CENTRE POUR LA CULTURE ET LE DÉVELOPPEMENT DE CARICE SANT POU la KILTI AK DEVLÒPMAN KARISe-mail : [email protected]
DOKIMAN DYAGNOSTIK KOMINOTE KARIS
RATIFYE NAN ASANBLE REPREZANTAN
DAT :7/8 JIYE 2006
Men sa n ap jwenn nan dokiman sa:
1
1.- Demach reyalizasyon plan an
2.- Prezantasyon Kominoite Karis
2.2- Kote kominote Karis la ye
2.3- Istwa Kominote Karis
2.4- Jeyografi ak Teritwa Karis
2.5- Popilasyon
2.6- Mouvman Popilasyon an ak kalite abita yo
2.7- Anviwònman an
2.8- Administrasyon piblik nan Komin Karis
3.- Ekonomi
3.1- Agrikilti ak Elvaj
3.2- Atizana
3.3- Komès
3.4- Transpò
3.5- Atelye Pwodiksyon ak Transfòmasyon
3.6- Kredi
4.- Reyalite Sosyal Kominote Karis
4.1- Edikasyon
4.2- Sante
4.3- Kominikasyon
5.- Reyalite Kiltirèl
5.1- Lwazi
5.2- Relijyon ak Kwayans
5.3- Patrimwàn Kiltirèl
6.- Reyalite Sosyo Oganizasyonèl
6.1- Oganizasyon Tradisyonèl yo
6.2- Oganizasyon k ap fè pwomosyon devlòpman nan kominote Karis
6.3- Enstitisyon k ap travay nan Devlòpman anndan kominote a
7.- Dènye ti koze
7.1- Lis patisipan yo daprè Atelye yo
7.2- Envite espesyal
2
7.3- Lis Ajan Fasilitatè yo
7.4- Lis Manm Konsèy Koòdinasyon SKDK
7.5- Lis Manm Ekip RADYO TET ANSANM KARIS
1.Demach Reyalizasyon Plan an:
Nan dat 10 jiyè 2003, konsèy koòdinasyon SKDK te òganize yon
premye refleksyon sou ki sa yon plan estratejik ye. Nan rankont sa, te
gen Ekip Ajan Fasilitatè yo, Delege Pòs Rasanbleman yo ak Dirijan
òganizasyon yo. Nan dat 6 septanm menm ane a, refleksyon sa te vin
ranfòse ak plis patisipan. Aprè sa,konsèy koòdinasyon SKDK te òganize
yon rankont nan Pòtoprens ak kèk jèn pwofesyonèl Karis ansanm ak
dirijan plizyè ONG ki enterese nan zafè devlòpman nan lokalite a
tankou: ACS, GRAIFSI, CECI, OXFAM GB, GRAMIR, SAKS, IRAM,elatriye…
Te gen kèk pwofesyonèl zanmi Karistankou Enjenyè Bernard Lacarte ki
te prezan nan rankont sa ki te fèt nan dat 3 oktòb 2003.
Tou swit aprè sa,nan Atelye Refleksyon ak Desizyon SKDK,pi gwo
enstans desizyon anndan SKDK,lide reyalizasyon plan estratejik
kominote Karis la, te vote ak konsantman tout moun prezan nan dat 28
janvye 2004.Nan sans sa,konsèy koòdinasyon SKDK te gen manda pou
reyalize yon plan devlòpman kominote karis pou 15 lane k ap vini yo.Li
mennen demach yo epi li mete yon Ekip Teren ki fòme ak :
o Ekip Ajan fasilitatè SKDK
o Ekip teknik SKDK
o Komisyon ki soti nan divès sektè devlòpman
o Ekip Dakonpayman Ekstèn(EAE) kanpe. Ekip sa te demare ak 4
pwofesyonèl espesyalize nan diferan domèn.Ekip sa te kòmanse
travay la ofisyèlman le 24 jiyè 2004
Pou faslite refleksyon yo ak yon apwòch patisipativ,lide a te vini pou
separe kominote Karis la an Pòs Rasanbleman.Nou te konte 36 Pòs
kap fonksyone ak akonpayman Ekip Ajan fasilitatè yo.Pi devan,
3
metodolji a pral mande regwoupe Pòs sa yo ki vin tounen 11 gran
Pòs travay ki rele Pòs konsantre.Metòd sa te vin fasilite travay la
pou n pa rantre nan twòp detay ki ta kapab fè chay la vin twò
lou.Divès kalite òganizsyon ak enstitisyon kap travay nan
devlòpman te enplike tou nan demach yo.
Aktivite ki reyalize:
Aksyon Karèm Swis se yonn nan òganizasyon ki akonpaye SKDK nan
tout demach reyalizasyon plan an depi premye jou rankont avèk
popilasyon kominote karis la.
Avèk tout enstans sila yo ki t ap fonksyone, soti nan mwa jiyè 2004
pou rive nan Mas 2005, divès kalite sesyon fòmasyon te reyalize
sou teknik:
Kat Tematik.Nan sans sa, nou reyalize 66 kat nan edikasyon, sante,
fizik administratif, agrikilti, kilti ak lwazi, ekonomi ak komès nan
tou le 11 Pòs konsantre yo.An apre, kat sila yo ta pral redui nan 5
kat: 1)Seksyon kominal Bwa Gamèl, 2)Woz Bonit, 3)Bouk Karis,
4)Bwa Pou, 5)Savanèt.
Nan mwa avril 2005 pou rive desanm 2005, divès sesyon fòmasyon
fèt sou montaj griy ak kesyonè ankèt yo, epi nou kolekte 377
fòmilè. Nan mwa desanm 2005 pou rive avril 2006, ankèt sila yo
trete epi analize. Pou rive nan mwa me ak jen se entèpretasyon
rezilta ak redaksyon dokiman dyagnostik la (fouye chache), ki
se premye etap travay la. Aprè Asanble Reprezantan yo fin ratifye
dokiman dyagnostik la, li rete kounye a pou n defini gran
orayantasyon priyorite popilasyon kominote Karis la ta dwe pran
pou 15 lane k ap vini yo epi bati yon pwogramasyon aktivite (plan
operasyonèl) pou 3 ane k ap vini yo, swa 2007,2008,2009.
2- Prezantasyon kominote Karis :
(KAT)
Bouk Karis
Seksyon kominal Bwa Gamèl
4
Seksyon kominal Woz Bonit
o Yon pati (2/3) nan seksyon komin Bwa Pou (Ganize)
o Yon pati (1/4) nan Seksyon kominal Savanèt (Ganize)
2.1- Ki sa Kominote Karis ye ?
Lè nou di yon kominote nou wè Abitan yo, tèritwa a, relasyon ki
genyen ant Abitan yo, enterè yo genyen ansanm avèk santiman yo
genyen nan yon menm zòn. Moun nan lokalite Bwa Pou, Lare (nan
seksyon Bwa Pou), moun nan lokalite Bwa Nèf, Lapyè, nan Sab (nan
seksyon kominal Savanèt) regle pi fò zafè yo (Legliz, Mache, Lekòl
timoun...) nan bouk Karis. Pou rezon sa yo, nou pa kapab kite yo dèyè,
nan yon plan pou devlòpman Karis k ap fèt. Se sa k fè, olye nou rete
nan kad komin Karis, jan administrasyon peyi a di li, nou pito travay
nan kad kominote Karis.
2.2.- Kote kominote Karis la ye?
Komin Karis chita nan Awondisman Valyè, Depatman Nòdès. Men, de
moso nan seksyon kominal Savanèt ak Bwa Pou) nan komin Ganize
nou konsidere yo nan Awondisman Wanament. Yo toujou nan
Depatman Nòdès.
Pou ou rive nan kominote Karis, si w sòti nan vil Kap Ayisyen, w ap
travèse komin Fòlibète, komin Wanament, komin Ganize. Wout
Wanament pou rive Karis gen yon longè 33 kilomèt, se yon wout
mòn.Soti Kap Ayisyen pou rive Wanament se 75 kilomèt,se yon wout
nan tè plat
Si w sòti Plato Santral, ou gen pou travèse komin Sèka Kavajal, ou pase
nan lokalite Lagwamit pou rive Bwa lorens oswa w pase nan bouk
Monben Kwochi, pou rive nan lokalite Bwa Lorens (toujou komin
Monben Kwochi), anvan w rive Karis.
* Nan pwent bò kote solèy leve kominote Karis, nou jwenn komin
Ganize (Mont Organisé), ak liy fwontyè ak Repiblik Dominikèn (Lès,
Sidès). Nan Nò, Nòdwès, nou jwenn komin Valyè. Nan pwent bò kote
5
solèy kouche, nou jwenn komin Monben Kwochi ; nan Sidwès, se komin
Sèka Lasous.
* Kominote Karis, nan pwent Nò, li touche ak komin Fòlibète,nan
abitasyon Soukriye,zòn Anwo Tè nèv nan seksyon kominal Bwa Gamèl
pou Karis ak abitasyon Gwo Bimen,seksyon kominal Akil Samdi pou
Komin Fò Libète .
KAT
2.3. Istorik Kominote Karis :
Komin Karis:
Bò lane 1950, Karis te deja Komin. Majistra a te rele Desermo
Desamour, kèk lane apre, Karis te desann nan ran Katye. Depi oktòb
1958, li rive tounen komin. Lè sa, se Charles Audate ki te Majistra.
Non Karis sòti sou non yon dam ki te rele Cariciane. Se li menm sitou ki
te konn resevwa vizitè nan lokalite a. Te genyen 6 premye kay ki te
konstwi nan zòn sa. Pami yo, Bernardin Bernard (se Toto Dalton ki te
achte kay sa), Normilus Gabriel, Bernovil, Jij Décius Calixte ki te vann
Saint Martin Castin.
Karis te konn fete yon fèt pou premye kominyon ak mariaj chak 28
fevriye nan epòk sa.Depi 1957 Pawas Karis ap fete Hélène Sen Patwòn
li chak 18 Dawou.Fèt sa genyen 2 gwo enpòtans :
a) Li rasanble plizyè pèleren ki soti prèske nan tou le 10 depatman
jeyografik yo anndan peyi a.
b) Teyat popilè,match fout bòl ak bal rete yon tradisyon kiltirèl nan
lavi moun Karis ki renmen montre talan yo nan epòk sa pandan
y ap akeyi etranje yo.
Konstriksyon wout la :
Wout la te fèt nan dat 8 oktob 1950.Se jou sa menm, machin te
premye rantre Karis bò 5è nan aprè midi. Wout sa te konstwi nan lide
pou vin chèche kafe nan zòn Karis ak planch nan Lamyèl .Men, nap
siyale Lamyèl te deja gen wout ki te soti Sèka Lasous. Se 3 frè
6
Cassagnol yo (Raymond, Paul ak André) ki te konstwi li.Mesye sila yo te
mennen kèk lòt aktivite tankou yon ti branch limyè nan zòn Anba Bouk
paske se la izin kafe a te enstale.Yo te konn vini ak eskout pou mete
animasyon nan moman vakans,yo te fè pwomosyon pou kay tòl, kote
yo te konn livre moun yo tòl pou kafe ak kèk kondisyon .
Nan lane 1960,Pè Jn Paul Lefèbre te fè yon ouvèti pou machin soti nan
Bouk la pou rive Savàn Sal.Se nan blòk Kalfou Lejè,Anwo Dlo karis wout
la te pase nan epòk sa.
Batay nan Savàn Sal:
Yonn nan gwo evènman ki make istwa zòn nan,se batay kako(gwoup
peyizan ki te pran zam kont okipasyon Blan meriken yo).Dezòm ak
Dezilyen (pami 2 nèg sa yo,te gen yonn ki te nan kan kako yo.Genyen
lòt moun tankou St Louis Charles ki te apiye kan kako yo epi Selcher li
menm se te Gad Dayiti nan epòk la.Batay sa te fèt nan abitasyon
Savàn Sal kont okipan meriken yo nan lane 1937 pou te pwoteste kont
fason blan meriken tap Mennen bak peyi a.N ap siyale, menm lè mesye
sila yo t ap goumen daprè temwayaj moun nan lokalite a bay, yo pat
janm kont tire menm yon peta nan Bouk Karis .Dènye batay la te fèt
nan bouk Ganize,zòn Bwa Pen Kaw,Dezòm ak Desilyen,yonn te touye
lòt.Se nan katye sa ou te kapab jwenn tonb yo.Jouk jounen jodi a,lè
moun yo ap pale nan sans opozisyon yonn ak lòt,yo toujou anplwaye
ekspresyon Dezòm ak Desilyen.
Karis sou fwontyè. Nan kad leve kanpe kont diktati Divalye yo,nan dat
15 out 1963, te gen gwoup ame « kamoken » ki te debake Ganize epi
yo toujou voye di yap vini Karis.Sa fè,nan epòk sa, moun karis te toujou
ap viv nan laperèz. Divalye te pase lòd pou debwaze tout zòn nan. Nan
epòk sa, Abitan yo te oblije koupe kèk jaden kafe ak pye bwa sitou nan
bouk Ganize.
7
Lane 1974, nan epòk Duvalier fils, kesyon enjistis, grangou, kout
ponya, se pi gwo pwoblèm ki t ap poze nan kominote a epi ti peyizan
malere te konn sibi anpil anba men espekilatè, kontwolè danre, ak
otorite yo.
Karis se yon zòn pwodiksyon kafe.Ak tout evenman ki fenk site la yo,
ou wè sa fè pwodiksyon kafe a vin diminye, enterè peyizan pou
pwodiksyon kafe te vin bese tou paske pri a te ba epi moun yo te
deside koupe kafe pou plante lòt viv tankou : pwa ,mayi, yanm,tayo,
bannann, elatriye…. Sa te kreye gwo pwoblèn ekonomik ak sosyal.
Se nan epòk sa, Pè Obla yo te vin mete kanpe yon pastoral sosyal pou
lite kont abi sa yo. Yo te fòme yon ekip animatè/tris avèk konkou IDEA
(Sant fòmasyon ak animasyon pou edikasyon gran moun) ki vin angaje
yo nan batay pou chanjman an.
Mache piblik :
Nan kòmansman,se te jou dimanch ki te gen yon ti kras mache, aprè
sèvis legliz, kote kèk machann te konn vin vann ti pwodui tankou dous
kokoye, pen, diri .Se te yon ti mache ki te konn reyini 10 a 15 moun
konsa,tèlman pa te gen anpil moun.Yo te rele l mache landjèz, sa vle di
moun ki la pa te gen anyen pou fè, yo vin rakonte koze.Ti mache sa te
konn fèt bò plas piblik ki la konnye a.Aprè sa, li vin tonbe jou samdi. Se
sou Majistra Joseph Jn Simon mache sa te kòmanse pran bò lane
1954.Li te chita nan blòk kay Norius Gabriel.Aprè sa,yo te transfere l
nan blòk kay Madan Leran Bèto anwo simetyè epi aprè sa se anba
simetyè.Nan epòk sa,mache a te deja rasanble anpil anpil moun epi se
jou mèkredi a li fèt.
N ap fè w remake,te gen yon ti mache nan abitasyon Savàn Sal nan
lane 1952 ki te konn fèt chak jedi, men li pat kenbe pou anpil tan. Nan
lane 1976 aktivite devlòpman kominotè a t ap boujonnen epi moun yo
nan zòn nan t ap poze pwoblèm lijyèn daprè kote mache nan Bouk
Karis la plase anba simetyè a.Koperativ Sent Elèn Karis(COSAHEC)
8
achte yon tè epi yo konstwi mache a.Li te inogire nan jou ki te 13 oktòb
1976.
Pawas Karis :
Anvan lane 1940, Karis te sou kontwòl Pawas Valyè.Aprè sa, li vin sou
kontwòl Pawas Montòganize ak Pè Sekilye yo,lè sa mès yo te konn fèt
chak 15 jou.Te gen Pè Obla yo tou ki te fenk antre nan Dyosèz la,yo
pat genyen pawas fiks, yo te konn fè ale vin tout kote, ni karis. Se
konsa Karis te vin gen lamès chak dimanch,epi se nan ale vini sa yo,
Fanmiy Devilmar te fè kado yon moso tè pou konstriksyon legliz la epi
Pè Beribe achte, sou non Pè Obla yo,lòt moso tè nan menm zòn nan.
Pawas Karis fonde nan dat 28 fevriye 1958. Premye kire ki chita nan
zòn nan se te Pè Jean Paul Lefèbre. Se ak Kominote Pè Obla yo tout
konstriksyon yo vin fèt pou louvri yon devlopman sosyal nan zòn nan:
lekòl St Paul (1960) avèk Mèt Edouard Séide kòm pwofesè rèsponsab.
(Lè sa pou jwenn yon pwofesè, se te prèske enposib epi an plis, moun
yo pat kwè nan moun karis pou fè lekòl.Pè a te vle jwenn yon moun
swa okap oubyen lòt kote men li pat jwenn.Te gen 60 ti moun ki te
enskri, men lè paran yo tande se moun karis ki pral fè lekòl la,genyen
13 ki te retire pitit yo.) Dispansè a avèk Sant nitrisyon yo, Sant Menaje
pou medam yo(men yo pat jwenn pwofesè nan lokalite a, se Lenbe yo
te al chèche 2 demwazèl,Ciliane avèk Algerte),koperativ Sent Elèn,
Kès Popilè, Sal Pawasyal, elatriye.
Lekòl nasyonal Karis te kreye anvan 1940. Nan dat ki te 28 fevrye
1948, nan okazyon fèt Patwonal, Eberle Théodore, nan moman sa,
Direktè lekòl nasyonal la, te òganize yon teyat avèk 10 elèv. Teyat la
te pale sou kouman yo òganize yon klas lekòl (Pyès sa te jwe nan lang
franse). Yon lane apre sa, teyat la te fèt an Kreyòl. Li te gen pou
tit :yon Oungan k ap trete yon malad. Pami aktè yo nou kapab site :
Thérèse Desamour, Anne Audate (Mme Philippe Barthélémy), Francilot
Pierre, Geanty Marseau, Germaine Dalton(Mme Jean Audate), Bien-
Aimise Bien-Aimé.Aprè sa,teyat la vin tounen yon aktivite kiltirèl
9
enpòtan pou tout fèt patwonal yo chak ane.Elèv ki soti nan lekòl St
Paul,ki te gen avantaj al kontinye klas segondè yo Okap ak Pòtoprens
te bay teyat la anpil jarèt an apre.Nan lane 1979-1985,Gwoupman
devlòpman kominotè,a travè Ti Kominote Legliz yo, te konn òganize
teyat lakay yo chak ane.Kounye a,tout kominote a,yon fason oubyen
yon lòt,vin itilize zafè teyat la kòm yon zouti nan travay
sansibilizasyon anndan kominote a.
