Massachusetts Department of Elementary and Secondary ......nan 3-10 lane yo anile epi pap fèt...

4
Massachusetts Department of Elementary and Secondary Education 75 Pleasant Street, Malden, Massachusetts 02148-4906 Telefòn: (781) 338-3000 TTY: Relè N.E.T 1-800-439-2370 Jeffrey C. Riley Commissioner 8 Me 2020 Chè Paran ak Responsab Legal yo, Nan non Department of Elementary and Secondary Education (DESE), mèsi pou patenarya ou epi èd ou pou fè edikasyon posib pou tout timoun ki nan eta a pandan tan difisil sa yo. Enpòtans sante elèv ak fanmi yo epi byennèt pa janm lwen panse nou. Antanke paran, mwen konnen genyen lekòl pa sesyon, men batiman lekòl yo fèmen, sa kapab mongonmen epi enèvan pou elèv yo. Antanke manm komisyon edikasyon piblik K-12 (lekòl klas jadendanfan rive nan klas 12yèm ane) pou Massachusetts, objektif mwen se pou ede elèv yo rete an sekirite epi kontinye aprann. Kòm ou konnen, nan efò pou evite pwopagasyon COVID-19, Gouvènè a fèmen batiman lekòl yo pou rès ane lekòl la. Anseye ak aprann ap kontinye fèt a distans. Depatman an (DESE) ede lekòl yo reponn atravè kat faz travay. 1. Premye faz la te kòmanse nan mwa mas la, lè yo te oblije lekòl yo pou yo fèmen pou twa (3) semèn. Depatman an fokis pou sekirite elèv yo, nitrisyon yo, ak lòt bezwen fondalnatal. Reponn bezwen sa yo se toujou premye priyorite nou. 2. Dezyèm faz la te kòmanse nan fen Mas la, lè yo oblije lekòl yo pou yo te femen jiska kòmanse mwa Me a. Depatman an te bay inisyal gid pou lekòl yo (24 Mas) ak yon lèt pou fanmi yo (30 mas) ansanm ak yon lis resous pou edikasyon (pou aprann a distans). 3. Kounyea nou nan twazyèm faz la. Koulyea nou konnen lekòl yo ap fèmen jiska fen ane lekòl la (fen jen pou pi fò lekòl yo) Akoz sa, nou soti yon dènye gid pou aprantisaj a distans 24 avril pou ede lekòl yo ranfòse efò lokal yo. 4. Nou gentan prevwa katriyèm faz la, lè elèv yo ak ekip la alalong retounen nan batiman lekòl yo. Nou ap travay ak lidè lekòl yo, ak espè nan sante ak sekirite pou planifye epi prepare pou sa. Lekòl yo ak pwofesè yo fè tout efò yo po sipòte timoun k ap aprann a distans. Nan kominote pa w la sa kapab oubyen pa genyen aprann a distans (ak òdinatè, aparèy elektwonik, telefòn elatriye), men aprann a distans kapab genyen yon konbinezon resous ke lekòl ak pwofesè a aksepte.

Transcript of Massachusetts Department of Elementary and Secondary ......nan 3-10 lane yo anile epi pap fèt...

  • Massachusetts Department of Elementary and Secondary Education

    75 Pleasant Street, Malden, Massachusetts 02148-4906 Telefòn: (781) 338-3000 TTY: Relè N.E.T 1-800-439-2370

    Jeffrey C. Riley Commissioner

    8 Me 2020

    Chè Paran ak Responsab Legal yo,

    Nan non Department of Elementary and Secondary Education (DESE), mèsi pou patenarya ou epi èd ou pou fè edikasyon posib pou tout timoun ki nan eta a pandan tan difisil sa yo. Enpòtans sante elèv ak fanmi yo epi byennèt pa janm lwen panse nou. Antanke paran, mwen konnen genyen lekòl pa sesyon, men batiman lekòl yo fèmen, sa kapab mongonmen epi enèvan pou elèv yo. Antanke manm komisyon edikasyon piblik K-12 (lekòl klas jadendanfan rive nan klas 12yèm ane) pou Massachusetts, objektif mwen se pou ede elèv yo rete an sekirite epi kontinye aprann.

