Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon...

73
Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013 Apwouve an 1982 Revize epi Apwouve an 1992 Revize an 1993, 1994, 1995, 2006, 2010 ak 2013 Pou mete Kòd la konfòm avèk • M.G.L. Chapit 71, Lwa 1993 • M.G.L. Chapit 380, Lwa 1993 • M.G.L. Chapit 92, Lwa 2010 • M.G.L. Chapit 222, Lwa 2012 • P.L. 103-382 (Lwa 1994 Pa Genyen Zam Afe nan Lekòl) • Lwa Edikasyon sou Moun Ki Enfim (IDEA) Revize an 1997, 1998, 1999, 2001, 2002, 2005, 2006, 2010, ak 2013 pou ajoute revizyon lwa ak regleman federal ak etatik yo tabli, pou aliyen Kòd ak chapant òganizasyonèl Lekòl Piblik Boston, epitou ajoute chanjman ki fèt yo nan politik jeneral Komite Lekòl Vil Boston apwouve. Pèsonn pa genyen pouvwa pou repwodui dokiman sa a san pèmisyon Lekòl Piblik Boston.

Transcript of Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon...

Page 1: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Apwouve an 1982 Revize epi Apwouve an 1992 Revize an 1993, 1994, 1995, 2006, 2010 ak 2013 Pou mete Kòd la konfòm avèk • M.G.L. Chapit 71, Lwa 1993 • M.G.L. Chapit 380, Lwa 1993 • M.G.L. Chapit 92, Lwa 2010 • M.G.L. Chapit 222, Lwa 2012 • P.L. 103-382 (Lwa 1994 Pa Genyen Zam Afe nan Lekòl) • Lwa Edikasyon sou Moun Ki Enfim (IDEA) Revize an 1997, 1998, 1999, 2001, 2002, 2005, 2006, 2010, ak

2013 pou ajoute revizyon lwa ak regleman federal ak etatik yo tabli, pou aliyen Kòd ak chapant òganizasyonèl Lekòl Piblik Boston, epitou ajoute chanjman ki fèt yo nan politik jeneral Komite Lekòl Vil Boston apwouve.

Pèsonn pa genyen pouvwa pou repwodui dokiman sa a san pèmisyon Lekòl Piblik Boston.

Page 2: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

2 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

SA KI ANNDAN DOKIMAN AN Alapapòt…………………………………………………………………………………………………………… 3 Filozofi ak Prensip Debaz …..………………………………………………………….……………………… 4 Rezon pou Kòd Konduit la ……..…………………………………………….………………………………… 5 Dwa ak Responsablite …………………….………………….……….…………………..…………………… 6 Kòd Konduit la …………………………..………………………………………………………………………..10 Seksyon 1 Opòtine Egal-Ego pou Edikasyon.…………………………………...……………….….10 2 Lang Nòt Avètisman, Konferans, ak Chita-Tande..……………….…………..…..……10 3 Machasuiv Pou Tabli Regleman Lèkòl yo sou Pwoblèm Disiplin.…..…………..……10 4 Anviwonman Lekòl Okonplè an Sekirite ak Sipòtif….……………………………….…12 5 Lòt Entèvansyon ak Apwòch Ki Santre Sou Elèv.……………….……………….…….14 EGZIBISYON 1: Machasuiv pou pa Gen Transpòtasyon.……….….……….….…….17 6 Mete Deyò nan Klas Tanporèman.……………………………………………….……...18 7 Motif pou Sispansyon, Sispansyon Manch Long, Sispansyon Nètale, Transfè pou Disiplin, Plasman nan Pwogram Altènatif, oswa Mete Deyò.……...…..19 8 Machasuiv pou Sispansyon an Ijans...…………………………………………………..24 9 Sispansyon: Definisyon ak Machasuiv...…………………………………………..…….25 EGZIBISYON 2: Sijesyon sou Machasuiv pou Mennen yon Chita-tande pou Sispansyon: SAN Chanje Plasman nan Pwogram.………………….…………..……..30 EGZIBISYON 3: Machasuiv Ale Annapèl, Etap pa Etap: Sispansyon, Sispansyon Manch Long, Sispansyon Nètale, ak Transfè pou Disiplin/Plasman nan Pwogram Altènatif………………………………………………………………………..……….…....32 10 Sispansyon Manch Long ak Sispansyon Nètale: Definisyon ak Machasuiv .…….....33 11 Transfè pou Displin/Plasman nan Pwogram Altènatif: Definisyon ak Machasuiv.…………….…………………………………………..….……34 EGZIBISYON 4: Sijesyon sou Machasuiv pou Mennen yon Chita-tande ki Rekòmande Chanjman nan Plasman: Transfè pou Disiplin (Jaden Danfan-5yèm ane); Plasman nan Pwogram Altènatif (6zyèm-12zyèm ane); Sispansyon Nètale; oubyen Mete Deyò…………………………………………………………………….…..36 12 Sispansyon Ki Akimile….……………………………………………………….…………39 13 Mete Deyò: Definisyon ak Machasuiv….…………………………………..….………...40 EGZIBISYON 5: Delè Rekòmande pou Machasuiv Mete Deyò………………………41 EGZIBISYON 6: Machasuiv pou Ale Annapèl, Etap pa Etap: Mete Deyò…………..49 14 Abi Sibstans …………..……………………………………………………………………50 15 Elèv ak Enfimite …………..……………………………………………………………….51 EGZIBISYON 7: Machasuiv pou yon Ofans ki Pase nan Lekòl la Ki Ka Debouche sou Mete yon Elèv ak Enfimite Deyò …………………………….…..…….53 16 Displin ak Travay Lekòl …………………………………………………..……………....56 17 Elimine Dosye …………………………………………………………………….............56 18 Ale Annapèl Mèt/Matmwazèl ak Administratè ……………………….…………………56 19 Fòs Fizik ……………………………………………………………..….………………….56 20 Pwoklamasyon ak Distribisyon ……………………………………………….………….57 21 Definisyon……………………………………………………………………..……….…...57 ANÈKS A: Sèvis Sipò Elèv Okonplè……………………………………………………………………..……64 ANÈKS B: Jistis Reparatè……….……………………………………………………………………..………70 ANÈKS C: Sistèm Nivo Sipò nan Masachousèt……………..………………………………………..……..72

Page 3: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 3

ALAPAPÒT

LEKÒL PIBLIK BOSTON (ANSWIT DISTRI/BPS) GENYEN FÈM KONVIKSYON bonjan disiplin ankouraje opòtinite edikatif egal-ego ansanm ak yon anviwonman pou edikasyon ki an sekirite epi ki sipòtif.

Lekòl Piblik Boston debouye li pou devlope epi mete an aplikasyon pwogram ak metòd aprantisay epitou disiplin ki ap:

• mete paran/responsab/èd yo an konfyans nan abilite chak grenn lekòl pou genyen yon klima ki an

sekirite epi ki sipòtif; • ede administratè, mèt/matmwazèl, ak lòt anplwaye yo kreye anviwonman ansèyman ak aprantisay ki an

sekirite epi ki sipòtif; epitou • asire elèv yo ke yo kapab aprann nan yon atmosfè ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif lèfini tretman

yo ap jwenn nan ap rezonab, li ap konsistan, epi li pap diskriminatwa. Chak lekòl ta dwe kreye yon anviwonman aprantisay ki ankouraje reyisit akademik, echanj lide san pwoblèm, lèfini pèmèt maksimòm devlopman pèsonèl. Li fèt pou tout moun konprann lè elèv antre nan lokal yon lekòl yo pa depouye yo de dwa konstitisyonèl yo, pa egzanp dwa pou yon machasuiv anbònedifòm, libète lapawòl, dwa rasambleman nan lòd, dwa vi prive moun, libète kont diskriminasyon, elatriye. Li fèt pou li klè tou elèv genyen responsablite pou yo pa entèwonp demach pou edikasyon an oubyen enpoze yo sou lòt moun, mete lavi lòt moun andanje, oubyen anpeche lòt moun jwi dwa yo pou yo genyen yon edikasyon. Politik jeneral Lekòl Piblik Boston se fè tout sa yo kapab pou yo rezoud pwoblèm disiplin anvan yo mete elèv deyò nan lekòl. Pou akonpli sa, Lekòl Piblik Boston ap kreye anviwonman aprantisay ki an sekirite, ki senesof epi ki sipòtif. Nap suiv machasuiv ki dwat epi ki rezonab tou pou asire elèv yo, Paran, Responsab, ak Èd yo sou dwa yo. Lè yo detèmine yon chita-tande pou disiplin nesesè, elèv la ap gen yon chita-tande ki ekitab dapre konsiy, regleman ak machasuiv ki tabli yo. Komite Lekòl yo ak administrasyon an espere tout moun ki konekte ak lekòl yo ap demontre respè youn pou lòt pou dwa lòt moun; epi yo espere tout moun ki patisipe nan ansèyman ak aprantisay ap aksepte epi pran responsablite yo nèt youn pa rapò ak lòt ak tout pa rapò ak sistèm lekòl la. Dwa ak responsablite sa yo, nou tire yo nan lwa ak regleman federal ak etatik yo, òdonans lokal yo, politij jeneral Komite Lekòl yo, objektif Pwogram Akselerasyon, Chapant Akonplisman Akademik, ak Konpòtman an Sante epi Chapant Lekòl Piblik (Chapant) Konpòtman an Sante nan Masachousèt ak Rapò Final 2011 Gwoup Travay Lekòl Piblik, Komite Lekòl Boston, ak Direktè Jeneral anchèf la (Sipèentandan an) atann pou machasuiv sa yo toujou konfòm ak jan yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri a. Kòd Konduit la konfòm ak manda St. 93, C. 71, ki rele Lwa Refòm sou Edikasyon 1993, jan St. 1993, C. 380 te modifye li a; epi jan St. 2012 C. 222 te modifye li; P.L. 103-382, §14601 (Lwa 1994 Amelyore Lekòl nan Etazini yo 1994); 18 USC, §921 et seq. (Kòd Etazini); ak Lwa Federal pou Moun ak Enfimite, Modifye an 2004 (IDEA-04).

Page 4: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

4 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

FILOZOFI

Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Boston Antan kote edikasyon piblik te premye kòmanse nan nasyon an, Lekòl Piblik Boston pran angajman pou transfòme lavi tout timoun atravè bonjan ansèyman premye klas ki inovatif epi ki akeyan. Nou travay bradsou-bradsa ak kominote a, fanmi yo, ak elèv yo pou devlope lakay chak grenn timoun k ap aprann konesans, ladrès, ak karaktè pou yo ka reyisi nan inivèsite, nan karyè yo, ak nan lavi yo.

