youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo....

88
KREYOL LIV PATISIPAN YO Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE Nitrisyon ak Malnitrisyon

Transcript of youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo....

Page 1: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

kreyol

lIV PATISIPAN yo youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yo

Zanmi Lasante

nitrisyon ak malnitrisyon

Page 2: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

Zanmi Lasante (ZL) se yon Oganizasyon ki endepandan e ki pa la pou fè lajan, li gen plis pase ven tan depi li fonde an Ayiti li gen pou misyon pou li bay pi bon swen Lasante kote ki pa genyen moun kap bay swen lasante ditou, li la tou pou akonpaye malad yo nan swen ak tretman yap resevwa yo epitou pou yo ka jwenn kisa ki lakòz maladi sa yo. Jodi-a Zanmi Lasante ap travay nan katòz peyi avèk objektif pou yo kraze sèk lamizè ak maladi sa.yo, lè yap bay moun sa yo bon swen lasante an menm tan ak entèvansyon de baz nan agrikilti, nan nitrisyon (Lamanjay), lojman (kay), dlo pwòp ak ti kòb yon moun ka genyen nan yon lane.

Zanmi Lasante te kòmanse travay nan bay swen ak trete moun ki malad yo, men li vin pouse pi lwen li vin travay pou li chanje kominote-a, chanje sistèm sante kominote e tout politik sante global kominote-a. Zanmi Lasante ede moun yo bati epi li soutni moun yo tou nan mitan gwo trajedi tankou tranbleman tè ki te kaze Ayiti, ak nan peyi ke lagè fin kraze tankou Rwanda, Gwatemala, Bouronndi , menm andan vil Boston. Atravè Kolaborasyon ak dirijan enstitisyon medikal ak akademik yo tankou Inivèsite pou apran Doktè ki rele Havard Medical School ak Brigham ak Lopital Fanm, Zanmi Lasante ap travay pou bay modèl sa-a bay lòt moun yo tou. Nan efò pou defann dwa moun kap bay don yo nan politik sante global la, Zanmi Lasante ap chache ogmante estanda li nan bay swen Lasante nan kwen ki pi pòv yo nan lemonn.

Zanmi Lasante ap travay an Ayiti, Larisi, Perou, Rwanda, Lesotho, Malawi, Kazakhstan ak Etazini. Zanmi Lasante ede lòt patnè tou tankou Meksik, Gwatemala, Bouronndi, Mali, Nepal, ak Liberya. Pou plis enfòmasyon sou Zanmi Lasante vizite sit sa-a www.pih.org.

Anpil manm nan pèsonèl Zanmi Lasante-a ak lòt patnè deyò kontribye nan devlopman Chapit Fòmasyon sa-a. Nou paka remèsye yo chak apa men nou gen anpil rekonesans pou yo, pou angajman yo, pou pasyon yo ak pou gwo travay sa yo fè-a.

© Ilistrasyon: Jesse Hamm, 2010

© Tèks: Partners In Health, 2011.

Foto ki sou po (kouvèti) liv la: Partners In Health

Dizay : Mechanica, Annie Smidt, and Partners In Health

Enprime: ACME Books, Inc.

Premye Vèsyon Anglè-a pibiye nan mwa Fevrye 2011

Page 3: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

Liv sa a dedye a anpil travayè sante kominotè ki ap fè gwo jefò pou fè misyon nou tounen yon reyalite epi ki se kolòn vètebral pwogram nou yo nan sove lavi ak amelyore mwayen pou viv nan kominote ki pòv yo. Chak jou, yo vizite mamb kominote yo epi ofri sèvis yo, edikasyon, ak sipò, epi yo anseye nou tout ke solidarite pozitif se remèd ki pi efikas pou maladi pandemik, povrete, ak dezespwa.

Page 4: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn
Page 5: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

sa ki anndan Liv la

Kontèks . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 1

Objektif . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 2

Pati ki pi enpòtan yo . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 3

Kisa ki yon bon nitrisyon? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 5

Pòsyon ki kòrèk . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 10

Bay tibebe tete . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 11

Tifi ak Tigason . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 14

Kisa ki malnitrisyon? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 15

Kòz, Sentòm, ak Tretman kont Malnitrisyon . . . . . . . . 17

Mezi Anwo Sikonferans Bra (MASB) . . . . . . . . . . . . . . 31

Edèm Nitrisyonèl . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 35

Pran pwa timoun yo ak tibebe yo . . . . . . . . . . . . . . . . . 37

Nourimanba ak Nourimil . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 53

Pwogram pou Nitrisyon ak sipò manje . . . . . . . . . . . . . 61

Page 6: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

Nitrisyon ak Malnitrisyon

vi lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte

Jwèt Wòl . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 63

Lis tout sa Ajan kominoté polivalanyo dwe fè . . . . . . . 70

Nòt . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 71

Pre-tès (Tès avan Fòmasyon) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 73

Pòs-tès (Tès apre Fòmasyon) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 77

Fòm Evaliasyon . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 81

Page 7: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

nitrisyon ak malnitrisyon

KoNtèKs

Lè yon moun an sante, sa pa sèlman vle di ke li p ap janm malad. Sa vle di tou ke li manje ase manje ak li bwe dlo ki san danje pou li rete ansante ak fò. Moun ki manje kantite ak kalite manje yo dwe manje, ki respekte kalite ki dwat nan manje prèske chak jou gen sa nou rele bon nitrisyon, oswa yon rejim ekilibre. Moun ki pa manje kantite e kalite ki nesesè nan sa nou dwe manje yo, tankou sa kap pwoteje, konstwi kò,e bay enèji, souvan soufri malnitrisyon. Malnitrisyon vle di ke kò a pa gen eleman nitritif li dwe genyen pou-l fonksyone byen. Lè yon moun mal nouri, yo souvan parèt mèg epi yo santi yo fèb. Sepandan, kèk fòm malnitrisyon ki pa kapab wè fasilman kapab bay domaj tou. Anplis pwoblèm fizik, lè timoun yo mal nouri, sèvo yo pa devlope nòmalman lè sa, yo pa ka aprann fasilman menm jan ak timoun ki byen nouri yo. Sa a kapab lakòz pwoblèm nan lavni yo tankou bese nivo nan edikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò.

Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn nan pi gwo problèm ke sant sante ak lopital, Ministè Sante ak lòt ajans gouvènman, ak òganizasyon ki zanmi yo, ap travay pou rezoud. Antanke Ajan kominoté polivalanou jwe yon gwo wòl nan travay sa.

Nan evalye pou malnitrisyon epi ede fanmi yo jwen tretman, wap ede fanmi yo reyalize bon sante ak byennèt yo, lè yo vin gen bon swen sante ki se dwa tout moun genyen.

Page 8: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte2

Nitrisyon ak Malnitrisyon

objeKt if

lè ou rive nan fen chapit sa-a, wap kapab:

a. Defini yon bon nitrisyon.

b. Dekri 3 gwoup manje yo ak enpòtans yo.

c. Dekri kantite ki kòrèk nan chak gwoup manje pou moun nan diferan laj.

d. Defini malnitrisyon.

e. Idantifye kòz prensipal yo, sentòm, ak tretman pou divès kalite malnitrisyon.

f. Rekonèt malnitrisyon ki kronik menm jan ak malnitrisyon ki egi.

g. Evalye malnitrisyon timoun ki poko gen 5 lane lè yo sèvi avèk balans (MASB).

h. Evalye pou malnitrisyon timoun ki poko gen 5 lane pandan yap sèvi ak opozan èdèm.

i. Anrejistre pwa pou timoun ki poko gen 5 lane chak mwa lè l sèvi avèk tablo kontwole pwa-a, ak entèprete li pou evalye si li fè malnitrisyon.

j. Òganize chak mwa pòs rasanbleman pou tout timoun ki poko gen 5 lane ki nan zòn nan.

k. Demontre ki jan yo itilize Nourimanba ak Nourimil, epi fè suivi ak timoun ki sèvi ak Nourimanba ak Nourimil.

l. Rekonèt malnitrisyon sou fanm ansent e fanm kap bay tete, moun kap viv ak VIH / SIDA oswa tibèkiloz, ak lòt gwoup ki vilnerab, e refere yo nan sant sante a pou pwogram nitrisyon an, vitamin, sipò pou manje oswa lòt tretman.

m. Edike fanmi yo sou nitrisyon ak malnitrisyon, montre yo 3 gwoup manje ki bon yo, kantite ki kòrèk, siy ak sentòm malnitrisyon yo, ak tretman yo.

Page 9: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 3

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Pat i K i P i eNPÒtaN yo

• Bon nitrisyon sa vle di ke kò a resevwa bon jan manje ak kantite ki sifizan. Yon rejim ki ekilibre enpòtan paske kò a sèvi ak manje li resevwa yo kòm sous enèji, reparasyon pou lèl blese, grandi, e goumen kont enfeksyon.

• Genyen 3 gwoup manje. Manje ki konstwi kò-a ki se pwoteyin, tankou lèt, ze, sereyal ak vyann. Manje ki bay enèji se bagay ki gen sik epi lanmidon, tankou pòmdetè, pat alimantè epi diri. Manje ki pwoteje kò se legim ak fwi yo, tankou berejenn, anana, ak mango. Kò a bezwen tout kalite manje sa yo chak jou pou li ka rete an sante.

• Yon moun ki manje ase manje ki soti nan chak kalite manje sa yo chak jou gen yon alimantasyon ak yon rejim ki ekilibre.

• Moun ki manje yon manje ki balanse pap janm malad fasil, gen plis enèji nan travay, epi yo ka grandi ak kenbe zo ak misk yo fò .

• Malnitrisyon vle di ke kò a pa resevwa ase manje ki soti nan chak kalite manje yo.

• Yon moun ki mal nouri ki fèb, souvan twò mens, li vin malad souvan. Timoun ki mal nouri pa byen devlope fizikman oswa mantalman. Pwoblèm Devlopman ka lakòz pwoblèm lavi diran, bese nivo edikasyon ak redwi revni. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò.

• Sentòm nan malnitrisyon grav enkli pèdi anpil pwa epi mèg anpil, yon vant dilate nan timoun, ak janm anfle ak pye (èdèm).

• Siy malnitrisyon kwonik yo pafwa difisil pou wè epi sèlman kapab detekte nan swiv de prè pwa yon timoun ak wotè l’.

• Malnitrisyon pi danje pou timoun ki poko gen 5 lane, fanm ansent, ak moun ki gen VIH.

