Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki...

8

Transcript of Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki...

Page 1: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

Page 2: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

Moun ki tradwi tèks la an kreyòl: Vario Serant / UNFPA HAITI

Nasyonzini an desin: motè chanjman yo

PCI Media Impact and Reading With Pictures.

Dokiman sa a ap distribiye libelibè dapre yon lisans entènasyonal ki ba l dwa pou sa. Pèsonn pa gen dwa sèvi avè l pou fè lajan. Pèsònn pa gen dwa sèvi ak lojisyèl “Creative Commons 4.0

” la pou fè pase men nan “Ti Komik” sa a.Si w bezwen plis enfòmasyon ale sou sit entènèt sa a:https://creativecommons.org/licenses/by-nc-nd/4.0

Nasyonzini an desen : motè (“EWO”) chanjman

Moun ki patisipe nan ti komik sa a:

Kouman w ka li yon ti komik

Viyèt yo se kaz ki gen yo chak yon segman aksyon. Ou fèt pou li viyèt yo sòti bò goch rive bò dwat, epitou sòti anwo rive anba.

Nan lang franse, yo rele espas ki nan mitan viyèt yo “blancs inter-iconiques”

Blad yo gen ladan yo dy-alòg ant pèsonaj yo. Ke yon blad gen pou wè ak moun k ap pale a. Pafwa, nou sèvi ak divès koulè, fòm ak gwosè epi fòm lèt yo pou montre karaktè yon pèsonaj.

Fè yon ti kanpe ! Pran san w pou w li tèks la epi gade imaj yo. Sonje sa k rive lè w sòti nan yon viyèt pou ale nan yon lòt.

Anjeneral, lejand yo gen istwa yo ladan l. Ou jwenn pafwa ladan yo tou dyalòg ak lòt enfò-masyon.

SE POU TÈT SAA NASYONZINI PALE AK 7 MILYON MOUN KI SOTI NAN 193 PEYI, POU RANMASE OPINYON YO SOU FASON POU REZOUD TOUT SA K PA YÈS SOU LATÈ,

SOTI KOUNYE A RIVE 2030

SE APRE BOUKANTAY LIDE AK DIVÈS MI-LYON MOUN SA YO OBJEKTIF MONDYAL DEVLOPMAN TOUTBON YO BOUJONNEN

SA VLE DI YON PLAN KI DWE PEMET PWOGRE NAN DOMEN EKONOMIK, SOSYAL AK ANVIWONMAN, YON KALTE PWOGRE K AP SATISFE BEZWEN JOUNEN JODIA SAN L PA METE ANDANJE RESOUS JENERASYON K AP VINI YO AP BEZWEN

Moun ki rakonte listwa a- Josh Elder, Natabara Rollosson ak Sean SoutheyMoun ki fè desin yo - Grace Allison ak Karl Kesel

Letterer - Grace AllisonMoun ki ekri tèks la - Josh ElderMoun ki fè konsepsyon liv saa - Ed Roeder

Page 3: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

SA SE TÈ A. LI GEN YON PLAS ENPÒTAN PAMI PLANÈT

KI EKZIZTE YO.... ALA BÈL MÈVÈY LANATI OFRI ...

LATÈ CHAJE AK ANPIL BÈL BAGAY ...

MEN PA GEN ANYEN SOU LATÈ KI PI ESPESYAL PASE LATRIYE

MOUN K AP VIV SOU LI

ESKE SE PA YON KOKENN CHENN POUVWA?

POUKISA NOU PA TA KA SÈVI AK KAPASITE ESPESYAL SAA POU NOU EDE LÒT MOUN?

ESKE, LE SA A, NOU TOUT PA T AP TOUNEN DE MOUN AK

KAPASITE ESPESYAL?

NOU CHAK SOU TÈ SAA GEN YON KALITE KI

ESPESYAL:

SE KAPASITE POU NOU IMAJINE YON DEMEN MIYÒ EPI TRAVAY POU FÈ RÈV SA A TOUNEN

REYALITE

... AK ANPIL BÈL MÈVÈY NOU RIVE FÈ

Page 4: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

SE GWO KOZE. PASKE LATÈ, KOTE N AP VIV LA, BEZWEN YON LATRIYE MOUN ESPESYAL KONSA POU PWOTEJE ANVI-

WONMAN AN KONT TOUT DEZAGREMAN, EPI VEYE POU FÈ DWA TOUT MOUN RE-SPEKTE, POU EVITE YO SIBI ENJISTIS, LAMIZÈ AK PASPOUKI NAN TOUT NIVO

PYÈS MOUN

MEN SI NOU METE TÈT NOU ANSANM, SE YON LÒT KOZE

PASKE ANSANM NOU KA REZOUD APEPRÈ TOUT KALTE PWOBLEM EPI

LEVE NENPOT KI DEFI

SÈL SA NOU BEZWEN SE

YON BON PLAN

PA GEN ASE FÒS POU POTE POU KONT KÒ LI PWASENKANT LATÈ

REPREZANTE

SE POU TÈT SAA NASYONZINI PALE AK 7 MILYON MOUN KI SOTI NAN 193 PEYI, POU RANMASE LIDE YO

SOU FASON POU REZOUD TOUT SA K PA YÈS SOU LATÈ, SÒTI KOUNYE

A RIVE 2030

SE APRÈ BOUKANTAY LIDE AK DIVÈS MILYON MOUN SA YO OBJEKTIF MONDYAL DEVLOPMAN TOUTBON YO BOU-JONNEN, SA VLE DI YON PLAN KI DWE PÈMÈT PWOGRÈ NAN DOMEN EKONOMIK, SOSYAL AK ANVIWONMAN, YON KALTE PWOGRÈ K AP SATISFÈ BEZWEN JOUNEN

JODIA SAN L PA METE ANDANJE RESOUS JENERASYON K AP VINI YO AP BEZWEN

MENM YON MOUN AK KALITE ESPESYAL

Page 5: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

TABLI OBJEKTIF YO SE SELMAN YON KOMANSMAN. TOUT MOUN DWE AJI EPI VEYE POU OBJEKTIF SAA YO REYALIZE

SA KONSÈNE W TOU

KIDONK, KI SA W AP TANN? TOUNEN PAJ LA POU W KONNEN

KISA W FÈ POU W EDE.