LEKÒL PIBLIK BOSTON rekonèt premye entansyon sosyete a se tabli lekòl piblik ki pou pèmèt opòtinite pou aprantisay ak devlopman lakay pa kapab bay. Lekòl Piblik Boston rekonèt elèv genyen tout dwa yo dapre sous otorite legal ki make pi wo yo, konsa dwa sa yo pa fèt pou retresi, anpeche, oubyen chanje eksepte si yo konfòm a yon machasuiv danlarègdwatèt. Anplis, Lekòl Piblik Boston rekonèt enpòtans pou kenbe yon anviwonman lekòl ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif. Lèfini tou, BPS ap kontinye sèvi ak apwòch ki fè prevansyon epi ki pozitif pou disipline epitou reponn ak entèvansyon epi konsekans ki vize pou adrese kòz yon move konpòtman, rezoud konfli, satisfè bezwen elèv, epi kenbe elèv yo lekòl. Dokiman sa a detaye responsablite ak dwa elèv, mèt/matmwazèl, administratè ak paran/responsab/èd yo. Ankouraje edikasyon ki gen kalite ak lekòl ki sipòtif non sèlman depann sou responsablite ak dwa elèv, men tou sou kalite entèaksyon ant elèv, paran/responsab/èd, mèt/matmwazèl, ak administratè. Paran, Elèv, Responsab ak Èd gen dwa pou yo bonjan patisipan aktif nan etap prantisay la, pou esprime sa yo panse, epi pou bay dizon yo sou desizyon ki afekte lavi yo ak edikasyon. Paran, responsab, ak èd yo vital nan reyisit lekòl la. Yo genyen responsablite pou bay pwosesis aprantisay la jarèt lakay, pou ankouraje epi trase egzanp bonjon konpòtman, pou motive pitit yo pou yo kapab enterese nan lekòl, epi asire yo pitit yo ale lekòl regilyèman. Yo ta dwe espere siksè ki pi wo a nan reyisit pitit yo kapab la, avèk pèfòmans mèt/matmwazèl yo ki kapab bay nivo siskè sa a boustè. Pòt la louvri pou yo epi nou ankouraje yo chita-pale ak mèt/matmwazèl pou yo kapab okouran pwogrè pitit yo. Plis yo patisipe se plis kalite edikasyon pitit yo a ap vin pi wo nivo. Mèt/matmwazèl ak lòt pèsonèl lekòl la ap trete tout elèv yo ak respè. Mèt/matmwazèl bezwen esplike epi aplike tout tan regleman debaz sou konpòtman ki admisib, patisipasyon nan klas, pwen, epi devwa. Mèt/matmwazèl ap kominike ak lakay sou aktivite nan lekòl, siksè ak pwoblèm, epitou kijan paran, responsab ak èd yo kapab ede pitit yo reyisi nan lekòl. Se responsablite direktè lekòl yo pou asire yo bezwen edikatif tout elèv nan lekòl satisfè epi tout manb kominote lekòl la la jwi yon tretman ki pa nan pati pri epi ki ekitab. Direktè lekòl yo ap kominike bay elèv yo, paran/responsab/èd, ak pèsonèl lekòl la konviksyon lekòl se yon kote pou ansèyman ak aprantisay, enpi se biznis tout moun pou asire yo sa fèt chak jou regilyèman. Y ap pase mesaj la aklè epi egzekite politik jeneral pou fè prevansyon ak aplike regleman pozitif sou disiplin nan lekòl la onètman enpitou regilyèman.

PRENSIP DEBAZ

PRENSIP DEBAZ SA YO tabli fondasyon pou kreye anviwonman aprantisay ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif ki gen ladan li adopsyon apwòch prevansyon pozitif nan zafè disiplin pou sipòte elèv yo nan devlope konpetans sosyal ak bonjan konpòtman, rezoud konfli nan yon fason ki san vyolans, epi kreye anviwonman aprantisay ki pwodiktif.

Page 5: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 5

Prensip sa yo se konviksyon esansyèl ki ap gide ekip travay Lekòl Piblik Boston, elèv ak fanmi nan travay tèt-ansanm pou asire bonjan anviwonman lekòl epi amelyore rezilta elèv yo. Yo fèt pou diskite prensip sa yo, konprann yo, epi anbrase yo nan tout vil la pou asire maksimòm aprantisay ak opòtinite pou tout timoun gen opòtinite pou yo pouse pou pi devan:

1. Rann kont genyen epi respekte prezans divès popilasyon nan lekòl yo ak kominote a gen yon enpòtans kapital.

Tout timoun fèt pou gen asirans yo kapab aprann nan yon atmosfè ki pa nuizib epi yo ap jwenn tretman rezonab ki pa diskriminatwa sou yon baz regilye.

2. Kreye yon anviwonman lekòl ki an sekirite epi ki sipòtif ak sèvis kolaboratif se baz nesesè pou amelyore rezilta nan edikasyon pou tout elèv, espesyalman sila yo ki gen pwoblèm konpòtman an sante.

3. Amelyore rezilta nan edikasyon yo pou elèv ki gen twoub konpòtman mande pou lekòl yo vin anviwonman ki founi sipò nan twa nivo swen ak enstriksyon.

a. Ankourajman. Lekòl nouri byennèt emosyonèl tout elèv nan apwòch jeneral pou tout lekòl la pou sipòte konpòtman pozitif.

b. Prevansyon. Lekòl founi sipò pou entèvni bonè pou minimize sentòm twoub konpòtman yo idantifye nan sipò kolaboratif yo sible; ak

c. Entèvansyon. Lekòl founi epi patisipe nan swen ki kowòdone pou ti kantite elèv ki demontre yo gen gwo bezwen.

Yo pa dwe konsidere twa nivo sa yo nan yon kacho poukont pa yo, fèt pou gen aktivite nan chak nivo yo nan tout lekòl la, nan sal klas, nan ti gwoup, ak elèv yo epi fanmi yo.

4. Lekòl yo kapab suiv chapant an sis pati sa a pou devlope solisyon lokal pou adrese bezwen kominote yo a nan touletwa nivo sa yo atravè òganizasyon:

a. Alatèt lekòl la ak administratè distri a kreye anviwonman lekòl ki sipòtif epi ankouraje sèvis kolaboratif ki fyab pou adrese chak nan twa nivo sa yo;

b. Devlopman pwofesyonèl pou administratè lekòl, edikatè, ak ajan konpòtman an sante atravè fòmasyon ant tout disiplin epi chak disiplin separe;

c. Aksè ak resous epi sèvis pou idantifye, kowòdone, epi kreye sèvis sou konpòtman an sante nan lekòl ak nan kominote a pou amelyore anviwonman lekòl la okonplè. Chapant sa a rekonèt bezwen pou resous ki apwopriye klinikman, lengwistikman, ak kiltirèlman pou tout elèv ak fanmi yo.

d. Apwòch akademik ak sa ki pa akademik ki pèmèt timoun aprann, ak tout sa yo ki bezwen gen konpòtman an sante, epi ki ankouraje siksè nan lekòl.

e. Regleman lekòl, politik jeneral, ak pwotokòl ki bay yon baz pou lekòl yo egzikite epi sipòte travay sa a; epitou

f. Kolaborasyon ak elèv epi fanmi kote elèv, paran/responsab, ak fanmi yo enkli nan tout aspè nan edikasyon pitit yo.

REZON POU KÒD KONDUIT LA

KÒD KONDUIT LA chita sou lwa ak regleman epi politik jeneral k ap chache pèmèt aksè nan edikasyon pou tout moun pandan y ap pwoteje dwa anbònedifòm moun nan. Disiplin, jan Kòd la defini li nan, dwe genyen kalite tankou konpreyansyon, pa nan pati pri, fleksib, epi konsistan. Se responsablite pèsonèl lekòl la, elèv, paran/responsab ak kominote a pou kontribiye nan atmosfè yon lekòl ki ankouraje yon anviwonman lekòl okonplè ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif epi ki favorab pou aprantisay. Disiplin prevantif epi pozitif se responsablite elèv, administratè, mèt/matmwazèl, paran/responsab ak kominote a. Kòd Konduit la fèt ak entansyon pou li enstwi, men se pa pou li pini, epi li baze sou prensip disiplin prevantif ak pozitif (tankou entèvansyon, devlope konpetans ak konsekans) ki vize adrese koz move konpòtman, rezoud konfli, satisfè bezwen elèv epi kenbe yo lekòl. Anplis, Kòd la gen bi pou kreye egzijans aklè epi nivo sipò ak entèvansyon gradyèl pou tout elèv ak konsekans ki endividyalize pou move konpòtman, konsistan, rezonab, pa nan pati pri,

Page 6: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

6 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

apwopriye dapre laj la, epi ki mache ak gravite move konpòtman elèv la. Ti dezòd ki pa grav ak dezòd ki komèt pou premye fwa y ap trete yo san pa gen pinisyon depi sa posib. Faktè tankou laj ak nivo klas elèv la, devlopman sosyal, emosyonèl, ak entèlektyèl elèv la, lèfini dwa ak responsablite elèv la fèt pou yo konsidere yo toutan. Kòd la vize kreye yon anviwonman lekòl okonplè ki an sekirite epi ki sipòtif, ki sipòte devlopman sosyal ak emosyonèl tout elèv, epi anseye altènatif alaplas vyolans epi respè pou tout manb kominote lekòl la. Lè yo wè devlopman sosyal kòm yon aspè kritik nan responsablite yon lekòl, lekòl yo kapab antisipe epi reponn ak pwoblèm disiplin nan lekòl nan yon fason ki konsistan ak sans diyite elèv yo epi amou pwòp yo. Objektif disiplin nan fèt pou konprann epi adrese koz konpòtman pou rezoud konfli, pandan l ap anseye konpetans tounèf epi repare mal ki fèt deja a, retabli relasyon epi reentegre elèv nan kominote lekòl la. Anplis, y ap bay fanmi ki pi ekpoze yo ak jenn ki kouri plis risk pou yo mete yo aleka nan lekòl la atansyon espesyal ak sipò pou entèvansyon

DWA AK RESPONSABLITE ELEV

A. DWA ELÈV Li pa posib pou nou enimere angranjanman tout dwa elèv. Kidonk, dwa anba yo pap kapab sèvi pou refize oubyen limite lòt dwa elèv yo genyen nan pwòp lekòl yo a, nan kapasite yo kòm yon manb nan popilasyon elèv yo, oubyen kòm sitwayen. 1. Selon Konstitisyon Etazini epi lwa ak regleman federal ak etatik ki aplikab yo, yo paka bay okenn elèv kanpe

lwen oubyen yo pa kapab diskrimine kont okenn elèv lè y ap enskri nan kèlkilanswa Lekòl Piblik Boston, oubyen nan jwenn avantaj, privilèj ak pwogram detid lekòl piblik sa a (ak tout dwa pou patisipe nèt nan enstriksyon nan sal klas ak lòt aktivite andiplis) baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, oryantayon seksyèl, idantite gason/fi, enfimite, twoub, laj, estati aktif lame oubyen jenetik.

2. Elèv genyen dwa pou yon edikasyon nan nivo ki pi wo a. 3. Elèv genyen dwa pou yon pwogram ki fè sans ki konsistan ak Chapant la epi dwa pou yo fè tande vwa yo nan

devlopman pwogram sa a. 4. Elèv genyen dwa pou sekirite fizik epi pwoteksyon pwopriyete prive yo. 5. Elèv genyen dwa pou sèvis sanitè ki senesof. 6. Elèv genyen dwa si yo vle pou kontakte pwofesè, konseye, ak administratè epitou nenpòt lòt moun ki konekte

ak lekòl la nan lè ki apwopriye. 7. Elèv genyen dwa pou eleksyon libelibè kanmarad klas yo nan gouvènman elèv nan bilten sekrè epi yo genyen

dwa tou pou kouri pou yon pozisyon epi ranpli wòl pozizyon an. 8. Elèv gen dwa pou fè tande vwa yo nan koze ki afekte yo. 9. Elèv genyen dwa pou patisipe nan devlopman regleman ak konsiy yo pral genyen pou suiv yo epi yo fèt pou yo

okouran sou regleman ak konsiy sa yo. 10. Paran/responsab ak elèv (ki genyen swa 14 zan oubyen nan 9yèm ane ou plis) genyen divès dwa daprè lalwa

federal ak etatik sou dosye elèv, san konte dwa pou wè tout dosye elèv la, kontwole ki moun deyò lekòl la ki kapab wè dosye sa yo, epi ale annapèl sou desizyon ki genyen arevwa avèk dosye yo. Osito yo resevwa avètisman pou transfè, Paran/Responsab oubyen Èd ki otorize a pa bezwen bay pèmision pou dosye konplè elèv la ale jwenn distri ki ap resevwa elèv la. Men paran an fèt pou li okouran ke dosye a te ale. (Chak ane ou distribiye yon rezime ki genyen plis detay bay tout elèv ak paran/responsab. Enfòmasyon andiplis ak kopi marasa regleman sa yo disponib nan chak lekòl sou demann epitou nan Depatman Edikasyon nan Masachousèt).