Eleksyon 2000 yo te vin kreye yon klima tansyon ak konfli anndan
kominote Karis. Se nan refleksyon ak detèminasyon yon gwoup, divès
tandans nan zòn nan, vin kreye yon espas pou ankouraje divès kalite
rankont pou chita pale sou edikasyon,fòmasyon ak sansibilizasyon nan
lide pou kreye yon lespri tèt ansanm nan mitan tout sektè k ap pote
kole nan konbit devlòpman kominote karis la.Te gen yon gwo
rasanbleman ki te fèt nan Sal Pawasyal Karis la nan dat 16,17 ak 18
novanm 2001 ki te akouche Sant Pou La Kilti ak Devlòpman Karis
(SKDK).
2.4. - Jeyografi ak teritwa Karis:
a) Topografi / teritwa:
Moun Karis di, kominote a pran fòm yon ganmèl, avèk tout rebò yo
(yon kivèt fòm alonje). Lè w sòti Ganize,ou desann Karis, lè w kontinye
pou sòti Bwa Lorens ou monte. Lè w sòti nan pwent Nò a,ou monte
mòn Estramou. Ganmèl la kite espas kote pou dlo yo sòti, lè w prèske
rive nan pwent Sidès li. Men sa pa vle di fon ganmèl la byen plani pou
sa. Sou plas la, bò Legliz Sent Elèn nan, nan bouk la, nou nan yon wotè
(altitude)….Nan kominote Karis la, nou jwenn mòn, tè platon. Se sa ki
lakòz gen anpil lagon.
Tè platon yo, nou jwenn yo nan seksyon kominal:
Bwa Gamèl: Savann Sal, Ba platon, Dlo karis.
Woz bonit : Sodo, Savann Lawoz, nan Leta, Sabasyan.
Bwa Pou : Anba Bwa Pou, Lare,
10
Savanèt : Wandeya.
Pye mòn :
Bwa Gamèl : Fasonwa, Vye Gad, Wo Platon, Tènèv
Woz Bonit : Gisten, Mòn a Tif, Wakakou
Bwa Pou : Seba, Pye Mòn
Savanèt : Bwa Nèf, Nan Ponm
Tè mòn
Bwa Gamèl : Mòn Salnav, Anwo Tènèv, Sigara, Tè Blan, Mòn
Trènen ;
Woz bonit : Mòn Janvye, Mòn Gisten, Mòn Estramou, Mòn a Tif
Bwa Pou : Mòn anwo Bwa Pou, Mòn Fon Chanm
Savanèt : Mòn Chenn Lapyè.
Ba fon :
Bwa Gamèl : Mezidò, Dlo Karis, nan Dipon, Marikòt.
Woz Bonit : Kafou, nan Seza, Anba Tènèv.
Bwa Pou : Anba Tènèv.
Savanèt : Wandeya.
Lagon:
Bwa Gamèl : Platon, Deravin
Woz Bonit : nan Seza, Twou Zombi, Ba Sodo;
Bwa Pou : Lagon Wouj, Anba Bwa Pou
Savanèt : Lapyè, nan Sab.
b) Dlo:
Rivyè Tènèv pran sous nan mòn Salnav (limit Karis ak Valyè). Li separe
komin Karis ak komin Ganize depi nan bitasyon Platon rive nan
bitasyon Wandeya. Aprè, li separe Ayiti (komin Karis) ak Repiblik
Dominikèn.
Rivyè Banzann pran sous nan Mòn Zetrènn, li tonbe nan dlo Tènèv, zòn
Savann Sal (Sèk-kom- BwaGamèl).
11
Rivyè Marikòt pran sous ant Sigara avèk Wòch Tann nan seksyon Bwa
Gamèl; li tonbe nan rivyè Tènèv, nan separasyon komin Karis ak komin
Ganize nan zòn Lare (bò Lagon wouj)
Dlo Karis pran sous nan mòn Fasonwa ak Anwo Dlo nan blòk Dipon, li
tonbe nan Tènèv, nan pwent Lare, nan separasyon komin Karis ak
komin Ganize, dèyè lokal koperativ Sent Elèn nan.
Nan Bwa Pou ak nan Savanèt (Lapyè, nan Ponm) gen ti dlo ki vin tonbe
nan rivyè Tènèv tou.
Nan seksyon Woz Bonit, gen divès ti dlo ki sòti nan mòn Janvye ki
tonbe nan Tènèv ladan yo gen dlo Seza,dlo Kafou ak dlo Sodo ki
montre li pi puisan pase lòt sa yo nou deja site a;aprè sa, gen dlo
Kontre ki nan blòk Gisten,dlo Pachout nan blòk Savann Lawoz,gen yon
ti dlo nan leta aprè sa gen dlo Mannak tou dlo sa yo soti nan pwent
mòn Janvye pou rive nan mòn Estramou,tout ti dlo sa yo ale tonbe nan
rivyè Tènèv .Gen yon yon ti dlo nan lokalite Sabasyann ki tonbe nan
tènèv tou.Pou zòn Franswa Pyè,se dlo Vilme(lè wout la t ap konstwi ak
frè Cassagnol yo,te gen yon machion ki te plonje nan dlo sa)
c) Klima :
Gen de (2) sezon. Gran sezon ki kòmanse an Avril pou li fini an
Septanm. Lè sa a, gen anpil lapli. Se nan peryòd sa moun yo plante
kafe, banann, pwa, diri, mayi, lòt viv alimantè.
Ba sezon ki kòmanse nan desanm pou fini nan mas. Lè sa, moun yo
plante pwa seren, diri seren, legim...
Konn gen gwo van nan mwa jen, jiyè, out, septanm. Tanperati a konn
varye ant 22 a 29 oC, sòti desanm, fevriye, li konn varye ant 14 pou
rive 25 oC.
Kantite lapli ki tonbe sou kominote Karis la varye ant 1300 a 1600
milimèt ; selon enfòmasyon nou jwenn nan PIC * la.
Remak : Menm lè nou pale de sezon yo, prensip sa pa kenbe ankò. Nan
kat dènye lane yo, lapli a tonbe san rete, tandis ke dènye ane a te gen
12
yon gwo sechrès. Gen kèk peyizan ki kòmanse devlope yon eksperyans
kote yo fè rechèch pou konnen an gwo zafè meteo pou lane a.
2.5. Popilasyon
a) jeneral
Daprè dènye resansman an, popilasyon Komin Karis la rive 10.180
Abitan, li repati konsa :
Seksyon Woz Bonit 4,473 Abitan
Bouk Karis la 2,912 Abitan
Seksyon Bwa Gamèl 2,795 Abitan
Pou seksyon kominal Montòganize,genyen :
popilasyon seksyon kominal BwaPou 3,708 Abitan
popilasyon Seksyon kominal Savanèt 10,850 Abitan
Lè nou di kominote Karis, nou konsidere komin Karis la ak abitasyon
Lare, Lapyè ak Bwa Pou nan Seksyon kominal Bwa Pou ; abitasyon Bwa
Nèf, Wandeya, Sab, nan Seksyon kominal Savanèt. Nou kapab jwenn
2/3 nan Bwa Pou ak 1/4 nan Savanèt.Sa vin fè, lè nou di kominote
Karis, nou kapab rive ak yon popilasyon 15.365 Abitan.
b) Kategori Laj:
Timoun
Granmoun (Moun ki gen plis pase 18 lane) 4,890,nan Komin Karis
Seksyon Kominal Savanèt:Moun ki gen plis pase 18 lane se 1,348
Abitan
Sekjsyon Kominal Bwa Pou :Moun ki gen plis pase 18 lane 1,222
Abitan.
13
Sa vle di popilasyon majè a pou kominote Karis la rive nan 7,460
Abitan
Repatisyon Popilasyon Kominote Karis pa Sekyon :
SEKSYON Kantite Fanm Kantite Gason Total
Bwa Gamèl 1388 1407 2795
Bouk Karis 1528 1384 2912
Woz Bonit 2246 2227 4473
Savanèt XXXX XXXX 2713
Bwa Pou XXXX XXXX 2472
Total 15365
c) Sèks
(Pou Komin Karis)Tablo pou fè
Fanm Seksyon Kominal Bwa Gamèl 1388
Gason 1407
Fanm nan bouk la 1528
Gason nan bouk la 1384
Fanm Seksyon Kominal Woz Bonit 2246
Gason 2227
Total----------------------------------10180
Pati nan Seksyon Kominal Savanèt
Fanm 1379
Gason 1334
Pati nan seksyon Bwapou
Fanm 1887
Gason 1821
e) Mouvman popilasyon an:
14
Nou remake gen yon tandans kote gen anpil moun nan seksyon
kominal yo k ap vin fè kay yo epi rete nan Bouk la. Paran yo voye jèn
yo Wanamènt, Okap, oswa Pòtoprens pou al etidye. Karis nan zòn
fwontyè, anpil moun deplase pou yo al chèche travay nan Repiblik
Dominikèn.
Kalite Abita:
Nan kominote Karis la, kay yo gaye, yo pa gwoupe, yon fason jeneral.
Bouk la gen yon gwo regwoupman.Eske pa ta dwe gen yon plan
achitekti pou konstriksyon nan bouk Karis?
Zòn konsantrasyon yo, nan seksyon yo, se sitou rebò wout pwensipal
yo, nou jwenn konsantrasyon kay nan lokalite Dlo Karis, Savann Sal,
Mezidò, Dipon, pou seksyon kominla Bwa Gamèl; se nan lokalite Leta
ak Kafou Seza, toujou nan rebò wout yo nou jwenn plis kay pou
seksyon kominal Woz Bonit. Nan seksyon Savanèt, se Wandeya ak
Bwa Nèf.Nan seksyon Bwa Pou,se Lare ak Lapyè
Nan bouk la, se sitou kay an blòk, kouvri ak beton moun yo ap fè. Nan
seksyon kominal yo kay yo gen chapant an bwa, yo kouvri ak tòl. Mi yo
fèt ak palisad bouzye; yo ba li yon kouch tè ajil epi yo mete sou li yon
lòt kouch tè koulè. Gen kèk kay ki kouvri an pay; men tanperati a pa
pèmèt kouvèti yo dire.
Nan bouk la, genyen kèk kay gen twalèt ijyenik.Pi fò kay yo gen latrin.
Andeyò bouk la, se kèk kay ki gen yon latrin; anpil kay se sèlman yon
fòs moun yo genyen. Li enpòtan pou nou souliye, nan anpil ka, nan
bouk la, latrin yo pre ak kay, ak kizin nan; paske teren yo pa gwo.
Gwosè kay yo. Nan bouk la, an jeneral, kay yo gen plizyè pyès : 4, 5,
6… Andeyò bouk la tou gen kay ki gen anpil pyès; men pifò parèt twò
piti, lè nou konsidere kantite moun ki viv ladan yo, sitou lè nou
konsidere nan yon kay gen gason, gen fi, gen granmoun, gen timoun
diferan laj. Anplis, kay yo konn manke ouvèti.
15
Gen yon eksperyans tou nèf kap devlope nan abitasyon Lapyè pou
konswi kay ak “adobe” .Se yon melanj tè ajil ak pay diri ak lòt bagay
men ki pòko fin devlope, ni gaye anndan kominote a. Moun yo kwè se
yon teknik ki vin chè anpil, men pa gen yon evalyasyon sou kou yo pa
rapò a kalite lavi tip konstriksyon sa ka pote pou abitan yo. Nou obsève
moun yo pa renmen nouvote yo, oubyen retounen nan ansyen fason
moun yo te konstwi.
Si nan bouk la gen tiyo pou bay dlo nan pi fò kay yo, andeyò bouk la,
kèk kote gen fontèn, pou moun yo ale pran dlo. Men pi fò moun ale
pran dlo nan sous yo.
2.7. Anviwònman:
(Sezon, sechrès, van, tip teren plant, donn, forè, sous, pwoteksyon,
pwen dlo, kay-depo)
Ewozyon :
Nou te wè gen mòn, tè plat …nan ganmèl kominote Karis la fòme a epi
rebò mòn. Sa vle di, si pa gen travay pwoteksyon tè yo, anviwònman
an kapab fin degrade ; si pa gen yon jesyon resous yo, nou kapab fin
pèdi yo. Li enpòtan pou nou wè eta resous yo ak fason nou menm
oswa lòt fenomèn natirèl aji sou yo.
Nou te pale deja sou sezon lapli yo.
Jan nou te deja di nan prezantasyon jeyografik la, Karis prezante sou
fòm ganmèl. Sa vle di li genyen anpil pant rèd. Tèt mòn yo preske
kanpe toutouni, yo pa pwoteje ak okenn abri, lè lapli tonbe, li charye tè
ak wòch ak gravye ki soti nan mòn yo pou desann nan ravin yo, ak nan
rivyè yo.
Rebò rivyè yo menm toujou gen gwo bimen. Men sa ki prensipal kòz
nan degradasyon tè a, se paske forè yo prèske pa egziste. Kèk kote ki
16
gen ti rak yo, ou plis twouve yo nan fon yo, nan platon yo ak pye mòn
yo, kote w twouve kèk bitasyon kafe. Tèt mòn yo dekale nèt. Daprè sa
nou kapab konstate epi temwayaj popilasyon an bay, se paske bwa yo
koupe san kontwòl pou fè chabon ak planch. Epi tou pratik boule tè a,
kote nan tèt mòn yo, peyizan yo gen abitid lage dife san kontwòl ki
touye tout ti pye bwa, tout ti bèt yo, menm gwo pye bwa yo tou. Bwa
pen, Tavèno, Lorye, pwadou, banbou elatriye, yo prèske disparèt.
Prèske mwatye moun nou te ankete yo, di yo wè gen forè toujou, nan
kominote Karis la (31 di wi, 35 di non). Men lè nou poze kesyon sou jan
sitiyasyon an evolye, 43 di nou te gen plis forè, dis lane avan, 13 pa
kwè te gen plis; 56 di nou te gen plis nan 20 lane, 30 lane anvan; se
sèlman 3 ki pa di nou te gen plis forè 20 lane, 30 lane anvan.
Enfòmasyon sa yo montre nou forè yo prèske fin disparèt nan
kominote a.
Lè nou mande yo pou ki sa forè yo ap diminye konsa, yo di nou se twòp
debwazman ki gen nan peyi a. Sa ta vle di koupe bwa pi rapid pase tan
pye bwa yo pran pou yo repouse. Gen moun ki di nou, se akòz
pwoblèm peyi a. Sa ta vle di, se sitiyasyon lamizè ki ta voye moun yo
al koupe bwa yo. Gen lòt ankò ki di nou, si bwa yo koupe konsa, se
paske Leta pa pran responsabilite li. Gen 4 nan ankete yo ki di nou pa
gen Ajan forestye nan kominote a, depi apre Divalye.
Debwazman an pote anpil konsekans:
Jaden yo pa donnen, pa gen lapli, vin gen plis chalè, gen bèt ki
disparèt, plis ewozyon. Vin gen kilti ki pa fèt ankò, oswa ki diminye :
kafe, yanm,patat, fig bannann,masoko, tayo ak mazonbèl – Men tou
gen kilti ki vin fèt plis: legim (chou, zepina, tomat, kawòt), diri, kann,
manyòk, pwa, mayi.
Debwazman nan zòn nan pase nan plizyè etap:
17
1) Nan ane 50 yo ak etablisman “scieries” yo. Te vin genyen
eksplwatasyon bwa pen ki te fèt san kontwòl. Yo te koupe
tout kalite pye bwa (piti,gwo,mwayen), yo pa te fè yon tri ki t
ap pèmèt rejenere bwa yo.
2) Lane 60 yo , Pandan peryòd Duvalier a, nan zòn fwontyè
a,anpil fwa te genyen moun opozan ki te rele “Kamoken”.
Otorite lokal yo te resewa lòd pou vin konbat kamoken yo,
pou koupe bwa kote kamoken yo te konn kache.
3) Te gen Ajan agrikòl ki te sipoze la pou anpeche debwazman.
Anpil moun di yo te komèt abi, ke yo menm yo te patisipe nan
koupe bwa. Men chak fwa yon moun koupe yon pye bwa, yo
santi yo nan risk pou Ajan sa yo sanksyone yo. Men, lè nou
rive nan lane 1986, li te sanble Ajan sa yo pa te ekziste ankò.
Moun yo te konnen pèson pa ka anpeche yo koupe yon pye
bwa, sa fè anpil moun te koupe bwa a gogo.
4) Nan epòk 90-91, machin ki fè trafik yo te vin ogmante, yo te
ka pote planch ak chabon pi fasil.
5) Nan menm epòk la gen de (2) vil nan rejyon an ki se
Wanament ak Okap ki te vin gen yon popilasyon ki ogmante
rapid rapid.Sa fè demand chabon ak planch te ognamnte
anpil.
6) Sistèm konstriksyon kay yo chanje: soti nan kay pay rive nan
kay tòl , pou rive nan kay blòk kouvri ak tòl,rive nan kay blòk
kouvri ak dal beton, sa fè gen gwo demand bwa pou fè kofraj,
se jèn pye bwa ak banbou yo itilize pou sa. Nou jwenn tou,
anpil kay ki fèt ak wòch, sa vin kreye yon seri dega nan mòn
yo ak nan rivyè yo.
7) Sistèm bouli a se yon lòt kòz debwazman an tou.
Gen teknik pwoteksyon ak konsèvasyon sòl moun yo konnen, men fòk
ou konnen nan ki kondisyon moun nan travay tè a pou konnen si moun
nan enterese nan teknik sa. Kesyon fonsye!
18
Pwoteksyon / Jesyon pwen dlo yo :
- Nan zafè pwoteksyon tèt sous, non sèlman 3 moun ki di nou yo
bwaze, 44 lòt di yo konsa konsa, 20 di nou tèt sous yo do kale.
Nan temwayaj yo, nou aprann se mèt tè yo ki konn plante kèk ti
pye bwa epi fè netwayaj nan tèt sous yo. Kidonk, nou ka
konprann byen vit, nan alantou tèt sous yo, pa gen kouvèti pou
pwoteje yo, yon fason pou yo pa seche; epi vin gen yon tandans
pou yo vin do kale nèt. Men prèske tout moun ki reponn kesyon
yo, fè konnen se pa konsa sitiyasyon an te ye, sof 5 moun ki di li
te toujou konsa. Yo fè konnen sa gen 8 a 30 lane depi sitiyasyon
an kómanse chanje.