• Fanmi ak malnitrisyon lejè dwe jwenn enfòmasyon sou bon nitrisyon ki gen ladan bon admisyon manje, ijyèn, prevansyon ak tretman kont maladi, ak swen ki apwopriye pou jèn timoun. Yo dwe tou anseye yo sou pòsyon ki kòrèk pou anpeche ke bagay yo vinn pi mal. Moun ki gen malnitrisyon grav ta dwe refere nan sant sante a san pèdi tan. Timoun ki mal nouri anpil yo e ki poko gen 5 lane pral resevwa Nourimanba. Moun ki gen TB /VIH ap tou refere nan pwogram sipò pou manje a.

Page 10: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte4

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Pat i K i P i eNPÒtaN yo

• Tete sepi bon manje ak bwè pou tibebe. Li bay yo tout nouriti yo bezwen epi ede yo goumen kont enfeksyon. Yo ta dwe bay ti bebe yo tete sèlman pandan 6 premye mwa yo, sou demann. Apre 6 mwa, tibebe ka manje manje ki solid, men li ta dwe kontinye tete jiskaske li gen 2 zan oswa pi lwen. Manman ki gen VIH ka bay ti bebe tete san danje yo si yo te kòmanse pran ARV omwen 3 mwa anvan akouchman.

• Pou l ka grandi byen epi rete an sante, ti fi bezwen menm kantite manje tankou ti gason. Yo pa dwe bay ti fi yo pi piti manje pase ti gason.

Page 11: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 5

Nitrisyon ak Malnitrisyon

K isa K i yoN boN N itr isyoN?

• Bon nitrisyon se manje ase nan manje ki bon pou kò ou ka jwen bon kalite manje li bezwen yo pou l ka fonksyone byen e rete an sante.

• Bon nitrisyon pa sèlman vle di manje anpil manje pou w pa santi w grangou. Sa vle di manje ase nan manje ki dwat, nan konbinezon ki dwat, pou ede kò a grandi, travay epi pwoteje tèt li.

• Si ou manje ase nan manje ki dwat, se sa ki rele yon “rejim balanse.”

Ki kalite manje ou ta dwe manje pou w ka gen yon bon nitrisyon?

• Ou ta dwe manje manje ki pwoteje kòw tankou fwi ak legim, manje kapab bati kò a tankou vyann ak lèt, ak manje ki bay enèji (yo rele lanmidon) tankou pòmdetè ak pat alimantè.

• Ou ta dwe manje ase nan chak bagay ki nan 3 gwoup manje sa yo, pou kò w kapab bati, repare zo li yo ak po w, goumen kont enfeksyon, epi gen enèji li bezwen an chak jou.

• Ou ta dwe manje pou piti 2 gwo manje nan yon jou. Ou dwe manje ase manje pou kò w kapab grandi, geri, konbat maladi yo epi rete pwodiktif.

Ki prekosyon ou ka pran lè wap prepare manje yo pou anpeche fanmi ou vin malad?

• Toujou lave men w anvan ou prepare manje.

• Lave fwi ak legim yo byen epi rense yo ak dlo pwòp si wap manje yo tou fre.

• Kwit tout vyann ak pwason yo byen.

Page 12: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte6

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Manje ki bay enèji yo

Manje ki bay enèji yo bay kò a fòs pou l ka travay, mache, kouri, ri, manje ak respire.

Men kèk egzanp nan manje ki bay enèji

• Pòm de tè

• Kasav

• Yanm

• Patat

• Bannann

• Lam veritab

• Manyòk

• Pat alimantè

• Joumou

• Diri

• Labouyi

• Pen

• Ble, pitimi ak lòt grenn yo

• Mayi

• Pitimi

Manje ki bay enèji yo

Page 13: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 7

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Manje ki bati kò yo

Manje ki konstwi kò ede kò a grandi oubyen repare tèt li. Li ede misk nou yo fòme, li ede po nou geri lè nou blese, zo nou yo grandi pi wo ak pi fò, epi cheve nou ak zong nou grandi.

Egzanp manje ki bati kò

• Vyann kabrit ak vyann bèf

• Pwason: seche /boukannen, nan bwat, fre

• Poul

• Letye tankou ze, lèt, fwomaj

• Pwa

• Grenn

• Lantiy

Manje ki bati kò yo

Page 14: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte8

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Manje ki pwoteje kò

Yon manje ki pwoteje kò-a, ede kò-a goumen kont maladi. Se manje ki gen vitamin ladan yo tankou fwi ak legim, yo ede sistèm defans kò a rete fò e ansante.

Men kèk egzanp nan manje ki pwoteje kò yo

• Mango

• Anana

• Papay

• Zoranj ak mandarin

• Chadèk

• Sitwon

• Fig

• Seriz

• Cachiman

• Tomat

• Piman dous

• Kawòt

• Joumou oswa fèy manyòk

• Kalalou

• Zaboka

• Papay

• Berejèn

• Zepina

Manje ki pwoteje kò

Page 15: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 9

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Manje tchiaw

Manje ki se “manje tchiaw” yo pa nan okenn nan 3 gwoup manje sa yo. Timoun ak granmoun konn manje “ manje tchiaw” paske li gen bon gou oswa li plen vant. Men manje tchiaw pa ede kò a nan okenn fason. Souvan, manje sa yo konn andomaje kò a, plen li ak sik oswa twòp grès ki pa bon pou’l kapab fonksyone byen.

Men kèk egzanp nan manje tchiaw

• Kola

• Ji ki dous / Tampico

• Bonbon

• Biswit

• Fritay

• Sirèt

Manje sa yo gou paske yo gen anpil sik ak sèl, men yo pa bon pou kò nou. Yo pa bay anpil enèji, yo pa bati zo ak misk ki an sante, epi yo pa pwoteje kò a kont enfeksyon. Menm si ke gen kèk nan bagay sa yo ki pa vann chè e ki gen bon gou, nou tout ta dwe evite yo. Yo kapab danje sitou pou timoun, paske timoun yo toujou ap grandi, epi yo pi fasil pran maladi pase granmoun. Yo bezwen manje ki nourisan pou asire ke kò yo grandi fò epi yo ka goumen kont maladi.

Manje tchiaw

Page 16: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte10

Nitrisyon ak Malnitrisyon

PÒsyoN K i KÒrèK

Pòsyon pou timoun yo se

Timoun ki fenk fèt–6 mwa: Yo ta dwe bay ti bebe yo tete sèlman (sòf si manman an gen VIH). Nou pral diskite sou zafè bay tete nan plis detay pita.

6–8 mwa: Yo ta dwe bay ti bebe tete lè yo mande epi resevwa lòt manje 2–3 fwa yon jou. Ti moso nan manje bèt tankou vyann, ze ak pwason jan w kapab, pi bonè ke posib. Kòmanse avèk 2–3 kiyè pou chak manje, ogmante de tazantan ½ nan yon tas pou chak manje.

9 mwa–2 ane: Bay ½ a 1 tas konplè nan 3 lòt manje–4 fwa nan yon jou anplis bay tete. Manje bèt, tankou pwason, vyann ak ze, ta dwe antre ladan a mezi li posib. Kòmanse nan 12 mwa, ou ka ofri l ti goute (tankou fwi, yon tas lèt, oswa pen ak pat alimantè, grenn), menm jan tou plizyè lòt manje nou manje nan fanmi an.

2 ane ak plis: 3 gwo manje chak jou, pou pi piti 1 tas manje nan chak repa nan 2 zan, ak ogmante a mezi timoun nan ap grandi.

Pandan yap grandi, timoun yo bezwen manje 3 gwo repa pa jou.

Kantite manje pou granmoun

Granmoun fèt pou yo manje pou pi piti 2 gwo repa chak jou, plis goute. Chak repa ta dwe gen ladan 3 gwoup manje yo, pa egzanp 2 tas mayi moulen, 1 janm poul, ak yon tas ji.

Moun k’ap viv ak VIH / SIDA bezwen plis manje pase granmoun an mwayèn (15–20% pi plis).

Fanm ansent yo bezwen manje plis manje kenbe tèt yo ak tibebe k ap grandi yo ansante (500 kalori anplis oswa sou 25% pi plis). Si yon moun manje 2 repa chak jou sa ka vle di ajoute yon repa twazyèm ½ gwosè nan pòsyon lòt yo 2 oswa ogmantasyon nan youn oswa toude manje.

Page 17: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 11

Nitrisyon ak Malnitrisyon

bay tete

Ki pi bon manje pout ti bebe (ki poko gen 6 mwa)?

Tete a pou kont li se manje ki pi bon, se li tibebe yo dwe bwè pandan 6 premye mwa. Pou premye 6 mwa yo tibebe a pa bezwen okenn lot manjeoubyen lòt bagay pou bwè, pa menm dlo. Lèt manman gen pou tibebe yo.

èske fanm ki gen ViH ka bay tete san danje?

Wi, si yo te kòmanse ARV omwen 3 mwa anvan akouchman epi yo toujou ap pran ARV. Si yon manman pa vle fè sa, li dwe bay ti bebe li lèt nan bwat ki fèt ak dlo pwòp. Li enpòtan pou manman ki gen VIH yo chwazi swa bay tete sèlman pandan yap pran ARV oswa bay lèt nan bwat sèlman. Melanje tete ak lèt nan bwat oswa lòt manje kreye yon risk ki pi wo pou transmèt VIH bay tibebe a tout eleman nitritif ke yon tibebe bezwen.

bay tete

Page 18: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte12

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Konbyen fwa yon manman ta dwe bay ti bebe li tete (bebe ki poko gen 6 mwa)?

Ti bebe yo ta dwe resevwa tete manman yo pou pi piti 8 fwa nan jounen, lajounen kou lannwit, lè yo mande. Bay ti bebe yo tete a souvan lakòz manman an vinn gen plis lèt.

Poukisa se bay tete ki pi bon pou ti bebe?

Lèt manman bay yon tibebe tout eleman nitritif yo ke li bezwen. Lèt manman ede pwoteje tibebe ak jèn timoun kont maladi paske li genyen antikò manman an, ki ede yo goumen kont maladi. Okenn lòt lèt pa gen antikò sa yo.

Kisa nou panse de lèt bèt oswa lèt nan bwat? eske tout bagay sa yo pi bon pou ti bebe?

Non, lèt bèt pi difisil pou tibebe yo dijere, se menm jan avèk lèt nan bwat. Lèt nan bwat ki fèt ak dlo ki kontamine ka koze dyare, ki trè danjere.

Pou konbyen tan yon manman ta dwe bay tete?

Jiskaske timoun nan gen 2 lane, oswa pi lwen, paske tete ofri nitrisyon, enèji ak pwoteksyon kont maladi;. Apre tibebe a gen 6 mwa li pral kòmanse manje manje ki solid.

Kòman pou yon manman pwodwi plis lèt nan tete?