11. Elèv yo kapab egzèse dwa lapawòl yo, rasanble, laprès, ak asosyason nan pwòp lekòl pa yo, konfòm ak Premye Amandman nan Konstitisyon nan Etazini ak Pati I, Atik XVI Deklarasyon Dwa nan Masachousèt.

Lè elèv yo ap egzèse dwa sa yo, yo ava evite itilize pawòl piman bouk ak difamasyon daprè definisyon legal ki ajou yo, oubyen ki genyen tandans soulve moun pou komèt zak ilegal, oubyen tou ki kapab parèt siy ki kapab koze gwo

Page 7: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 7

manman boulvès nan lekòl oubyen nan aktivite sal klas jan sa defini nan Seksyon 7.10 nan Kòd la. Menm jan ak sa ki te di deja, epi jan lalwa mande sa, elèv genyen dwa pou yo: 1. Mete bwòch politik sou yo, braslè, ak lòt bouton siy ekpresyon senbolik. 2. Distribiye materyèl epi pase petisyon nan lakou lekòl la ak menm anndan lekòl la san yo pa bezwen otorizasyon

davans nan men administratè lekòl la, sof si: a. materyèl yo ap distribye yo ak petisyon yo ap fè pase yo genyen non ak adrès moun oubyen

òganizasyon ki sipòte (ak non epi adrès omwens youn nan manb gwoup la) pou distribiye oubyen sikile materyèl oubyen petisyon an; ak

b. moun ki ap distribiye oubyen sikile materyèl oubyen petisyon yo fèt pou se elèv lekòl la ki konsène a; ak c. lè pou materyèl sa a distribiye oubyen sikile fèt pou fèt anvan lekòl, apre lekòl, ak pandan lè manje a

pou evite entèferans ak pwogram lekòl la; ak d. kote pou distribisyon oubyen sikilasyon nan chak lekòl la fèt dwe limite a yon ti kote tou piti pou ka

pèmèt monte-desann ant anndan lekòl la ak pòt ki mennen sou deyò; ak

e. fason distribisyon oubyen sikilasyon an ap fèt dwe ase limite pou li anpeche bri san nesesite ak kontraryete; ak

f. elèv yo dwe atann yo pou yo mande yo pou retire debri distribisyon oubyen sikilasyon sa a lakòz. 3. Itilize pwòp pano afichaj pa yo san yo pa sansire depi: a. tout materyèl, nòt avètisman, ak lòt kominikasyon ki afiche genyen non ak adrès moun oubyen

òganizasyon ki patwone (ak non epi adrès youn nan manb gwoup la pou pi piti) afichaj materyèl sa yo, nòt avètisman sa yo ak lòt kominikasyon; ak

b. tout materyèl, nòt avètisman, ak lòt kominikasyon dwe genyen dat sou yo anvan yo afiche yo epi materyèl sa yo fèt pou soti nan yon tan ki rezonab ase pou asire aksè konplè a tablo afichaj yo.

4. Itilize sistèm kominikasyon piblik la ak lòt fòm medya nan lokal lekòl la nan yon fason rezonab, ekspete anons sa yo dwe fèt anvan lekòl, apre lekòl, ak lòt lè ki pa genyen klas.

5. Fòme òganizasyon sosyal ak politik epi mennen aktivite ki ka pèmèt sa fèt, depi nenpòt elèv ka manb gwoup la konfòm ak Paragraf B.1 Seskyon Dwa ak Responsiblite Kòd sa a.

6. Pwoteksyon daprè lalwa federal ak etatik sou edikasyon espesyal si lekòl la te konnen (jan lalwa federal ak etatik defini sa) elèv yo se elèv ki te genyen enfimite anvan konpòtman ki te presipite aksyon disiplinè yo pwopoze a (aplikab pou elèv yo potko detèmine elijib pou edikasyon espesyal ak sèvis apwopriye, epi ki te genyen konpòtman ki te vyole nenpòt regleman oubyen kòd konduit la).

7. Prezante petisyon, plent, oubyen fè reklamasyon devan otorite lekòl ki apwopriye konsènan koze disiplin ak lòt kesyon ki genyen arevwa ak lekòl eksepte kote Kòd la bay dwa fòmèl pou ale annapèl.

8. Respè nan men pwofesè ak administratè. 9. Vi prive pèsonèl, ak tout dwa pou detèmine ak kisa yo vle sanble epi pou yo chwazi pwòp estil cheve ak rad yo

depi sa reponn ak regleman nesesè sou lasante ak sekirite. 10. Sèvi nan twalèt yo, kazye yo, ak lòt enstalasyon dapre idantite gason/fi yo, oubyen sèvi nan twalèt ki la pou

toulede sèks yo si elèv la prefere sa. 11. Adrese yo jan yo rele a oubyen pwonon yo chwazi yo menm. 12. Pa fouye yo oubyen pa fouye epi poze-sele sou kazye yo, otomobil yo, oubyen afè pèsonèl yo. Sepandan, si

genyen koz rezonab, yon administratè lekòl la ki otorize kapab fouye kazye, otomobil, ak afè pèsonèl. [Ale gade Sikilè Sipèentandan “Superintendent Circular“ 3SAF3 – Regleman sou Kazye Elèv”.]

B. RESPONSABLITE ELÈV Responsablite elèv pa kapab ranplase regleman ki nan Kòd Konduit la. Sepandan, malgre li pa posib pou nou enimere tout responsablite elèv, elèv ki toujou konpòte yo konfòmeman ak responsablite lajman-laj lis sa a ap an akò ak regleman Kòd la.

Page 8: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

8 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

Elèv genyen responsablite pou yo:

1. Respekte dwa tout moun ki patisipe nan pwosesis pou edikasyon an. 2. Respekte otorite anplwaye lekòl la. 3. Respekte divèsite anplwaye ak elèv Lekòl Piblik Boston konsènan ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks,

maryaj, gwosès, matènite/patènite, oryantasyon seksyèl, idantite gason/fi, lang natif-natal, enfimite, bezwen espesyal, ak klas ekonomik.

4. Kontribiye nan kenbe yon anviwonman edikatif ki sipòtif epi ki an sekirite. 5. Aplike abilite yo ak enterè yo pou amelyorasyon edikasyon yo. 6. Egzèse oto-disiplin nan degre yo kapab la, pou yo ka obsève epi suiv regleman epi konsiy yo. 7. Rekonèt responsablite antre anndan egzèsis chak dwa. 8. Asire yo ke yo egzèse vwa yo nan gouvènans elèv.

RESPONSABLITE ADMINISTRASYON Administratè genyen responsablite pou yo:

1. Kreye anviwonman lekòl ki sipòtif epi ki ankouraje sèvis kolaboratif pou amelyore rezilta edikatif pou tout elèv, ak tout elèv ki gen bezwen konpòtman senesof.

2. Pwoteje sante mantal ak byennèt fizik tout elèv ak anplwaye. 3. Pwoteje dwa legal pwofesè, elèv ak paran/responsab. 4. Sipòte pèsonèl lekòl la nan reyalizasyon responsablite disiplinè yo jan Kòd Konduit la defini sa ak regleman

endividyèl ki tabli nan lekòl dapre fòmasyon administratè, pwofesè, ak lòt anplwaye lekòl la pran sou Kòd la. 5. Founi yon kourikoulòm varye epi ki baze sou plizyè bagay lèfini ki konsistan ak egzijans Masachousèt sou

Kourikoulòm epitou ki satisfè bezwen endividyèl. 6. Devlope epi egzekite regleman jeneral sou disiplin yo ki fè prevansyon epi ki pozitif an kolaborasyon ak elèv,

paran/responsab, mèt/matmwazèl daprè politik jeneral Komite Lekòl yo ak tout Kòd Konduit la. 7. Kontakte epi fè paran/responsab patisipe nan trete kesyon disiplin. 8. Enfòme kominote a, elèv, paran/responsab, ak anplwaye lekòl la sou regleman ki genyen arevwa ak konduit

elèv nan lekòl, pandan aktivite lekòl la patwone, ak transpòtasyon lekòl la founi. 9. Kolekte enfòmasyon ki apwopriye sou displin elèv, Jere Enfòmasyon sou zafè moun ki gen dwa legal pou gade

timoun nan byen konsa enfòmasyon an kapab disponib pou paran/responsab depi yo mande yo oubyen otreman di jan lalwa mande sa.

8. Founi ekip ki kalifye pou satisfè bezwen elèv yo epi pou akonpli bi ak objektif lekòl la. 9. Kolabore ak kominote ak ajans gouvènman an nan pwogram ki ankouraje anviwonman aprantisay sensesof, an

sekirite, epi sipòtif. 10. Kenbe sou yon baz regilye yon apwòch pèsonalize ki pa nan pati pri epi ki rezonab pou tout elèv. 11. Entegre lespri Filozofi ak Prensip Debaz yo lè desizyon ap pran epi dirije nan trase bon egzanp.

RESPONSABLITE MÈT/MATMWAZÈL

Mèt/matmwazèl genyen responsablite pou:

1. Kenbe yon atmosfè pou aprantisay ki an sekirite epi ki sipòtif. 2. Etale kalite konpetans, kreyativite, kontwòl tèt yo. 3. Respekte chak elèv kòm yon moun. 4. Demontre konpreyasyon ak enkyetid yo pou grenn elèv la ak tout bezwen li epitou refere elèv pou evalyasyon

edikasyon espesyal ki konfòm ak sa lalwa leta ak federal mande pou edikasyon espesyal.

Page 9: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 9

5. Enspire nan elèv yo volonte pou yo kapab vanse pou pi devan ak tèt yo. 6. Gide elèv yo pou yo devlope disiplin tèt yo. 7. Rete okouran regleman ak konsiy lekòl la. 8. Egzekite konsiy, regleman, ak politik jeneral Komite Lekòl yo ak Kòd Konduit la, ak tout regleman disiplin ki fè

prevansyon epi ki pozitif nan tèt ansanm ak elèv, paran/responsab, epi administratè. 9. Anrejistre done sou displine elèv jan administrasyon an mande sa. 9. Kominike ak elèv ak paran yo oubyen responsab yo. 10. Genyen konsyans sou etik pwofesyonèl an rapò ak elèv, lòt mèt/matmwazèl parèy yo, ak administratè.

DWA AK RESPONSABLITE PARAN AK RESPONSAB

A. DWA PARAN AK RESPONSAB

Paran, responsab, ak fanmi gen dwa pou yo patisipe nan tout aspè edikasyon pitit yo. Sa vle di bagay sa yo:

1. Dwa edikasyon gratis nan lekòl piblik pou pitit yo nan yon anviwonman aprantisay ki an sekirite epi ki sipòtif. 2. Dwa pou yo gen aksè ak enfòmasyon nan dosye edikasyon pitit yo, done sou disiplin – menm jan lalwa mande

sa – epi nenpòt enfòmasyon ki disponib sou pwogram ak opòtinite nan edikasyon. 3. Dwa pou yo bay yo nenpòt opòtinite ki disponib pou yo ka gen bonjan patisipasyon ki fè sans nan edikasyon

pitit yo. 4. Dwa pou yo pot plent ak/osinon pou ale annapèl zou zafè ki afekte edikasyon pitit yo. 5. Patisipasyon nan etap dezisyon k ap pran ki afekte machasuiv yo ak regleman lekòl la. 6. Siveye epi evalye regleman ak pratik lekòl la, ak tout, men se pa sa sèlman, dwa pou vizite lekòl la ak sal klas yo. 7. Aksè sou done displin elèv jan lalwa otorize sa.

B. RESPONSABLITE PARAN AK RESPONSAB

Paran ak responsab genyen responsablite pou:

1. Pataje responsablite konpòtman pitit yo a lekòl, nan aktivite lekòl la patwone ak lè yo pral lekòl epi lè y ap sot lekòl.