    Kòm ou konnen, nan efò pou evite pwopagasyon COVID-19, Gouvènè a fèmen batiman lekòl yo pou rès ane lekòl la. Anseye ak aprann ap kontinye fèt a distans. Depatman an (DESE) ede lekòl yo reponn atravè kat faz travay.

    1. Premye faz la te kòmanse nan mwa mas la, lè yo te oblije lekòl yo pou yo fèmen pou twa(3) semèn. Depatman an fokis pou sekirite elèv yo, nitrisyon yo, ak lòt bezwenfondalnatal. Reponn bezwen sa yo se toujou premye priyorite nou.

    2. Dezyèm faz la te kòmanse nan fen Mas la, lè yo oblije lekòl yo pou yo te femen jiska kòmanse mwa Me a. Depatman an te bay inisyal gid pou lekòl yo (24 Mas) ak yon lèt pou fanmi yo (30 mas) ansanm ak yon lis resous pou edikasyon (pou aprann a distans).

    3. Kounyea nou nan twazyèm faz la. Koulyea nou konnen lekòl yo ap fèmen jiska fen ane lekòl la (fen jen pou pi fò lekòl yo) Akoz sa, nou soti yon dènye gid pou aprantisaj a distans 24 avril pou ede lekòl yo ranfòse efò lokal yo.

    4. Nou gentan prevwa katriyèm faz la, lè elèv yo ak ekip la alalong retounen nan batiman lekòl yo. Nou ap travay ak lidè lekòl yo, ak espè nan sante ak sekirite pou planifye epi prepare pou sa.

    Lekòl yo ak pwofesè yo fè tout efò yo po sipòte timoun k ap aprann a distans. Nan kominote pa w la sa kapab oubyen pa genyen aprann a distans (ak òdinatè, aparèy elektwonik, telefòn elatriye), men aprann a distans kapab genyen yon konbinezon resous ke lekòl ak pwofesè a aksepte.

    http://www.doe.mass.edu/covid19/on-desktop/remote-learning/http://www.doe.mass.edu/covid19/family-letter/http://www.doe.mass.edu/covid19/ed-resources.htmlhttp://www.doe.mass.edu/covid19/on-desktop/2020-0424updated-remote-learning.docx

  • Pou ede pitit ou fè pwogrè nan edikasyon l pandan klas yo pa ka reyini ansanm. Pou plis detay sou mizajou ki genyen sou aprann a distans gid ak lòt resous ki kapab ede pandan lekòl fèmen an, tanpri gade dokiman pou ret konekte ak lekòl la k ap vin apre lèt sa. N ap poste lèt sa sou Aprann pandan ou lakay ou sit wèb, epi lòt enfòmasyon ki disponib la.

    Mèsi ankò pou tout ou fè pou ede timoun ou yo aprann, konekte ak pwofesè yo, epi kontinye ak woutin yo chak jou. Si ou genyen lòt kesyon pou nou ke nou pa adrese la ou kapab Imèl [email protected] oswa rele (781) 338-3700

    Sensèman,

    Jeffrey C. Riley Commissioner

  • 19K @COVID 12ParentInfo ma .govss

    Yo ankouraje fanmi yo, administratè lekòl yo, ak elèv yo pou travay ansanm pou ka jwenn meyè fason pou sipòte chak timoun pandan lekòl la femen.

    Sante, sekirite, ak byennèt se premye priyorite nou.

    KONEKSYON LEKÒLEnfòmasyon pou Fanmi Elèv yo Pandan COVID-19 Fèmti Lekòl yo

    Mèsi pou tout sa ou fè pou sipòte edikasyon pitit ou pandan moman difsil sa yo!

    Aprantisay a Distans Prepare elèv yo pou lòt klas k ap vini apre a.