Pou rebò rivyè yo menm, 7 moun di rebò yo te bwaze, 43 lòt di yo
konsa konsa, 27 di yo do kale nèt. Nou gentan wè bò rivyè yo rete
ak yon tandans pou yo vin do kale nèt.
Ankete yo fè konnen rezon ki fè rebò rivyè yo konsa, se paske pa
gen Ajan Leta pou fè siveyans.Moun yo koupe bwa pou yo fè
chabon. Yo aji konsa, paske lavi a vin pi chè, solèy cho, mizè,
grangou, pa gen travay, pa gen respè pou la nati ankò.
Pou lagon yo, ankete yo pa fin klè si yo ogmante, si yo diminye. Gen
kèk moun ki kwè si ravin yo pa vin pi plis, men yo vin pi laj, yo
tounen galèt oswa barank.
Anpil di yo konstate kantite dlo sous yo te konn bay la bese. Gen
menm sous ki vin seche, tankou yonn ki te nan zòn Sigara,
tankou yonn ki te nan zòn Dipon.
Konsekans koupe bwa a sou agrikilti, elvaj –
Tout moun yo di nan kominote Karis la, yo koupe rak bwa, detwi
forè, oubyen rache boukèt kafe pou fè jaden. Sof 4 ou 5 moun ki di
se pa yon bagay konsa. Yo fè konnen pwatik sa a fèt plis kounye a
pase lontan. 42 moun di yo fè li plis. 27 di li rete menm jan an, 23
lòt di yo fè li mwens. 65 moun di yo konn boule tè kont sèlman 5 lòt,
19
yo fè konnen pwatik sa a fè dega sou ti pye bwa, sou pye fwi yo sou
ti bèt yo ak sou rak bwa yo
Sa fè lè yo bay mwens rannman, yo vin pa ka fè manje ankò. Li
detwi vè nan tè a.
Elvaj:
Se plis elvaj bèt nan kòd ki pwatike nan kominote a. Men anpil fwa
nou jwenn bèt lage,kochon ak lòt zannimo ki mare bò kote rivyè ak
sous dlo.Gen ti moun ki konn pran plezi pou touye chen epi trennen
l al lage nan rivyè.Tou sa yo gen anpil konsekans sou anviwònman
an. Paske lè bèt yo lib yo atake plant yo, mèt jaden yo pèdi anpil,
bèt yo polye dlo rivyè ak sous dlo yo, anviwònman an vin degrade.
Sa fè kominote a soufri.
Ankete yo siyale tou, depi 20 lane kantite chabon ki fèt nan
kominote a ak kantite planch ki prepare nan kominote a ap
ogmante. Pwatik sa yo gen gwo konsekans sou degradasyon
anviwònman an.
Chache min :
Gen moun ki al chache min nan zòn nan. Men yo fè sa nan fason ki
pa bon pou anviwònman an. Paske yo fouye tè a, lapli lave yo, pote
tè yo desann. Sa fè kouch tè pou bay manje ale. Tè yo pa bay
kantite rekòt manje yo ta dwe bay la ankò.
Ankete yo siyale move jesyon dechè yo tou. Yo di gen moun ki jete
fatra nenpòt kote. Yo menm di gen bagay moun enpòte ki fè anpil
fatra vini isit.
Remak:
a) Li difisil pou rankontre yon moun Karis ki al chèche Dlo pou bwè
nan rivyè. Menm si dlo a pa fin byen jere soti nan sous la oubyen
nan wobinè a pou rive lakay la,men moun yo konprann se dlo sous
ak dlo tiyo pou yo bwè.
b) Gen anpil jefò moun yo fè nan mache a pou kenbe l yon fason pi
pwòp menm lè pa gen gwo dispozisyon ki pran sou sa.
20
2.8.- Administrasyon
2.8.1.- Dekoupaj administratif
2.8.2.- Enstitisyon piblik
Lokal Biwo piblik yo Biwo piblik Kay la
pou Leta
Kay lwe
Kay reskonsab la
Remak
Meri Biwo Komin
X X Gen yon konplèks administratif an konstriksyon. Li pral gen ladan, selon enfòmasyon nou jwenn : biwo komin nan (Meri), Biwo DGI, Biwo Eta Sivil
DGI XKomisarya Polis
X
Dispansè XTribinal XOfis ETA Sivil
X Ofis Eta Sivil la nan menm lokal avek Tribinal la
La Pòs Moun yo di sa fè lontan depi La Pòs pa egziste nan komin Karis la
Telekominikasyon
Pa genyen, pa ekziste ankò depi nan lane 1999
Biwo Agrikòl Kominal
Gen yon sèl biwo ki chita Ganize, li kouvri komin Karis tou.
Lise X Lise a pa gen lokal pa li. Li fonksyone nan lokal Lekòl fondamantal la(nasyonal), apre midi, lè lekol la fin travay.Se nan klas 3èm li rive.Anpil paran ap plenyen lè yo oblije voye ti moun yo al kontinye r╓s klas yo nan lise Wanament
Lekòl nasyonal (nivo fondamantal) bouk
X Li rive nan 6 èm Ane fondamantal
Espas la twop piti pou kantite elèv li resewa
Pou pwofesè yo, travay la twòp, manke pwofesè.
21
Lekòl nasyonal (nivo fondamantal sek. kom. B, G
X Lekòl sa rive nan 4èm Ane fondamantal
Li twò piti pou kantite moun li resewa
Pou pwofesè yo, travay la twòp, manke pwofesè.
Lekòl pwofesyonèl
X Sant la fin konstwi depi nan lane 1999. Men li gen mobilye epi li pa fonksyone.Nan epòk refleksyon yo te fèt la,popìlasyon an te vle mache ak disiplin sa yo tankou :travo konstriksyon(chapant,masonri),teknik agrikol,Mekanik, koup ak kouti,kwizin.
Li pa gen kwizin, li pa gen dòtwa, li pa gen bon twalèt ni douch.
Biwo KASEK B,G
X Gen mobilye
Biwo KASEK R.B
X Gen mobilye
Biwo KASEK B.P
X Biwo KASEK Bwa Pou a, se nan komin Ganize li ye. Li gen mobilye.
Nou wè anndan seksyon kominal Woz Bonit pa gen lekòl Leta epi nan
blòk moso teritwa kominote Karis la ki sou Komin Montòganize a,ni sa
ki gade Bwa Pou,ni sa ki gade Savanèt,pa gen yonn nan yo ki gen lekòl
Nasyonal.An plis,Lekòl Nasyonal yo ki deja ap fonksyone a,yo pa gen
kloti,ni bon twalèt ak kwizin.
Absans Biwo Leta nan Seksyon kominal yo:
Biwo Ofis Leta Sivil
Tribinal De Pè
Biwo Ajan Polis Kominal
Ekilib nan relasyon gason ak fi:
22
Se plis gason ki gen chans anplwa nan biwo Leta yo.Men nan zafè
Edikasyon ak Sante,gen plizyè fanm k ap travay nan domèn sa yo nan
administrasyon piblik la.Biwo Leta yo manke èspas pou akeyi kliyan
yo,lè yo vin chèche yon sèvis.An plis pwoblèm konsantrasyon an,yo pa
gen materyèl ak mobilye pou yo fonksyone jan sa ta dwe fèt nan tan n
ap viv la.
2.8.3.- Lajistis:
An jeneral, se Tribinal de Pè ki regle tout pwoblèm jistis nan lokalite a.
Nan tan lontan, avan 1987,chèf seksyon, adjwen ak soukèt lawouze yo
te konn konstitiye tèt yo kòm moun ki plase pou regle zafè jistis
anndan seksyon kominal yo an kolaborasyon ak FADH ki te gen kazèn
li nan Bouk la. Anpil abi ak enjistis te konn fèt. Rèsponsab KASEK yo
anndan seksyon kominal yo gen tandans repete menm erè sa tout tan
Leta pa pran responsabilite pou mete Tribinal de Pè,La polis ak Ofisye
Leta Sivil anndan Seksyon Kominal yo,jan sa di nan Konstitisyon an.
Koz ki pi al nan devan Lajistis pou moman sa se:1. Litij pou zafè tè 2. Dèt 3. Vwa de fè (krim ak vyòl)4. Eskandal piblik5. Divès plent kont menas vèbal,agresyon vèbal,enfidelite(nan
rapò fanm ak gason) elatriye…6. Vòl nan fwontyè a7. Ravaj bèt Dominiken yo nan jaden pwopriyetè Ayisyen nan
Sabasyann,ravaj bèt anndan tout kominote a nan jaden peyizan yo
8. Vyolans ak ensekirite
Jan yo regle konkli yo:
Genyen kèk brigad ki atache ak Komisarya a ki ale regilyèman nan zòn lwen anndan kominote a (Sabasyann, Franswa Pyè ak Lamèsi),swa
23
dizan pou y al mete lòd.Men lè yo rive, yo pilonnen dwa moun yo anba pye,pafwa yo bat yo epi pran lajan ak lòt bagay nan men peyizan yo.Nou konprann, konn gen diskisyon ant moun k ap travay tè ak mèt tè, oswa ant plizyè moun ki vle travay yon tè. Moun yo di, lè sa rive, yo rele yon konseye, yon abit. Anpil fwa se nan kad fanmi pwoblèm nan regle. Men nou wè tou, plis fwa se nan tribinal pwoblèm nan al regle.
Men nou konnen, lè pwoblèm yo ale devan tribinal gen anpil risk pou moun yo fè anpil depans epi pou yo rete lènmi pandan lontan. Sa vle di, se pa yon bon pwen pou kominote a.
Remak : Nan kominote Karis la,pa gen prezans pèmanan Apantè ak Notè pou regle zafè acha ak vant teren.Nou kapab poze tèt nou kesyon sa :èske tout moun yo gen bon papye vre selon sa lalwa di ?Depi kèk tan,lè ka yo depase konpetans Tribinal de Pè nan lokalite a,Jij yo voye ka a ale nan Tribinal Sivil Fò Libète.Men anpil fwa,moun yo pa jwenn jistis.Menm jan ak plizyè lokalite anndan peyi a,sitiyasyon sa lakoz kèk moun ap chèche jistis pou tèt yo sou fòm vyolans.Se konsa,gen kèk zak vyolans ki fèt anndan kominote a, ki fè anpil moun ap reflechi sou atitid ak konpòtman ki te genyen lontan lè yon pwoblèm poze.Eske yon kominote tankou Karis pa ta kapab kreye yon espas pou poze gwo pwoblèm sa ki retni atansyon plizyè moun nan tout kategori popilasyon an ?
3.- EKONOMI KOMINOTE KARIS :
3.1.- Agrikilti ak elvaj
3.1.1.- Agrikilti
Sitiyasyon tè yo:Tè moun kominote Karis la travay yo sou platon, nan ravin, nan lagon oswa yo sou mòn.
Tè sa yo se tè achte, se tè eritaj, oswa ki pa pou travayè a. Nan tè eritaj yo, genyen ki separe jan lalwa di pou sa fèt; sa vle di avèk sèvis apantè. Gen tè eritaj ki separe ant yo,yo menm; anpil fwa pa gen separasyon ditou; lè sa, se chak moun ki kenbe yon moso san okenn antant ant eritye yo. Nou kapab di menm lè yo di nou tè eritaj yo separe, sa pa vle di tout eritye yo satisfè. Youn nan eritye yo konn nan pozisyon pou li pran pi gwo moso oswa moso kote tè ki parèt pi bon an. Pi souvan, se eritye gason yo, sitou premye gason an ki nan pozisyon pou li pran plis avantaj. Lòt yo konn fache; epi sa konn ale nan tribinal.
24
Men nou dwe siyale, menm lè yo ale devan jij, sa pa mennen yo fè yon pataj jan lalwa mande. Gen kèk akò ki konn soti pou fini ak kont la.
Lè tè a pa pou travayè a, se swa li an fèmaj, swa li an demwatye, men gen kèk fèmaj tè leta, se pa anpil. Pi fò se fèmaj nan tè patikilye. Tè patikilye sa yo afème pou yon sèl lane, kèk fwa pou plizè lane.An jeneral, fèmye yo pase plizyè lane ap travay tè a menm si kontra pa te fèt anvan pou plizyè lane.
Gen anpil moun ki travay tè an demwatye tou. Lè tè yo an demwatye, gen plizyè fason yo separe rekòt la. Swa yo fè 2 pil; yonn pou pwopriyetè a, yonn pou travayè a. Yo konn fè twa pil: 2 pou travayè a, yonn pou pwopyetè a. Gen lè, yo retire yon pòsyon pou plan epi yo separe rès la sou fòm 2 pil la. Gen anpil fwa, yo retire yon pòsyon pou mèt tè a, san yo pa kalkile ki pousantaj li reprezante; li ta sanble se dènye fason sa separasyon an plis fèt, nan kominote a. Gen kèk ka tou se senk pil yo fè: 3 pou travayè a, 2 pou pwopriyetè a. Nan anpil ka, se 4 pil : 3 pou travayè a.
Pou kilti diri, kondisyon yo konn fèt yon lòt jan. Mèt tè a konnen sa tè a konn bay, li sèlman di travayè a pou li ba li tèl kantite diri: yon barik, de barik… An gwo, nou wè gen plis moun ki di yo travay tè pa yo. Men lè sa, se pa toujou tè achte, ni tè eritaj separe selon jan lalwa di pou sa fèt. Nan anpil ka, se eritaj ki pa separe selon lalwa, se konn menm sityasyon kote pa gen okenn antant ant travayè yo. Sa vle di, menm si pi fò travayè yo di yo se pwopriyetè, sa pa vle di pi fò tè yo travay nan pi bon kondisyon pou yo pwoteje yo pi byen pou sa.
Pwodiksyon fwi :
Nou wè gen anpil fwi nan kominote Karis la: mango, zaboka, zoranj, chadèk ak anpil lòt. Men, pi fò pye bwa yo, kiltivatè yo jwenn yo sou tè a. Yo plante kèk, men se sitou bwa yo jwenn ki pouse sou tè yo. Li enpòtan pou nou travay sou pwen sa paske anpil moun estime vin gen mwens pye bwa nan kominote a. Gen bon pwodiksyon grenadya nan kominote a. Fwi sa yo konsome nan kominote a epi yo vann yo tou nan mache yo pote yo sou fwontyè a.Moun Wanament konn vin achte grenadya, zoranj, mango pou y al vann Sen Domeng.
Remak : Li ta enpòtan pou mete yon sistèm grefgaj pou ogmante pwodiksyon fwi epi kòmanse travay sou zafè transfòmasyon an.genyen kèk moun nan lokalite a ki konn fè grefaj,men pès│n pa bay yo ankadreman.
Pwodiksyon bwa an jeneral:
25
Gwo pye bwa tankou: pwadou, saman sèvi sitou pou bay kafe lombraj yo bezwen, pou yo pwodwi byen.
Preparasyon tè a, nan kominote Karis la :
Zouti moun yo plis itilize se manchèt ak wou ki vini an premye pozisyon, apre se pikwa oswa derapin. Gen pèl, bwouèt, rato, men yo pa anpil. Nan trètman kafe, gen kèk moun ki itilize sekatè, ak si pou koupe branch. Gen apeprè 15 chari nan kominote a. Kòm kantite a piti, anpil fwa moun yo soufri pou yo jwenn sèvis chari.
Tout moun nou rankontre di yo sekle tè a. Gen prèske mwatye nan moun yo ki di nou yo boule tè a anvan yo plante. Plis pase mwatye di nou yo pike tè a. Plis pase mwatye tou di nou yo laboure. Pou sa yo itilize chari; se bèf ki rale chari yo. Gen kèk moun ki di nou yo siyonnen tè a lè yo fin laboure li. Apeprè mwatye nan moun nou rankontre yo di nou yo fè ranp. Selon kilti a, gen moun ki fè bit nan jaden an, genyen tou ki fè dig. Gen kèk moun ki fè kloti. Pi fò tè yo rete san bare. Sa fè bèt kapab antre ladan yo. Lè sa, jaden yo sibi domaj. Epi sa mete moun yo nan kont yonn ak lòt. Si moun yo zanmi, fanmi, vwazen, yo antann yo pou yo regle kesyon domaj yo. Si se pa sitiyasyon sa, yo rele brigad (se moun ki travay avèk KASEK yo sou kesyon polis).
Travay gason ak travay fi:
Jenn gason, jenn fi fè pi fò travay jaden yo. Travay laboure tè, se gason ki fè sa. Sof, gen anpil fi ki di yo plis fè aktivite komès pase aktivite jaden. Fi yo plis nan komès pase gason yo. Jenn gason yo plis nan jaden tou pase jenn fi yo.
Mendèv:
Nou jwenn fanmi yo konn bezwen lòt mendèv, pou yo travay. Sou 84 fanmi nou rankontre, 80 di nou yo bezwen mendèv ki pa soti nan fanmi yo, pou yo travay. Yo bezwen lòt mendèv sa yo, pou yo sakle, pou yo plante, pou yo rekòlte, pou yo fè lòt aktivite travay jaden yo mande. Men yo pa toujou jwenn li. Gen epòk manke mendèv paske kèk travayè konn al travay lòt bò fwontyè; paske tou konn gen anpil travay lòt kote ki peye pi byen. Mendèv la pa toujou gen menm pri..
26
Kesyon semans :
Li enpòtan pou nou konnen kote semans moun nan kominote Karis yo itilize yo soti. Nou pa kapab fè kalkil la pou tout danre yo. Omwens n ap gade sa pou kafe, pwa, mayi, diri, bannann.
Nou jwenn, nan ankèt yo: Pou pwa: Plis pase mwatye fanmi nou te rankontre yo konn konsève yon pati nan rekòt yo pou fè plan (semans). Yo pa di nou si òganis yo konn pwete yo, ni vann yo semans pwa. Kèk fwa, pa anpil, gen òganis ki konn bay semans pwa. Nou jwenn tou, kiltivatè yo konn jwenn semans pwete nan koperativ. Pi fò semans pwa ki plante nan kominote a sanble, se nan mache kiltivatè yo achte yo, nan zòn Bwa Lorens,Sèka Kavajal ak Ti Lori. Sa vle di gen yon pwoblèm pou kiltivatè yo kontwole kalite semans yo.