Pou premye mwa yo bay ti bebe plis tete fè manman an gen plis lèt nan tete l. Lè yon ti bebe ap souse tete yon manman, sa ankouraje yo pwodwi pi plis lèt. Manman yo dwe asire yo ke yo manje ase manje ki ansante. Kèk manman bay ti bebe yo bwè lèt nan bwat ak lòt manje, paske yo enkyete e panse ke lèt nan tete yo a pa ase pou ti bebe a .Sa a se pa vre. Lèt manman se sèlman manje yon tibebe bezwen nan 6 premye mwa yo.

Ki sa fanm yo ka fè si yo gen pwoblèm pou bay tete?

Yo kapab mande èd nan sant sante a, epi mande fanm ki gen eksperyans nan kominote a pou ede yo.

Page 19: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 13

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Kouman pou fanm kap travay jwenn tan pou bay tibebe yo tete?

Eseye ede fanm jwenn yon solisyon pou yon ti bout tan depi yo sèlman bezwen bay tete sèlman pandan 6 premye mwa yo. Si yo aksepte manman an, ka eseye vini ak tibebe a nan travay la oswa gen yon frè / sè ki pi gran ki pote tibebe a ba li chak fwa pandan jounen an lè manman an fè yon ti kanpe travay pou bay tete.

Page 20: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte14

Nitrisyon ak Malnitrisyon

t i f i aK t i gasoN

Ki moun ki bezwen plis manje, ti fi oswa gason?

Fi ak gason bezwen menm kantite manje. Yo tout le de bezwen manje an kantite ak kalite,nan lòd pou yo ka grandi byen epi rete an sante nan lespri ak kò.

Kisa w ka fè pou ede fanmi yo bay ti fi bon tretman e menm kantite manje ak ti gason?

Montre fanmi yo ke ti gason ak tifi bezwen menm kantite ak kalite ki dwat nan sa yo dwe manje pou grandi e devlope byen, anseye fanmi yo sou danje ki nan malnitrisyon ak kijan li ka yon fado pou yon fanmi.

ti fi ak ti gason

Page 21: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 15

Nitrisyon ak Malnitrisyon

K i sa K i MalNitr isyoN?

Malnitrisyon se lè kò a pa jwenn ase manje, oswa pa jwenn ase nan kalite sa yo dwe manje, pou kò a fonksyone nòmalman.

Konsekans malnitrisyon -espesyalman pou timoun, fanm ansent, ak moun k ap viv ak VIH / SIDA oswa lòt maladi grav kapab vinn trè serye.

Moun ki mal nouri malad pi souvan, pi grav, epi pou plis tan pase moun ki gen bon nitrisyon. Yo pa gen ase enèji. Timoun ki mal nouri ka pèdi twòp pwa, sispann grandi epi menm gen gwo pwoblèm nan devlopman l. Fanm ansent kapab gen pwoblèm pandan lap akouche oswa apre ti bebe yo fèt. Si yon manman mal nouri, tibebe a ka fèt piti epi fèb. Moun ki gen VIH / SIDA oswa lòt maladi grav malad pi souvan lè yo mal nouri, paske sistèm defans kò yo te deja fèb.

Malnitrisyon se rezilta anpil lòt faktè. Kèk nan faktè sa yo, tankou yon mank enfòmasyon, se bagay ke Ajan kominoté polivalanyo ka ede ranje. Lòt faktè, tankou lanmizè oubyen gwo maladi, yo pi difisil pou kontrekare.

Ki faktè ki kontribye nan malnitrisyon?

Ki rezon ki fè malnitrisyon egziste nan kominote nou yo?

• Manke lajan pou achte manje

• Manke tè pouf è jaden

• Pa bay tibebe tete menm lè li san danje

• Manje ki piti oswa ki pa fasil

• Dilye labouyi oswa lèt nan bwat

• Timoun ki alatèt fwaye

• Pratik tradisyonèl yo, tankou bay ti gason ak gason vyann sèlman.

• Fanmi ki gen anpil moun ak manje ki pa ase pou yo.

• Maladi tankou VIH / SIDA ki diminye apeti oswa fè kò a pa ka absòbe eleman nitritif.

• Moun ki pou prepare oswa bay fanmi an manje a ki twò malad pou kwit li oswa travay.

• Mank konesans sou nitrisyon.

Page 22: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte16

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou, epi li se yon pwoblèm trè difisil a rezoud. Kòm Ajan sipò fanmi, ou pa ka jere tout faktè ki lakòz malnitrisyon. Sepandan, ou ka anseye fanmi yo sou nitrisyon debaz yo, evalye pou malnitrisyon nan kominote ou, ak refere moun ki gen malnitrisyon grav nan sant sante a pou yo ka mete yo nan pwogram sipò pou manje. Ou kapab tou anrejistre enfòmasyon sou malnitrisyon fanmi yo konsa solisyon a long tèm yo ka devlope nan sant sante, Ministè Sante piblik ak lòt ajans gouvènman.

Sonje ke ou se yon pati enpòtan nan dwa moun ki baze sou apwòch konplè swen sante. Nan evalye pou malnitrisyon epi ede fanmi yo jwenn tretman, w ap ede fanmi yo reyalize bon sante ak santi yo byen, ki se yon dwa imen debaz.

Page 23: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 17

Nitrisyon ak Malnitrisyon

KÒz , seNtÒM, aK tretMaN KoNt MalNitr isyoN

sentòm prensipal malnitrisyon yo

• Vant anfle (Dilate)

• Twò mèg

• Twò kout

• Misk yo disparèt

• Timoun yo ap sispann grandi (yo pa pran pwa oswa vin pi wo)

• Cheve wouj oswa cheve jòn kay timoun ki gen kwashiòkò

• Men anfle, janm ak pye (èdèm)

• Kou anfle (gwat)

• Avèg nan lannwit oswa tach nan je (mankman Vitamin A)

3 gwoup yo ki gen plis chans pou fè malnitrisyon

• Fanm ansent

• Timoun ki poko gen 5 lane

• Moun k’ap viv ak VIH / SIDA oswa lòt maladi grav

Poukisa se timoun ki poko gen 2 lane yo ki genyen plis risk pou fè malnitrisyon?

Timoun ki poko gen 2 lane yo bezwen yon rejim ekilibre pou ede kò yo ak lespri yo grandi. Si kò yo ak lespri yo pa grandi byen, sa ka aji sou yo pandan tout lavi yo paske li afekte nivo nan edikasyon yo kapab rive, li ka afekte sa yo pral touche ak nivo nan revni yo kòm granmoun.

Page 24: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte18

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Ki timoun ki poko gen 2 lane ki plis nan risk?

• Timoun ki te fèt tou piti

• Timoun ki gen frè oswa sè ki te mouri youn dèyè lòt

• Timoun ki pi piti nan mitan anpil lòt, oswa ki gen anpil frè ak sè nan gen preske menm laj ak li.

• Timoun ki gen lawoujòl, tous oubyen gwo las, dyare, VIH oswa lòt maladi grav

• Timoun ki sispann tete bonè

• Marasa

• Òfelen

Page 25: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 19

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Ki sa ki yon malnitrisyon kwonik?

Malnitrisyon kwonik se rezilta lè yon rejim alimantè ensifizan oswa dezekilibre oswa pou yon maladi ki parèt souvan. Enkapasite, deperisman, oswa pèdi pwa detanzantan se siy komen ki konn devlope nan malnitrisyon kwonik. Malnitrisyon Kwonik ka pase inapèsi fasilman, si Ajan sante a pa fè trè atansyon a ogmantasyon regilye wotè ak pwa a.

sentòm oswa siy malnitrisyon kwonik

• Deperi: timoun nan sispann pran pwa apre yon tan

• Enkapasite: timoun nan sispann grandi apre yon tan

Ki sa ki lakòz malnitrisyon kwonik?

Malnitrisyon Kwonik koze pa yon mankman nan manje oswa yon rejim ki mal ekilibre. Enkapasite sa kapab tou koze pa defisyans yòd manman an te genyen pandan li te ansent la.

Malnitrisyon Kwonik

Page 26: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte20

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Ki sa ou ta dwe fè si ou kwè yon timoun nan youn nan fanmi ou vizite yo mal nouri ak gen risk pou malnitrisyon kwonik?

Konsèye fanmi an sou pòsyon apwopriye ak kalite manje pou timoun nan manje. Yon timoun ki pa pran ase pwa sou youn oubyen de mwa ka bezwen pi gwo pòsyon, manje, pi plis manje nourisan oswa manje pi souvan. Timoun nan ka malad oswa li ka bezwen plis atansyon ak swen oswa asistans avèk manje. Eksplike konsekans malnitrisyon an ka genyen. Paran yo ak Ajan sante yo bezwen aji byen vit pou dekouvri lakòz pwoblèm nan epi pran mezi pou korije l’. Anplis de sa, fanmi an ka bezwen refere pou sipò manje ak edikasyon sou nitrisyon.

Page 27: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 21

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Maras ak Kwatiòkò

Ki sa ki maras ak kwatiòkò?

Marasm ak Kwatiòkò tou de se maladi ke ou ka genyen lè ou fè malnitrisyon.

Sentòm oswa siy maras la

• Vant dilate oswa anfle

• Bra anfle, janm oswa figi

• Misk yo fonn

• Po vin trase ak zo yo ki parèt anpil sitou zo kot yo

• Pèdi enèji, letaji

• Pèdi dlo nan kò (dezidrate)

• Figi plise kon yon tigranmoun

Maras ak Kwatiòkò

Page 28: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte22

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Ki sentòm yo oswa siy kwatiòkò?

• Cheve wouj oswa cheve jòn kay timoun

• Men anfle, janm ak pye

• Pèdi apeti

• Po a vin seche e li chanje koulè

• Pèdi enèji, letaji

• Lòt sentòm yo menm ak sentòm maras yo

Ki sa ki lakòz maras ak kwatiòkò?

Yon mankman grav nan manje, espesyalman pwoteyin yo ak idrat kabòn. Souvan sa fèt apre ke yon timoun sevre nan tete, si yon timoun pa manje ase, oswa pa manje ase manje ki bati kò-a tankou vyann ze, lèt, oubyen pwa.

Ki sa ou ta dwe fè si ou kwè yon timoun nan youn nan fanmi yo ou vizite gen maras oswa kwashiòkò?

Voye timoun nan nan sant sante a imedyatman. Timoun nan ka trete nan sant sante a epi yo pral bay fanmi an Nourimanba oubyen Nourimil. Anplis, fanmi an ka bezwen referans pou edikasyon sou nitrisyon.

