apre, kat sila yo ta pral redui nan 5 kat: 1)Seksyon kominal Bwa Gaml, 2)Woz Bonit, 3)Bouk Karis, 4)Bwa Pou, 5)Savant. Nan mwa avril 2005 pou rive desanm 2005, divs sesyon fmasyon ft sou montaj griy ak kesyon ankt yo, epi nou kolekte 377 fmil. Nan mwa desanm 2005 pou rive avril 2006, ankt sila yo trete epi analize. Pou rive nan mwa me ak jen se entpretasyon rezilta ak redaksyon dokiman dyagnostik la (fouye chache), ki se premye etap travay la. Apr Asanble Reprezantan yo fin ratifye

4

dokiman dyagnostik la, li rete kounye a pou n defini gran orayantasyon priyorite popilasyon kominote Karis la ta dwe pran pou 15 lane k ap vini yo epi bati yon pwogramasyon aktivite (plan operasyonl) pou 3 ane k ap vini yo, swa 2007,2008,2009. 2- Prezantasyon kominote Karis : (KAT) Bouk Karis Seksyon kominal Bwa Gaml Seksyon kominal Woz Bonit o Yon pati (2/3) nan seksyon komin Bwa Pou (Ganize) Yon pati (1/4) nan Seksyon kominal Savant (Ganize) 2.1- Ki sa Kominote Karis ye ? L nou di yon kominote nou w Abitan yo, tritwa a, relasyon ki genyen ant Abitan yo, enter yo genyen ansanm avk santiman yo genyen nan yon menm zn. Moun nan lokalite Bwa Pou, Lare (nan seksyon Bwa Pou), moun nan lokalite Bwa Nf, Lapy, nan Sab (nan seksyon kominal Savant) regle pi f zaf yo (Legliz, Mache, Lekl timoun...) nan bouk Karis. Pou rezon sa yo, nou pa kapab kite yo dy, nan yon plan pou devlpman Karis k ap ft. Se sa k f, olye nou rete nan kad komin Karis, jan administrasyon peyi a di li, nou pito travay nan kad kominote Karis. 2.2.- Kote kominote Karis la ye? Komin Karis chita nan Awondisman Valy, Depatman Nds. Men, de moso nan seksyon kominal Savant ak Bwa Pou) nan komin Ganize nou konsidere yo nan Awondisman Wanament. Yo toujou nan Depatman Nds. Pou ou rive nan kominote Karis, si w sti nan vil Kap Ayisyen, w ap travse komin Flibte, komin Wanament, komin Ganize. Wout

5

Wanament pou rive Karis gen yon long 33 kilomt, se yon wout mn.Soti Kap Ayisyen pou rive Wanament se 75 kilomt,se yon wout nan t plat Si w sti Plato Santral, ou gen pou travse komin Ska Kavajal, ou pase nan lokalite Lagwamit pou rive Bwa lorens oswa w pase nan bouk Monben Kwochi, pou rive nan lokalite Bwa Lorens (toujou komin Monben Kwochi), anvan w rive Karis. * Nan pwent b kote soly leve kominote Karis, nou jwenn komin Ganize (Mont Organis), ak liy fwonty ak Repiblik Dominikn (Ls, Sids). Nan N, Ndws, nou jwenn komin Valy. Nan pwent b kote soly kouche, nou jwenn komin Monben Kwochi ; nan Sidws, se komin Ska Lasous. * Kominote Karis, nan pwent N, li touche ak komin Flibte,nan abitasyon Soukriye,zn Anwo T nv nan seksyon kominal Bwa Gaml pou Karis ak abitasyon Gwo Bimen,seksyon kominal Akil Samdi pou Komin F Libte . KAT 2.3. Istorik Kominote Karis : Komin Karis: B lane 1950, Karis te deja Komin. Majistra a te rele Desermo Desamour, kk lane apre, Karis te desann nan ran Katye. Depi oktb 1958, li rive tounen komin. L sa, se Charles Audate ki te Majistra. Non Karis sti sou non yon dam ki te rele Cariciane. Se li menm sitou ki te konn resevwa vizit nan lokalite a. Te genyen 6 premye kay ki te konstwi nan zn sa. Pami yo, Bernardin Bernard (se Toto Dalton ki te achte kay sa), Normilus Gabriel, Bernovil, Jij Dcius Calixte ki te vann Saint Martin Castin.