    Lekòl yo ap mete ajou plan pou aprann kigen ladan l kisa ki ede elèv yo apran pi plispou yo ka byen prepare tèt yo pou lòt ane.Ou kapab jwenn sou sitwèb Depatman ankèk bagay ki enpòtan elèv yo bezwenkonnen nan elementary, middle, and highschool.Lekòl yo ap travay ak elèv yo epi fanmi yopou ede TOUT elèv yo angaje nan aprantisaya distans, ak plizyè fason pou ranfòseeksperyans aprantisay sa.

    Kisa ki pase pandan aprantisay a distans

    Koneksyon ant elèv ak fanmi, pwofesè epi ak ekip nan lòt lekòl. Aprann sa ki pi enpòtan pou prepare elèv yo pou lòt klas k ap vini apre a. Pratike sa elèv yo aprann. Mouvman, egzèsis, epi jwe. Lòt aktivite tankou danse, a medyatik, mizik, teyat ak a vizyèl. Ou ka jwenn egzanp pou opsyon aprantisay a distans pou fanmi yo sou sitwèb DESE la.

    Communication and interaction are important during this time of remote learning

    Anpil elèv ak edikatè sonje lè yo t ap aprann fasafas epi fè pati yon kominote. Elèv, pwofesè, ak lòt ekip nan lekòl la kapab devlope plizyè fason pou kominike youn ak lòt. Sa kapab vle di koneksyon, aprantisay, sante ak byennèt. Yo ankouraje lekòl ak fanmi yo pou sipòte aprantisay elèv yo pou anviwon mwatye tan yon jou lekòl regilye. Pou anpil elèv sa ka dire an 2.5 pou rive 3 zè. Kèk lekòl kapab chanje sistèm yo bay elèv yo mwayèn pou eseye san paspouki ke posib ak elèv yo pandan lekòl la fèmen. Pa egzanp, Yo ka bay lekòl yo prim pou kredi nan klas yo (olye yo bay mwayèn) pou gwo efò yo epi bay "pa gen kredi" (olye yo pa pase tès la) pou sa k pa fè efò. Tanpri mande pwofesè ou yo si ou pa sèten sa ki obligatwa, kòman y ap ba w mwayèn, oubyen kisa pou fè pou jwenn kredi pou klas la. Tanpri mande pwofesè yo oubyen lòt pèsonèl ki nan lekòl la si ou pa sèten kòman pou jwenn enfòmasyon oubyen èd anplis. Si pitit ou gen difkilte, gen enkyetid, oubyen pè, oubyen si ou gen lòt enkyetid, tanpri kontakte pwofesè ou pou kapab ede ou konekte ak lòt resous lekòl la bay.

    Si ou gen kesyon yo pa adrese la:

    (781) 338-3700

    http://www.doe.mass.edu/covid19/http://www.doe.mass.edu/covid19/learn-at-home.htmlhttp://www.doe.mass.edu/covid19/learn-at-home/secondary-prerequisite.docxhttp://www.doe.mass.edu/covid19/ed-resources.html

  • LÒT ENFÒMASYON LEKÒL Kalandriye Lekòl Pou ede chak moun ret an sekirite, tout lekòl piblik ak lekòl prive yo (esepte pwogram pou edikasyon espasyal rezidansyèl yo) ap rete fèmen jiska fen ane lekòl la.

    Aprantisay a distans la ap kontinye jiska fen ane lekòl sa (fen jen pou pi fò lekòl).

    Tès MCAS ak Obligasyon pou Gradyasyon Tès eta MCAS nan prentan an pou elèv nan 3-10 lane yo anile epi pap fèt ankò.

    Pou elèv 12èm ane yo ki pa pase youn oubyen plis nan tès MCAS yo, mande enfòmasyon lekòl ou sou kòman fni kèk kou ak siksè kapab fè w ranpli kondisyon eta a mande pou gradye (competency determination).

    Special Education Y ap bay sèvis Special education l yo diferaman de jan yo konn fè l lè lekòl fonksyone nòmalman. Lekòl yo pral kontinye devlope epi agrandi fason pou bay sèvis special education a distans.