Page 29: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 23

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Deperisman ViH / siDa

Poukisa se moun ki gen VIH / SIDA ki gen plis chans pou fè malnitrisyon?

Moun ki gen VIH / SIDA souvan fe eksperyans ak malnitrisyon akoz de enfeksyon an ki lakòz kò yo pèdi pwa, e gen difikilte pou pran eleman nitritif.

Moun ki gen VIH souvan pa manje ase oubyen pa manje manje ki nourisan, paske yo pa gen apeti oswa yo pap pran swen yo byen.

Kisa ki deperisman VIH/SIDA a?

Moun ki gen VIH souvan pèdi gwo kantite pwa akòz enfeksyon yo epi yo pa manje ase. Lè yon moun gen VIH li vin anòmalman mens (chèch anpil), sa a se deperisman VIH.

Deperisman ViH / siDa

Page 30: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte24

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Ki sentòm yo oswa siy deperisman VIH la?

• Mèg anpil

• Misk yo fonn

• Po vin trase ak zo yo ki parèt anpil

Poukisa se moun ki gen ViH /siDa ki gen plis chans

fè malnitrisyion?

Kòman fanmi yo, moun kap ba yo swen ak ajan sante yo kapab ede moun ki gen ViH /siDa yo

gen yon rejim ki balanse?

Depresyon Manje ak lòt moun yo pou ou pa santi-w izole. Lòt moun ka ankouraje moun nan manje.

Bouch maleng Rense bouch avèk dlo sèl tyèd.

Bouch fann Manje manje krazé oswa manje ki koupe ti kal pa ti kal / oubyen soup.

Mete lwil sou bouch.

Anvi vomi ak vomisman Manje ti kantite manje ki fad, manje ki senp.

Dyare Manje ti kantite manje ak bwè dlo oswa lòt likid klè souvan.

Manje pa gen okenn /move gou

Sèvi ak bon epis pou fè manje pi gou.

VIH / SIDA fè yo fèb Manm fanmi an oswa vwazen ka prepare manje a.

Manke lajan Mande sipò nan sant sante a, pale ak travayè sosyal.

Medikaman ARV fè moun santi yo toudi oswa bayo anvi vomi

Ti kal manje, manje lè anvi vomi an pase.

Pèdi apeti Moun nan ka fè yon ti mache pou fè apeti vini.

Page 31: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 25

Nitrisyon ak Malnitrisyon

anemi

Ki sa ki anemi?

Lè pa gen ase fè nan san an. Fè se yon eleman nitritif ki ede pote oksijèn nan tout kò a.

Ki sa ki lakòz anemi?

Pa manje ase manje ki gen fè, tankou vyann ak legim vèt. Lè yon fanm vin ansent, li ta dwe ale nan sant sante a epi jwenn sipleman fè. Li ta dwe tou asire ke li manje manje ki gen fè nan yo chak jou pou evite ke li trape anemi.

Kiyès ki pi fasil pou fè anemi?

Fanm ansent, paske kò yo kreye plis sipò pou san nan ti bebe a. San an plis sa bezwen plis fè pou li ka pote oksijèn ak ede tibebe a grandi.

anemi

Page 32: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte26

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Kouman Ajan kominoté polivalanyo kapab ede anpeche anemi?

Ajan kominoté polivalanyo dwe asire yo ke fanm yo resevwa sipleman fè ak pran yo chak jou pandan yap bay tete, lè yo ansent, epi 2 mwa aprè yo fin akouche, menm si yo pa bay tete. Sipleman Fè yo ta dwe vini an tablèt 200mg.

Ki efè segondè posib pou sipleman fè?

Efè segondè ki nòmal yo:

• Ti konstipasyon ak dyare.

• Twalèt tou nwa.

• Kè plen ak vomisman: ka kontwole lè yo pran pi piti kantite.

Siy danje:

• Sipleman fè ka vin bay pwoblèm ki pi grav ki egziste tankou gastwoentestinal, maladi ilsè ak emoraji nan gwo trip.

• Ale nan klinik la imedyatman si: twalèt ou ta vinn kole anpil, si yo gen tach koulè wouj, oswa siw gen kranp, gwo doulè, oswa siw ta gen doulè nan lestomak.

• Pran sipleman fè pou trete anemi pandan w gen malarya ka fè anemi an vin pi mal.

Sentòm oswa siy anemi

• Po pal anpil

• Anndan bouch avek anndan je pal anpil

• Zong Pal

• Fatige anpil

• Souf wo

Ki sa ou ta dwe fè si ou kwè youn nan fanm ansent ou vizite yo gen anemi?

• Voye li nan sant sante a san pèdi tan, kote li pral resevwa sipleman fè gratis.

• Aprè li soti nan sant sante a, anseye li sou manje ki gen anpil fè tankou fèy vèt, vyann, ze, lèt, ak pwason, ak anseye li ak fanmi li sou kouman fanm ansent dwe manje plis pase nòmal nouri ni tèt yo ak tibebe k ap grandi ya.

• Raple tout fanm ansent pou yo ale nan sant sante a pou vizit prenatal regilye. Pandan vizit prenatal doktè oswa mis la pral tcheke li pou anemi.

Page 33: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 27

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Pa wè lannwit

Ki sa pa wè lannwit ye?

Lè yon moun pa ka wè bagay nan mitan lannwit oswa nan zòn kote limyè a fèb tankou jan li ta dwe.

Ki sa ki lakòz pa wè lannwit?

Yon mankman vitamin A nan sa wap manje.

Ki moun ki gen plis chans pou avèg lannwit?

• Timoun ki poko gen 5 lane ki gen plis risk, paske je yo ap devlope, epi konsa yo bezwen plis vitamin A pase granmoun pou bati je yo fò.

• Fanm ansent bezwen plis vitamin A ak sipò bon manje pou tibebe k ap grandi a. Si yo pa resevwa ase yo menm oswa ti bebe yap pote a ka soufri.

Pa wè lannwit

Page 34: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte28

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Ki sentòm yo oswa siy pa wè lannwit?

Yon moun ki pa wè lannwit ka sote sou bagay nan mitan lannwit, paske li te gen difikilte pou wè bagay ki nan fè nwa a pase lòt moun. Sa vle di ke je yo vinn pèdi abitd ak fè nwa a, ki nòmalman pèmèt nou fè diferans fòm ak objè.

Si pa wè lannwit pa trete, li kapab mennen nan avèg nèt.

Ki sa ou ta dwe fè si ou kwè ke yon moun pa wè lannwit?

Voye li nan sant sante a san pèdi tan, kote li pral resevwa sipleman vitamin A gratis.

Aprann manm kominote a sou pa wè lannwit ak kijan anpeche li nan manje manje ki gen anpil Vitamin A, tankou zoranj, fwi ak legim (kawòt, joumou, melon, papay) ak fwa.

Aprann moun ki gen timoun sou vitamin A sipleman regilye pou timoun ki poko gen 5 lane (tankou li ekri sou kat vaksinasyon timoun lan), yap jwen nan sant sante a.

Kisa w ka fè pou ede anpeche nan mankman Vitamin A ak avèg lannwit?

Fanm kap bay tete ta dwe pran yon dòz 200 mil inite nan lespas 30 jou apre li fin akouche. Timoun ant 6–59 mwa ki an bòn sante ta dwe pran yon dòz 200 mil inite chak 4 mwa. Timoun ant 6–12 mwa ki soufri malnitrisyon grav ta dwe sèlman pran yon dòz 100 mil inite. Tout timoun ki gen malnitrisyon grav ta dwe rete tann jiskaske yo kòmanse tretman dezyèm vizit la (apre yo fin kòmanse Nourimanba nan premye visit la.

Page 35: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 29

Nitrisyon ak Malnitrisyon

gwat /Mankman yòd

Kisa yon gwat?

Yon gwat se yon bonbe oubyen yon boul ki gen fòm enflamasyon nan kou a.

Ki sa ki lakòz yon gwat?

Gland nan kou a anfle anpil, paske moun nan pa manje okenn manje ki gen ase yòd, tankou sèl yode, legim ki grandi nan tè ki gen yòd ladan l, bèt lanmè, ze, ak lèt. Manje kasav regilyèman kapab lakòz gwat tou, paske kasav anpeche kò a nan sèvi ak yòd.

Kiyès ki pi fasil pou fè maladi gwat?

Timoun ki poko gen 15 ane ak fanm ki gen laj pou fè pitit (15–45 zan) yo patikilyèman nan risk. Nan kèk fanmi, yo bay timoun ak fanm yo manje ki manke yòd, e manje ki gen yòd tankou (ze, sèl ak lèt) yo kite yo pou gason. Sa ka trè danjere.

gwat /Mankman yòd

Page 36: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte30

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Kòman defisi grav nan yòd ka bay timoun pwoblèm?

Timoun ki soufri defisi yòd ka gen pwoblèm pèmanan nan devlopman mantal yo.

Si yon fanm ansent soufri ak defisi yòd, ti bebe li a ka gen domaj pèmanan nan sèvo ak pwoblèm nan devlopman mantal li. Sa vle di ke sèvo timoun nan pa devlope nòmalman. Yon timoun ki gen pwoblèm devlopman mantal pa kapab pale oswa aji nòmalman. Timoun nan pap kapab aprann li, abiye oswa manje poukont li.

Ki sa ou ta dwe fè si ou kwè yon moun gen yon gwat?

Refere li nan sant sante a san pèdi tan, kote li pral resevwa sipleman yòd gratis. Aprann manm kominote a sou enpòtans ki genyen nan manje manje ki gen anpil yòd tankoun sèl yode, legim ki grandi nan tè ki gen anpil yòd, pwason, ze ak lèt.

Kouman ou kapab ede anpeche mankman Yòd?

Ajan kominoté polivalanyo kapab distribye grenn ki gen lwil Yòd bay tout fanm soti 15 pou rive 49 lane ki nan zòn yo a. Fanm yo dwe pran yon grenn 200mg chak ane. Ajan kominoté polivalanyo dwe vize spesyalman fanm ansent. Timoun ki soti 6 pou rive 12 mwa dwe pran 10 mikrogram, pandan ke timoun ki gen 12 mwa yo ap pran 20 mikrogram chak ane. Ajan sante yo dwe eksplike ke sipleman sa yo pa ranplase manje ki rich ak Yòd yo. Yo ka ankouraje moun yo pou kontinye manje manje ki rich ak Yòd pou prenvansyon.