ANN KONSIDERE 17 OBJEKTIF DEVLOP-MAN TOUTBON YO TANKOU YON SERI

RESPONSABILITE KI ENPOTAN POU NOU CHAK ANSANM AK LATÈ. KONSA NA

TRAVAY NAN TÈT KOLE POU REZOUD PI GWO PWOBLÈM K AP BRASE BIL LATÈ.

CHIMEN AN AP DIFISIL, MEN NOU KA RIVE. SI N RIVE REYALIZE OBJEKTIF YO, N AP VIV NAN YON MONN KI

PI JIS, KI PI PWOSPÈ E KI GEN PLIS SEKIRITE POU TOUT MOUN

ELIMINEPOVRETE

SEVI AK ENEJI KI PA GEN MOVE KONSEKANS SOU ANVIWONMAN AN

BATAY KONT CHANJ-MAN KLIMATIK

BATAY KONT GRANGOU NAN VANT

JWEN TRAVAY KI KENBE DIYITE N DOUBOUT

PWOTEJE BÈT AK PLANT KI NAN LANME

JWEN SWEN SANTE

INOVASYON AK ENFRASTRIKTI

PWOTEJE BÈT AK PLANT KI SOU LATÈ

JWEN YON EDIKAYON KOMSADWA

BESE BARYÈ INEGALITE

JISTIS AK LAPÈ

FANM AK GASON EGAL EGO

VIL AK KOMIN KI RES-PEKTE ANVIWONMAN

KOLE ZEPOL ANFAVÈ OBJEKTIF MONDYAL DEVLOPMAN TOUT-BON YO

JWEN BONJAN AK SEVIS ASENISMAN

KONSOME YON FASON RESPONSAB

OBJEKTIF MONDYAL DEVLOPMAN TOUT BON

OBJEKTIF MONDYAL DEVLOPMAN TOUT BON

Page 6: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

1: CHÈCHE KONPRANN OBJEKTIF YO

2: SIMAYE NOUVÈL LA

CHÈCHE KONNEN OBJEKTIF YO AK POUKISA YO ENPOTAN NAN

LAVI PA W !

SÈL JAN PO N REYALIZE OBJEKTIF SA YO, SE GAYE NOUVÈL LA SOU TOUT LATÈ. KIDONK,

CHÈCHE PI BON FASON POU N DI TOUT MOUN SOU LATÈ NOU KONNEN OBJEKTIF SA YO EPI ANKOURAJE YO POU YO FÈ MENM JAN AVÈK

NOU!

OBJEKTIF DEVLOPMAN TOUTBON YO, KAPAB CHANJE MOND LAN, MEN SE SÈLMAN SI NOU MET MEN

ANSANM EPI SOU SA AK TOUT MOUN

Page 7: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

3: ANN AJI

KIDONK JWENN KOKENN CHENN POUVWA KI ANDEDAN W LAN EPI PATAJE L AK TOUT

PLANÈT LA !

KONSA ANSANM, NOU KA FÈ MÈVÈY

ANGAJE W BO KOTE OGANIZASYON K AP BATAY NAN DOMEN OU PANSE KI

ENPOTAN, PRAN KONTAK AK GOUVÈNMAN W LAN EPI WE KOUMAN OU KAPAP TOUNEN YON MOTÈ CHANJMAN NAN

PWOP KOMINOTE W !

ANGAJE W BÒ KOTE OGANIZASYON K AP BA-TAY NAN DOMEN OU PANSE KI ENPÒTAN, PRAN KONTAK AK GOUVÈNMAN W LAN EPI WE KOU-MAN OU KAPAP TOUNEN YON MOTÈ CHANJMAN

NAN PWÒP KOMINOTE W !

Page 8: Moun ki patisipe nan ti komik sa a - United Nations Development … · 2019-06-12 · Moun ki patisipe nan ti komik sa a: Kouman w ka li yon ti komik Viyèt yo se kaz ki gen yo chak

World’s Largest Lesson is a collaborative education project to support the announcement of the United Nations Global Goals for Sustainable Development. The project is living proof of the importance of Global Goal 17 “Partnerships for the Goals” and would not have been possible without the help of all of our partners working with us and with each other.

Thanks to our Founding Team:

Lesson plans created in collaboration with Think Global www.think-global.org.uk. Promoting learning for a just and sustainable world.

And special thanks to those who have worked with us across the world:

Powered By: Distributed By: Translated By:

Pi gwo leson monn lan se yon pwojè edikasyon tèt kole pou gaye Objektif devlopman tout-bon Nasyonzini yo. Pwojè sa a montre aklè enpòtans 17èm objektif la “Pote kole pou reyal-ize objektif mondyal yo”. Pwojè sa a pa t ap ekziste san kokenn chenn bourad tout patnè k ap travay ak nou epi antre yo.

Adaptasyon pou Ayiti :