Mete atik tankou sa yo nan Ramasaj DSNY ap …...• Simen poud elevasyon nan veso nan kwizin ou...

2
AVI OFISYÈL Ramasaj Dechè Òganik sou Twotwa DSNY ap ramase rès manje —ak fatra nan lakou ou yo.—pou l chanje yo an konpòs oubyen enèji pwòp. Pran randevou pou ramasaj ou lè w vizite nyc.gov/organics oubyen rele 311. nyc.gov/organics | Rele 311 | NYCsanitation Metal, Glas, Plastik, Katon Papye Pwòp + Bwat katon Fatra Sachè plastik, papye anbalaj, fatra bèt, fatra medikal, daypè ak pwodwi ijyenik Rès Manje fwi, vejetal, vyann, zo, lèt, manje prepare Papye manje napkin, sachè te, asyèt, filt kafe Fèy + Fatra Lakou plant, branch, ti fèy, zèb Mete atik tankou sa yo nan poubèl mawon an. Vizite nyc.gov/organics pou KPS (Kesyon yo Poze Souvan) yo ak videyo. Pa gen Pa gen

Transcript of Mete atik tankou sa yo nan Ramasaj DSNY ap …...• Simen poud elevasyon nan veso nan kwizin ou...

Page 1: Mete atik tankou sa yo nan Ramasaj DSNY ap …...• Simen poud elevasyon nan veso nan kwizin ou oubyen sere rès yo nan frijidè pou evite odè. • Double veso ou a ak yon sak dekonpozab

AVI OFISYÈL

RamasajDechè Òganiksou Twotwa

DSNY ap ramase rès manje —ak fatra nan lakou ou yo.—pou l chanje yo an konpòs oubyen enèji pwòp.

Pran randevou pou ramasaj ou lè w vizite nyc.gov/organics oubyen rele 311.

nyc.gov/organics | Rele 311 | NYCsanitation

Metal, Glas, Plastik, Katon Papye Pwòp + Bwat katon

FatraSachè plastik, papye anbalaj, fatra bèt, fatra medikal, daypè ak pwodwi ijyenik

Rès Manje fwi, vejetal, vyann, zo, lèt, manje prepare

Papye manje napkin, sachè te, asyèt, filt kafe

Fèy + Fatra Lakou plant, branch, ti fèy, zèb

Mete atik tankou sa yo nan poubèl mawon an.

Vizite nyc.gov/organics pou KPS (Kesyon yo Poze Souvan) yo ak videyo.

Pa gen

Pa gen

Page 2: Mete atik tankou sa yo nan Ramasaj DSNY ap …...• Simen poud elevasyon nan veso nan kwizin ou oubyen sere rès yo nan frijidè pou evite odè. • Double veso ou a ak yon sak dekonpozab

Se jis kèk etap senp!

Me nkijan pou w antre nan pwogram nan.

Ti Imèb RezidansyèlDSNY bay Nouyokè k ap viv nan ti imèb rezidansyèl yo (kay yon sèl fanmi ki gen jiska nèf apatman) yon poubèl mawon ak yon veso kwizin gratis.

Pi Gwo Imèb ak Bilding KomèsyalW ap viv nan yon imèb ki genyen 10 apatman oswa plis oubyen bò kote yon bilding komèsyèl? Imèb ou an ka jwenn poubèl mawon ak sèvis ramasaj dechè òganik gratis tou! Mande jesyonè imèb ou an pou l enskri sou nyc.gov/organics oswa rele 311.

Depo Rès ManjeSi imèb ou an pa ‘resevwa sèvis ramasaj dechè òganik sou twotwa, ou ka pote rès manje yo nan depo yo atravè senk minisipalite yo. Vizite nyc.gov/organics oswa rele 311 pou w jwenn ki kote e ki kalite rès manje yo aksepte.

Pa’jete rès manje ak fatra lakou ou yo.

Ministè Sanistè Eta New York la (NYC Department of Sanitation: DSNY) ramase rès manje ak fatra lakou yo pou l transfòme yo an konpòs. Konpòs yo kreye tè ki sen, ki nouri plant yo. N’ap transfòme rès manje yo tou an enèji renouvlab, ki pwòp.

N’ap pataje tou! DSNY distribye konpòs gratis nan aktivite swen pye bwa nan lari ak aktivite distribisyon yo.

Vizite nyc.gov/organics.

• Simen poud elevasyon nan veso nan kwizin ou oubyen sere rès yo nan frijidè pou evite odè.

• Double veso ou a ak yon sak dekonpozab oubyen yon sachè an papye.

• Lè w ap achte sachè dekonpozab, chèche logo sa:

Rasanble rès manje, papye manje ak plant yo nan nenpòt veso oswa sachè lakay ou.1

• Si fèy ak fatra lakou yo pa antre nan poubèl mawon ou an, mete yo nan yon sak papye ak fèy oswa nan yon veso ki pa double.

• Fè pakè ak branch yo ak fisèl. Brooklyn ak Queens: Akoz yo te mete skarab bèk

long lan an karantèn, yo p ap ramase gwo branch yo. Avize Depatman Pak yo oswa rele 311 pou trètman.

• Verifye orè ramasaj ou an nyc.gov/organics.

Mete dechè òganizk ou yo nan kwen an, nan nwit anvan ramasaj ou an.3

• Li pi bon pou w double poubèl ou an ak yon sachè dekonpozab poubyen sachè papye. Ou ka itlize yon revètman plastik ki transparan.

• Rense poubèl ak veso kwizin ou an jan li nesesè.

• Asire ke ou fèmen.

Vide dechè òganik yo nan poubèl mawon w lan.2

OCB2017HC: OrgColl Brochure 2017 Haitian Creole Enprime sou papye resikle, kan menm.nyc.gov/organics | Rele 311 | NYCsanitation