Page 37: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 31

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Mez i aNwo s iKoNferaNs bra (Masb)

Youn nan zouti yo itilize pou evalye timoun ki poko gen 5 lane pou malnitrisyon se MASB, oswa “Mezi Anwo Sikonferans Bra”. MASB ki itilize pou timoun ki ant 6 mwa ak 5 lane. Ou ta dwe mezire timoun ki poko gen 5 lane yo ak MASB la chak mwa pandan vizit ou lakay yo. Pafwa manman yo pa konnen ki vrè laj pitit yo. Nan ka kote laj egzat pa ka detèmine MASB se youn nan mezi yo evalye pou malnitrisyon ki pi egzat.

Masb etap pou mezire yo

1. Jwenn fann nan nan mezi MASB.

2. Plase fann nan nan tèt zepòl gòch timoun nan, ak koulè bann yo kap fè fas nan direksyon koud timoun nan.

Page 38: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte32

Nitrisyon ak Malnitrisyon

3. Mezire distans ki genyen ant fann lan ak koud timoun nan.

4. Lokalize pwen ant mitan zepòl la ak koud la. Sa a se kote ou ap fè mezi MASB la.

Page 39: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 33

Nitrisyon ak Malnitrisyon

5. Mete fann mezi MASB la alantou bra timoun lan nan pwen nan mitan ant koud la ak zepòl la.

6. Antre dènye pwent mens tep pou mezire-a nan espas fenèt la.

Page 40: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte34

Nitrisyon ak Malnitrisyon

7. Koulè / santimèt la mezire kote ou wè nan fenèt la ki se mezi MASB la epi li endike sitiyasyon nitrisyonèl timoun nan.

8.

Wouj Vèt

Jòn

Si mezi a se MASB wouj (5.5–11 santimèt) oubyen jòn (11–12.5 santimèt), yo dwe refere timoun nan nan klinik la pou pwogram nitrisyon. Yo dwe kontwole nitrisyon timoun nan epi yo dwe edike fanmi an sou jan yo ka nouri timoun nan. Si se koulè vèt (12.5 santimèt ak pi gran), timoun lan an sante. Yo ta dwe fè lwanj pou fanmi an, felisite yo epi ankouraje yo kontinye bay timoun nan manje byen.

9. Ekri mezi yo sou fòm apwopriye yo.

Page 41: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 35

Nitrisyon ak Malnitrisyon

eDèM Nitr isyoNèl

Edèm se yon kondisyon ki fè pye yon timoun, anba janm li, men li, je li, e pafwa tout kò li an antye, anfle. Gen plizyè bagay ki ka lakòz li, men si li prezan nan tou de pye timoun nan li se an jeneral koz malnitrisyon, an patikilye yon mank pwoteyin. Èdèm yo jeneralman asosye ak Kwatiòkò, ke nou te pale de li nan chapit pi wo yo.

evalyasyon pou èdèm

1. Peze dwèt pous ou fèm sou tèt pye timoun nan oswa sou zo devan pye yo.

2. Kenbe presyon an pou 3 segonn.

3. Retire pous ou.

4. Si ou wè yon dekoupaj sou toude pye oswa nan zo ki devan pye a kote ou te mete pous ou a, timoun nan gen èdèm nitrisyonèl.

edèm Nitrisyonèl

Page 42: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte36

Nitrisyon ak Malnitrisyon

repons a ka èdèm yo

1. Ranpli yon fòm rekòmandasyon epi refere timoun nan nan sant sante a san pèdi tan.

2. Ou pral pran prekosyon pou avèti fanmi an ke timoun nan ka gen yon malnitrisyon, eksplike fanmi an danje ki genyen nan malnitrisyon, epi eksplike ke timoun nan bezwen manje plis manje ki bati kò-a tankou ze, poul, lèt vyann, oswa pwa.

3. Pou ka malnitrisyon lejè kay timoun ki poko gen 5 lane, ou pral di fanmi yo tou ke w ap retounen nan kèk jou anko pou tcheke sante timoun nan. Eksplike ke si timoun nan vin malad, fanmi an ta dwe mennen li nan sant sante a san pèdi tan.

4. Ekri enfòmasyon sou èdèm sou fòm apwopriye yo.

5. Lè wap fè swivi, tcheke pou èdèm nan toude janm yo, epi mande fanmi an ki chanjman ki te fèt nan manje yap bay timoun nan.

6. Ekri enfòmasyon ki soti nan vizit swivi ou sou fòm apwopriye yo.

Kisa ou ta dwe fè si ou ta wè yon timoun gen edèm nan tou de pye li / janm li?

• Refere timoun nan sant sante a san pèdi tan.

• Ranpli fòm apwopriye yo.

• Edike fanmi an sou danje yo ak kòz èdèm. Timoun sa-a gen risk pou vin fè malnitrisyon grav e li bezwen manje ki bati kò-a tankou ze, lèt, vyann poul, oubyen pwa.

Page 43: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 37

Nitrisyon ak Malnitrisyon

PraN Pwa t iMouN yo aK t ibebe yo

Mete balans la kanpe

1. Kenbe balans la dwat konsa flèch wouj la ap bay fas anlè.

2. Tache metal la anwo nan yon branch pye bwa oswa yon kòd.

3. Tache pèz pou ti bebe a nan kwòk la.

4. Vire bouton metal la nan kwen dwat la anwo jouk pwen wouj la rete sou “0.”

5. Lè ou mete pwa sou sak la flèch la dwe deplase a goch.

6. Lè ou retire pwa nan sachè a flèch la dwe retounen nan “0.”

7. K (kg) yo endike nan deyò sèk la an wouj.

8. Liv (lb) ki endike nan anndan sèk la an nwa.

9. Echèl la ka kenbe yon maksimòm de 25 kg oswa 55 liv.

Page 44: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte38

Nitrisyon ak Malnitrisyon

itilize yon balans pou granmoun pou peze yon timoun ki poko gen 5 lane

1. Mande paran oswa moun kap pran swen timoun nan pou li kanpe sou balans la

2. Li pwa paran oswa moun kap pran swen timoun nan

3. Mande paran oswa moun kap pran swen timoun nan pou li pote timoun nan epi monte sou balans lan ankò pandan timoun nan nan men li.

4. Li pwa paran oswa moun kap okipe timoun nan ankò.

5. Retire (fè soustraksyon) pwa paran oswa moun kap pran swen timoun nan (premye pwa-a) nan pwa li vinn genyen pandan la-p pote timoun nan (dezyèm pwa a). Saw jwenn nan se rezilta pwa timoun nan.

Page 45: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 39

Nitrisyon ak Malnitrisyon

tablo kwasans

Chak mwa, wap gen pou-w peze tout timoun ki poko gen 5 lane yo ki nan kominote-w la epi anrejistre laj yo ak pwa yo nan tablo kwasans la.

Koulè jòn: Refere timoun nan nan sant sante a san pèdi tan.

Koulè zoranj: Nitrisyon timoun nan dwe sou siveyans epi ou dwe edike fanmi an sou kòman pou l bay timoun nan manje.

Koulè wouj: Timoun nan an sante. Fè lwanj pou fanmi an epi ankouraje yo kontinye bay timoun nan manje byen.

Page 46: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte40

Nitrisyon ak Malnitrisyon

et iD Ka

n. Marc:

1 mwa: 2kg

2 mwa: 4kg

3 mwa: 5.5kg

4 mwa: 6kg

5 mwa: 7kg

o. Carol:

1 mwa: 4kg

6 mwa: 7.5kg

12 mwa: 9kg

18 mwa: 10kg

24 mwa: 10kg

p. louis:

1 lane: 9kg

2 ane: 11kg

3 ane: 12 kg

4 ane: 14 kg

5 ane: 16 kg

q. sara:

2 zan: 9kg

2 zan 6 mwa: 10 kg

3 zan: 11 kg

3 zan 6 mwa: 11 kg

4 lane: 11 kg

r. jude:

fèk fèt: 3kg

4 mwa: 4kg

8 mwa: 6.5kg

12 mwa: 8kg

16 mwa: 10kg

s. Christine:

3 zan: 10kg

3 zan 2 mwa: 10kg

3 zan 4 mwa: 10kg

3 zan 6 mwa: 11kg

3 zan 8 mwa: 12kg

Page 47: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 41

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Page 48: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte42

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Page 49: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 43

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Page 50: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte44

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Page 51: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 45

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Page 52: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte46

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Page 53: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 47

Nitrisyon ak Malnitrisyon

lis pou tcheke nan Pòs rasanbleman

�� Di tout moun nan zòn nan kilè ak ki kote chak mwa ou pral fè sesyans peze.

�� Chwazi yon kote ki bon pou pandye yon balans e ki fasil pou fanmi yo rive jwenn.

�� Rive bonè.

�� Kwoke balans la.

�� Asire-w ke endikatè a te rete sou zewo.

�� Prepare fòm ki fèt pou sa yo.

�� Di moun yo bonjou lè yo rive.

�� Mande premye paran oswa moun kap pran swen timoun nan pou mennen timoun ki poko gen 5 lane ak plis.

�� Mande paran oswa moun kap pran swen timoun nan pou li ba ou kat vaksinasyon ak kwasans timoun nan.

�� Retire rad ak soulye sou timoun nan.

�� Gade timoun nan byen pou tout lòt siy malnitrisyon.

�� Mande manman timoun nan pou li retire soulye nan pye timoun nan oswa lòt rad ki lou ke li genyen sou li.

�� Peze timoun nan.

�� Anrejistre laj ak pwa timoun nan nan fòm ki fèt pou sa yo.

�� Anrejistre laj ak pwa timoun nan nan tablo kwasans la.

�� Tcheke si pwa timoun nan swa wouj, vèt oubyen jòn.

�� Mezire timoun nan ak MASB la.

�� Ekri mezi MASB la sou fòm referans pou kontwole pwa/ laj la. Tcheke si koulè MASB la jòn, vèt oswa wouj.

�� Tcheke pou èdèm.

�� Si timoun nan gen malnitrisyon grav ou byen lejè (wouj oswa jòn), ranpli yon fòm Referans epi di moun k-ap okipe timoun lan pou li mennen timoun nan nan sant sante a. Suiv ak fanmi an nan kèk jou apre epi refere yo nan pwogram pou sipò manje a si sa nesesè.

�� Si timoun nan byen nouri (vèt), felisite moun kap okipe timoun nan ak ankouraje li pou li kontinye bay timoun nan manje byen.

Page 54: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte48

Nitrisyon ak Malnitrisyon

�� Raple moun kap okipe timoun nan pou li mennen timoun nan nan pwochen seyans peze kap fèt chak mwa.

�� Tcheke nenpòt fanmi timoun ki poko gen 5 lane nan zòn nan ki pa-t ale, epi fè yon visit swivi lakay yo.

Page 55: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 49

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Mezire wotè ak longè

Li enpòtan pou nou kontwole wotè ti moun yo souvan epi siveye l pou nou idantifye lè l varye.