Pou kafe:Lontan, se grenn kafe rat kale ki te konn pouse pou fè plan kafe. IICA ak OXFAM te konn ede manm koperativ yo jwenn semans kafe a travè COSAHEC.Gen 12 ka sou 84 moun ki di òganis yo konn bay semans. Nan kèk ka, kiltivatè yo di yo achte plan an; nan plizyè ka, yo prepare plan an yo menm a pati rekòk yo. Nou remake anpil kiltivatè nan kominote a devlope kapasite pou yo seleksyone semans kafe yo ak konkou ekip pepinyeris COSAHEC/REKOKARNO.
Pou diri ak mayi :Se swa yo pran yon pati nan rekòt yo, swa yo achte plan an nan mache. Kidonk, pou diri, apa varyete Kristal, Blebonit,Larigòl ak diri Peyi,Fòytonn ak Tavèno se ansyen varyete ki kòmanse retounen.Varyete tou nèf ki rantre se Sika 8.An jeneral,moun Karis pa al achte semans diri nan lòt lokalite.Paske pa gen okenn travay ki fèt nan zafè seleksyon semans,diri ak mayi gen gwo pwoblèm sou varyete.
Pou bannann:Se sitou a pati jaden yo, kiltivatè yo prepare plan. Yo konn achte plan tou. Nan kèk okazyon ra, yo konn jwenn yon òganis bay plan an. Sou gouvènman Prezidan Estime, yo te voye teknisyen agrikòl vin plante yon varyete bannan nan zòn nan. Yo te rele li bannan leta. Men moun nan zòn nan pa renmen gou bannan sa ; yo pa enterese fè li repwodwi. Varyete bannann leta a prèske fini nan zòn nan.
Manm Asosyasyon Plantè Bannann Ba Tènèv (APBAT) gen apeprè 60 moun nan twa zòn. Chak moun nan jaden pa yo, sou prèske 20 kawo tè an tou.APBAT te al achte plan bannan Katye Moren, nan lane 2004
27
avèk bourad CECI te bay. Kounye a yo kòmanse distribiye plan nan kominote a.
Pou kann :Nou jwenn kann sitou nan zòn Fasonwa (nan seksyon kominal Bwa Gamèl) ak Kafou (nan seksyon kominal Woz Bonit). Se sitou a pati jaden yo, kiltivatè yo prepare plan; yo konn achte tou. An jeneral, kiltivatè yo pa achte plan kann. Chak moun kapab jwenn semans nan jaden li oswa nan men yon vwazen oswa yon zanmi.
Depi 12 out 2002, gen yon Koperativ Pwodiksyon ak Transfòmasyon Kann Karis (KOPATK). Li te ale achte yon semans kann Tèrye Wouj, nan lespri pou li te jwenn yon varyete ki reziste kont sechrès ak maladi chabon. Men plant yo pa pran byen nan zòn Karis la.Jounen jodi a, KOPATK genyen 226 manm.Men pi fò manm yo se fi.Oganizasyon sa genyen 10 kawo tè kote manm yo ap travay nan jaden kominotè.Yo deja ap pwodui siwo ak rapadou anndan kominote a.
Remak sou pwoblèm seleksyon semans an jeneral :Tout sa nou sot wè yo montre gen yon pwoblèm sou zafè semans yo. Yo fè nou wè kiltivatè yo pa fin kontwole semans y ap itilize. Pousantaj sa ki soti nan mache a li wo anpil. Espesyalis sou kesyon an di semans la reprezante yon moso enpòtan nan reyisit rekòt la. Menm pou pati ki soti nan rekòt kiltivatè a, fòk li ta konnen ki jan pou li seleksyone li, prepare li byen, pou li gen garanti yon bon rekòt.
Rannman jaden yo :
Nou te eseye jwenn enfòmasyon sou rannman yo pou diri, mayi ak pwa
Diri Mayi pwaKantite plante Yon bwat
(2mamit edmi)Yon mamit Yon mamit
Kantite rekolte Yon barik(35 mamit)
50 a 60 mamit 7 a 10 mamit
Nou te vle konprann, ki danre moun nan kominote Karis la plis fè. Nou te konsidere pwodwi sa yo: diri, pwa, yanm, manyòk, kann, kafe, pitimi… nou te mande chak moun pou yo te site twa (3) danre yo kwè moun nan mominote a plis fè epi pou yo te di sa ki parèt pi enpòtan an anvan, sa ki gen mwens enpòtans la an dènye. Nou te jwenn rezilta sa yo:
28
Chwazi kilti ak chwazi bèt pou yo gade : Nou te enterese konprann fason moun nan kominote Karis la chwazi kilti pou yo fè ak bèt pou yo gade. Tablo nou pral jwenn yo ban nou repons yo bay sou kesyon sa yo.
Nou te mande moun ki t ap bay nou enfòmasyon yo, pou yo te bay twa (3) kilti yo fè plis nan kominote a. Chak moun te bay twa (3) kilti yo kwè ki pi enpòtan. Nou te make konbyen moun ki mete chak kilti sa yo nan premye, nan dezyèm oswa nan twazyèm pozisyon. N ap jwenn rezilta sa yo nan tablo sa.
Kilti yo plis fè:
Pozisyon # 1 Pozisyon # 2 Pozisyon # 3DiriPwaYanmManyòkkafeKannPitimiBannannchou
352254221--
9231352-1-
1113-741-21
Enfòmatè nou yo te genyen pou yo te klase kilti yo fè plis nan kominote a. Chak moun te bay 3 kilti yo plis fè yo, epi yo mete sa yo fè plis la anvan, avèk lòt 2 yo apre, nan lòd. 3 kilti ki parèt nan premye pozisyon yo se diri, pwa, mayi. Men, an jeneral, nan lis tout danre moun yo fè plis yo nou jwenn: diri, pwa, mayi, yanm, kafe, manyòk, kann, pitimi, bannann, chou.
Kilti ki bay plis randman:
Pozisyon # 1 Pozisyon # 2 Pozisyon # 3
29
PwaDiriMayiManyòkKafeYanmBannannpitimi
23181210 6 4 1 1
132020 8 7
101319 8 7
Lè nou pran lis kilti ki bay plis rannman, se pwa diri, mayi nou jwenn anvan. Men apre yo, manyòk ak kafe vin nan bon plas. Sa vle di, daprè moun nou te rankontre yo, kilti ki pi bon pou moun nan kominote a se: pwa, diri, mayi, manyòk, kafe, yanm, bannann, pitimi.
Kidonk, se sitou kilti ki bay yo plis rannman yo moun nan kominote Karis la fè plis. Sa montre yo gen libète ak posiblite chwazi sa ki pi bon pou yo.
3.1.2.- Elvaj
Pou nou konprann fason moun yo chwazi nan fè gadinaj, nou te fè menm jan an.Nou te chèche konnen bèt moun gade plis nan kominote a ak ki bèt yo kwè ki bay plis rannman.
Nou jwenn moun nan kominote Karis la gade bèt yo pou divès rezon. Chak bèt gen plizyè rezon ki fè yo gade li; men tout rezon yo pa sanble yo gen menm pèz. N ap prezante lis bèt yo; n ap mete a kote chak pou ki sa yo gade yo; n ap kòmanse avèk itilite moun yo bay plis pwen, pou nou fini avèk sa yo bay mwens pwen.
- Bèf: pou fè kòb, jwenn lèt, pou travay (laboure tè) ak pou vyann- Cheval: pou travay (transpò soti nan jaden vini lakay, transpò
machandiz), pou fè kòb- Milèt: pou travay (transpò, menm jan ak cheval), pou kòb- Kochon: pou kòb, pou vyann, pou sèvis relijye nan vodou- Kabrit: pou kòb, pou vyann, pou sèvis relijye nan vodou- Poul: pou ze, pou gaye fimye, pou vyann, pou fè kòb ak pou sèvis
relijye nan vodou- Kòk batay: pou pari, kòb,pou vyann, pou fimye- Chen: pou gade kay, pou fè kòb- Chat: pou kontwole vèmin, pou kòb.
Bèt yo pa toujou nan men pwopriyetè yo. Gen moun ki gade pou lòt. - Nan ka cheval se yon pòte pou mèt la, yon pòte pou gadè a, pwopriyetè a jwenn pa li anvan ;
30
- Nan ka bèf, si se gazèl, premye pitit la pou pwopyetè, 2e nan pou gadè a ; apre sa, se de pou pwopyetè a, yonn pou gadè a. Men fòk nou di tandans sa kòmanse chanje anpil pou l tounen yonn pou yonn.
Pou kwazman :Kalite bèt MaladiBèf Parazit(tik,gal),anflamasyon nan manmèl,Enfeksyon nan
po ak nan trip,Matris soti,avòtman regilyekochon Parazit anndan vant,Enfeksyon, avòtman,pa sove ti
kochon yo,tonbe mouri san maladKabrit Anflamasyon,Anemi,vè,pou,gal, raj,avòtman
regilye,matris sotiChwal Lanpa, avòtman, tik, galChen ak Chat
Pou,pis,enfeksyon entèn ak ekstèn,raj
Poul……. New castel, Kou vire,Rim,Latous,pyan
- Si se yon bèf zebi, yo konn peye mèt towo ant 50 al nan 100 goud konsa. Men an jeneral se yon kòd yo bay mèt towo a.
- Nan ka kochon, se yonn yonn pou mèt barak la (koure) rès la separe ren pou ren ant pwopriyetè ak gadè.
- Pou kabrit, se youn pou pwopyetè, youn pou gadè;Pi fò bèt yo gade nan kòd. Sou 85 repons, se nan twa sèlman yo di nou bèt yo lage. Men an jeneral, moun ki reskonsab bèt yo chwazi kote pou yo mare bèt yo ak kote pou yo mete yo dòmi.
Sou sante bèt yo :Gen anpil ka maladi bèt yo soufri anndan kominote a ei sitiyasyon sa pote konsekans ekonomik ak soyal nan zòn nan.Men kèk maladi nou anrejsitre :
Gen Gwoup Sante Bèt (GSB) nan kominote a.Sou 90 fanmi nou te ankete, 5 di nou yo pa konn bay bèt yo remèd. Men 73 di yo konn vaksinen yo ; 77 di yo konn rele veterinè pou pran swen bèt yo. Daprè yon jenn agwonòm ki soti Damyen,ki te vin fè yon estaj nan preparasyon memwa li,eta sante bèt yo nan zòn nan pa pi anfòm pase sa.Manm fanmi an nan gade bèt yo :
Nou wè tout manm yon fanmi patisipe nan gade bèt. Gran moun gason, gran moun fi, jenn gason, jenn fi … tout patisipe nan aktivite gade bèt la: yo tout ale chanje bèt yo, ale bay yo dlo, ale kwaze yo, ale vann yo... menm si nou jwenn gason yo plis nan zafè okipe bèt; li sanble fi yo patisipe nan tout aktivite yo, nan kwaze bèt yo, nan vann
31
bèt yo, sèlman nou wè yo pa voye ti moun ale kwaze bèf, ni nan vann bèt. An jeneral, timoun gade plis poul ak kabrit; yo gadè oswa yo pwopriyetè. Anpil fwa, yon moun pwòch bay yon timoun gade poul, yon fason pou pote li pran responsablite; sa vle di pou fòme karaktè ti moun nan. Nou wè tou, yon moun ki ape okipe bèt kapab gen èd avèk li. Èd gadè a touche pou sèvis li bay la. Sa kapab fèt sou plizyè fòm: lè se bèt piti yo (poul, kabrit, kochon) li kapab vin gen youn; lè yo vann bèt la, li kapab resevwa yon ti kòb. Men èd gadè a se pa yon aktivite ki toujou gen zafè kòb ladan ; paske, anpil fwa, èd gadè a se yon fanmi, se yon moun nan kay la.
Nan zafè gade bèt la konn gen pwoblèm tou. Pou yo rezoud yo, moun yo konn ale devan Leta (nan tribinal), yo konn rele yon lidè nan fanmiy nan pou vin tranche, yo konn pote kesyon an devan òganizasyon yo oswa yo konn rele yon abit.N ap remake, lè gen pwoblèm tè ak lè gen pwoblèm nan zafè bèt, moun yo konn rele abit, yo konn pote kesyon an devan òganizasyon. Nan kad yon devlòpman kominotè se yon pwatik pou nou ta chèche ankouraje, bay plis jarèt, se pou nou ta chèche ede òganizasyon yo devlope plis kapasite,pou yo vin pi abil nan trete zafè sa yo,yon fason pou moun yo,nan kominote a kapab toujou kolabore nan devlopman lokalite yo.Konsa,yo va devlope pi bon relasyon yonn ak lòt epi yo pral pote kole yon fason pi djanm nan konbit delòpman kominote a. Pri bèt yo
Bèt yo plis gade:
Pozisyon # 1 Pozisyon #2 Pozisyon # 3BèfPoul
KochonChevalKabritPentadKanaMilètchen
34221054----
1013225211---
10136917-111
Nou wè se bèf, poul, kochon ki vini nan premye pozisyon. Kabrit vini tou swit apre. An gwo, bèt moun nan kominote Karis la plis gade se: bèf, poul, kochon, kabrit, chwal, pentad, kana, milèt, chen.
32
Bèt ki bay plis rannman:
Pozisyon # 1 Pozisyon # 2 Pozisyon # 3Bèf
KochonCheval
PoulKabritMilètKanachen
521533----
113381175--
12139-
24111
3 bèt moun yo kwè ki bay plis rannman, se: bèf, kochon, cheval. Aprè yo, nou jwenn: poul, kabrit, milèt, kana, chen.
Li ta enpòtan pou nou wè ki fason yo gade bèt yo ak ki jan yo vann yo pou nou konprann fason kiltivatè yo tabli lis la. Antouka, nou gen tan wè sa yo pi renmen pou kounye a.
3.2.- Atizana
Chòp:
Nou jwenn plis pase 18 chòp k ap travay nan kominote a sou aktivite tankou: tayè, kouti, bwodri, mekanik, douko, mèb, sèkèy. Nan chak chòp sa yo,pou pipiti,genyen 5 moun nan kominote a k ap travay nan yo.
Nou jwenn tou plis pase 35 bòs k ap travay kòm chapant, mason, ebenis… moun sa yo fè kay, yo fè mèb. Yo gen apranti avèk yo k ap aprann. Nou dwe siyale se sèl gason ki nan aktivite sa yo. Yo travay nan tout kominote a. Yo jwenn plis aktivite nan mwa desanm – janvye ak nan moman fèt patwonal.
Gen tè ajil nan zòn nan. Youn nan òganizasyon fanm yo « Mouvman Fanm Peyizan Karis », branch Dlo Karis, lanse li depi yon lane nan pwodiksyon potri. Yo fè krich, kolye, sandriye, pòt bouji, po pou flè. Kolye yo vann nan zòn nan ak nan Repiblik Dominikèn. Gen deja apeprè 15 medam nan aktivite sa pi gen anpil lòt jenn fi ki montre yo enterese antre ladan tou.
Nan mwa jen ane sa a menm,gen yon jenn gason nan abitasyon Vensan (Samson Dnis) ki kòmanse ap fabrike bouji.L ap chèche fè l
33
tounen yon ti antrepriz pou l founi bouji bay komèsan nan lokalite a ki enterese.
3.3.- Komès
Ekonomi ak kòmès
Rezo echanj yo
Kote moun Karis al nan mache :
Zòn Jou travay Amenajman Pwodwi yo vannKaris Mèkredi Tonèl Viv (rasin, diri, pwa, mayi…)
lwil, pwodwi kosmetik, twal, soulye
Ganize vandredi - Diri, boyo, twal, tenis, pwodwi kosmetik
Bwa Lorens madi - Diri, pwa, mayi, patat, zaboka, pistach, boyo, twal, soulye
Wanament samdi - Diri, pwodwi alimantè, pwodwi kosmetik, siman, tòl
Dajabon Lendi/vandredi - Tout kalite pwodwiKòwòs Jedi - Tout kalite pwodwiOkap Chak jou Tout bagayPòtoprens Chak jou Tout bagay
Moun tout zòn frekante mache yo. Men yo remake gen plis fi pase gason nan mache yo. Nan mache sa yo, machann yo peye pou plas yo okipe yo, lè yo gen yon tonèl oswa yon bankèt.
Pwodwi ki antre ak pwodwi ki soti Karis:
Pwodwi ki antre Kote yo soti Pwodwi ki soti Kote yo aleVèmisèl, sik, kola, malta,
Sen DomengDajabon, Kòwòs,
Mayi an grenn, Mayi moulen,
WanamentOkap,
34
chiko, sirèt, Kawòt,ponm tè, farin, lwil, diri titèt, magi, salami, aran, savon, klowòks, siman, byèDiri pwa mayi, swif, gaz,vèmisèl, sik,pòmtè, farin, lwil, magi, klowòks, savon, aran, chiko, kola, wonm
bale, makouti, makout
Gwo pwa, pwa Kongo
Tilori
Pòtoprens, Okap, Wanament,
Tomasik, Sèka la sous
Bwa LorensSèka Kavajal,
gwo pwa, sitwon, kafe, bannann, mango, zaboka, zoranj, chabon, planch
pwa kongo, kabrit, grenadya, kafe,zaboka, mango
Pòtoprens
Sen Domeng
Remak:Gen pwodwi agrikòl ki soti lòt kote vini Karis. Se paske rekòt yo pa fèt menm lè tout kote; se paske tou, nan Karis moun yo pa devlope pwatik konsève pwodwi yo sou plas. Menm danre soti lòt kote antre Karis epi soti Karis ale lòt kote. Li sanble se nan mwa janvye ak nan mwa jen, danre lòt kote plis antre nan kominote Karis la. Sa fè tou gen gwo diferans, pou yon menm pwodwi, ant pri pwodiktè vann li, lè rekòt ak pri l ap achte menm pwodui a lè pa genyen.Sa lakoz anpil peyizan soufri nan sitiyasyon sa.
Aktivite kòmès yo :
Kòmès yo fè plis
Kòmès ki bay plis avantaj
Sous kredi pou kòmès
Kòz ki fè pri machandiz yo monte
Kesyon peye taks
diri,gaz,diri titèt farin,kafe pwamayi
Kafedirilwilfarin
zanmi kout ponya
nan koperativ
pri gaz
rate
anpil lapli
lè peyi a bloke
pafwa
35
makout balebè
Fon koze
bank
kès popilèmityèl
kòb ameriken monte
peso monte
bon lavant
Gen anpil faktè ki aji sou pri machandiz yo nan kominote Karis la. Yo fè moun yo depanse plis,yo rann moun yo pi pòv paske revni yo deja ba epi chak fwa depans yo vin pi wo. Li ta enpòtan pou nou ta gade sou ki lès nan faktè sa yo, òganizasyon k ap travay pou avansman kominote a ta kapab aji.