6

Karis te konn fete yon ft pou premye kominyon ak mariaj chak 28 fevriye nan epk sa.Depi 1957 Pawas Karis ap fete Hlne Sen Patwn li chak 18 Dawou.Ft sa genyen 2 gwo enptans : a) Li rasanble plizy pleren ki soti prske nan tou le 10 depatman jeyografik yo anndan peyi a. b) Teyat popil,match fout bl ak bal rete yon tradisyon kiltirl nan lavi moun Karis ki renmen montre talan yo nan epk sa pandan y ap akeyi etranje yo. Konstriksyon wout la : Wout la te ft nan dat 8 oktob 1950.Se jou sa menm, machin te premye rantre Karis b 5 nan apr midi. Wout sa te konstwi nan lide pou vin chche kafe nan zn Karis ak planch nan Lamyl .Men, nap siyale Lamyl te deja gen wout ki te soti Ska Lasous. Se 3 fr Cassagnol yo (Raymond, Paul ak Andr) ki te konstwi li.Mesye sila yo te mennen kk lt aktivite tankou yon ti branch limy nan zn Anba Bouk paske se la izin kafe a te enstale.Yo te konn vini ak eskout pou mete animasyon nan moman vakans,yo te f pwomosyon pou kay tl, kote yo te konn livre moun yo tl pou kafe ak kk kondisyon . Nan lane 1960,P Jn Paul Lefbre te f yon ouvti pou machin soti nan Bouk la pou rive Savn Sal.Se nan blk Kalfou Lej,Anwo Dlo karis wout la te pase nan epk sa. Batay nan Savn Sal: Yonn nan gwo evnman ki make istwa zn nan,se batay kako(gwoup peyizan ki te pran zam kont okipasyon Blan meriken yo).Dezm ak Dezilyen (pami 2 ng sa yo,te gen yonn ki te nan kan kako yo.Genyen lt moun tankou St Louis Charles ki te apiye kan kako yo epi Selcher li menm se te Gad Dayiti nan epk la.Batay sa te ft nan abitasyon Savn Sal kont okipan meriken yo nan lane 1937 pou te pwoteste

7

kont fason blan meriken tap Mennen bak peyi a.N ap siyale, menm l mesye sila yo t ap goumen dapr temwayaj moun nan lokalite a bay, yo pat janm kont tire menm yon peta nan Bouk Karis .Dnye batay la te ft nan bouk Ganize,zn Bwa Pen Kaw,Dezm ak Desilyen,yonn te touye lt.Se nan katye sa ou te kapab jwenn tonb yo.Jouk jounen jodi a,l moun yo ap pale nan sans opozisyon yonn ak lt,yo toujou anplwaye ekspresyon Dezm ak Desilyen. Karis sou fwonty. Nan kad leve kanpe kont diktati Divalye yo,nan dat 15 out 1963, te gen gwoup ame kamoken ki te debake Ganize epi yo toujou voye di yap vini Karis.Sa f,nan epk sa, moun karis te toujou ap viv nan laperz. Divalye te pase ld pou debwaze tout zn nan. Nan epk sa, Abitan yo te oblije koupe kk jaden kafe ak pye bwa sitou nan bouk Ganize. Lane 1974, nan epk Duvalier fils, kesyon enjistis, grangou, kout ponya, se pi gwo pwoblm ki t ap poze nan kominote a epi ti peyizan malere te konn sibi anpil anba men espekilat, kontwol danre, ak otorite yo. Karis se yon zn pwodiksyon kafe.Ak tout evenman ki fenk site la yo, ou w sa f pwodiksyon kafe a vin diminye, enter peyizan pou pwodiksyon kafe te vin bese tou paske pri a te ba epi moun yo te deside koupe kafe pou plante lt viv tankou : pwa ,mayi, yanm,tayo, bannann, elatriye. Sa te kreye gwo pwobln ekonomik ak sosyal. Se nan epk sa, P Obla yo te vin mete kanpe yon pastoral sosyal pou lite kont abi sa yo. Yo te fme yon ekip animat/tris avk konkou IDEA (Sant fmasyon ak animasyon pou edikasyon gran moun) ki vin angaje yo nan batay pou chanjman an. Mache piblik :

8

Nan kmansman,se te jou dimanch ki te gen yon ti kras mache, apr svis legliz, kote kk mach