Mezire longè (ti moun ki gen mwens ke 2 zan)

1. Plase tablo longè a yon kote ki plat, byen ranje tankou yon tab.

2. Gade si ti moun nan retire soulye ,chosèt ak tout lòt ti bagay ki nan cheve l.

3. Kouvri tablo longè a ak yon filang rad oubyen yon ti papye tou swa pou ijyèn ak konfò ti moun nan.

4. Mande manman an pou l kanpe dèyè tèt tablo a .

tablo longè

Page 56: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte50

Nitrisyon ak Malnitrisyon

5. Mande l pou l mete ti moun nan sou do l avèk tèt li sou tèt tablo a. konsa tèt tablo a ap kenbe tèt li.

6. Fòk tèt ti moun nan ak ye l ret byen dwat.

7. Mande manman an pou l kenben tèt ti moun nan nan pozisyon sa a. mande manman an pou l kenbe atansyon ti moun nan epi kalme l lè sa nesesè.

8. Rete bò kote tablo longè a kote w ka wè kantite mèt la jous rive nan pye tablo a. Gade si ti moun nan ret an plas sou tablo a epi si li pa chanje pozisyon. Epòl li dwe touche tablo a, epi talon l pa dwe koube. Mande manman an pou l di w si ti moun nan koube do l oubyen si l chanje pozisyon.

9. Kenbe pye ti moun nan ak yon men epi deplase pye tablo a ak lòt men an. Fè yon ti presyon sou jenou ti moun nan pou pye l ka ret dwat pou l pa gen domaj pi devan. Li enposib pou w kenbe jenou ti moun ki fenk fèt menm jan ak ti moun ki pi gran yo. Jenou yo frajil donk yo ka domaje fasilman, donk fòk ou fè mwens fòs pou yo. Si yon ti moun ap ajite kò l anpil epi ou pa ka kenbe toulède pye l nan yon sèl pozisyon, mezire pou li ak yon pye kin an pozisyon.

10. Pandan w kenbe jenou ti moun nan, pouse pye tablo a anba pye l. Fòk pye l chita dwat sou tablo a, zòtèy li ap gad anlè. Si ti moun nan koube zòtèy epi l anpeche pye tablo a touche plat pye l, fon ti ranje pye l epi glise l sou tablo a rapidman li ranje pye l.

11. Li mezi a epi anrejistre longè ti moun nan an santimèt jiska 0.1 sm.

Page 57: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 51

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Mezire Wotè (Ti moun ki gen plis pase 2 zan)

1. Mete tablo mezire wotè a nan yon ang dwat, atè plat epi kole l sou yon kote ki dwat tankou yon mi oubyen yon pilye pou ke li kanpe dwat.

2. Asire w ke tablo mezire wotè a chita atè plat. Asire w ke ti moun nan retire soulye l, chosèt li, ak bagay nan cheve l.

3. Mete w a jenou, nan menm nivo ak ti moun nan.

4. Ede ti moun nan kanpe sou planch ki anba a avèk pye l yon ti jan dekole. Tèt la, epòl yo, dèyè a, ak talon l dwe touche tablo a nan sans vètikal.

5. Mande manman an pou l kenbe jenou ti moun nan ak kakòn li pou ede l kenbe pye l dwat epi plat atè avèk talon yo ak dèyè

tablo Mezire wotè

Page 58: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte52

Nitrisyon ak Malnitrisyon

pye l pou ki touche tablo a nan sans vètikal la. Mande li kenbe atansyon ti moun nan, epi kalme l lè sa nesesè. Fè l di w si ti moun nan chanje pozisyon.

6. Mete tèt ti moun nan nan pozisyon pou ke je l gade dwat devan.

7. Si do ti moun nan won, apwiye sou vant li pou ede l kanpe byen dwat.

8. Kenbe tèt ti moun nan nan bon pozisyon, sèvi ak lòt men an pou desann tèt tablo a jiskaske li kanpe djanm sou tèt ti moun nan, epi peze cheve yo.

9. Li mezi epi ekri wotè ti moun nan an santimèt jiska dènye 0.1 sm.

Page 59: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 53

Nitrisyon ak Malnitrisyon

NouriMaNba aK NouriMil

Kisa ki Nourimanba a?

Nourimanba se yon manje e yon medikaman. Yo itilize l pou trete malnitrisyon grav kay timoun si timoun nan pa gen lòt komplikasyon.

Kisa Nourimanba genyen ladan l?

Pistach, lwil, lèt, sik, mineral konsantre ak vitamin.

Poukisa Nourimanba itil?

• Timoun ki mal nouri pa twò renmen manje. Nourimanba a dous, gen kèk timoun ki renmen sa.

• Li se sèl manje timoun nan gen pou li manje pandan lap geri de malnitrisyon.

• Li gen eleman ki nouri kò-a ke timoun bezwen.

• Li pa bezwen frijidè, konsa fanmi yo ka kenbe li nan kay la.

• Li pa bezwen kwit.

• Li ede timoun yo retabli de malnitrisyon byen vit.

Kisa Nourimil lan ye?

Se yon kalite farin ke yo ka fè labouyi avèk li. Yo itilize li pou ede timoun yo konbat malnitrisyon lejè. Li distribye nan sachèt ki gen 5 liv.

Kisa Nourimil lan genyen ladan li?

Mayi ak pwa oubyen diri ak pwa, kraze ansanm.

Poukisa nou dwe itilize Nourimanba?

• Li ede combat malnitrisyon lejè ak anpeche timoun yo vin genyen malnitrisyon sevè.

• Li pa bezwen frigidè pou konsève li, se poutèt sa tout fanmi ka genyen li lakay yo.

• Li fasil pou prepare: ou bouyi li ak dlo e ou ka mete lòt manje ou genyen nan kay la ladan tou.

Page 60: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte54

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Kijan yo itilize Nourimanba a?

Travay Ajan sipo fanmi an se refere timoun ki vrèman mal nouri yo nan sant sante a pou yo kapab enskri nan pwogram pou Nourimanba a. Epi ede fanmi an itilize Nourimanba oubyen Nourimil la kòrèkteman, swiv jiska asire w ke timoun ki mal nouri a resevwa Nourimanba a, e ke fanmi an vin pran Nourimanba chak semèn nan sant sante a.

Se travay Ajan kominoté polivalan-an tou pou asire-l ke timoun nan ap resevwa dòz Nourimanba oubyen Nourimil la an plen nan kontwole epi bay sipò nan fanmi an. Si yo itilize li kòrèkteman timoun lan ta dwe fin refè nèt nan 4 a 6 semèn. Nourimil ape ede timoun yo pou yo pa vin gen yon malnitrisyon sevè si yo te deja genyen yon malnitrisyon modere.

Nourimil se yon manje ki ka ede nou konbat malnitrisyon ak anpeche timoun yo vin genyen li.

Nourimil se pou timoun ki deja genyen yon malnitrisyon lejè. Yo pa dwe serapre li ak okenn lòt moun.

Page 61: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 55

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Lave men ak figi timoun yo anvan ou bay yo manje Nourimil. Kenbe Nourimil la nan yon mamit ou byen yon veso ki byen fèmen ki sèk e ki pwòp. Nourimil dwe konsève menm jan ak tout farin nan yon mamit oubyen yon veso ki byen fèmen, ki sèk e ki pwòp. Moun kap okipe timoun nan dwe kwit kantite ke timoun nan ka manje yon sèl kou.

Melanje Nourimil ak dlo oubyen yon lòt likid epi bouyi li. Ou gen dwa mete lòt manje ou genyen nan kay la ladan tou.

Nourimil dwe kwit ak dlo pròp oubyen yon lòt likid kon labouyi. Moun kap okipe timoun nan ka mete legim, vyan, lèt, epis, lwil oubyen lòt bagay ou genyen nan kay la.

Page 62: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte56

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Nourimanba se yon manje epi yon medikaman sèlman pou timoun ki mal nouri yo.

Yo pa dwe pataje-l ak nempòt lòt moun.

Lave men ak figi timoun nan avan li manje Nourimanba, kenbe Nourimanba kouvri.

Moun kap okipe timoun lan ta dwe lave men li, ak men timoun nan ak figi li ak dlo pwòp ak savon anvan timoun nan manje Nourimanba. Moun kap okipe timoun nan dwe kenbe Nourimanba a ak tout lòt manje pwòp epi kouvri yo pou pwoteje yo kont mouch.

Page 63: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 57

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Bay timoun nan ti kantite Nourimanba plizyè fwa nan yon jounen (jiska 8 fwa).

Pafwa timoun ki mal nouri yo pa renmen manje, moun kap okipe timoun nan ta dwe bay timoun nan yon ti kantite nan Nourimanba a, epi ankouraje-l manje (jiska 8 fwa chak jou). Nourimanba a se sèl manje timoun nan bezwen pandan tretman an.

Pa melanje Nourimanba a ak dlo (oswa okenn lòt likid) avan w bay timoun nan manje l.

Page 64: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte58

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Yo dwe bay timoun ki pi piti yo tete pandan yap manje Nourimanba a.

Yo dwe kontinye bay timoun ki pi piti (ki poko gen 2 lane) yo tete lè yo ap trete ak Nourimanba. Yo ta dwe bay tete an premye epi bay Nourimanba a (avan yo resevwa lòt manje).

Ofri timoun nan lèt oswa dlo pwòp pandan lap manje Nourimanba a.

Moun ki ap okipe timoun nan ta dwe ofri timoun nan lèt oswa dlo pwòp apre li finn manje kèk kiyè nan Nourimanba a. Sa ap fè li pi fasil pou timoun nan manje plis.

Page 65: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 59

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Bay timoun nan manje Nourimanba a menm si li gen dyare.

Si timoun nan vinn gen dyare, moun kap okipe timoun nan pa ta dwe sispann ba li manje Nourimanba a. Si timoun nan nan tete, moun kap okipe l la dwe ba li plis tete menm si li gen dyare. Apre nou fin bay yon timoun ki gen dyare Nourimanba, moun kap okipe timoun nan dwe ba li plis dlo bouyi ki pwòp ke jan sa te konn fèt avan. Si timoun nan toujou grangou apre li finn manje Nourimanba a, moun kap okipe timoun nan kapab ba li lòt manje.

Kenbe timoun ki malad la cho.

Timoun ki malad pran frèt fasil. Moun kap okipe timoun nan dwe kouvri timoun nan epi kenbe li cho.

Page 66: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte60

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Ki sa ki te pi difisil nan montre fanmi yo itilize Nourimanba?

• Fanmi yo ka panse lòt manje pi bon.