Pri gaz? Rate? Anpil lapli? Lè peyi a bloke? Lè kòb ameriken monte? Lè peso monte ? Lè gen bon lavant?
3.4.- Transpò
Transpò
Pri machin :
Karis-Wanament: pasaje: 125 goud Sak pwovizyon an,ou peye sa apa Karis –Okap: pasaje: 225 goud
sak pwovizyon an,ou peye sa apaKaris-Pòtoprens: pasaje: 625 goud
sak pwovizyon an,ou peye sa apaAktivite transpò a :Jou ki gen plis zafè, nan transpò, se lendi ak vandredi pou zòn Karis ak Wanament epi Wanament - Okap;Mwa ki gen plis zafè, nan transpò, se nan mwa desanm ak janvye epi nan mwa dawou.
Pwoblèm chofè yo jwenn nan trafik la se: move wout, diskisyon avèk pasaje, pri gaz la ki wo. Yo di trafik la pa posib nan tout epòk; sa ki fè sa se move wout, se move tan. Fòk nou ajoute tou anpil fwa machin yo pa fin anfòm pou fè trajè yo.Menm jan ak lòt lokalite nan rès peyi a,chofè yo pa respekte pri Ministè Afè Sosyal fikse pou transpò sou twonson Karis - Wanament
3.5.- Atelye Pwodiksyon ak Transfòmasyon:
36
Atelye transfòmasyon
kafe Mayi diri manyòk pistach kann3 3 3 3 2 1
Koperativ SentElen Karis (COSAHEC) gen de (2) moulen pou preparasyon kafe lave ak yon lòt pou kafe pach. Li genyen tou yon moulen pou transfòmasyon mayi, yon moulen pou diri ak yon kasavri ki gen yon moulen manyòk. Gen de patikilye ki gen yo chak yon moulen mayi, yon moulen diri. Ti frè ak ti sè Sent Terèz yo genyen yo kasavri avèk yon moulen manyòk, yo gen yon moulen pistach. Yon lòt patikilye nan zòn Lare gen yon moulen manyòk. Koperativ pou pwodiksyon ak transfòmasyon kann Karis (KOPATK) gen yon moulen kann; li transfòme kann nan an siwo ak rapadou; moulen sa a se ak bèf yo vire li. Lòt yo sèvi ak motè
3.6.- Kredi:
Kesyon kredi a:
Nòmalman, aktivite kòmès fèt avèk kredi. Aktivite agrikòl yo tou, aktivite elvaj yo tou bezwen kredi paske lè moun nan kòmanse aktivite, li pa bezwen gen tout kòb ki nesesè a pou li fè l mache. Pou monte yon aktivite transfòmasyon, li ta dwe jwenn yon kredi, pou li debite. Sa ki te dwe pi enpòtan pou yon moun se gen lide a epi konnen ki jan pou li fè aktivite a mache. Alò fòk ta gen kredi. Efektivman gen kredi, men selon fòm kredi a, li pa pèmèt moun yo avanse nan yon ritm ak yon vizyon devlòpman global pou kominote a.
Li enpòtan pou nou analize sous kredi ki disponib nan kominote a, pou nou wè ki konsekans yo pou machann yo, sitou pou achtè yo, pou tout moun ki vle monte yon aktivite. Pou ka achtè yo, fòk nou sonje machann yo ap toujou transmèt bay achtè yo pi fò nan pwoblèm yo rankontre nan aktivite yo.
Nou wè gen anpil izirye, nan kominote a. Ankèt la di nou 14 deja. Kapab genyen lòt anba chal oswa, ki pankò fò, anpil moun pankò konnen yo. Lè machann yo ale pwete kòb kay izirye pou yo fè kòmès, yo lwe kòb la chè, yo bay gwo enterè sou li. Li rive jis nan 30 pou san pa mwa. Pou sa, fòk yo vann machandiz la ase chè, pou yo tire tout kòb yo peye a, epi pou yo fè benefis pou tèt pa yo.
Nan kondisyon kesyon kredi yo fèt la, gen anpil risk pou moun ki pwete kòb yo vin pi pòv ankò. Si aktivite a pa mache, yo tonbe nan gwo pwoblèm. Yo bay yon garanti, pou yo jwenn kòb la, nan anpil ka. Yo
37
konn bay kòm garanti, pyès tè, papye kay, machin. Nou ta kapab di, lalwa nan peyi a pa pèmèt sèten mòd kredi, nan milye riral la, tankou kredi ak kondisyon ipotèk, sa vle di bay byen kòm kay, tè kòm garanti. Men, yo fèt. E yo fèt nan bab otorite yo. Pafwa otorite yo ladan tou. Li ta enpòtan pou òganizasyon ki travay ak peyizan yo pran dispozisyon pou yo ede manm yo soti anba kondisyon kredi ki pi di yo.Nou ka remake kredi yo bay plis pou Kòmès, nan zòn nan. Men, gen kèk prè ki ale pou agrikilti ak elvaj. Genyen tou ki ale pou konstwi kay, pou mete yon chòp kanpe. Malerezman, moun nan kominote a pa jwenn kredi fasil pou aktivite agrikòl. Sa grav pou ekonomi fanmi yo; yo konn pran kout ponya pou yo fè kòmès. Lè sa, swa benefis machann yo fè piti, yo pa jwenn ase resous pou yo viv ak fanmi yo, swa yo vann pwodwi yo chè.Lè sa, se pa yon avantaj pou majorite moun k ap viv nan kominote a. Ki donk, li enpòtan pou nou konprann pou ki sa plis moun pa manm kès popilè ki genyen nan kominote a, pou ki sa plis moun yo pa manm koperativ yo ak mityèl solidarite yo.Daprè sa n kapab di toujou nan lide ki soti nan kèk temwayaj,se lajan yo dwe genyen kòm garanti a ak anpil tan ki pran pou etidye dosye yo ki fè moun yo pito al pran kout ponya . Antouka, genyen koperativ, kès popilè, mityèl solidarite deja nan kominote Karis la. A kote òganizasyon sa yo, moun nan kominote a devlope sòl tou. Sòl la vle di plizyè moun fè ekonomi ansanm, pou yo jwenn kredi lè yo bezwen. Chak manm remèt kòb yo deside a bay yon manman sòl ki konnen ki dat pou yo chak resevwa kotizasyon tout lòt manm yo. Yo rele sa « men sòl ». Yo bay chak manm men sòl pa li lè , daprè planifikasyon yo te fè nan kòmansman, lè yo t ap mete sòl la kanpe. Lè men sòl yo vire vit, yo rele li sabotaj. Fòk nou di tou, sòl pa fèt ak kòb sèlman. Gen nan kominote a, sòl siman, sòl tòl.. Sa vle di, lè yon manm ap konstwi, chak manm gen yon kantite sak siman, yon kantite fèy tòl, pou yo bay li. Konsa, yonn ede lòt. Li vin enpòtan pou nou wè jan yo travay, pou nou wè jan moun yo konprann yo, pou nou wè ki anpèchman yo genyen ki fè moun yo pa al bò kote yo olye y al pran kout ponya.
4.- REYALITE SOSYAL KOMINOTE KARIS
4.1.- Edikasyon
Lekòl yo
Nou jwenn 14 lekòl prive, 3 lekòl piblik. Nan lekòl prive yo, gen 2 ki manm Misyon Batis Konsèvatris, yonn nan Misyon Di Kris, 2 nan Biwo Dyosezen. Genyen nan lekòl yo ki gen sèlman yon pèmi pou yo fonksyone, genyen ki gen lisans.
38
Tout lekòl yo pa gen lakou ak teren pou ti moun yo jwe oswa pou fè espò. Se sèlman 4 nan lekòl yo ki gen dlo tiyo. Pi fò lekòl yo, se nan bokit, nan galon, nan dwoum yo pran dlo pou yo sèvi. Gen menm 2 nan lekòl yo ki pa gen twalèt. Twalèt yo se sitou latrin ki fèt an bwa oswa an beton.
Nan lekòl yo, ti moun yo chita sou ban. Ban sa yo fèt an planch. Lekòl yo sèvi ak tablo nwa an jeneral. Gen kote tablo yo pentire an vè. Men nou kapab di, gen anpil zouti modèn pou ta fè travay edikasyon an mache pi byen. Men, nou pa jwenn yo nan lekòl bò isit la. Yo pa genyen pwojektè, ekran ki pèmèt yo montre pi byen sa yo vle eksplike elèv yo; genyen ki pa menm sèvi ak lakrè koulè, genyen ki pa gen kat jeyografi… Lekòl yo manke materyèl pou reprezante imaj pou pèmèt elèv yo konprann pi byen. Yo menm konn manke liv pou pwofesè yo ak elèv yo travay.
Si nou konsidere tout lekòl yo an jeneral, nan nivo primè, sistèm nan pa fin mache twò byen; paske se sèlman 20 a 60% elèv yo ki reyisi nan egzamen yo. Chak lane, gen 2 a 20% elèv ki kite lekòl yo. Gen plis fi ki al lekòl nan lekòl primè, men gen plis gason ki fini lekòl segondè
Kantin:Elèv yo pote bwa pou fè dife, pou kwit manje yo. Epi, nan kantin lekòl kizin pa toujou òganize yon fason pou yo sèvi modèl pou moun nan kominote a; sa ki gen potajè yo ra, pou nou pran yon egzanp. Yo pa gen posiblite itilize lòt enèji tankou gaz pwopán, yon fason pou yo ta pouse moun yo panse diminye itilizasyon bwa pou chofaj. Se PAM/PNCS ki sipòte kantin yo nan kominote a. Men GADRU bay yon sipò pou yon lekòl nan lokalite Lapyè.
Pa gen Enspektè ni pou lekòl nasyonal, ni pou prive, leta pa bay resiklaj pou pwofesè yo. Se lekòl dyosezen ki bay resiklaj pou pwofesè pa li epi SKDK ki konn òganize seminè resiklaj pou lòt lekòl lekòl yo chak mwa jiyè.
Segondè :
Majorite elèv yo ale nan lekòl segondè Karis, gen ki ale Wanament, Okap, Potoprens. Lavi a difisil anpil pou majorite elèv ki ale etidye nan gwo vil yo.
Sant pwofesyonèl yo :
Gen twa sant pwofesyonèl:
39
1- Sant Menaje a.- Se yon Sant Pè Obla yo mete pou ede jèn fi yo jwenn yon metye.Se Mè AMI yo(Apostolique de Marie Immaculée) ki dirije li. Sant Menaje a aksèpte fi sèlman. Yo fè kwizin, patisri, ijyèn, nitrisyon, koup ak kouti. Kounye a Sant sa an kriz, pa gen anpil elèv ki ale, yo oblije redwi pèsonèl. Sant Menaje a merite pou gen yon refleksyon ki fèt sou li pa rapò a nouvo reyalite Karis pran jounen jodi a. Paske Sant Menaje a se yon gwo resous nan zòn nan, elèv yo soti ak yon bon nivo konesans.
2- Sant Pwofesyonèl Savàn Sal :
Sant Pwofesyonèl Savann Sal se yon batiman sèlman ki kanpe la ak 5 kawo tè ladann.Depi li fin konstwi nan lane 1999,li pa janm fonksyone.Li te gen yon oryantasyon tan lontan ki pa kenbe ankò. Li merite pou kominote a defini matyè yo ta vle pou jèn yo aprann epi chèche mwayen pou li fonksyone.
Sant Savann Sal la plase nan yon pozisyon estratejik pou li ta kapab tounen yon Sant Rejyonal. Gen kèk refleksyon ki fèt deja sou sa, pou kreye yon lekòl pèmanan sou lanati, ak tout sa ki gen ladan: teknik agrikòl, tèknik anviwònman, medsin natirèl, etnobotanik, ak tout yon seksyon sou òganizasyon ak planifikasyon estratejik.
Sant Savann Sal merite kèk aranjman: kwizin, twalèt, tonèl, kote pou moun yo dòmi.
3- Sant pwofesyonèl Lapyè :
Se yon sant ki te fòme moun nan teknik agrikòl. Se Ti frè Sen Terèz yo ki te responsab li. Sa fè kèk lane depi li pa mache.
Lekòl Siperyè, Inivèsite a:
Gen yon ti pousantaj jèn anndan kominote Karis ki ale nan Inivèsite a. Majorite nan yo ale Pòtoprens, apre se Okap, Fò libète epi nan Repiblik Dominikèn.
Gen plizyè moun Karis ki diplome nan lekòl Nòmal. Gen plizyè ki rete nan kominote a, ki sòti lekòl Nòmal : 5 G + 4 F i
Resiklaj pwofesè pou ane sa,se 3èm ane SKDK ap òganize seminè pou 14 lekòl primè :
Kantite pwofesè ki pral patisispe nan resiklaj :
40
85 Pwofesè pou: 47 F + 38 G
Preskolè 19 (F 17 + G 2)
1e & 2e A F 23 (F 15 + G 8)
3e & 4e AF 19 (F 9 + G 10)
5e & 6e AF 24 (F 6 + G 18)
Lise a ak kolèj yo pa ladan
Remak: Fi yo plis anseye nan klas piti yo, Gason plis anseye nan klas ki pi wo.
41
TABLO LEKOL YO
ETABLISMAN PROF
G F P / S / L
SAL ELEV G F kantin Lakouespo
1- Echo du Calvaire
8 5 3 P 8 470 237 233 wi non
2- Etzer Vilaire 8 3 5 P 8 490 240 250 wi non
3- ST- PAUL Bourg
21 5 16 P 16 740 348 392 wi wi
4- Christ Roi 9 6 3 P 7 272 135 137 wi wi
5- Nouveau College du Christ
8 5 3 P 8 222 116 106 non non
Sainte Hélène 8 5 3 P 8 319 159 160 wi non
6- Collège Saint Paul
11 8 3 S 6 202 101 101 Non wi
7- Coeur de Jésus
8- FHED Academy
9- Massilon Coicou
10-Union des Frères
3
6
6
6
2
0
3
3
1
6
3
3
P
P
P
p
3
4
4
6
170
272
260
92
105
152
129
42
65
120
131
50
NON
Wi
Wi
non
NON
Wi
Non
wi
11- La Grande Famillle
15 9 6 P/S 14 579 312 267 Wi Non
12- Nationale Bois Gamel
4 4 P 5 236 123 113 wi wi
13- Nationale de Carice
5 3 2 P 6 509 215 294 wi wi
14- Philippe Barthélémy
5 5 L 5 ///// ? ///// ? ////// ? non wi
15- Bon Berger de Bois Neuf
2 2 P 3 59 35 24 non non
16- 6 6 P 4 125 51 74 non non
42
PHANOGEC
17- Noyeau du Savoir
7 4 3 p 7 216 126 90 non
18- Le Souvenir de Larrhée
7 5 2 p 4 210 106 114 wi wi
19- St Joseph de Sabastiane
3 2 1 p 4 110 68 42 non non
20- Baptiste Conservatrice de Garde Georges
4 3 1 p 4 125 50 75 non non
21- Frères Unis de Zilma
13 7 6 p 12 462 220 242 wi wi
22- Antoine Dupré
8 3 5 p 8 350 185 165 wi non
23-Bon Samaritain de Wandéa
3 1 2 p 1 150 90 60 non non
23 écoles 162 90 72 150 6170 3115 3065 12/22 8 / 22
Pwoblèm pi enpòtan pwofesyonèl edikasyon yo souliye nan Karis:
Pa gen Enspektè MENFP la ki pase nan lekòl yo Pa gen resiklaj pwofesè Manke pwofesè prèske nan tout lekòl yo Plizyè pwofesè ap kite metye ansèyman an chak ane Pa gen menm yon monitè èspò pou tout lekòl yo Fason konstriksyon fèt la,manke sal klas ak espas pou ti moun yo
chita Manke oubyen prèske pa gen materyèl Pa gen yon sèvis premye swen nan lekòl yo sou zafè la sante Plizyè lekòl pa gen lakou, kuizin ak twalèt yo fèt nan move
kondisyon Lekòl leta yo nan zòn nan, se yo ki pi nan move eta
Se SKDK ki pran responsabilite, chak ane pou òganize seminè resiklaj pou pwofesè lekòl primè yo ak konkou Fokal ak pwogram Ti Pa Ti Pa.
Pwofesè yo souliye tou malgre tout pwoblèm sa yo, nivo plizyè lekòl ki chita Karis la, li pi wo pase nivo anpil lekòl nan peyi a.
Done ki sòti lekòl Saint Paul nan egzamen ofisyèl yo:
43
6e Ane fondamantal 90 a 100%
9e Ane fondamantal 80 a 95 %
Nan zafè kantin yo, pa gen yon pwogram pou nou ka anvizaje yon dirabilite. Se manje sinistre yo pote bay lekòl yo
TABLO RESOUS PWOFESYONEL
ALFA
Nan moman ankèt la te genyan 13 pòs Alfa ki tap fonksyone, gen 13 fómatè/tris(7 gason 6 fi) tou ki tap dirije pós yo enfòmasyon yo montre gen 11 nan yon ki pa gen kay se anba tonèl yo fonksyone epi se 3 pou al 6 jou yon fonksyone nan yon semèn.
An total gen 205 (69 gason,136 fi) moun ki tap patisipe nan pòs alfa sa yo, swa an mwayèn 15 al 20 moun pa pós.Plis pase mwatye nan yo daprè temwayaj responsab pós yo pa fini sik fómasyon an ki nan majorite ka konn dire 6 mwa, men plis pwoblém ki soulve se difikilte pou jwenn materyèl ak manke mwayen ekonomik .
Majorite nan patisipan yo pa gen abitid travay ansanm nan lòt seri aktivite. Si patisipan yo souvan fwa pa boukle sik la pou fómatè se diferan 10 ladadn yo fé konen yo toujou kenbe depi nan kómansman jis nan finansman, sa fè nou wè kantite patisipan ki kòmanse yon sik fómasyon vin redui anpil lé lap fini.