2. Prepare pitit yo a pou pran responsablite li pou ale lekòl, epi pou pwòp konpòtman li. 3. Ankouraje pitit yo a pou li genyen yon atitid ki pozitif ak tèt li, ak lòt moun, nan lekòl la, ak nan kominote a. 4. Kominike ak pèsonèl lekòl la konsènan pitit yo a. 5. Ale nan konferans endividyèl oubyen konferans an gwoup. 6. Rekonèt anplwaye lekòl la genyen dwa pou egzekite konsiy yo, lwa yo, ak regleman Komite Lekòl Boston. 7. Konpòte yo nan yon fason ki koutwa epi ki pa deranjan lè yo ap vizite lekòl la. 8. Asire yo pitit yo a ale lekòl la ak bagay ki apwopriye sèlman nan anviwonman yon lekòl.

RESPONSABLITE KOMINOTE A AK AJANS KI SIPOTE LEKOL LA

Kominote a genyen responsablite pou:

1. Ede mete bi lekòl la sou pye. 2. Okouran bi ak regleman lekòl la. 3. Sipòte yon bonjan sistèm lekòl ki an sekirite epi ki sipòtif.

Lekòl Piblik Boston bay ajans responsablite pou yo sipòte elèv ak fanmi yo genyen responsablite ak konsantman paran/responsab la pran apre yo fin enfòme:

1. Adrese bezwen kliyan yo ki entèfere ak pwosesis aprantisay la. 2. Kolabore ak lekòl yo pou bay bonjan sèvis sipò ki senesof.

Page 10: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

10 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

Kòd Konduit la

Seksyon 1 OPÒTINITE EGAL-EGO POU EDIKASYON

1.1 Konfòm ak Konstitisyon Etazini lèfini ki aplikab ak lwa epi regleman federal ak etatik yo, yo pa gen dwa sispann okenn elèv, mete yo aleka, oubyen otreman di disipline yo sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, gwoup etnik, relijyon, sèks, oryanstasyon seksyèl, idantite gason/fi, enfimite, laj, jenetik, oubyen estati militè aktif yo.

Seksyon 2 LANG POU NÒT AVÈTISMAN, KONFERANS AK ALE ANNAPÈL

2.1 Tout nòt avètisman aloral oubyen alekri Kòd sa a egzije fèt pou ekri an Angle ak lang natif-natal yo pale lakay la. Tout nòt avètisman fèt pou yo senp ak mo moun konprann epi yo itilize tout tan otan sa posib.

2.2 Nan tout chita-tande ak konferans, elèv ak paran genyen dwa pou yon entèprèt ki pale lang natif-natal la. Tout

nòt avètisman ki pale sou chita-tande ak konferans Kòd sa a egjize, fèt pou enfòme paran yo sou dwa sa yo genyen an, nan premye lang yo pale nan kay la.

Seksyon 3 MACHASUIV POU TABLI REGLEMAN LEKÒL YO SOU PWOBLÈM DISIPLIN

3.1 Kòd sa a tabli menm regleman ak machasuiv yo pou tout sistèm nan suiv nan pran aksyon disiplinè tankou aksyon ki pa bay kanpe lwen, aksyon ki pozitif ak apwòch prevantif pou disiplin elèv, jan sa ye nan Seksyon 4 ak 5 ki la pou ranplase meta aleka lekòl nan anpil zafè disiplin. Lekòl Piblik Boston mande pou tabli regleman lekòl la, chak grenn lekòl dwe adopte epi egzekite regleman ki konfòm ak mezi ki parèt nan seksyon sa a. 3.1.1 Administratè lokal lekòl la ap rankontre chak prentan ak sou-komite konsèy lekòl la pou revize, epi si sa

nesesè, pase men nan regleman lekòl la pou lekòl sa a. Regleman sa yo pa ka retire oubyen antre an konfli ak okenn machasuiv oubyen dwa ki dekri nan Kòd sa a, epi okenn regleman ki tabli pa kapab sou okenn fòm pinisyon kòporèl (bat, kale, met ajenou).

Regleman Lekòl la dwe ekri nan yon langaj ki senp, klè, nan yon estil presi, lèfini yo fèt pou evite tèm ki

pa defini, ak jagon legal ak jagon nan edikasyon. Apre komite konsèy Lekòl la fin revize yo, regleman lekòl la fèt pou tradui nan lang yo pale lakay elèv nan lekòl la.

3.1.2 Sou-komite regleman lekòl la dwe gen ladan reprezantan tout moun ki konsène yo ki nan lekòl la –

administratè, pwofesè, paran/responsab ak lòt moun – epi yo dwe reflete popilasyon lekòl la. Nan lekòl mwayen ak lekòl segondè, sou-komite yo dwe gen elèv ladan yo.

3.1.3 Administratè Lokal chak lekòl dwe gen yon fason pou yo bay tan pou reprezantan paran/responsab,

pwofesè, ak elèv pou fè moun ki konsène yo patisipe omaksimòm nan devlopman regleman yo. 3.1.4 Apre regleman ki tabli nan lekòl la fin devlope dapre sa Seksyon sa a di, komite konsèy lekòl la ap pase

men ladan yo epi Sipèentandan an oubyen moun li bay dwa ap apwouve yo pou asire yo aliyen ak Kòd la.

3.1.5 Apre yo fin adopte regleman yo, regleman lekòl la ak nenpòt lòt chanjman k ap fèt apre pap ka antre an

aplikasyon toutotan yo pa distribiye yo bay elèv yo, paran/responsab yo, ak manb pèsonèl anseyan yo. Apresa, anvan 15 Septanm chak ane lekòl, y ap distribye regleman lekòl la bay elèv yo, paran/responsab yo, ak manb pèsonèl anseyan yo ak Livrè Regleman Lekòl Piblik Boston pou Paran & Elèv. Regleman

Page 11: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 11

lekòl la dwe plase kote ki vizib nan lekòl la. Yo dwe prezante regleman lekòl la tou bay anplwaye yo ak elèv yo nan sesyon oryantasyon/fòmasyon anvan twazyèm Vandredi nan mwa Septanm chak ane lekòl. Y ap distribiye regleman lekòl yo epi prezante yo nan oryantasyon/sesyon fòmasyon yon fwa pou piti pandan ane lekòl la. Regleman lekòl yo adopte an Septanm ap rete an efè pou jiskaske yo adopte nouvo regleman lòt Septanm. Kòd Konduit BPS aplikab pou elèv pandan ane a, ak tout pandan mwa ete yo pandan pwogram lekòl an ete epi nan oryantasyon lekòl.

3.1.6 Nenpòt ki moun kwè Kòd sa a pat suiv lè yo t ap tabli regleman lekòl yo kapab pote yon plent nan Biwo

Ekite nan Lekòl Piblik Boston k ap envestige sa epi bay Sipèentandan an rekòmandasyon. 3.1.7 Y ap re-evalye regleman ak solisyon yo adopte yo dapre Seksyon sa a menm jan an chak ane anvan

premye Jen.

3.2 Administratè nan chak lekòl ap mete yon sou-komite Komite Konsèy Lekòl sou pye chak prentan, pou l revize, epi, depi sa nesesè, pou l pase men nan Regleman Lekòl yo pou lekòl sa a, sou pwoblèm disiplin ki pa mande pou gen sispansyon epi bay solisyon. Regleman Lekòl yo pap wete oubyen pap an konfli ak okenn machasuiv oubyen dwa ki dekri nan Kòd sa a, lè fini pap gen okenn regleman degradan, avilisan, oubyen pinisyon kòporèl. Men, yo kapab pèmèt pou pèdi privilèj, tankou pwomnad ak lòt aktivite andiplis, pou yon peryòd tan limite.

Regleman lekòl yo ap ekri nan yon estil senp, klè epi presi, epi yo ta dwe evite genyen ladan yo tèm sou

edikasyon ki pa defini ak jagon legal epi jagon nan edikasyon. Apre Komite Konsèy Lekòl la fin revize yo, Regleman Lekòl la dwe tradui nan lang ki apwopriye pou elèv ki nan lekòl la.

3.3 Pou rete konfòm ak Seksyon 4 ak 5 Kòd sa a, lekòl dwe adrese pwen sa yo ak tout lòt bagay yo panse ak yo

nan regleman lekòl nan yon apwòch prevantif ak pozitif sou disiplin pou reponn ak move konpòtman an ak entèvansyon epi konsekans ki vize adrese koz move konpòtman, rezoud konfli, satisfè bezwen elèv epi kenbe timoun yo lekòl:

3.3.1 Fouye elèv ak fouye afè yo 3.3.2 Kopye 3.3.3 Manje nan zòn ki pa otorize nan lokal la 3.3.4 Reta

3.3.5 Liv ak pwopriyete ki pèdi, dechire, abime, vòlè

3.4 Regleman Lekòl ap adrese pwen sa yo Kòd Konduit la adrese yo ak lòt regleman Komite Lekòl Boston adopte, pou asire paran ak elèv yo okouran regleman sa yo:

3.4.1 Dosye elèv ak tout dosye ki ale jwenn yon lekòl nan yon lòt distri lè elèv la transfere (refere a Sikilè Sipèentandan “Superintendent’s Circular”, LGL-7: Machasuiv Dosye Elèv)

3.4.2 Pèdi privilèj

3.4.3 Liv ak lòt pwopriyete ki pèdi, ki domaje, ki dechire pak an pak, ak yo volè 3.4.4 Transpò ak tout responsablite paran lè yon elèv pèdi privilèj otobis li (refere a Superintendent’s Circular,

TRN-2: Sekirite Transpòtasyon Elèv & Disiplin)

Page 12: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

12 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

3.4.5 Itilizasyon pwodui tabak nan pwopriyete lekòl (refere a Sikilè Sipèentandan “Superintendent’s Circular”, SHS-19: Regleman sou Fimen)

3.4.6 Vizit lekòl ak prezantasyon paran ak lòt moun (refere a Sikilè Sipèentandan “Superintendent’s Circular”,

LGL-4: Gid pou Vizitè nan Lekòl) 3.4.7 Kenbe apre lekòl 3.4.8 Regleman inifòm lekòl ak/oubyen fason pou abiye (refere a Sikilè Sipèentandan “Superintendent’s

Circular” SUP-18: Regleman Inifòm Lekòl)

3.5 Sou-komite Regleman-Lekòl ava genyen ladan li reprezantan ki soti nan tout konstitiyan lekòl la—administratè, mèt/matmwazèl, paran, ak lòt moun—epi moun sa yo dwe reflete popilasyon lekòl la. Nan lekòl mwayen ak lekòl segondè, Sou-komite a kapab genyen elèv ladan li tou.

3.6 Administratè Lokal chak lekòl dwe mete sou pye yon mekanis pou bay tan pou reprezantan paran, mèt/matmwazèl, ak elèv enplike konstitiyan yo nètale nan devlopman regleman sa yo.

3.7 Apre Regleman Lekòl la fin mete sou pye daprè seksyon sa a, Komite Konsèy Lekòl la dwe revize yo epi adopte yo.

3.8 Apre adopsyon, Regleman Lekòl la ak nenpòt chanjman ki vin annapre pa kapab mete an aplikasyon anvan yo

distribiye yo bay elèv, paran, ak kò akademik lekòl la. Apre sa, anvan chak 15 Septanm chak ane lekòl, Regleman Lekòl la ak Liv Regleman Lekòl Piblik Boston pou Paran & Elèv ap distribiye bay elèv, paran ak lòt manb lekòl la. Regleman Lekòl la ap afiche kote ki pi vizib yo nan lekòl la. Regleman Lekòl la ap prezante bay anplwaye ak elèv yo pandan oryantasyon/sesyon fòmasyon anvan twazyèm Vandredi mwa Septanm chak ane lekòl.