    Si pitit ou genyen yon Individualized Education Program (IEP manm ki nan ekip edikasyon espesyal pitit ou ap tcheke ak ou (ou ka tcheke yo tou) pou ede ou ak pitit ou ak sèvis aksè. Yo pa bezwen reyinyon IEP yo pou lekòl la bay sèvis a distans.

    Yo kapab jwenn resous anplis pou fanmi elèv ki andikape yo 9 avril lèt ak bwat zouti.

    Tizonnay ak Asèlman Si ou kwè ou menm oubyen pitit ou yo fè eksperyans tizonnay oswa asèlman akoz de pwopagasyon COVID-19nan

    oubyen si sa rive alavni, tanpri kontakte ofsye pou dwa sivil ki

    nan lekòl ou oubyen direktè a oubyen ofs direktè a.

    Ou kapab kontake Problem Resolution System Offce nou an (781-338-3700 [email protected]).

    ÈD ANPLIS POU FANMI YO

    Asistans pou Manje Pou jwenn yon sit tou pre ou, tanpri vizite Kote pou jwenn manje sou entènèt Project Bread oubyen kontakte yo pa telefòn nan 800-645-8333. Yo ka jwenn resous anplis atravèDepatman pou Asistans Tranzitwa (Departmentof Transitional Assistance) sou Avantaj akkesyon komen.

    Gadri

    Pwogram ijans egzanpsyon pou gadri Gid pou fanmi. Pwogram pou sipò revni pou travayè ki pap travay nan Massachusetts Pandemi COVID-19 la.

    Massachusetts 211

    Ou pa konnen kibò pou ale pou jwenn èd? Peze 211- oubyen ale sou Mass211.org. Gratis. Sekrè.Plizyè Lang.

    Lojman ak Resous pou Moun Sanzabri Sant Resous pou Fanmi (Family Resource Centers); Depatman pou Lojman ak Devlopman Kominotè (Department of Housing and Community Development) Enskripsyon pou asistans pou abri an ijans (866-584-0653); Depatman pou Timoun ak Fanmi (Department of Children and Families ), Timoun an Danje Liy telefòn dirèk: 1-800-792-5200; Pwogram pou edikasyon Migran Massachusetts.

    Sante emosyonèl ak Byennèt Resous pou ede ou remonte sante mantal ou ak byennèt ou nan Depatman pou Sante Mantal (Department of Mental Health), ladan l gen resous pou redui estrès ak jan pou jere sante ou, konsèy ak aktivite pou timoun ak sipò pou kriz sante mantal, ak plis.

    Aksè deyò lekòl ak Sekirite pou Entènèt Chache èd ak entènèt lakay ou

    http://www.doe.mass.edu/covid19/on-desktop/2020-0429competency-requirements.docxhttp://www.doe.mass.edu/covid19/sped/family-letter/http://www.doe.mass.edu/covid19/sped/family-resource-toolbox/https://meals4kids.org/schoolclosurehttps://www.mass.gov/info-details/dta-covid-19-resources-and-support%23learn-how-to-apply-or-check-the-status-of-your-dta-benefits-https://www.mass.gov/info-details/dta-covid-19-frequently-asked-questionshttps://eeclead.force.com/resource/1585924638000/Guidance_For_Familieshttps://eeclead.force.com/resource/1586275191000/IncomeSupport_UnemployedWorkershttps://mass211.org/https://www.mass.gov/how-to/find-emergency-family-shelterhttps://www.mass.gov/how-to/find-emergency-family-shelterhttps://www.mass.gov/how-to/find-emergency-family-shelterhttps://www.mass.gov/how-to/find-emergency-family-shelterhttps://www.mass.gov/orgs/massachusetts-department-of-children-familieshttps://edcollab.org/programs/mmep/https://www.mass.gov/info-details/maintaining-emotional-health-well-being-during-the-covid-19-outbreakhttps://www.mass.gov/info-details/resources-for-reducing-stress-and-healthy-copinghttps://www.mass.gov/info-details/tips-and-activities-for-childrenhttps://www.mass.gov/info-details/mental-health-crisis-supporthttp://www.doe.mass.edu/odl/access-safety.html

    8 Me 2020