Monitè yo fè konnen se fòmasyon yo resevwa nan Karis ak Okap ak api CECI*epi REKOKARNO* ki ede yo kenbe motivasyon pou travay nan pòs yo.
Nan envantè mobilye ki fèt nan pòs sila yo li gen an total 15 tab 9 chèz 2 ban 1 bifèt 1 biwo, sa vle di se nan sitiyasyon difisil patisipan chita swa sou bout bwa oubyen menm kanpe pou alfabetize.
Nou twouve 8 nan pós sila yo ki afilye ak CECI, 2 ak Koperativ kafe a epi 2 ak OGPK 1 ak MFPK.Se sèlman 5 ki di yo gen Relasyon ak Sekreteri Leta pou Albetizasyon.An jeneral, lè nou konsidere kantite moun ki pa kon li ak ekri nan kominote a pa rapò ak ti kantite pòs ki pa janm rive boukle sik fómasyon yo tout bon vre, nou kapab di zafè alfabetizasyon an gen gwo limit nan kominote Karis la.
4.2.- Sante
44
Nan travay sou zafè sante a, nou konsidere lopital oswa dispansè yo, lòt moun ki antre nan travay sou la sante san yo pa gen diplòm pou sa; nou konsidere medsen fèy yo, ougan yo, manbo yo. Tout moun sa yo se travayè la sante k ap pote kole nan konbit sante a anndan kominote Karis la.
Nou jwenn, dispansè Leta (Sante Piblik), dispansè Sent Elèn ak dispansè Lapyè, nan kominote a.
Dispansè Leta a :Bò lane 1950,Sante piblik te mande yon jèn fiy nan kominote a pran yon ti moso fòmasyon ki te kapab pèmèt li bay moun yo premye swen lè gen yon ka. Se Madeleine Alfred (Mme Nicolas Gelin) ki te resevwa fòmasyon sa.Se yon pyès kay leta te konn lwe pou sèvi kòm dispansè.Sou epòk Majistra Jean Bastien,Leta te konstwi lokal sa ki la kounye a.Lokal dispansè a gen yon sal atant, yon sal konsiltasyon, yon sal pou famasi ak depo.Li gen 2 oksilyè ki travay ladan. Gen 6 Ajan sante; men yo tout pa gen mwayen pou yo fonksyone; gen yon ekip matwòn ki atache ak dispansè a. Rèsponsab yo nan dispansè a konn òganize kanpay vaksinasyon tanzantan. Lè CDS te nan zòn nan, te gen yon enfimyè ak 6 Ajan sante yo nan dispansè a. Depi CDS fin ale a, tout Ajan sante yo pa gen posiblite pou yo fonksyone nòmalman. Nan dispansè a, yo fè swivi pou timoun piti, pou jèn fi ak fanm ansent. Yo pa gen posiblite deplase pou touche yon seri zòn nan kominote a ki konn mande prezans yo. Yo pa toujou gen medikaman pou yo bay malad yo,non plis.
Lè medsen kiben yo te nan dispansè a, yo te konn deplase pou yo ale wè malad nan plizyè pwen nan kominote a. Plis moun te konn frekante dispansè a.
PAM bay yon sèvis kantin pou ti moun ki nan malnitrisyon ak pou fanm ansent nan dispansè a.
- Dispansè Sent Elèn nan:
Li fèt depi lane 1960. Se pou Pè Obla yo. Pè Jan Pòl Lefèb, premye kire pawas la ki te pran sou responsablite li òganize dispansè a, bay malad yo swen. Li te voye moun (Jacqueline Toussaint) al pran fòmasyon oksilyè, pou akonpaye li.(Kounye a,Mis Jacqueline Toussaint se alatèt ki rèsponsab dispansè Leta a.) Nan dispansè Sent Elèn, gen oksilyè ak èd oksilyè, gen teknisyen laboratwa. Te gen medsen ki te kòmanse vini chak semèn,men pwoblèm loijistik ak transpò lakoz kominote a pa
45
benefisye avantaj sa. Rèsponsab dispansè a genyen menajè pou ede yo ak moun ki la pou fè antretyen.
Dispansè sa gen laboratwa. Li bay fi ansent yo yon akonpayman. Li bay sèvis fizyoterapi, sèvis rekiperasyon tout kalite.
Kay la fèt an blòk, li kouvri ak tòl. Li gen pòt ak fenèt ki pèmèt li byen vantile. Li gen yon chanm pou administrasyon li, 2 sal pou resevwa malad yo ak twa chanm pou konsiltasyon. Gen limyè ak dlo nan lokal la. Nou jwenn ladan: tab pou konsiltasyon, ban ak chèz pou moun chita, bifèt ak plaka pou mete materyèl yo, klasè pou papye yo, frijidè pou konsève medikaman.Sè Mari Terèz Kristòf,nan kominote Apostolik Mari Imakile, se rèsponsab administrasyon dispansè Sent Elèn Karis la.
Genyen yon fou pou boule fatra yo. Moun yo di lè y ap boule fatra yo, sant la anbete yo. La kou a pa gran, li antoure avèk plant pou kloti.
Dispansè Lapyè a :Se nan lokalite Lapyè Ti Frè ak Mè sen Terèz yo chita.Yo travay sou plizyè aktivite ki makònen ak lavi peyizan yo.Nan fen lane 1995,yon ti moun lekòl te tonbe malad grav anba maladi dyare.Sè Lwizya Rejis te vin tounen doktè pou ede ti moun nan retabli.Nan mwa mas 1996,yo fonde dispansè a nan Lapyè ak yon ti famasi yo te mete kanpe.Mè a gen yon lòt moun nan zòn nan ki akonpaye li.Yo entèvni sou ka dyare,vomisman,asid,grip ak fyèv.Pou lòt ka yo,yo bay moun yo konsèy pou ale nan dispansè Sent Elèn.
Pikiris :Gen pikiris ki travay nan kominote a. Yo di yo te aprann metye a gras a yon òganis ki te vin travay Karis. Li te montre moun bay piki. Yo travay chak jou nan semèn nan. Yo rankontre moun lakay yo, nan pòs rasanbleman. Yo gen balans, sereng, zegi, bik, kaye … pou yo travay.Famasi :
Gen moun ki gen famasi tou nan kominote a. Yo di yo te pran fòmasyon Wanament, Karis, Ganize, Jakzi. Yo pa gen kontak ak doktè. Yo achte medikaman yo Okap, Wanament ak nan Repiblik Dominikèn.
Dantis:Gen moun ki travay sou kesyon dan. Yo aprann nan men lòt moun ki dantis, yo travay nan tout kominote Karis ak nan lot zòn tankou:Bwa Lorens, Ganize, Akil dè Pen, Wanament, Kapotiy…. Yo bay sèvis rache dan, mete dan. Yo sèvi ak zouti/materyèl, tankou tenay, sereng, gan; yo bay anestezi. Yo di, pou yo itilize materyèl yo, yo esterilize yo. Pou sereng yo, yo lave yo, bouyi yo, mete alkòl sou yo. Yo achte sa yo bezwen pou travay yo nan zòn Wanament, Pòtoprens oswa nan
46
Repiblik Dominikèn, nan famasi, nan magazen, nan boutik. Genyen ki konn konpoze remèd, genyen ki pa fè sa.
Medsen fèy:
Gen anpil nan kominote a. Lè nou mande yo, ki jan yo vin medsen, yo reponn nou: sa soti nan gran paran yo; yo jwenn metye a nan revelasyon. Pafwa se zanj, se lwa, se Bondye ki vin pale ak yo nan dòmi pou ba yo metye a.
Medsen fèy yo trete moun ki deranje, moun ki tonbe, moun ki an pèdisyon,fanm ki konn gwo pwoblèm pou akouche, moun ki pran fredi, moun ki gen lanmè,lalwèt tonbe,moun ki fè aksidan epi ki gen zo kase, moun ki fè kriz, moun ki pran kout batri, fanm ansent ki gen pwoblèm, moun ki soufri ak fatig, ak doulè… Yo travay nan tout kominote a. Yo bay sèvs nan lòt zòn tankou Bwa Lorens,Ganize ak Valyè. Genyen ki gen kontak ak lòt medsen fèy ; genyen ki travay pou kont yo sèlman, san yo pa kominike ak lòt.Remak :genyen plizyè dominiken (fanm ak gason) ki abitye vin nan zòn nan pou chèche trètman nan men oungan ak medsen fèy yo
Anpil medikaman yo bay gen lwil maskristi, lay, epis, sik ak lòt pwodwi yo achte nan famasi. Li difisil pou nou pale sou kòb yo touche pou sèvis yo bay la. Anpil fwa kòb yo mande a se selon moun nan. Gen lè se sèvis yo rann,gen lè se volonte yo ki di yo travay pou yon moun. Genyen ki kwè, yo geri moun vit; ki wè moun yo bay trètman yo soti satisfè.
Matwòn/fanm-saj:
Gen plis fi, men gen kèk gason tou nan metye fè akouchman an. Yo jwenn materyèl pou yo sèvi swa nan sèvis Leta, swa paske yo resevwa yo an kado. Yo resevwa moun lakay yo, kèk fwa. Se sitou yo menm ki ale kay moun k apl akouche a. Nou jwenn nan travay sa moun ki gen soti 20 lane kòm laj tankou sa ki di yo gen 90 lane.
Remak:Tout matwòn yo prèske lage 2 bwa pandye,yo pa gen materyèl nesesè pou fè travay la.
Ougan/ manbo:
Sou kesyon sante a, li bon pou nou wè travay ougan yo ak manbo yo. Se swa lwa fanmi moun nan ki chwazi li oswa yon zanj pwotektè ki fè li vin ougan oswa manbo, selon sa yo di nou. Yo eksplike tou, yon moun konn tou fèt ak don an, oswa se yonn nesesite; pafwa se Vyèj mirak ki
47
bali don an. Anpil fwa se nan revelasyon li konn sa. Genyen ki konn al achte lwa,pou ogmante kapasite badji a. Genyen ki travay sèlman kèk jou, nan yon semèn. Nou pa kapab jwenn enfòmasyon sou kantite kòb yo touche, lè yo travay.Men gen plizyè ki travay selon moun ki vini kote yo a. An jeneral, moun yo pote bagay tankou kleren, chandèl, sèl; yo kapab pote lwil, kola ak boutèy wonm. Kliyan ougan yo ak manbo yo soti nan tout kominote karis la; yo kapab soti Ganize, Wanament, Kapotiy,Repiblik dominikèn, elatriye. Kliyan yo al kay ougan oswa manbo yo pou tout kalite pwoblèm: zafè pèsonèl, maladi… Ougan ak manbo yo di, se paske yo bay bon sèvis, paske moun yo jwenn bon rezilta yo kontinye vin jwenn yo, kantite kliyan yo ogmante. Lè yo wè yon ka pa pou yo, yo voye moun nan nan dispansè oswa nan lopital.Remak :Oungan yo konn depalse al patisipe nan gwo fèt chanpèt yo tankou:Plèn di Nò.Limonad,Valyè,Bwa Lorens,…..Genyen kèk ki konn al nan seremoni Bwa Kayiman. Chak ane,tout oungan yo nan zòn nan reyalize yon gwo fèt ak tout kliyan (pitit fèy yo). * * *Nou wè, sou kesyon sante a,
- gen dispansè ak sant sante yo ki gen oksilyè, enfimyè ak doktè ladan yo;
- gen pikiris ki se moun ki te konn travay ak medsen oswa enfimyè ki vin tonbe nan bay swen tou;
- gen medsen fèy yo ki konnen kèk resèt gran moun t ap itilize depi lontan;
- gen ougan ak manbo ki di yo trete ka lè se yon bagay yo fè kont moun nan.
Men ougan yo ak manbo yo konn gen anpil ka yo pa ka trete, medsen fèy yo tou. Lè sa a, yo mande moun yo pou yo al wè medsen. Pikiris yo, moun ki travay sou kesyon dan yo pa gen mwayen pou yo travay sou ka ki konplike yo. Kidonk, li ta bon pou sant sante yo, dispansè yo ta gen ase medsen, ase enfimyè ak oksilyè epi pou dispansè yo ta gen ase ekipman, pou ta gen amelyorasyon nan kesyon sante a nan kominote a.
4.3.- Kominikasyon
Wout:Moun yo anndan kominote Karis la fè deplasman yo a pye an jeneral.Pou transpò nan jaden ak komès,yo itilize bourik,chwal ak milèt.Plizyè komèsant(fanm, ni gason)konn sèvi ak machin piblik pou kesyon transpò machandiz yo.Genyen 15 machin piblik ki asire mwayen deplasman yo chak jou,soti Wanament,pase Ganize pou rive Karis.Trafik la gen plis valè jou lendi ak vandredi epi nan mwa desanm,janvye ak mwa Out.Lè w kite Karis pou al Bwa Lorens,pa gen transpò piblik.Se kèk machin prive ki fè wout la epi w kapab rive Monben Kwochi oubyen Sèka
48
Kavajal.Se taksi motosiklèt ki fè zòn sa yo lè yon moun gen yon ka pwese pwese.Sa vle di,zafè kominkasyon an ant Karis ak Bwa Lorens,Monben Kwochi ak Sèka Kavajal difisil anpil.Lè w kite Karis pou ale Valyè,se yon trajè ki difisil pou fè menm a pye.Poutan Valyè se chèf lye awondisman an.Te gen yon ouvèti wout ki te fèt nan lane 1994-1995 ak Ti Pwojè Prezidans yo(PPP),men aprè 2 lapli,dlo te deja gate wout la.Lè w kite Karis pou al Lamyèl,lokalite nan Komin Sèka Lasous,ou kapab rive ak yon motosiklèt.Tout deplasman ki fèt ant Karis ak Lamyèl se apye ou byen ak bèt.Poutan,te gen yon wout ki te konstwi ak frè Cassagnol yo nan lane 1950.
Radyo:Depi fondasyon kominote a, pa te janm gen yon estasyon radyo difizyon ki te egziste.Ak demach plizyè òganizasyon sosyo ekonomik,SKDK te mennen demach yo pou Karis kapab genyen yon estasyon radyo kòm yonn nan zouti kominikasyon anndan kominote a.RADYO TET ANSANM KARIS,99.1 FM ESTEREO te fè moun Karis koute kèk son pou premyè fwa nan dat 10 Out 2005 epi 25 desanm 2005,radyo sa te lanse ofisyèlman pwogramasyon li bay popilasyon an.Popilasyon kominote Karis la koute emisyon RADYO TET ANSANM anpil epi yo patisipe aktivman nan pwogramasyon radyo a.
Telefòn:Te gen yon santral telefoni riral (TELECO) ki te enstale,li te mache trè byen.Depi lane 2000,sistèm nan pat mache ankò epi direksyon TELECO pa enterese bay popilasyon riral la avantaj sèvis sa ankò.Kounye a,genyen 4 ti sant dapèl(telefòn entènasyonal)k ap eseye bay yon ti sèvis ak anpil difikilte.Genyen siyal konpayi Telefòn Voilà ki rive kèk kote nan zòn nan.Men se ak anpil difikilte pou w kapab kominike.
Lanbi, tanbou:Mwayen kominikasyon sa yo toujou egziste. Popilasyon an itlize yo anpil pou mete animasyon nan konbit yo, nan reyinyon ak lè gen sèvis,mitin, vodou.Lanbi a konn sèvi pou rasanble moun lè gen yon ka aksidan oubyen maladi.Genyen megafòn,klòch,souflèt,lanbi…)
5.- REYALITE KILTIRÈL KOMINOTE KARIS
5.1.- Lwazi
5.2.- Relijyon ak kwayans
5.3- Patrimwàn kiltirèl
49
5.1.- lwaziDistraksyon: Vèy, fèt, disko, pwomnad, joune, foutbòl, volebòl, teyat, vodou, gagè, priyè (manje lenmò),manje lèsen ak manje lwa, blag, kont, devinèt, pwezi… Sa ki plis fèt koulye a: fèt, joune, teyat, vèy, manje lwa. Li ta merite pou nou ankouraje aspè lwazi ki gen nan vodou a epi ede moun yo distenge relijyon ak distraksyon. Nou ta dwe ankouraje foutbòl ak volebòl. Li enpòtan pou nou mete aksan sou sa ki fè pati literati pèp la ak sou enpòtans vizit yo. Sa ta pèmèt gran moun yo reprann relasyon kominikasyon yo te konn genyen ak ti moun yo, sa ta pèmèt dyalòg nan fanmi yo.
Disko pa te konn fèt. Men jis kounye a, pa genyen.Alò, si ta genyen, li t ap enpòtan pou l fèt nan bon kondisyon.
Foutbòl :Te konn gen foutbòl; li toujou ap fèt e li enpòtan paske anpil moun enterese achte yon match fout bòl. Anplis li rasanble moun, li devlope zòn nan nan zafè espò a. Men li manke bon kounye a. Pa gen antrenè,ni yon monitè espòtif. Pou fout bòl la ta reprann valè ak enpòtans li anndan kominote a,fòk gen bòn volonte ak devouman bò kote jèn yo dabò epi li ta bon pou kèk òganizasyon ta souni jefò yo.Vole Bòl la se yon espò yo te konn pwatike lontan ;li tonbe nèt kounye a.Genyen kèk okazyon espesyal kote òganizasyon yo konn reyalize manifèstasyon kilitrèl ki genyen diferan kous.
Teyat :Te konn gen teyat depi lontan; li genyen l toujou; men li diferan, paske kounye a teyat fèt ak lajan. Kèk teyat SKDK sou reyalite a gen anpil enpòtans.Prèske nan tout lokalite yo,moun yo òganize teyat pou divès okazyon.
Jwèt :Nou te konn wè jwèt lontan. Moun yo jwe jwèt sa yo nan gagè,nan maryaj,nan vèy,nan priyè ak tout lòt kalite devwa ki rasanble anpil moun,se : lenbou, domino,jwèt zo ; nan jwèt kat, genyen : kazino, wapi, treyido, twa sèt (3-7), bèf toufe. Te gen plis pase kounye a. Gen jwèt, men moun yo pa enterese. Fòk moun yo ta enterese pou jwèt yo ta gen enpòtans yo. Gen kèk jwèt moun save yo ki nan bouk la konn jwe tankou: bengo, bezig, lido, tchekè, damye ak echèk.
Trese riban :Sa te konn fèt nan zòn nan; li pa fèt ankò. Poutan li enpòtan, paske li rasanble moun, li devlope memwa moun.