3.9 Nenpòt moun ki kwè Kòd sa a pat suiv nan tabli Regleman Lekòl la kapab pote yon plent bay Lekòl Piblik

Boston nan Biwo Ekite ki ava envestige epi fè rekòmandasyon bay Sipèentandan an.

3.10 Regleman ak solisyon ki adopte daprè Seksyon sa a ap re-evalye menm jan an chak ane anvan premye Jen. Seksyon 4 ANVIWONMAN LEKÒL OKONPLÈ AN SEKIRITE AK SIPÒTIF

4.1 Rezon ak Chapant 4.1.1 Tout kominote lekòl la genyen elèv, pwofesè, administratè, konseye, travayè sosyal ak lòt anplwaye

lekòl la, fanmi ak vwazinay/kominote nan zòn nan. Pou ka kreye anviwonman ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif, lekòl fèt pou bay sipò nan twa nivo swen ak enstriksyon. Jan sa diskite nan prensip kle yo pi wo a, twa nivo sa yo se:

Ankourajman. Lekòl ankouraje byennèt emosyonèl tout elèv nan pran apwòch jeneral nan tout lekòl la

pou sipòte konpòtman pozitif. Prevansyon. Lekòl bay sipò pou entèvni davans pou ka minimize sentòm twoub konpòtman yo idantifye

nan sipò kolaboratif yo sible; ak

Entèvansyon. Lekòl founi epi patisipe nan swen ki kowòdone pou ti kantite elèv ki demontre yo gen gwo bezwen.

Page 13: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 13 Yo pa dwe konsidere twa nivo sa yo kòmkwa yo nan yon eto, fèt pou gen aktivite nan chak nivo yo nan

tout lekòl la, nan sal klas, nan ti gwoup, ak grenn elèv yo epi fanmi. Sèvis yo kapab anndan lekòl la menm osinon nan kominote a, epi yo kapab ofri yo swa nan sal klas la osinon deyò sal klas la.

4.1.2 BPS ak lekòl yo pou kont pa yo ap devlope solisyon lokal kap genyen apwòch sou disiplin lekòl pou pa

mete aleka men ki prevantif ak pozitif pou adrese bezwen kominote yo a nan suiv Chapant ak sis tèt sa a nan touletwa nivo sa yo atravè òganizasyon.

Lidè alatèt lekòl la alatèt ak administratè distri a ap kreye anviwonman lekòl ki sipòtif epi ankouraje

sèvis kolaboratif ki fyab pou adrese chak nan twa nivo sa yo; Devlopman pwofesyonèl pou administratè lekòl, edikatè, ak ajan konpòtman senesof atravè fòmasyon

ant tout disiplin epi chak disiplin apa;

Aksè ak resous epi sèvis nan idantifye, kowòdone, epi kreye sèvis sou konpòtman senesof nan lekòl ak nan kominote pou amelyore anviwonman lekòl la okonplè. Chapant sa a rekonèt bezwen resous ki apwopriye klinikman, lengwistikman, ak kiltirèlman pou tout elèv ak fanmi yo.

Apwòch akademik ak sa ki pa akademik pou pèmèt timoun aprann, ak tout sa yo ki bezwen gen

konpòtman senesof, epi ki ankouraje siksè nan lekòl. Regleman lekòl, politik jeneral, ak pwotokòl ki bay yon baz pou lekòl yo egzekite epi sipòte travay sa a;

epitou Kolaborasyon ak elèv epi fanmi kote elèv, paran, ak fanmi enkli nan tout aspè edikasyon pitit yo. (Al

gade Konpòtman Senesof ak Chapant Lekòl Piblik, Rapò Final 2012 Komite Travay Konpòtman Senesof ak Lekòl Piblik nan Masachousèt table nan Anèks A).

4.2 Apwòch pou Ankouraje Lekòl ki an Sekirite epi ki Sipòtif

Gen yon bann apwòch pou ankouraje lekòl ki an sekirite epi ki sipòtif. Depatman nan tout BPS la founi entèvansyon baze sou nivo epi BPS suiv modèl sèvis baze sou nivo Chapant Rezo Akonplisman Akademik Entèvansyon. Anplis, lekòl yo kapab chwazi pou adopte apwòch ki pozitif ak prevantif ki mache pou tout lekòl la, tankou Sistèm Sipò Baze sou Nivo nan Masachousèt ki gen non (MTSS) ak Pratik Reparatè. N ap jwenn enfòmasyon sou chak apwòch sa yo pi ba a epi nou kapab jwenn plis enfòmasyon nan anèks la. Nenpòt sipò yo adopte dwe bati sou fòs elèv yo, ankouraje siksè lekòl, epi maksimize tan yo pase nan sal klas epi minimize sispansyon, mete deyò, ak lòt fòm ki fè elèv ki gen twoub konpòtman soti. 4.2.1 Entèvansyon Baze sou Nivo ki genyen nan BPS:

Gen yon bann entèvansyon baze sou nivo yon pakèt depatman nan BPS bay. Yo genyen entèvansyon pou sipòte 11 domèn, chak make pi ba a ak yon pakèt egzanp sou entèvansyon ki disponib. Yon lis okonplè entèvansyon baze sou nivo disponib nan Anèks A.

Devlopman Pwofesyonèl: Fòmasyon kont agresyon, fòmasyon sou sekirite nan entènèt Vizit Lekòk/Asistans Teknik: Sekirite nan otobis, entèvansyon sou kriz, sèvis terapi endividyèl

Kourikoulòm: Rezolisyon konfli nan K-12zyèm ane, priz konsyans sou dwòg, prevansyon sou vyolans / medyasyon

Page 14: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

14 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

Pwomosyon/Kominikasyon: Koneksyon Senesof sou sit entènèt, feyè enfòmasyon CRA Done/Sistèm Enfòmasyon Elèv: Sondaj Konpòtman Riske Jenn, Liy 24 sou 24 baz done Triyaj/Evalyasyon: Evalyasyon Fòm Fizik Elèv, Risk Suisid ak Evalyasyon

Regleman: Regleman Prevansyon Kont Entimidasyon BPS, Regleman Byennèt Distri a, Regleman Anviwonman San Tabak

Pwogram Prevansyon: Lekòl ki Sansib sou Twoma, Konekte Fanmi, Operasyon Anndan Patisipasyon Lafanmi: Liy telefòn 24 sou 24 kont Entimidasyon, reyinyon admisyon paran, konsèy fanmi

Tan Aprantisay Pwolonje: Tèt-ansanm ki gen arevwa ak byennèt (tankou BOKS), Samdi pou Siksè Patisipasyon Elèv: Gid prevansyon kont entimidasyon, Aksyon pou Devlopman Kominote Boston

"Boston Community Development (ABCD)"

4.2.2 Jistis Reparatè (RJ)

Jistis Reparatè se yon filozofi ak yon apwòch pou adrese move konpòtman, konfli ak ofans pandan y ap kenbe elèv lekòl epi rann yo responsab aksyon yo. RJ poze twa kesyon: ki tò ki te koze sou moun nan ak tout kominote a, toulede; kilès ki responsab tò sa a epi fè bagay yo mache dwat; lèfini kijan tò a ka repare ak retabli relasyon yo pi granjanman posib. Anpil fwa RJ enkli dyalòg ant de pati oubyen plis, oubyen konferans an gwoup – reyinyon yo genyen ladan yo viktim nan, moun ki koze ofans la, epi kominote ki afekte a. Bi prensipal yo se pou kreye yon espas an sekirite pou viktim nan ak kominote a kapab genyen dizon pa yo nan kijan pou yo fikse pwoblèm nan epi detèmine konsekans ki apwopriye; rele pwoblèm nan pou “sa li ye a” yon fason pou moun ki kreye pwoblèm nan kapab konprann enpak aksyon yo a; epitou kreye yon opòtinite pou sila yo ki responsab pwoblèm nan kapab fikse li. Bagay sa a retabli relasyon yo epitou li redui chans pou ta genyen move konpòtman alalong.

Pou plis enfòmasyon al gade Anèks B oubyen ale nan www.safersanerschools.org www.restorativejustice.com; oubyen www.iirp.org;

4.2.3 Sistèm Sipò Baze sou Nivo nan Masachousèt (MTSS)

MTSS la gen yon sistèm nivo chanjman nan sal klas la, lekòl la ak distri a pou satisfè bezwen akademik ak bezwen ki pa akademik tout elèv ak tout elèv ki gen enfimite. Twa nivo fleksib reprezante nivo sipò ak entèvansyon akademik ak sa ki pa akademik ak yon entansite an montan: 1) anviwonman lekòl ki sipòtif; 2) entèvansyon depi byen bonè; ak 3) sèvis entansif.

Eleman santral nan MTSS a se kourikoulòm debaz ak enstriksyon ki gen kalite wo nivo; entèvansyon

akademik ak evalyasyon baze sou rechèch; entèvansyon sou konpòtman ak sipò baze sou rechèch; triyaj inivèsèl ak kontwòl pwogrè; epi kolaborasyon ak kominikasyon ant edikatè ak paran.

Pou plis enfòmasyon al gade Anèks C

Seksyon 5 LÒT ENTÈVANSYON AK APWÒCH KI KONSANTRE SOU ELÈV

5.1 Konferans ki konsantre sou elèv

Page 15: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 15

Anplwaye akademik ava eseye rezoud pwoblèm disiplin anvan yo refere yo bay Administratè Lokal la oubyen yon moun Administratè a bay dwa. Pou sa ka fèt, anplwaye akademik yo, nan moman yo temwen oubyen yo enfòme yo sou yon ofans Kòd la entèdi, nou ankouraje yo pale ak elèv la an prive osito yo genyen opòtinite sa, epitou pale ak paran an swa pa telefòn oubyen pa lèt. Yon anplwaye akademik oubyen yon elèv kapab envite yon paran nan yon konferans ak elèv la epi anplwaye a nan yon lè ak yon kote ki konvenab pou tout moun. 5.1.1 Referans Anplwaye Non-Akademik Anplwaye non-akademik ak lòt moun kap sèvi lekòl nou yo men ki pa anplwaye, osito yo temwen yon

ofans Kòd sa a entèdi, ankouraje refere pwoblèm nan bay yon anplwaye akademik ki ap sipèvize elèv la oubyen, si pa genyen youn yo konnen osinon ki disponib, refere ka a bay Administratè Lokal la ki va bay yon anplwaye akademik apwopriye dwa pou antreprann machasuiv sa a ki dekri nan Seksyon 3.2.

5.1.2 Referans Baze sou Konferans Anplwaye Akademik Lè rezolisyon konferans anplwaye akademik la pa satisfezan, anplwaye akademik la ava enfòme

Administratè Lokal lekòl la oubyen yon Moun Ki Gen Dwa pou fè sa, li te refere elèv la pou ka chache rezoud pwoblèm nan oubyen move konpòtman an. Y ap plase nan dosye tanporè elèv la yon deklarasyon alekri sa ki te pase ki te fè yo refere elèv la, ofans yo kwè elèv la te komèt la, ak jefò pwofesè a te fè pou li rezoud pwoblèm.

5.1.3 Konferans Enfòmèl Administratè Lokal la

Administratè Lokal la oubyen moun li bay Dwa a ava eseye aranje yon lè ak yon kote ki konvenab pou

tout patisipan yo pou yon konferans enfòmèl. Administratè Lokal la oubyen Moun li Bay Dwa a kapab envite paran an pou vin nan konferans enfòmèl sa a, men si paran an pa vini patisipe sa pa dwe retade konferans la ni sa pa dwe afekte kantite tan oubyen kalite aksyon disiplinè y ap pran an. Si genyen plis pase yon elèv ki te patisipe nan ensidan an yo ap refere elèv la pou li a, Administratè Lokal la oubyen Moun li Bay Dwa a, osinon elèv la kapab mande pou tout elèv ki konsène yo prezan.