• Yo ka pa vle swiv etap sa yo byen.

• Yo ka rete lwen sant sante a.

• Fanmi an konn fann Nourimanba a e separe l bay plizyè timoun.

• Fanmi yo konn vann Nourimanba a.

Kisa w ka fè si ou panse timoun nan pa resevwa tout dòz Nourimanba a?

• Ajan kominoté polivalanyo dwe konvenk fanmi an ke sitiyasyon an grav e eksplike ke san tretman ki fèt pou sa a timoun nan ka gen pwoblèm nan devlopman li oswa li ka menm rive mouri.

• Ajan kominoté polivalanyo dwe tou veye pou wè si timoun nan kap resevwa Nourimanba amelyore pandan premye semèn ke lap resevwa tretman an. Si yon timoun ap resevwa tout dòz Nourimanba a li pral amelyore vit. Si timoun nan pa amelyore, Ajan kominoté polivalanan dwe pale ak moun kap bay swen yo san pèdi tan.

Kòman ou ka sipòte yon paran oswa yon moun ki ap okipe timoun ki ap manje Nourimanba a?

• Itilize foto yo ki nan liv la pou esplike e anseye fanmi yo.

• Demontre nan bay timoun nan manje yon ti tan.

• Mande moun kap okipe timoun nan ki difikilte li te genyen epi ede l panse sou fason pou fè fas a difikilte sa yo.

Page 67: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 61

Nitrisyon ak Malnitrisyon

PwograM Pou N itr isyoN aK s iPÒ MaNje

Pwogram pou sipò manje

Tout moun gen dwa pou jwenn ase manje pou yo ka reyalize sante ak byennèt yo. Sa a se dwa tout moun. Si moun ki gen VIH/SIDA oswa timoun ki poko gen 5 lane yo ta gen malnitrisyon grav, pwogram nan sipò pou manje a oswa pwogram nitrisyon an kapab ede yo. Sipò manje-a se yon pati enpòtan nan dwa tout moun, dwa ki baze sou apwòch konplè swen sante. Antanke Ajan sipò fanmi, ou ka edike fanmi yo sou pwogram sa yo epi refere yo nan sant sante a kote yo ka aprann plis detay. ZL aktyèlman pa bay sipò manje pou fanm ansent, sepandan yo ka resevwa vitamin nan sant sante oswa klinik la.

Pwogram nan sipò pou manje-a se yon patenarya ant Zanmi Lasante ak Pwogram Alimantè Mondyal (PAM). Moun ki refere pa Ajan kominoté polivalanyo resevwa yon evalyasyon klinik ak doktè a ki deside si wi ou non moun nan kalifye pou sipò manje a. Pou kalifye, moun lan ta dwe yon pasyan VIH/TB nan Zanmi Lasante ki mal nouri. Yo esplike pasyan yo sa nan reyinyon VIH/TB yo.

Pwogram pou sipò manje

Page 68: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte62

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Pwogram nitrisyon an

Pwogram nitrisyon ZL la vize timoun ki soufri malnitrisyon soti 6 mwa pou rive 12 lane. Tout timoun ki soufri malnitrisyon ta dwe refere nan pwogram nitrisyon an. Nan klinik la yon doktè oswa yon mis ap fè evaliasyon pou malnitrisyon e deside si wi ou non timoun nan dwe resevwa tretman ak Nourimanba oswa Nourimil.

Pwogram nitrisyon an

Page 69: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 63

Nitrisyon ak Malnitrisyon

jwèt wÒl 1

Jwe sèn sa:

Mari ak jan

Yon Ajan kominoté polivalante vizite fanmi yon marasa Mari ak Jan depi lè yo fèt sa gen 2 zan de sa. Depi premye lane a, lè Mari ak Jan sispann tete, Ajan sante a te remake yon modèl ki konsistan nan tablo pwa timoun yo. Pandan tou le de marasa yo te peze 10kg lè yo te gen 1 an, depi lè sa a Jan vinn peze pi plis pase sè li-a. Koulye a, ke yo gen 2 zan diferans la parèt anpil, Jan gen pwa an sante ak 12kg e Mari sou wout pou malnitrisyon ak 9kg. Ajan sante a kwè ke fanmi an bay Jan pi plis manje pase Mari, paske Jan se yon ti gason. Li avanse sou manman yo pou mande li kisa e konbyen fwa timoun yo manje epi ba li konsèy sou nitrisyon an jeneral sou koze bay tifi manje menm jan ak ti gason.

Enfòmasyon enpòtan:

• Chwazi 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl Ajan kominoté polivalanan ak 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl manm nan kominote-a oswa pasyan yo.

• Tout manm gwoup la dwe ede deside kisa moun sa a ap di ak fè.

• Aprè sa, de aktè yo ap fè pratik pou jwèt wòl pa yo. Lòt manm gwoup la ta dwe gade epi bay sijesyon si sa nesesè.

• Ou gen 20 minit pou prepare jwèt wòl ou.

• Jwèt wòl ou a pa dwe pi long pase 5 minit.

Page 70: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte64

Nitrisyon ak Malnitrisyon

jwèt wÒl 2

Jwe sèn sa:

edi

Yon Ajan kominoté polivalanvizite pou premyè fwa Edi ak grann li, se li ki ap okipe li. Edi gen 4 lane men li te sèlman peze 10kg. Lè Ajan kominoté polivalanan tcheke pye Edi ak pous li, li kite anprent li (yon mak) sou pye li, li wè ke li gen yon èdèm. Ajan kominoté polivalanan panse ke Edi gen yon malnitrisyon grav, epi li pa gen yon moun nan fanmi an ki nan laj pou travay pou ta ede li. Li pale ak grann Edi e li refere-l nan sant sante-a e li diskite sou pwogram nitrisyon an ak li tou.

Enfòmasyon enpòtan:

• Chwazi 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl Ajan kominoté polivalan an ak 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl manm lan kominote-a oswa yon pasyan.

• Tout moun nan gwoup la dwe ede deside kisa moun sa yo ap di ak fè.

• Aprè sa, tou de aktè yo ap pratike jwe wòl pa yo. Lòt manm gwoup yo ta dwe gade epi bay sijesyon si sa nesesè.

• Ou gen 20 minit pou prepare jwèt wòl ou.

Page 71: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 65

Nitrisyon ak Malnitrisyon

jwèt wÒl 3

Jwe sèn sa:

rene

Semèn pase-a yon Ajan kominoté polivalandetèmine ke Rene ki gen 3 lane te fè malnitrisyon grav epi li refere fanmi lan nan sant sante a. Rene te enskri nan pwogram nitrisyon an. Okenn nan sè Rene ki gen 4 lane ak frè li ki pi gran pat antre nan pwogram nan. Ajan kominoté polivalanan pale ak manman Rene pou montre li kijan pou li itilize Nourimanba a, epi eksplike li ke li ta dwe itilize li sèlman pou Rene.

Enfòmasyon enpòtan:

• Chwazi 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl Ajan kominoté polivalan an ak 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl manm lan kominote-a oswa yon pasyan.

• Tout moun nan gwoup la dwe ede deside kisa moun sa yo ap di ak fè.

• Aprè sa, tou de aktè yo ap pratike jwe wòl pa yo. Lòt manm gwoup yo ta dwe gade epi bay sijesyon si sa nesesè.

• Ou gen 20 minit pou prepare jwèt wòl ou.

Page 72: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte66

Nitrisyon ak Malnitrisyon

jwèt wÒl 4 :

Jwe sèn sa:

severin

Yon Ajan sipò fanmi, vizite pou 4yèm fwa Severin lakay li, li te dekouvri ke Severin pa wè règ li depi 3 mwa. Malgre li sanble ke li te ansent, Severin sanble li te pèdi pwa depi dènye vizit ki sot pase yo epi li plenyen pou yon gwo fatig. Ajan kominoté polivalanan konsène sou sante li epi refere li nan sant sante a apre li te fin ba li konsèy sou diferan gwoup manje yo ak enpòtans yo pou kenbe yon rejim ekilibre pandan li ansent la.

Enfòmasyon enpòtan:

• Chwazi 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl Ajan kominoté polivalan an ak 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl manm lan kominote oswa yon pasyan.

• Tout moun nan gwoup la dwe ede deside sou kisa moun sa yo ap di ak fè.

• Aprè sa, tou de aktè yo ap pratike jwe wòl pa yo. Lòt manm gwoup yo ta dwe gade epi bay sijesyon si sa nesesè.

• Ou gen 20 minit pou prepare jwèt wòl ou.

Page 73: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 67

Nitrisyon ak Malnitrisyon

jwèt wÒl 5

Jwe sèn sa:

Maksim

Maxime gen VIH. Yon Ajan kominoté polivalante la pou ede li pran ARV li yo. Ajan kominoté polivalanan te remake ke Maxime vinn piti anpil e li mande li kòman, ki lè, ak konbyen fwa li manje. Maxime reponn Ajan kominoté polivalanan ke malgre se fanmi li k ‘ap ba li, li resevwa mwens manje pase mesye kap travay yo epi yo sèvi li manje apa nan fanmi an paske li se VIH pozitif. Ajan kominoté polivalanan pale ak moun ki reskonsab kay la pou eksplike poukisa yon moun ki gen VIH / SIDA dwe manje kantite manje ki nòmal e ansanm avèk rès manm nan fanmi an, e li konseye fanmi an sou kòman pou yo ede Maxime manje byen.

Enfòmasyon enpòtan:

• Chwazi 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl Ajan kominoté polivalan an ak 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl manm lan kominote-a oswa yon pasyan.

• Tout moun nan gwoup la dwe ede deside kisa moun sa yo ap di ak fè.

• Aprè sa, tou de aktè yo ap pratike jwe wòl pa yo. Lòt manm gwoup yo ta dwe gade epi bay sijesyon si sa nesesè.

• Ou gen 20 minit pou prepare jwèt wòl ou.

Page 74: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte68

Nitrisyon ak Malnitrisyon

jwèt wÒl 6

Jwe sèn sa:

fanmi Celestin

Yon Ajan kominoté polivalanan te fè premye vizit li lakay fanmi Celestin. Gen 3 timoun nan kay la. Manman an di Ajan kominoté polivalanan apeprè laj timoun yo e Ajan kominoté polivalanan vrèman sezi tande enfòmasyon sa. Tout timoun yo te parèt kout anpil epi yo mèg pou laj respektif yo. Ajan kominoté polivalanan sispèk ke timoun yo pa kapab grandi akòz de yon malnitrisyon kwonik. Li fè yon chita pale ak manman ak papa timoun yo sou kijan pou nouri timoun yo e reflechi a solisyon yo.