50
5.2- Relijyon ak kwayans :
Badji :Si lontan,moun yo te konn al vizite badji yo an kachèt,kounye a,sa kòmanse fèt yon fason pi lib.Badji a gen enpòtans pa li paske se yon lye moun rasanble; li reyini moun tout kote pou fè dans ak lòt seremoni cahak semèn.
Relijyon :Pwotestan, katolik, vodouyizan… Sa nou jwenn anndan legliz pwotestan yo,se lavi, ede avanse nan lavi espirityèl.Nan yo genyen: Legliz batis AEM, Apostolik, Konsèvatris, Kò de Kris, Advantis,Pannkotis… legliz yo enpòtan, paske chak genyen sa yo fè, genyen yon bagay y ap chache. Moun nan chita kote ki fè li plis plezi, se la tou li pi alèz, se paske tou sa kapab chanje lavi moun nan, konpòtman moun ki al legliz la pa menm jan ak sa ki pa ale a.
Rekòmandasyon : Sa ki ta enpòtan daprè moun yo,se mete tèt ansanm, plis kolaborasyon pou ede kominote a avanse nan chimen devl│pman,gade pito enterè nou genyen nan kominote a. Legliz katolik ap toujou egziste,se yon sèl Bondye ki genyen>Dwe gen fòmasyon pou tout dirijan legliz yo. Vodou a enpòtan pou moun ki adopte li; se paske moun nan se sa li renmen.Sa ki dwe fèt: youn pa meprize lòt; chak moun gen sa li renmen. Aksepte moun nan ak sa li adopte.
5.3- Patrimwàn kiltirèl
Gagè :Gagè te konn fèt e li toujou ap fèt. Li enpòtan paske se yon lye rasanbleman. Li pèmèt zòn nan chofe.Moun yo anndan kominote a kòmanse travay nan modènizasyon aktivite sa k ap vin pran plis plas nan zafè distraksyon.
Bal :Moun Karis renmen danse bal anpil.Nan tan lontan,mizisyen yo te konn itiolize Sakstofòn nan yon ti djaz Twoubadou.Men,pa te gen enstriman anplifye.Nan lane 1975,te gen yon djaz twopikal ki te mete anpil animasyon na lokalite a. Kounye a pa gen sa. Li enpòtan pou mizisyen yo reflechi sou yon lòt fason yo ta kapab òganize yo paske gen anpil moun enterese. Sa ta pèmèt tout moun nan seksyon kominal yo ak lòt lokalite nan vwazinaj yo pou vin danse,vin defoule yo
Priyè:
51
Nou te konn tande priyè anpil lontan; men kounye a nou pa twò tande li. Li enpòtan paske anpil moun distrè yo nan bagay sa tou. Konsa tou li pa enpòtan paske moun nan zòn nan fè twòp defisi.Konn gen kwayans lenmò kapab kenbe yon manm nan fanmiy nan.
Fèt :Te toujou gen fèt e fèt ap kontinye. Li enpòtan, paske gen anbyans tout moun soti lòt kote vin fete; tout etidyan antre, gen anpil aktivite, menm pou moun k ap fè biznis.Joune :Yo te konn fè joune, pwomnad. Yo toujou ap fèt; yo enpòtan, paske yo fè moun rekreye yo, fè dekouvèt.Kèk gwoup byen òganize konn pwofite yon joune pou reyalize yon ti fòmasyon pou manm yo.
Vèy :Lè gen yon ka lanmò,se tout kominote a ki te konn kanpe pou pote solidarite yo ak fanmiy nan ki gen ka a.Vwazen ak zanmi konn pote kann,al chèche bwa,chèche dlo,pote konkou nan tout sa ki kapab ede.Se konsa yo te konn fè vèy lontan,ni kounye a tou. Men gen yon chanjman, moun yo pa bay tout nwit la ankò. Vèy yo vin kòmanse pèdi valè yo te genyen paske moun ki nan ka a fè twòp depans. Sa ki kenbe byen anfòm se pòtè yo ki toujou mete animasyon pou transpòte kadav la nan simetyè kèl kilanswa bitasyon kote ka lanmò a fèt la. Tire kont :Nan tan lontan,sitou nan epòk lalin klè,grann ak gran papa,manman ak papa, yo te konn rasanble tout ti moun yo pou tire kont, di istwa, resite pwezi. Kounye a, sa pa fèt ankò. Poutan yo enpòtan paske yo fè nou konnen sa ki te konn pase lontan.Yo te pèmèt nou reflechi, memwa nou devlope. Nan tan lontan pwezi te konn fèt sitou nan fèt, nan maryaj. Kounye a se lè gen teyat sèlman yo resite pwezi ak nan radyo a. Li enpòtan pou gwoup kiltirèl yo ta ankouraje moun yo pou rekòmanse zafè tire kont yo.
- Si te ka gen bon jan gagè, li ta pi bon; mete bon ankadreman pou gagè yo- bal enteresan, men fok li gen sekirite- li ta enteresan pou retounen ak twoubadou, djaz, douz edmi- pou teyat mete yon lòt chanjman disiplin; mete sekirite; fè teyat
pou pase leson, pou eksplike yon reyalite,yon fè,yon evenman- ta dwe genyen jwèt damye nan zòn nan mete yon kote pou sa- pou priyè a, li enpòtan, paske li pèmèt moun yo distrè yo nan
jwèt kat, domino,mizik tankou kalmeza,raboto,koudjay,……… Se konsa tou li pa enpòtan paske moun yo fè twòp defisi, li ta dwe modènize
- fèt enpòtan; bay plis mwayen sekirite, plis aktivite nan fèt la- ta dwe gen plis pwogram joune ak bon kondisyon
52
- li ta bon pou yo kontinye trese riban ak bon jan ankadreman- li ta bon pou gen yon lokal kote moun yo vin bay istwa, blag,
resite powèm, kont,fè teyat. Konsa tout moun ap vin enterese chache epi konstwi bagay sa yo.
Mizik :Kalbas, kalmeza, douz edmi, yanvalou, kontredans, fòlklò, konpa, koudjay, bat kata, goman, raboto, mereng, banbou, vodou, mizik rasin, mabouya, solyaKalbas : te la depi lontan. Yo te konn danse li nan maryaj. Nan kèk zòn, lè yon moun mouri yo danse kalbas. Sa fèt raman kounye a; se nan manje lwa yo fè li kèk fwa. Li enpòtan, paske li nan kilti a. Yo abitye plis ak koutim yo; kalbas se mizik gran moun yo. Kalbas la makònen ak kwayans moun yo.Li ta bon pou kreye yon ouvèti pou kalbas la repran plas li.Kalmeza :Nou kapab di kalmeza se menm avèk kalbas la. Se plis nan konbit graje manyòk, priyè yo kontinye l. kalmeza toujou la. Li te konn itlize plis nan pile kafe. Li te ankouraje moun yo.kalbas ak kalmeza sanble. Ankouraje moun k ap fè bal kalmeza.Douz edmi :Se li ki te premye dans. Yo te sèvi avèk li tankou bal chak dimanch apre midi, nan okazyon tankou 1e janvye, 25 desanm… li te rekreye, defoule moun yo.Jèn yo fè tantativ plizyè fwa pou retounen ak dans konsa,men li poko pran jarèt.
Yanvalou :Se dans endyen. Leta ayisyen pa pran responsablite li nan kesyon dans endyen yo. Se nan teyat, nan kiwo, nan lekòl lè y ap bay kanè, kèk gwoup jèn konn danse pou piblik la. Li pèmèt libere kò ak lespri yo.Se SKDK k ap ankouraje dans fòlklò yo anndan kominote a. Kontredans :Se menm jan ak yanvalou, ibo, nago…
Mabouya nan bal, nan teyat, Konpa :Konpa a kreye an 55. Estil konpa a te antre nan lokalite a lè y ap koute kasèt.Nan lane 1987 a 1990, se lè sa a konpa kòmanse pran ekstansyon. Apre sa, vin gen djaz Amò, apre sa se te Twopikal; se konpa k ap fè aktyalite a. Li enpòtan pou jèn yo, li fèmen pou gran moun yo; se paske li rekreye jèn yo. Sitou pou « lwil penyen an » li pa enpòtan, ti moun yo fè pitit twò bonè. Li enpòtan, men li bay gran moun yo pwoblèm, li bay moun repiyans. Konpa a bon, men se fason yo itlilize li; li kreye vakabondaj. Pa retire li; men òganize li.
Koudjay:
53
Li te konn fèt depi lontan, nan kesyon priyè, chèf k ap poze kandida, pou salye moun, mitin, pou bay ochan. Li toujou fèt; men li diminye.Men se sitou paske anpil lòt relijyon pa dakò ak koudjay la.Se kilti pèp la li ye, se ak li y al chache lwa yo.
Bachata :Se yon bagay enpòte, se Ayisyen k al Sendomeng ki vini ak li. Li pèmèt 2 kilti yo pataje. Li fè nou pèdi kilti pa nou tou. Nou pa retire l, men limite l, pou l pa anvayi nou.
Goman :Se yon bèl dans ki te egziste depi lontan. Lè gen maryaj,aprè moun yo fin soti legliz (katolik yo),popilasyon an te renmen danse l anpil.Li makònen ak yon fòm teyat ki te tradui reyalite lavi moun yo.Men kounye a,li dimye anpil pou pa di li fini nèt. Wi li enpòtan; li pi ekonomik; lè sa a,se te ak enstriman lokal epi se moun nan lokalite a ki te konn bat goman an,mete tout moun nan yon anbyans.Ou peye mwens kòb pou goman an.Poki sa nou pa ankouraje jèn yo nan dans goman ?
Raboto :Nan priyè, manje lèsen,li toujou la. Li enpotan daprè kwayans moun yo.
Banbou :Li te konn fèt, l ap toujou fèt, nan okazyon fèt nasyonal, fèt patwonal, 25 desanm.Plante,konbit,reyinyon,kanpay eleksyon, enstalasyon chèf. Depi banbou ap jwe, tout moun leve danse, ni jèn, ni gran moun.Vodou:Anpil Ayisyen nan milye riral yo,kèlkilanswa relijyon yo genyen,konn sèvi ak vodou a.Lè gen yon bagay ki pa fin twò klè pou yo,se kay yon bòkò, yon manbo y al pase yon limyè. Li toujou fèt, li te la, li la, l ap toujou la. Se yon relijyon li ye; se li ki te sèvi pou liberasyon nou.Mizik rasin : Se yon sòt nouvote. Li enpòtan; li toujou ap fonksyone,moun yo koute l nan radyo. Li fè ou itilize plis mizik lokal. Atis yo ta renmen mizik yo vann sou mache a pase mizik enpòte yo.Eske li pa ta pi bon pou regwoupe moun ki konnen dans yo pou n pa pèdi tout bèl valè ak richès ki kache anndan mizik sa yo ?Nap siyale anpil nan mizik lokal yo toujou akonpaye ak flit tchatcha,tanbou ,graj,kòn …. Lè pou jwe yo.
Manje :Manje moun yo te konn manje plis lakay, nan reyinyon ak nan travay yo: diri, mayi, patat, doukounou, bout grenn, pendou, mousa, poud mayi, tchanmtchanm, labouyi mayi… Bagay sa yo te kòmanse diminye
54
bò lane 1985.Tè yo manke bay rannman, lòt manje enpòte vin anvayi nou.Li ta bon pou n travay,yon fason pou nou reprann dantan nou yo.Men pou sa,fok gen rebwazman, mwayen pou moun yo pa koupe bwa yo, pwoteksyon sòl, mi sèk, chanje sistèm elvaj la, kolabore yonn ak lòt, fòmasyon pou yo konnen ki jan pou yo travay.
6.- REYALITE SOSYO-OGANIZASYONÈL :
6.1.- Oganizasyon tradisyonèl :
Òganizasyon travay yo :
An jeneral, moun nan kominote a konn fè echanj travay sou fòm konbit. Sa vle di, yon moun al ede yon lòt ; epi lè l ap travay lòt, la vini ede li tou. Sa fèt pou travay jaden, sitou.
Lè konbit la ap fèt, konn gen gwoup ki vini fè animasyon, yo rele yo sendika oubyen batri mizik. Sendika sa sèvi ak banbou, tanbou, kòn lanbi.Wòl yo se chofe travayè yo ; sa fè yo bay pi bon randman.
Nou jwenn nan kominote a gwoup travay ki rele sosye, polika… yo fè kontra avèk mèt jaden an, pou yo reyalize yon travay pou li. Gwoup sa yo kapab rete pandan tout yon sezon travay. Lane apre, manm yo kapab rekòmanse ansanm, oswa gwoup yo refòme.
Selon moman an pandan jounen an, gwoup yo travay, moun yo di devan jou (lè sa se pa yon gwo konbit, yo kapab fèt ant 5è nan maten a 7è konsa). An jeneral se moun ki rete nan yon menm bitasyon ki òganize yon devan jou. Moun yo di y ale bay yon moun yon konkou, lè yo estime moun nan gen yon bezwen, yon bourad pou li fè yon travay. Se swa paske moun nan malad, oswa li gen yon lòt difikilte. Mèt jaden an dwe travayè yo manje sèlman. Gen lè menm, si se yon moun ki gen pwoblèm ekonomik, yon lòt moun pran responsablite bay manje a, pou travay la fèt.Pwatik sa yo montre nou gen tradisyon solidarite nan kominote a.