5.1.4 Machasuiv Lekòl Elemantè Nou rekonèt lekòl elemantè yo pa genyen menm chapant òganizasyonèl oubyen pwogram ki kapab

ede nan mezi prevansyon ak solisyon altènatif yo pran nan lekòl segondè. Kidonk, li enpòtan anpil pou komite nan nivo elemantè devlope Regleman Lekòl anba Seksyon 4 la ki tabli mekanis sipò anndan lekòl la, lèfini ant anplwaye lekòl la ak paran. Administratè Lokal lekòl Elemantè yo oubyen moun yo bay Dwa a dwe travay nan tèt ansanm ak anplwaye epi paran pou devlope kalite resous sa yo.

5.2 Kontra

Anplwaye lekòl la kapab devlope akò ak elèv pou idantifye konpòtman yo sible, defini ak kisa sa yo ap atann yo, epi dekri konsekans. Kontra sa yo kapab alekri pou kontwole konpòtman elèv pandan yo lekòl la, sou wout lekòl pandan yo prale ak lè yo ap soti lekòl, nan transpò lekòl la founi, epi nan aktivite lekòl la patwone, pandan ak apre jounen lekòl regilye. Kontra sa yo kapab enkli lòt anplwaye, paran, administratè, ak lòt elèv, lè sa apwopriye. Nou rekòmande pou akò sa yo fèt alekri epi pou genyen lè espesik pou revize yo. Yo va enfòme elèv, epi paran elèv ki poko gen 18 an se si yo vle pou yo dakò ak yon kontra.

5.3 Kenbe apre Lekòl

Yon solisyon pou move konpòtman elèv kapab kenbe apre lekòl. Lekòl dwe sèvi ak kenbe apre lekòl tankou

Page 16: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

16 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

yon opòtinite pou founi elèv yo sipò edikatif. Apre yo fin enfòme elèv ak paran/responsab oubyen Èd ki otorize a alekri nan lang yo pale lakay elèv la, yo kapab kenbe yon elèv apre lekòl pa plis pase inèdtan apre lekòl pou chak jou pa plis ke twa (3) jou lekòl youn dèyè lòt oubyen yo kapab mande elèv la pou li vini lekòl la pi bonè pou yon kantite jou byen detèmine, depi kantite total jou pou kenbe apre lekòl la pa depase twa (3) èdtan tan pou yon ofans. Si yo pa kapab jwenn yon Paran/Responsab/Èd ki otorize a pa telefòn, yo kapab kenbe elèv la jou annapre a depi yo bay elèv la yon nòt avètisman alekri bay paran li nan lang yo pale lakay elèv la. Aranjman dwe fèt pou elèv ki genyen transpò nan “otobis jòn” yo. Avètisman fèt pou bay nan yon tan ki rezonab anvan yo kenbe elèv la apre lekòl la. Si yon elèv rate rete apre lekòl sa kapab debouche sou lòt aksyon disiplinè. Elèv yo fèt pou kapab fè devwa yo nan lè yo kenbe yo apre lekòl la.

5.4 Pèdi Privilèj Lekòl: Pwomnad, Aktivite Apre Lekòl, elatriye

Si gen yon pwomnad oubyen aktivite lekòl ki egzijib pou ansèyman ak aprantisay la kapab fèt nan sal klas la oubyen gen yon devwa pou yon pwen, elèv yo pa kapab pèdi opòtinite pou yo patisipe. Nan lòt ka, yon elèv kapab pèdi privilèj nan lekòl tankou pwomnad ak aktivite apre lekòl kòm solisyon pou move konpòtman. Yo kapab enpoze solisyon sa a apre yo fin voye yon nòt alekri bay Paran, Responsab oubyen Èd ki otorize a nan lang yo pale lakay elèv la, men yo pa kapab retire dwa yon elèv pou li patisipe nan aktivite lekòl nètale. Yo kapab retire privilèj yon elèv pou li patisipe nan aktivite lekòl pa plis pase yon semèn alafwa, oubyen yon total twa (3) semèn pandan yon tèm, sof si te gen yon chita-tande jan sa defini nan Seksyon 9.5.

Pou lekòl ki adopte lwa inifòm obligatwa, elèv paran yo mande egzante yo pou lwa sa a pap pèdi okenn privilèj nan lekòl la lè yo pa mete inifòm nan sou yo. Nan ka kote yo pa te mande pou egzante yo, timoun nan kapab pèdi privilèj nan lekòl la apre paran an fin resevwa nòt avètisman epi yo ofri paran an yon dezyèm fwa pou li mande egzante elèv la pou regleman inifòm obligatwa a.

5.5 Ajisteman Manch Long nan Orè Klas Apre yo fin voye yon avi bay elèv ak paran pou rezon ki fè yo pwopoze ajisteman klas la ak apre sesyon medyasyon devan paran an, orè klas yon elèv kapab ajiste, men se pou kapab minimize kontak ant elèv ak yon mèt/matmwazèl oubyen ant elèv ak yon lòt elèv lè genyen prèv genyen yon konfli san rete ant yo de a. Kapab genyen ajisteman orè tanporè pou jiska twa (3) jou san yo pa avèti paran an.

5.6 Pwobasyon Apre avi alekri, oubyen apre yon konferans ant elèv epi paran, si genyen yon lòt ofans ankò sa ap debouche sou yon lòt mezi disiplinè an patikilye, yon elèv kapab plase sou pwobasyon pou jis lè tèm nan fini. Nenpòt ki mezi disiplinè ki pran an koneksyon ak pwobasyon an ap fèt kare-bare an akò ak Kòd la.

5.7 Restitisyon Apre avi alekri bay elèv ak paran, oubyen apre konferans ak elèv epi paran an, yo kapab mande yon elèv pou repare, retabli, ranplase, oubyen peye pou domaj, kraze-brize, pwopriyete lekòl la ki pèdi oubyen volè. Yo kapab mande pou pèman an fèt swa ak lajan kontan oubyen ak sèvis tout moun dakò ki apwopriye.

5.8 Refize Bay Transpò Lekòl la

5.8.1 Yo kapab refize bay elèv transpò lekòl la bay, ak tout pas MBTA gratis, paske yo kontinye gen move konpòtman oubyen fè ofans ki grav, jan sa dekri nan sekyon 7.2 rive 7.10 ak sekyon 14.1 lè sa pase nan lekòl la osinon nan transpò piblik.

Page 17: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 17

5.8.2 Nou kapab refize bay yon elèv transpò lè aksyon li fè a mete oubyen kontinye mete sekirite li ak sekirite lòt moun an danje.

5.8.3 Refize bay transpò ap pou yon tan byen espesifik lèfini konfòm ak prensip disiplin pwogresis epitou

kalite vyolasyon an. 5.8.4 Refize bay transpò pandan pi piti pase kat (4) jou pa bezwen yon chita-tande. Sepandan, yo ap bay

elèv la rezon ki fè yo refize ba li transpò epi li ap genyen opòtinite pou reponn akizasyon yo mete sou do li yo anvan yo egzekite refi a. Refize bay transpò pandan kat (4) jou youn dèyè lòt ak/oubyen sis (6) jou ototal nan nenpòt ki tèm dwe genyen yon chita-tande daprè Sekyon 9.5. Nan kèlkilanswa ka a, paran an fèt pou avèti anvan yo refize bay sèvis transpò a. Ale gade Egzibisyon 1: Sijesyon pou Machasuiv sou Liy Tan pou Refize Bay Transpòtasyon.

EGZIBISYON 1: Machasuiv Pou Pa Gen Transpòtasyon Rapòte Ensidan

• Sizoka gen on ensidan akòz konpòtman elèv, chofè otobis la ap kontakte Kontraktè Otobis la epi l ap enfòme Kontraktè Otobis la sou ensidan an.

• Kontraktè Otobis la responsab pou enfòme Depatman Transpòtasyon sou ensidan an swa aloral ou alekri osinon toulede.

• Toudepann gravite ensidan an, y ap kontakte moun sa yo aloral epi alekri: Administratè Lokal la, Direktè Transpòtasyon, Sipèentandan Adjwen, Direktè Jeneral Operasyon, Sipèentandan Rezo, Direktè Transpòtasyon, Lidè Operasyon, Biwo Sekirite Kontraktè Otobis, ak Ofisye Transpòtasyon ki gen dwa pou sa.

Wòl ak Responsablite Administratè Lekòl Pou pa gen transpòtasyon ki dire pi piti pase kat jou:

• Administratè Lokal la responsab pou envestige ensidan an epi pran aksyon ki apwopriye. • Si rezilta a se pou pa gen transpòtasyon, se responsablite lekòl la pou enfòme paran an aloral epi alekri

nan lang yo pale lakay la. • Lekòl la ap fakse Avètisman Pa Gen Transpòtasyon bay Ofisye Transpòtasyon an ki gen dwa pou sa a,

ki pral kowòdone a Kontraktè Otobis la dat lè pap gen transpòtasyon an kòmanse ak dat l ap fini.

Pou pa gen transpòtasyon k ap dire kat jou oubyen plis : • Administratè Lokal la responsab pou envestige ensidan an epi pran aksyon ki apwopriye. • Si rezilta a se pou pa gen transpòtasyon, se responsablite lekòl la pou li enfòme paran an aloral epi

alekri nan lang yo pale lakay la. • Lekòl la ap fakse avètisman Pa Gen Transpòtasyon an bay Ofisye Transpòtasyon an ki pral kòwòdone

ak Kontraktè Otobis la dat lè pap gen transpòtasyon an kòmanse ak dat l ap fini. • Si pap gen transpòtasyon pou yon bon tout tan, souple voye enfòmasyon an bay Lidè Operasyon an.

Nòt : Elèv ki enfim pa kapab pa gen transpòtasyon (al gade Anèks 7 ak Seksyon 15.4) Wòl ak Responsablite Chofè Otobis ak Kontraktè Otobis

• Chofè yo ap avèti Kontraktè Otobis la aloral epi alekri sou nenpòt ki ensidan ki rive nan otobis la pandan

elèv yo nan otobis la pral lekòl epi ap sot lekòl. • Depatman Transpòtasyon an ap fè suivi ak anplwaye lekòl la ki anchaj kowòdone pa gen transpòtasyon • Chofè Otobis la ap kapab fè yon rekòmandasyon bay lekòl la pou retire privilèj pa gen transpòtasyon

yon elèv ki gen plis pase 3 ensidan. Y ap voye rekòmandasyon an alekri bay Depatman Transpòtasyon, Kontraktè Otobis yo ak Lekòl la. Lekòl la ap pran yon detèminasyon final.

Nòt: Elèv ki enfim pa kapab pa gen transpòtasyon (al gade Anèks 7 ak Seksyon 15.4)

Page 18: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

18 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

5.9 Sant Planifikasyon Elèv Apre yo fin itilize tout apwòch pozitif ak responsab nan salklas la, yo kapab refere elèv ki ap entèwonp moun nan yon sant planifikason elèv. Elèv la ap rete nan sant planifikasyon sa a lontan ase pou yo ka ede li evalye konpòtman li genyen an epi pou travay sou yon plan pou li genyen yon konpòtman ki pi responsab. Sant planifikasyon sa a bay opòtinite pou elèv la kenbe devwa nan klas yo, fè suivi pou plan elèv la, epi sipò pou anplwaye a. Lè yo retire yon elèv nan salklas pou mete li nan yon sant planifikasyon sa pa vle di se yon sispansyom oubyen yon sispansyon anndan lekòl pou sa.

5.10 Sistèm pou Kontwole Konpòtman Anplwaye ak elèv kapab mete sou plas yon sistèm pou jere konpòtman nan klas, nan gwoup, nan pwogram, ak/oubyen lekòl la pou bay privilèj ak restriksyon ki pwogresis. Kèk egzanp pou altènatif olye pou retire yon elèv nan klas se: kontra avèk elèv la pou kontwole konpòtman li, epi konsèy kanmarad pou rezoud konfli. Sistèm pou kontwole konpòtman gen ladan li evalyasyon konpòtman fonksyonèl ak ranfòsman pozitif oubyen prim ankourajman pou konpòtman yo swete a.