Enfòmasyon enpòtan:

• Chwazi 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl Ajan kominoté polivalanan ak 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl manm lan kominote-a oswa yon pasyan.

• Tout moun nan gwoup la dwe ede deside kisa moun sa yo ap di ak fè.

• Aprè sa, tou de aktè yo ap pratike jwe wòl pa yo. Lòt manm gwoup yo ta dwe gade epi bay sijesyon si sa nesesè.

• Ou gen 20 minit pou prepare jwèt wòl ou.

Page 75: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 69

Nitrisyon ak Malnitrisyon

jwèt wÒl 7

Jwe sèn sa:

emanyèl

Nan yon pòs rasanbleman, yon Ajan kominoté polivalanrankontre Emanyèl ak manman l ‘. Emanyèl gen 2 zan. Pandan ke Ajan kominoté polivalanan ap anrejistre pwa timoun nan nan tablo kwasans la, li wè ke li pa pran okenn pwa nan 2 mwa ki sot pase yo. Li fè yon chita pale ak manman an pou mande enfòmasyon sou abitid manje Emanyèl epi bali konsèy sou danje ki genyen nan nitrisyon chak jou ak enpòtans nan manje ase nan kalite sa yo dwe manje.

Enfòmasyon enpòtan:

• Chwazi 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl Ajan kominoté polivalanan ak 1 moun nan gwoup la pou jwe wòl manm lan kominote-a oswa yon pasyan.

• Tout moun nan gwoup la dwe ede deside kisa moun sa yo ap di ak fè.

• Aprè sa, tou de aktè yo ap pratike jwe wòl pa yo. Lòt manm gwoup yo ta dwe gade epi bay sijesyon si sa nesesè.

• Ou gen 20 minit pou prepare jwèt wòl ou.

Page 76: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte70

Nitrisyon ak Malnitrisyon

lis tout sa ajaN KoMiNoté PoliValaNyo Dwe fè

�� Evalye fanmi yo pou siy malnitrisyon ak atansyon espesyal timoun ki poko gen 5 lane, fanm ansent ak manman kap bay tete, moun ki gen VIH/SIDA oswa lòt maladi grav, ak lòt moun ki vilnerab (òfelen, elatriye).

�� Evalye timoun pou malnitrisyon lè ou sèvi avèk MASB, seyans peze chak mwa, ak opozan èdèm. Refere moun ki gen malnitrisyon yo nan sant sante yo.

�� Edike fanmi yo sou lakòz, tretman, ak prevansyon malnitrisyon.

�� Montre fanmi yo ke gen apeprè 3 gwoup manje yo, sou enpòtans yon rejim balanse, ak pòsyon ki kòrèk nan chak gwoup manje pou moun nan diferan laj.

�� Kondwi seyans peze chak mwa pou tout timoun ki poko gen 5 lane nan zòn nan wap travay la.

�� Konplete tablo kontwole laj /pwa a chak mwa pou tout timoun ki poko gen 5 lane nan zòn nan wap travay la.

�� Swiv avèk fanmi timoun ki poko gen 5 lane ki pat patisipe nan seyans peze sa yo.

�� Swiv avèk fanmi yo chak semèn apre yo te fin refere nan sant sante a.

�� Fè aranjman pou fanmi yo jwenn sipò pou manje lè yo kalifye pou li.

�� Swiv ak paran oswa moun kap pran swen timoun ki fè malnitrisyon yo pou asire-w ke yo enskri nan pwogram sipò manje-a e ke yo toujou gen Nourimanba lakay yo.

�� Anseye paran oswa moun kap pran swen timoun nan kòman pou yo bay timoun ki fè malnitrisyon yo Nourimanba a.

Page 77: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 71

Nitrisyon ak Malnitrisyon

NÒt

Page 78: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn
Page 79: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 73

Nitrisyon ak Malnitrisyon

tès aNVaN fÒMasyoN aN (Pre-tès)

non-w : ____________________________________ Dat : _____________________

Kote-w soti : ________________________________ iD ajan: __________________

Depi konbyen tan ou se yon ajan Kòminote Polivalan ? _________________________

Antoure bon repons pou chak kesyon sa yo:

1. Si yon moun fè malnitrisyon, sa vle di moun sa:

a. Santi grangou

b. Se pòv

c. Pa manje kalite oswa kantite manje ki dwat pou kenbe kò l djanm epi an sante

d. Gen maladi VIH/SIDA a

2. Gen yon bon nitrisyon, oswa yon rejim balanse, sa vle di ke:

a. Vant ou plen

b. Ou manje kantite ak kalite manje ke ou dwe manje

c. Ou gen yon gwo jaden

d. Ou manje vyann sèlman lè ou gen yon okazyon espesyal

3. Yon fason pou wè si yon timoun mal nouri se nan gade timoun nan:

a. Kontou bra li

b. Vant li

c. Janm li

d. Lang li

Page 80: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte74

Nitrisyon ak Malnitrisyon

4. Yon timoun ki fe malnitrisyon konn gen men li, pye li janm li ka vin:

a. Twò nwa

b. Gratèl

c. Sèk

d. Anfle

5. Pou asire w ke ti bebe ak timoun ki poko gen 5 lane yo ap grandi byen epi yo pa mal nouri, ou ta dwe peze yo:

a. Yon fwa chak semèn

b. Yon fwa chak mwa

c. Chak 6 mwa

d. Yon fwa chak ane

6. Nourimanba se yon sipleman manje yo itilize pou:

a. Timoun ki vrèman mal nouri

b. Fanmi ki gen anpil ti moun

c. Gran timoun sèlman

d. Tout timoun

7. Pou w gen bon nitrisyon ak sante, yon moun dwe manje:

a. Diri (oswa lòt sereyal)

b. Vyann, ze, pwodwi ki fèt ak lèt epi legim

c. Fwi ak legim

d. Tout manje sa yo

Page 81: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 75

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Antoure “se vre” oubyen “se pa vre” pou kesyon sa yo:

8. Yo dwe bay ti gason plis manje pase ti fi.

se Vre se pa Vre

9. Yon moun ki gen VIH Sida ta dwe jwenn plis manje pase lòt granmoun ki nan fanmi an. se Vre se pa Vre

10. Timoun ki bwè lèt nan bwat an jeneral toujou pi byen nouri pase ti bebe manman ap bay tete yo. se Vre se pa vre

11. Bagay sikre yo ak kola bon pou timoun.

se Vre se pa Vre

12. Fanm ansent dwe manje pi piti manje pase lòt granmoun nan fanmi an. se Vre se pa Vre

13. Yon timoun ki mal nouri toujou parèt malad.

se Vre se pa vre

Page 82: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn
Page 83: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 77

Nitrisyon ak Malnitrisyon

PÒs-tès (tès aPre fÒMasyoN)

non-w : ____________________________________ Dat : _____________________

Kote-w soti : ________________________________ iD ajan: __________________

Depi konbyen tan ou se yon ajan Kòminote Polivalan ? _________________________

Antoure bon repons pou chak kesyon sa yo:

1. Si yon moun fè malnitrisyon, sa vle di moun sa:

a. Santi grangou

b. Se pòv

c. Pa manje kalite oswa kantite manje ki dwat pou kenbe kò l djanm epi an sante

d. Gen maladi VIH/SIDA a

2. Gen yon bon nitrisyon, oswa yon rejim balanse, sa vle di ke:

a. Vant ou plen

b. Ou manje kantite ak kalite manje ke ou dwe manje

c. Ou gen yon gwo jaden

d. Ou manje vyann sèlman lè ou gen yon okazyon espesyal

3. Yon fason pou wè si yon timoun mal nouri se nan gade timoun nan:

a. Kontou bra li

b. Vant li

c. Janm li

d. Lang li

Page 84: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte78

Nitrisyon ak Malnitrisyon

4. Yon timoun ki fe malnitrisyon konn gen men li, pye li janm li ka vin:

a. Twò nwa

b. Gratèl

c. Sèk

d. Anfle

5. Pou asire w ke ti bebe ak timoun ki poko gen 5 lane yo ap grandi byen epi yo pa mal nouri, ou ta dwe peze yo:

a. Yon fwa chak semèn

b. Yon fwa chak mwa

c. Chak 6 mwa

d. Yon fwa chak ane

6. Nourimanba se yon sipleman manje yo itilize pou:

a. Timoun ki vrèman mal nouri

b. Fanmi ki gen anpil ti moun

c. Gran timoun sèlman

d. Tout timoun

7. Pou w gen bon nitrisyon ak sante, yon moun dwe manje:

a. Diri (oswa lòt sereyal)

b. Vyann, ze, pwodwi ki fèt ak lèt epi legim

c. Fwi ak legim

d. Tout manje sa yo

Page 85: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 79

Nitrisyon ak Malnitrisyon

Antoure “se vre” oubyen “se pa vre” pou kesyon sa yo:

8. Yo dwe bay ti gason plis manje pase ti fi.

se Vre se pa Vre

9. Yon moun ki gen VIH Sida ta dwe jwenn plis manje pase lòt granmoun ki nan fanmi an. se Vre se pa Vre

10. Timoun ki bwè lèt nan bwat an jeneral toujou pi byen nouri pase ti bebe manman ap bay tete yo. se Vre se pa vre

11. Bagay sikre yo ak kola bon pou timoun.

se Vre se pa Vre

12. Fanm ansent dwe manje pi piti manje pase lòt granmoun nan fanmi an. se Vre se pa Vre

13. Yon timoun ki mal nouri toujou parèt malad.

se Vre se pa vre

Page 86: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn
Page 87: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

zaNMi lasaNte lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo 81

Nitrisyon ak Malnitrisyon

fÒM eVal iasyoN-aN

Ki aktivite nan fòmasyon sa ou te pi renmen? Poukisa?

Ki aktivite nan fòmasyon sa ou pat twò renmen? Poukisa?

Kisa ou te aprann ki te enpòtan anpil epi ke ou ka itilize nan travay ou?

Page 88: youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi lasante yoedikasyon ak redwi revni yo. Malnitrisyon grav ka lakòz lanmò. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm nan peyi nou an, se youn

lIV PATISIPAN AjAN kòmINoTe PolIVAlAN yo zaNMi lasaNte82

Nitrisyon ak Malnitrisyon

eske te gen yon bagay ke ou pat konprann? bay yon ekzanmp sou sa ou pat konprann nan.

Ki konsèy ou ka bay pou fòmasyon an ka vin pi bon? Kisa ou t-ap chanje? (pa ekzanmp, ki aktivite, desen elatriye ou t-ap chanje?)

Ki lòt kòmantè ou genyen?

Mèsi paske ou te ranpli evaliasyon sa-a.