6.2.- Òganizasyon kap fè pwomosyon devlopman nan kominote a
55
Anndan kominote Karis, genyen plizyè òganizasyon k ap fè pwomosyon devlopman. Popilasyon an mete divès fòm òganizasyon tankou: kooperativ yo, kès popilè yo, mouvman fanm, asosyasyon peyizan,mityèl solidarite,elatriye….Oganizasyon sa yo ede moun yo òganize yo sou plan ekonomik ak sosyal, yo fè fòmasyon pou manm yo, yo charye revandikasyon kèk sektè nan popilasyon an. Nou genyen:
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non :MOUVMAN FANM PEYIZAN KARIS ( MFPK)
Dat Fondasyon : 8 MAS 1990
Objektif :Ede fanm yo amelyore kondisyon lavi ekonomik ak sosyal yo pou yo kapab vin mèt destine yo epi pou yo kapab patisispe nan desizyon k ap angaje kominote lakay yo ak tout peyi a
Kantite Manm --317--Kantite fanm:--------317---------Aktivite prensipal: 1) Fòmasyon manm yo 2) Edikasyon sivik 3) Jaden lakou 4) Elvaj volay 5) AtizanaAkltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa: 1) Fòmasyon manm yo 2) Jaden lakou 3) AtizanaDat dènye eleksyon: Jiyè 2006
Dire manda yon dirijan: 3aneBay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :
Jacqueline Phylidor, Prezidant Anne Rose Cicéron, Sekretè Evelyne St Hilaire, Trezoryè
Moun ki ranpli fich la : Jacqueline Phylidor
Dat : 12 Out 2006
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
56
Non : KOOPERATIV PWODIKSYON AK TRANSFOMASYON KANN AKRIS
Ti Non Jwèt : KOPATK
Dat Fondasyon : 12 Out 2002
Objektif : Amelyore kondisyon lavi ekonomik manm li yo, ogmante pwodiksyon kann nan lokalite a epi pwodui siwo ak rapadou pou mache lokal la ak andeyò zòn nan
Kantite Manm:-----226------------Kantite fanm:------135-----------Kantite gason----91------
Aktivite prensipal : 1) Fòmasyon manm yo 2) Plantasyon kann 3) Saklaj ak netwayaj jaden yo 4) Pwodiksyon siwo ak rapadou 5) Komès siwo ak rapadou
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa:
Saklaj ak netwayaj jaden yo Pwodiksyon siwo ak rapadou Komès siwo ak rapadou
Dat dènye eleksyon: Out 2004
Dire manda yon dirijan: 3 ane
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :Milius Charles, PrezidanSolon Pierre, SekretèCléanise Phat Trezoryè
Moun ki ranpli fich la : Odieu PhilostinDat : 7 Out 2006
57
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non : JISTIS ak LAPE ( JILAP)
Dat Fondasyon:-1991
Objektif: Ede moun yo rekonsilye yonn ak lòt lè gen konfli nan kominote a Fè kretyen batize yo konprann pi byen levanjil la ak legliz la sou fason moun dwe
viv nan sosyete a Asiste tout moun ki viktim abi ak enjistis nan kominote a Devlope konsyans tout moun sou dwa ak devwa yon kretyen vivan
Kantite Manm:-----------------Kantite fanm:-----------------Kantite gason-----------------
Aktivite prensipal:Pwomosyon dwa moun an kolaborasyon ak POHDH nan denonse toutb fòm vyolans, espesyalman vyolans ki fèt sou fanmAkonpaye moun ki victim epi ki gen difikilte pou jwenn jistis
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa:Fòmasyon manm li yoPatisipe nan obsèvasyon pwosesis electoral la
Dat dènye eleksyon: 26 septanm 2005
Dire manda yon dirijan: yon lane (1 an)
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :
Calerbe Desravines, KoòdonatèManius Orélus, SekretèMme Périlus Jn Jacques Trezoryè
Moun ki ranpli fich la : Calerbe Desravines
58
Dat :25 Out 2006
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non : OGANIZASYON GWOUPMAN PEYIZAN KARIS
Ti Non Jwèt: OGPK
Dat Fondasyon : 16 septanm 1989
Objektif :Travay pou chanje lavi popilasyon komin karis la,amelyore kondisyon ekonomik ak sosyal manm li yo
Kantite Manm110 gwoupman miks-----------Kantite fanm:-550-----Kantite gason--770----
Aktivite prensipal : 1) Edikasyon Sivik 2) Fòmasyon manm 3) Agrikilti + Estokaj danre 4) Rebwazman 5) Konbat abi ak enjistis 6) kanalize revandikasyon popilasyon an
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa: Fòmasyon manm Agrikilti + Estokaj danre
Dat dènye eleksyon: Septanm 2004
Dire manda yon dirijan: 3 ane
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :Milius St Fleur, PrezidanArisclaude Tilionord, SekretèAmide Sauther,Konseye
Moun ki ranpli fich la :Milius St Fleur
59
Dat : 10 Out 2006
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non :MOUVMAN DEMOKRATIK POU CHANJE E DEVLOPE KOMIN KARIS
Ti Non Jwèt:MODECADEK
Dat Fondasyon: 14 avril 1995
Objektif : Travay pou chanje lavi manm li yo nan nivo ekonomik ak sosyal
Kantite Manm:-1500--Kantite fanm: 900-----Kantite gason 600
Aktivite prensipal: Edikasyon sivik popilasyon an Alfabetizasyon Agrikilti
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa:Pa genyen aktivite nan epòk sa
Dat dènye eleksyon: Mas 2003
Dire manda yon dirijan: Yon lane (1 an)
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :Jaccène Jean,KoòdonatèGuilvil Dalton, PrezidanAurel Décimus, Sekretè Jeneral
Moun ki ranpli fich la : Jaccène Jean
Dat : 14 Out 2006
60
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non : PWOGRAM AGWO EKOLOJIK DE FOMASYON ENTEGRE (PAFE)
Ti Non Jwèt : Fanmiy Ekolojik
Dat Fondasyon : 4 jiyè 1996
Objektif : Ankadre Fanmiy peyizan yo nan aktivite travay yo Fasilite Entè Echanj / Fòmasyon
Kantite Manm:150 fanmiy Kantite fanm:-----------------Kantite gason-----------------
Aktivite prensipal:AgrikiltiPwoteksyon,konsèvasyon ak Fètilizasyon sòl,Rebwazman, Elvaj, Fòmasyon manm
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa: Antretyen ak netwayaj jaden modèl yo Transplantasyon diri nan lagon Miz an plas estrikti pou fòmalize òganizasyon an Preparasyon konpòs pou plantasyon legim nan mwa oktòb ak novanm
Dat dènye eleksyon: ------------------------------------------------------------------------------
Dire manda yon dirijan: ---------------------------------------------------------------------------
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :Agr.Constantin Joseph, KoòdonatèSè Thérèse Honoré, TekinisyènCénextor Auguste, Teknisyen
Moun ki ranpli fich la : Cénextor Auguste,
61
Dat : 4 Out 2006
Remak :1) PAFE se yon gwoup k ap travay epi reflechi ansanm sou opbjektif .Yo jwenn
apwi yon enstitisyon ki bay yon ekip teknik responsab.2) Gwoup sa travay ak fanmiy peyizan.Chak fanmiy genyen an mwayèn 6
manm.Nan sans sa,yo poko fin gen kontwòl tout kantite manm endividyèl yo
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non :ASOSYASYON PLANTE BA TENEB (APBAT)
Dat Fondasyon : Oktòb 2005
Objektif : Amelyore kondisyon travay manm li yo nan zòn Ba Tenèb pou n ogmante pwodiksyon ak pi bon teknik
Kantite Manm:-77 ------Kantite fanm 22 Kantite gason 55
Aktivite prensipal: Fòmasyon manm yo Plantasyon bannann
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa: Fòmasyon manm li yo Saklaj ak netwayaj jaden bannann
Dat dènye eleksyon: Novanm 2003
Dire manda yon dirijan: 3 lane
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :Mme annobert Mathieu, PrezidantAurel Décimus,SekretèLucsonne Bastien,Trezorye
Moun ki ranpli fich la : Aurel Décimus
Dat : out 2006
62
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non : ORGANISATION POUR LE DEVELOPPEMENT DE CARICE
Ti Non Jwèt : ODCA
Dat Fondasyon :16 Out 1999
Objektif : Travay ak popilasyon an pou chanje figi kominote a sou plan sosyal, ekonomk, edikatif ak kiltirèl
Kantite Manm:-700 -Kantite fanm:-----------------Kantite gason-----------------
Aktivite prensipal: Travay pou ranfòsman edikasyon an
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa:Konstriksyon yon kavo kominotè nan baitasyon Leta,seksyon kominal Woz Bonit
Dat dènye eleksyon: Jiyè 2005
Dire manda yon dirijan: yon lane ( 1 an)
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :Amid GabrielLuta CharlesVodrin Bernadin
Moun ki ranpli fich la : Amid Gabriel
Dat : 21 Jiyè 2006
63
Fich Ransèyman sou Oganizasyon yo
Non : Coopérative Ste Hélène de Carice ( COSAHEC)
Dat Fondasyon : Jen 1977Objektif : Ede manm yo chanje kondisyon lavi ekonomik ak sosyal yo nan :
o Oganize seminè fòmasyon pou manm li yo o Ede manm yo pwodui plis kafeo Chèche pi bon pri pou kafe ao Kolabore ak lòt òganizasyon yo pou chanje vizaj kominote a
Kantite Manm:--1125---Kantite fanm:51 %---Kantite gason 49 %---
Aktivite prensipal : Fòmasyon manm yo Pwodikasyon ak komèsyalizasyon kafe Kasavri Moulen Mayi ak Diri Soudi
Akltivite Oganizasyon ap reyalize nan epòk sa: Rekòlt kafe Moulen Mayi ak diri Kasavri Soudi Preparasyon asanble jeneral anyèl
Dat dènye eleksyon : 2 jiyè 2005
Dire manda yon dirijan: 3 lane
Bay non 3 Responsab ak tit yo genyen nan Oganizasyon an :
Gelin Cicéron, Prezidan
64
Mme Dupéra Alexis, SekretèIdelle Dalton, Trezoryè
Moun ki ranpli fich la : Idelle Dalton
Dat : 5 septanm 2006
6.3.- Enstitisyon kap travay nan devlopman
Enstitisyon Aktivite Gwoup SibGADRU Agrikilti PeyizanOXFAM GB Pwodiksyon ak
Komèsyalizasyon kafeRanfòsman kapasite local
COSAHECSKDK
REKOKARNO Pwodiksyon ak komèsyalizasyon kafe
COSAHEC
ACS Ranfòsman kapasite local
SKDK
FOKAL Ranfòsman kapasite lokal, Bibliyotèk
SKDK, Gwoup Jèn yo
SAKS Ranfòsman kapasite local
SKDK
CECI / PRODEP Devlòpman Entegre Oganizasyon nan bazFAES Devlòpman Entegre Oganizasyon nan bazFENU Enfrastrikti Gouvènman lokalMPNKP Agrikilti OGPK / MFPKPAM/CNPS Kantin pou lekòl yo Lekòl yoDID/ANACAPH Apui pou Kès Popilè KPSEK
7.- POU N FINI :
Kounye a,Asanble Reprezantan yo fin ratifye dokiman ki pale sou reyalite kominote Karis la jan l prezante jounen jodi a ; tout potansyèl kominote a genyen ak tout limit li nan chimen devlòpman pwòp tèt pa li.Plan estratejik la se fason popilasyon kominote Karis la pral wè lavi a pou pwòp tèt pa li,se rèv li,se vizyon li sou devlòpman global kominote a. Sitiyasyon sa makònen nan relasyon moun ak moun ,moun ak enstitisyon, enstitisyon ak enstitisyon, rapò ant lokalite ak lokalite,tout valè kiltirèl ki pwòp ak reyalite lavi yon moun Karis k ap idantifye l kòm
65
moun Karis natif natal, rapò moun yo ak lanati ak tou sa ki viwonnen moun yo anndan kominote a. Se poutèt sa plan an vize yon èspas 15 lane konsa kote chak 3 lane pral genyen yon bilan k ap mache ak tout yon pwogramasyon an rapò ak gran vizyon ki defini nan fen lane 2006 la pandan popilasyon an pral adapte l ak nouvèl dinamik peyi a pral pran sou zafè devlòpman an jeneral epi tou fason mond la ap evolye.Sa vle di plan operasyonèl 3 lane a pral tounen yon glas kote popilasyon an pral gade rèv li yo tanzantan.Dokiman sa rete yon zouti piblik pou tout enstitisyon, òganizasyon ak tout moun ki enterese nan devlòpman kominote karis.Ann kontinye travay nan mete men,kole zepòl ak tout sektè pou devlòpman ti kominote karis la,pou devlòpman tout peyi Dayiti.
Asanble Reprezantan Vandredi 7 ak Samdi 8 Jiyè 2006
Lis patisispan yo daprè Atelye Travay yo:
NO Non ak SiyatiATELYE # 1
Lokalite Atelye
01 Mme Ternéus Trévol LARE ISTWA02 Léosthène Cétoute VYE GAD ISTWA03 Edourd Séide ANBA BOUK ISTWA04 Thérèse Désamours NITAN BOUK ISTWA05 Elius André NAN VENSAN ISTWA06 Gracius Pervil SITE FRADE ISTWA07 Moléon Gabriel BWA NEF ISTWA08 Delince télor SITE FRADE ISTWA09 Robert Jérome ANBA BOUK ISTWA10 Mme St Créjus Alexis BWA GAMEL ISTWA
ATELYE # 201 Conciana Jérome ANWO BOUK ANVIWONMAN
02 Mme Caulius Dorcélus LA PYE ANVIWONMAN
03 Solon Pierre SITE FRADE ANVIWONMAN
04 Joanne Mémé LA PYE ANVIWONMAN
05 Cléanise Phat NAN SEZA ANVIWONMAN
06 Augustin Pierre ANWO BOUK ANVIWONMAN
07 Senector Auguste LA PYE ANVIWONMAN
08 Sylma Charles MEZIDO ANVIWONMAN
09 Mickerne Méril NAN VENSAN ANVIWONMAN
10 Elvé Jn Baptiste NAN VENSAN ANVIWONMAN
11 Mme Legrand Calixte MEZIDO ANVIWONMAN
12 Mme Hérard Desravines ANBA BOUK ANVIWONMAN
ATELYE # 301 Aurèle Alexis MITAN BOUK EKONOMI
66
02 Mme Calixthène desamour FASONWA EKONOMI03 Mme Orel Decimus ANBA BOUK EKONOMI04 Cléonie Alexis NAN VENSAN EKONOMI05 Marie Jn Charles KOFI EKONOMI06 Maniquès Bélus ANWO BOUK EKONOMI07 Mélanie Jn Charles DIPON EKONOMI08 Linda Calixte NAN VENSAN EKONOMI09 Frérot Riché NAN SEZA EKONOMI10 Astrel Lorstimé ANWO BOUK EKONOMI11 Luisine Bastien ANBA BOUK EKONOMI12 Nerlande Siménard WANDEYA EKONOMI13 Narice Joseph KOFI EKONOMI14 Samson Denis NAN VENSAN EKONOMI15 Eddy Bernadin MITAN BOUK EKONOMI16 Maranise Benjamen BWA GAMEL EKONOMI17 Clénie Philidor ANBA PLATON EKONOMI
ATELYE # 401 Guilvil Dalton NAN VENSAN AGRIKILTI02 Odieu Philostin SODO AGRIKILTI03 Josué Alexis VYE GAD AGRIKILTI04 Bruno Brunel VYE GAD AGRIKILTI05 Louis Jacques Guilsaint VYE GAD AGRIKILTI06 Talius Lebrave NAN VENSAN AGRIKILTI07 André Alcéna FASONWA AGRIKILTI08 Phidonise Berteheau LAPYE AGRIKILTI09 Erilan Tilionord SITE SENTELEN AGRIKILTI10 Milius Charles ANWO BOUK AGRIKILTI11 Mme St Osther Napoléon NAN LETA AGRIKILTI12 Jean Bernadin FRANSWA PYE AGRIKILTI13 Floran St Vil NAN LETA AGRIKILTI14 Bernéus Norestin ANWO PLATON AGRIKILTI15 Agr. Constantin Joseph ANWO BOUK AGRIKILTI16 Harry Maty Vital NAN VENSAN AGRIKILTI17 Lucien Guerrier WAKAKOU AGRIKILTI18 Mme Julien Mistidor KAFOU AGRIKILTI19 St Firmin Alexis BWA GAMEL AGRIKILTI20 Lunel Calixte SITE SENTELEN AGRIKILTI21 Gelin Cicéron SITE SENTELEN AGRIKILTI
ATELYE #401 Gérard Clermont MITAN BOUK EDIKASYON02 Jacqueline Phylidor NAN VENSAN EDIKASYON03 Paulimus Jn Charles ANWO BOUK EDIKASYON04 Antonise Mystidor ANBA BOUK EDIKASYON05 Lucienne Castin MITAN BOUK EDIKASYON
67
06 Wilgo Mathurin NAN VENSAN EDIKASYON07 Maximon Jn Baptiste NAN VENSAN EDIKASYON08 Joanel Joachim LARE EDIKASYON09 Henrilus Sylfrard SITE FRADE EDIKASYON10 Wilgo Denis ANBA BOUK EDIKASYON11 Louicius joesph LAROSE EDIKASYON12 Pascal Pierre SITE SENTELEN EDIKASYON13 Nicole Mémé LAPYE EDIKASYON14 Arisclaude Tilionord SITE SENTELEN EDIKASYON15 Eliane Jn Simon ANBA BOUK EDIKASYON16 Remond Eugène LARE EDIKASYON17 Sainçois Mémé LAPYE EDIKASYON
ATELYE # 501 Maxidouane Lucien VYE GAD SANTE02 Sr.Louisia Registre LAPYE SANTE03 Moncevoir Bertheau ANBA BOUK SANTE04 Emile Prévilus BWA POU SANTE05 Bossuet Délicieux ANBA BOUK SANTE06 Louisena M♪0sidor LARE SANTE07 Emanie Bélus ANWO BOUK SANTE08 Erida Audate ANBA BOUK SANTE09 Culmane Lucien NAN MOBIL SANTE10 Moncevoir Dorisca SITE FRADE SANTE11 Joseph Castin ANBA BOUK SANTE12 Excepté Décimus SAVAN SAL SANTE13 Mss Jacqueline Toussaint MITAN BOUK SANTE14 Luta Charles MITAN BOUK SANTE15 Nosta Mystidor KAFOU SANTE16 Mme Arneau Joseph ANWO BOUK SANTE17 Destibert St Elin ANBA BOUK SANTE
ATELYE # 601 Lexonel Jn Simon NAN VENSAN KILTI+LWAZI02 Legrand Calixte MEZIDO KILTI+LWAZI03 Mme Delius Céide NAN VENSAN KILTI+LWAZI04 Renad Miguel NAN SEZA KILTI+LWAZI05 Donatien Cétoute VYE GAD KILTI+LWAZI06 Idelle Dalton SAVAN SAL KILTI+LWAZI07 Yolane Gabriel NAN LETA KILTI+LWAZI08 Calerbe Desravines ANBA BOUK KILTI+LWAZI09 Eugène Jn Charles FASONWA KILTI+LWAZI10 Mariane Auguste VYE GAD KILTI+LWAZI11 Cadette Bastien Larose KILTI+LWAZI12 Frandonic Joseph SITE SENTELEN KILTI+LWAZI13 Marie Louise Cicéron NAN VENSAN KILTI+LWAZI
68
14 Pierre Mary Audate NAN VENSAN KILTI+LWAZI15 Justin St Hilaire KAFOU KILTI+LWAZI16 Anathas Dossou SODO KILTI+LWAZI17 Mme Hérard Desravines ANBA BOUK KILTI+LWAZI18 Catherine Altidor DLO KARIS KILTI+LWAZI19 Lucien Guerrier WAKAKOU KILTI+LWAZI
Envite espesyal:
Rosa Parés CANELA, Konsiltan ACS pou Ayiti
Rubén ESPINOSA, Konsiltan ACS pou Kolonbi
Erida AUDATE, ansyen manm konsèy koòdinasyon SKDK
Juno CHARLES, ansyen manm konsèy koòdinasyon SKDK
Jij de Pè Tribinal Karis
Vodrin BERNADIN, ansyen manm konsèy koòdinasyon SKDK
Julio EMILIEN,Majistra Komin Karis
Mme Sosthène Jn BAPTISTE, Majistra Komin Karis
Moncevoir Bertheau, Majistra Komin Karis
Lis Ajan Fasilitatè yo
NO Non ak Siyati Adrès01 Elvé Jn Baptiste SITE SENT ELEN02 Idelle Dalton SAVAN SAL03 Marie Louise Cicéron NAN VENSAN04 Eugène Jn Charles FASONWA05 Idiamène Augustin ANWO BOUK06 Lucsonne Bastien ANBA BOUK07 Gelin Cicéron SITE SENTELEN08 Eliane Jn Simon ANBA BOUK09 Milius St Fleur SITE FRADE10 Odieu Philostin SODO11 Phidonise Bertheau LAPYE12 Delince Télor NAN SEZA13 Phénia Louis LAPYE14 Philippe Alexis ANWO BOUK15 Luta Charles MITAN BOUK16 St Firmin Alexis BWA GAMEL17 Pierre Mary Audate NAN VENSAN
69
18 Francilor Philidor ANBA BOUK19 Erilan Tilionord SITE SENT ELEN20 Remond Eugène LARE21 Cléonie Alexis NAN VENSAN22 Véronique Jn Pierre BWA POU23 Wilgo Denis ANBA BOUK24 Cléanise Phat KAFOU25 Yolane Gabriel NAN LETA26 Henrilus Sylfrard SITE FRADE27 Renand Miguel NAN SEZA28 Josué Bernadin ANBA BOUK29 Fritz Castin NAN VENSAN30 Poliner Augustin BWA GAMEL
Lis Manm Konsèy Koòdinasyon SKDK:
Non ak Siyati TIT
Annol Phylidor Koòdonatè
Michelet Saladin Sekretè
Anne Rose Cicéron Trezoryè
Gérard Clermont Konseye
Marie Claude Jean Konseye
Idiamène Augustin Konseye
Audate Joseph Konseye
Lis Manm Ekip « RADYO TET ANSANM »
Ekip Edikasyon
#
Non & Siyati
Sèks
0 l Léonel CETOUTE M02 Lucsonne BASTIEN M03 Délince TELOR M
70
04 Elsie JEAN F05 Erida AUDATE F06 Jacqueline PHYLIDOR F07 Annol PHYLIDOR M08 Gracius PERVIL M09 Erilan TILIONORD M10 Islane BERNARD F11 Gismane ESTIMABLE F12 Poliner AUGUSTIN M13 Renaud JEAN JACQUES M14 Donatien CETOUTE M
Ekip Operatè/tris RADYO TET ANSANM
#
Non ak Siyati
Sèks
01 Idelle DALTON F02 Milius ST FLEUR M03 Michel FLEURY M04 Michelet SALADIN M05 Michelet SENAT M06 Yderick SIMILIEN M07 Louisena MESIDOR F08 Nosta MISTIDOR F09 Rony AUGUSTIN M10 Elius ANDRE M11 Raymond EUGENE M12 Pierre Mary AUDATE M13 Calherbe DERAVINES M14 Idiamène AUGUSTIN F15 Wilfrid JN LOUIS M16 Anol JNBAPTISTE M
71
Top Related