5.11 Altènatif Andiplis pou Sispansyon, Mete Deyò

Machasuiv pou Rezoud Konfli: Rapèl ak oubyen re-direksyon: Re-anseye egzijans ak talan; konferans ant elèv/pwofesè; Mande Padon alekri; Mini-kou so sijè tankou rezoud konfli, Kontwole kòlè, aptitid sosyal, oubyen konpòtman apwopriye. Redaksyon sou refleksyon oubyen lòt kalite aktivite sou refleksyon; kontak paran, Lekòl Samdi (Pwogram SMART), Mete sou plan pwòp pwogram konpòtman (FBA); Rapò tanzantan sou konpòtman Sèvis Kominotè; Monitè, Referans pou sèvis kominotè. Genyen kèk sikonstans kote konpòtman an jan li detaye nan Seksyon 7 Kòd Konduit la mande pou yo sispann imedyatman oubyen pou mete deyò.

Seksyon 6 METE DEYÒ NAN KLAS TANPORÈMAN

6.1 Administratè Lokal oubyen Moun ki Gen Dwa pou sa a, si yon mèt/matmwazèl mande li sa, kapab retire yon elèv nan klas li epi mete li yon kote sou sipèvizyon nan lekòl la lè zak elèv la ap entèwonp epi kontinye entèwonp aktivite sal klas la anpil-anpil, jan sa defini nan Seksyon 7.10. Mete deyò nan yon klas ap sèlman dire tan ki nesesè a pou asire kondisyon ki te jistifye mete deyò a fini, enpi nan okenn ka, li pa dwe dire pase de (2) peryòd klas oubyen 90 minit, nenpòt kilès ladan yo ki rive anvan an, eksepte lè yo voye yon elèv nan sant planikifasyon elèv. Lè sa posib, yo fèt pou eseye mezi ki an sekirite, ki sipòtif epi ki pa mete elèv aleka ak machasuiv ki dekri nan Seksyon 5 yo anvan yo mete yon elèv deyò nan klas. Lè yo mete yon elèv deyò nan klas li pou plis pase katrevendis minit oubyen de peryòd klas, sa tounen yon sispansyon kidonk sa mande pou antame machasuiv avètisman pou sispansyon.

6.2 Lè yo mete yon elèv deyò nan menm sal klas la plis pase yon fwa, Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou retire elèv la, nan lespas de (2) jou apre yo fin retire elèv la, fèt pou voye yon rapò alekri mèt/matmwazèl la prepare bay paran an ki esplike poukisa yo te mete elèv la deyò.

6.3 Yo pa sipoze mete okenn elèv deyò nan menm sal klas la plis pase de (2) fwa pa semèn oubyen kat (4) fwa pandan tèm nan sof si yo ofri elèv la yon chita-tande konfòm ak Seksyon 9.5.

Page 19: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 19

Section 7 MOTIF POU SISPANSYON, SISPANSYON MANCH LONG, SISPANSYON NÈTALE,

TRANSFÈ POU DISIPLIN, PLASMAN NAN PWOGRAM ALTÈNATIF, OUBYEN METE DEYÒ Nou te fè modifikasyon nan edisyon Kòd Konduit sa a pou kapab mete Kòd la konfòm ak egzijans St. 93, C. 71, yo rele Lwa Refòm 1993 sou Edikasyon nan Masachousèt, jan yo amande li nan St. 93, C. 380; P.L. 103-382, §14601 (Lwa 1994 Amelyore Lekòl nan Etazini); 8 USC, §921 et seq. (Kòd Etazini); Amandman 2004 (IDEA-04) ak Chapit 222 Lwa Federal sou Moun ak Enfimite 2012.

Anvan pou pran aksyon disiplinè pou ofans ki dekri nan sekyon 7, souple revize Seksyon 5 Kòd Konduit la epi soumèt dokimantasyon sou ki teknik pou entèvansyon ak prevansyon yo te itilize avèk elèv la. Seksyon sa a dekri ofans ki rive nan lekòl la, ki an akò ak lòt seksyon nan Kòd sa a, yo kapab bay yon elèv sispansyon, sispansyon manch long, sispansyon nètale, transfè pou disiplin, plasman nan edikasyon altènatif, oubyen mete deyò. 7.1 Mezi Angwo sou Disiplin Lekòl

7.1.1 Suivan Kòd sa a, “ofans pou disiplin lekòl la” vle di yon vyolasyon nan Kòd sa a ki pase:

• pandan elèv la nan lekòl la; • pandan yon aktivite lekòl la patwone; • nan wout prale oubyen ap soti lekòl oubyen yon aktivitie lekòl la patwone nan transpò lekòl la bay;

oubyen • pandan li ap mache ale oubyen ap soti lekòl, ap tann transpò lekòl la bay, pandan yo nan transpò

piblik nan pwopriyete MBTA, oubyen pandan yo ap tann oubyen nan transpò piblik ap prale oubyen ap tounen soti lekòl.

7.1.2 Yon ofans pou disiplin lekòl la kapab enkli sikonstans kote genyen prèv gwo-gwo move konpòtman

andeyò lekòl la—tankou pa egzanp, yon elèv yo akize oubyen kondane pase li te komèt yon krim grav—ap genyen efè negatif sou fason yo jere disiplin nan lekòl la.

7.1.3 Ofans grav ki ka debouche sou mete aleka/mete deyò nan lekòl la pou jiska en an. 7.1.3.1 An posesyon zam danjre, tankou, men se pa sa sèlman, yon zam afe oubyen yon kouto. 7.1.3.2 An posesyon yon sibstans ilegal, tankou, men se pa sa sèlman, marigwana, kokayin, ak ewoyin. 7.1.3.3 Agresyon sou anplwaye lekòl la.

7.1.3.4 Kondanasyon pou yon Krim – Si Administratè Lokal la detèmine si elèv la kontinye prezan nan lekòl la, sa ap gen yon efè gravman-grav sou byennèt jeneral lekòl la.

Sispansyon manch long yon elèv yo te akize pou yon krim akseptab si Administratè Lokal la detèmine si elèv la kontinye prezan nan lekòl la, sa ap gen yon efè gravman-grav sou byennèt jeneral lekòl la.

7.1.4 Pou sa ka mache byen, disiplin nan dwe pran osito Kòd la vyole oubyen dokimante. 7.1.5 Refere a Seksyon 21 Kòd Konduit la pou definisyon tèm kle sa yo: zam afe, zam danjre, bagay danjre,

krim grav, ak lòt bagay. 7.1.6 Eksepte pou ofans 7.1.3, pa kapab gen okenn mete deyò lekòl ki depase 90 jou pou yon ofans oubyen

ofans ki rive nan menm ane lekòl la.

Page 20: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

20 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

7.1.7 Pou tout elèv yo mete aleka lekòl (sispansyon oubyen mete deyò), Administratè Lokal la oubyen moun

ki gen dwa pou sa a ap asire yo elèv la gen opòtinite pou fè pwogrè akademik pandan peryòd mete aleka a, pou li ratrape devwa yo epi jwenn kredi yo rate yo, ak tout, men se pa sa sèlman, devwa lakay, tès kout, egzamen, papye ak pwojè yo rate.

Yon elèv, nan dènye rekou, kapab pran sispansyon, sispansyon nètale, transfè disiplin/pwogram altènatif, oubyen mete deyò pou ofans sa yo:

7.2 Atak Fizik & Bay Kou / Domaj Fizik / Menas / Entimidasyon / Entimidasyon sou Entènèt

Ofans sa yo kapab debouche sou sispansyon, transfè pou disiplin/plasman nan pwogram altènatif oubyen mete deyò ak peryòd tan mete deyò:

7.2.1 Atak fizik ak bat yon anplwaye lekòl la ki lakòz domaj fizik [gade Seksyon 21.4]. 7.2.2 Atak seksyèl [gade Seksyon 21.42].

7.2.3 Atak fizik ak bat nenpòt moun. 7.2.4 Agresyon ak fòfè sou yon lòt moun pou koze domaj fizik, eksepte si yo kwè san twò gwo traka aksyon

elèv la poze a te nesesè pou pwoteje tèt li daprè Administratè Lokal la (oswa reprezantan li) sou prèv yo genyen yo.

7.2.5 Mete sekirite fizik oubyen sante mantal yon lòt moun an danje ak fòs oubyen entimidasyon pou fè kwè

genyen fòs kap itilize swa alekri, nan pale, oubyen ak teknoloji oubyen tou nenpòt lòt mwayen elektwonik. Ofans sa yo se: entimidasyon fòs (aklè, ki eksprime sou nenpòt ki fòm, ki fè viktim nan pè ase ke li kapab vrèman genyen yon domaj fizik), brimad, [Gade Seksyon 21.32, Brimad], grafiti, ak lòt entimidasyon ki eksprime sou nenpòt ki fòm nan sèvi ak teknoloji oubyen nenpòt lòt mwayen elektwonik.

7.2.6 Entimidasyon / Bay Panik / Definisyon ak Entèdiksyon Entimidasyon/Bay Panik sou Rezo Entènèt:

Entimidasyon/bay panik se lè youn oubyen plis elèv ap itilize yon bagay kont yon viktim swa alekri, nan pale, nan ekspresyon elektwonik, nan fè jès oubyen poze ak fizik, osinon youn nan konbinezon yo ki: • koze domaj fizik oubyen emosyonèl sou viktim nan oubyen domaje pwopriyete viktim nan; • fè viktim nan pè anpil-anpil pou malè pa rive li swa li menm osinon pwopriyete li; • kreye yon anviwonman ki tchak nan lekòl la pou viktim nan lekòl la; • mache sou dwa viktim nan lekòl la; oubyen • entèwonp demach edikatif oubyen bon fonksyonman yon lekòl materyèlman anpil-anpil. Entimidasyon pa entènèt se lè ou itilize teknoloji oubyen nenpòt lòt ekipman elektwonik. Sa genyen ladan lè yon moun kreye yon paj entènèt oubyen yon blòg kote moun ki kreye li a pran pòz yon lòt moun oubyen distribiye oswa mete enfòmasyon sou entènèt la si zak sa yo kreye kondisyon nou mete pi wo yo.

Lalwa etatik entèdi entimidasyon/bay panik: • nan lekòl ak nan tout lokal lekòl yo; • nan aktivite lekòl la sipòte ak lòt aktivite ki genyen arevwa ak lekòl la ke yo te nan pwopriyete lekòl

la ou pa; • nan otobis lekòl la ak an estasyon otobis yo: • ak teknoloji oubyen ekipman elektwonik lekòl la genyen lisans pou li oubyen li itilize; epi

Page 21: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 21

• lòt kote ki pa lekòl la ak teknoloji ki pa pou lekòl la si entimidasyon an/bay panik la afekte anviwonman lekòl la.

7.2.7 Revanj ki genyen arevwa ak entimidasyon/bay panik: Lalwa etatik entèdi revanj kont yon moun ki

rapòte entimidasyon/panik, bay enfòmasyon pandan yon envestigasyon sou entimidasyon, oubyen te temwen oswa genyen ase enfòmasyon ki valab sou entimidasyon an.

7.3 Pote Zam Afe, Zam Danjre ak Bagay ki Danjre

Ofans sa yo kapab debouche sou sispansyon, transfè pou disiplin/plasman nan pwogram altènatif oubyen mete

deyò. 7.3.1 Pote nenpòt ki zam afe [gade Seksyon 21.27] kapab debouche sou mete deyò pou yon ane pou pi piti,

suivan sa Administratè Lokal la deside. 7.3.2 Pote yon zam danjre [gade Seksyon 21.14], yon objè ki pa twò itil [gade Seksyon 21.38], ki sèvi pou

entimide lòt moun swa nan lekòl la osinon nan aktivite lekòl la patwone. 7.3.3 Lalwa entèdi pote yon kouto oubyen yon lòt zam danjre, ki pa yon zam afe [gade Seksyon 21.27], oubyen

yon objè ki pa twò itil [gade Seksyon 21.38]. Ofans sa a kapab debouche sou rekòmandasyon pou Sant Konsèy ak Entèvansyon “Counseling & Intervention Center”. Yon dezyèm ofans kapab debouche sou rekòmandasyon pou Sant Konsèy & Entèvansyon epi mete deyò.

7.3.4 Itilize nenpòt bagay nan yon fason danjre oubyen kòm zam entimidasyon/panik [gade Seksyon 21.13]. 7.3.5 Mete sekirite lòt moun an danje nan mete oubyen eseye mete dife nan pwopriyete lekòl la, nan aktivite

lekòl la oubyen nan aktivite lekòl la patwone oubyen pandan nan transpò lekòl la bay. 7.4 Krim Grav oubyen Akizasyon Krim Delenkans oubyen Kondanasyon

Ofans sa yo kapab debouche sou sispansyon nètale annatandan desizyon sou akizasyon [gade Anèks 3.4, Avètisman pou Chita-tande sou Sispansyon Nètale: Plent pou Krim Grav]:

7.4.1 Akizasyon krim (oubyen akizasyon krim delenkan kont yon elèv ki poko genyen 17 an); epi Administratè Lokal la, apre chita-tande a, detèmine epi deklare alekri kòm yon pati desizyon an ke prezans elèv la nan lekòl la toujou ap vreman genyen yon efè detrimantal sou byennèt jeneral lekòl la.

Ofans sa yo kapab debouche sou mete deyò [gade Anèks 3.5, Nòt Avètisman pou Chita-tande pou

Mete Deyò: Kondanasyon Krim]:

7.4.2 Kondanasyon pou krim grav (oubyen dezisyon tribinal oubyen admèt koupab pou yon krim nan tribinal la oubyen krim delenkans); epi Administratè Lokal la, apre chita-tande a, detèmine epi deklare alekri kòm yon pati nan desizyon an, prezans elèv la nan lekòl la toujou ap genyen yon efè vreman detrimantal pou byennèt jeneral lekòl la.

7.5 Atak ak Vyolasyon Dwa Sivil

Ofans sa yo kapab debouche sou sispansyon, sispansyon manch long, transfè disiplinè/plasman nan pwogram altènatif, oubyen mete aleka:

7.5.1 Vyolasyon dwa sivil lòt moun.

Page 22: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

22 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 7.5.2 Komèt yon zak seksyèl ki defini tankou kontak fizik oubyen ensilte yon moun seksyèlman osinon fè

kòmantè seksyèl. 7.5.3 Komèt zak asèlman swa paske se yon manb aktyèl oubyen yo panse se manb yon klas ki pwoteje (ras,

etnisite, idantite relijye, enfimite, oryantasyon seksyèl, oubyen/ak idantite gason/fi. 7.5.4 Pèsiste itilize move pawòl rasyal oubyen etnik osinon itilize yo nan fason abizif. 7.5.5 Pèsiste itilize betiz oubyen langaj obsèn ak/oubyen itilize yo nan yon fason abizif. 7.6 Vòl ak Kraze-brize

Ofans sa yo kapab debouche sou sispansyon, sispansyon manch long, transfè pou disiplin/plasman nan

pwogram altènatif, oubyen mete aleka:

7.6.1 Eseye pran afè prive moun ak fòs oubyen fè menas pou pran afè prive moun ak fòs. 7.6.2 Domaje oubyen vòlè afè lekòl oubyen lòt afè prive, tankou falsifye dosye lekòl la. 7.7 Itilize Rezo Entènèt nan Fason ki Inakseptab, ak tout Entènèt ak Lèt Elektwonik

Regleman Vyolasyon Lwa Itilizasyon ki Akseptab nan Lekòl Piblik Boston kapab debouche sou pèdi privilèj entènèt ak/oubyen lèt elektwonik epi kapab debouche sou sispansyon, sispansyon manch long, ak mete aleka:

7.7.1 Itilizasyon rezo a pou nenpòt ki aktivite ki ilegal oubyen komèsyal. 7.7.2 Voye enfòmasyon, oubyen itilize langaj, lòt moun ap twouve ensiltan. 7.7.3 Vyolasyon lwa dwa dotè 7.7.4 Revele enfòmasyon pèsonèl sou yon moun tankou adrès, nimewo telefòn, nimewo kat kredit, nimewo

sosyal sekirite, elatriye. 7.7.5 Falsifye sistèm nan. 7.7.6 Modifye, efase, oswa detwui dosye oubyen done ki pou yon lòt itilizatè. 7.7.7 Sèkstin “Sexting”.

• Sekstin se komèt askyon, pataje, oubyen voye mesaj seksyèl aklè oubyen foto seksyèl pa vwa elektwonik, swa sou yon òdinatè oubyen yon telefòn pòtab, PDAs oubyen lòt kalite ekipman elektwonik.

• Sèkstin kapab konsidere tankou diseminasyon pònografi timoun ki an vyolasyon ak M.G.L. Chapit 272, Seksyon 28.

NÒT: BPS ap konfiske nenpòt ki materyèl epi tout kalite materyèl oubyen ekipman ki genyen prèv

sèkstin oubyen itilizasyon inakseptab rezo entènèt la. Nenpòt ki prèv sekstin nou konfiske ap fè pati yon envestigasyon anba Kòd sa a epi nou ap delivre li bay Depatman Polis nan Boston kòm prèv kapab genyen yon aktivite kriminèl ki ap manniganse.

Page 23: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 23 7.8 Lòt Dezòd

Ofans sa yo kapab debouche sou sispansyon:

7.8.1 Refize idantifye tèt ou lè yon anplwaye mande pou fè sa oubyen ap bay fo idantifikasyon. 7.8.2 Prezans yon kote nan lekòl la kote ki entèdi pou elèv. 7.8.3 Kite lokal lekòl la san pèmisyon. 7.8.4 Ap sove kite klas tout tan. Sanksyon pou sispansyon pou sove kite klas tout tan ava evalye apre yo fin tante lòt altènatif tankou

ajisteman orè klas yo, si sa apwopriye, konferans paran, epi kenbe apre lekòl lèfini lòt dokimantasyon yo kenbe nan lekòl la. Sove kite klas tout tan ap plis kapab debouche, sou yon twa jou sispansyon, preferab nan lekòl la, kèlkilanswa laj elèv la.

7.9 Dezòd Grav

Gwo-gwo dezòd nan lekòl la oubyen nan sal klas la tout tan, ki grav, oubyen ki fèt ouvètman kapab debouche sou yon sispansyon, sispansyon manch long, transfè pou disiplin/plasman nan pwogram altènatif, oubyen mete deyò. Gwo-gwo dezòd nan lekòl oubyen nan aktivite nan sal klas defini tankou youn nan zak sa yo:

7.9.1 Okipe nenpòt lokal yon lekòl, lakou lekòl la, oubyen yon pati nan lekòl epi enpoze lòt moun itilize li. 7.9.2 Bloke pòt dantre oubyen pòt soti nenpòt lokal yon lekòl, koridò, oubyen chanm, anpeche lòt moun

genyen aksè legal swa antre oubyen soti, oswa itilize lokal, koridò oubyen chanm nan. 7.9.3 Anpeche oubyen tante anpeche ak zak fizik fonksyonman an sekirite moun nan nenpòt ki pati nan lekòl la. 7.9.4 Ap fè bri kontinyèlman epi entansyonèlman oubyen otremandi vrèman deranje ak/oubyen anpeche

fonksyonman nòmal lekòl la oubyen anpeche yo anseye lòt elèv. Sa genyen ladann kontinye ap itilize telefòn pòtab. Apati 7/1/05:

a. Elèv genyen pèmisyon pou itilize telefòn pòtab yo pandan lè sa yo sèlman: • Avan lè lekòl anndan oubyen deyò lokal lekòl la; • Apre lekòl deyò oubyen anndan lokal lekòl la; • Nan aktivite apre lekòl oubyen nan espò, sèlman avèk pèmisyon antrenè a, enstriktè a oubyen

direktè pwogram direktè nan; • Nan aswè oubyen nan aktivite nan wikenn anndan lokal lekòl la. b. Sèvi ak telefòn pòtab pou nenpòt ki rezon — tankou kout fil, mesaj alekri ak lòt fonksyon—pa

pèmèt nan nenpòt ki lòt lè nan lekòl la. c. Telefòn pòtab pa dwe vizib pandan jounen lekòl la. d. Telefòn pòtab yo dwe fèmen nèt (se pa mete li sou silans oubyen sou mòd vibrasyon sèlman)

pandan jounen lekòl la. Konsekans pou elèv yo jwenn ki an vyolasyon avèk regleman telefòn pòtab la ap konsa (nòt: elèv yo

fèt pou fèmen telefòn pòtab yo anvan yo remèt li bay lekòl la, epi telefòn yo ap rete fèmen): a. Premye ofans: Telefòn pòtab elèv la ap konfiske epi retounen bay elèv la nan fen jounen lekòl la.

Page 24: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

24 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 b. Dezyèm ak lòt kalite ofans: Pou yon peryòd pa plis pase 10 jou elèv yo ap oblije remèt biwo a

telefòn yo a nan kòmansman jounen lekòl la, anvan yo fè apèl pou prezans, epi pran telefòn yo a lè lekòl lage.

c. Elèv ki kontinye ap komèt menm vyolasyon regleman sa a tout tan ap genyen aksyon disiplinè andiplis ki ap pran kont yo, selon Kòd Koduit la.

7.9.5 Fè menas yon bonm. 7.9.6 Rale alam/Rapòte yon fo dife. 7.10 Vyolasyon Repete Aklè

Vyolasyon repete aklè youn ou plis nan ofans sa yo ki dekri nan Seksyon 7.2 pou rive nan 7.9 kapab

debouche sou mete aleka si yo rive nan menm ane lekòl la.

7.10.1 Konsekans pou vyolasyon Kòd la ki repete epi ki aklè ap an akò ak prensip disiplin pwogresis la, ak konsiderasyon sou laj epi devlopman sosyal, emosyonèl, epi entèlektyèl elèv la.

7.10.2 Elèv ki vyole Kòd Konduit la nan nivo elemantè a (Jaden Danfan-5yèm ane) pap konsidere kòm

“residivis” si dezyèm vyolasyon an fèt nan lekòl segondè (6yèm-12yèm ane). 7.11 Refere pou Sant Konsèy & Entèvansyon BPS

7.11.1 Yo kapab refere elèv yo bay Sant Konsèy & Entèvansyon pou yon ofans ki kapab fè yo mete yo deyò,

jan sa dekri nan Seksyon 7. 7.11.2 Ofans sa yo kapab debouche sou mete deyò apre yon chita-tande Lokal Administratè lekòl la fè: a. Pa ale, oubyen kontinye pa ale nan Sant Konsèy & Entèvansyon san yon rezon ki vreman valab. b. Vyolasyon Kòd Konduit la pandan yo nan Sant Konsèy & Entèvansyon an. Seksyon 8 MACHASUIV POU SISPANSYON AN IJANS 8.1 Administratè Lokal la kapab sispann yon elèv tanporèman nan lekòl la pou jis rezon pou sispansyon an ijans la

pase, men nan okenn ka sa pa genyen dwa dire plis pase jounen lekòl la, lè tou le kat kritè sa yo ranpli: 8.1.1 Elèv la komèt yon ofans ki mande sispansyon paske li vyole Seksyon 7.2 rive pou 7.10, epi 8.1.2 Prezans elèv la kontinye reprezante yon danje pou moun oubyen propriyete oubyen prezans la sèvi

kòm yon entèferans materyèl ak machasuiv pou enstriksyon; epi 8.1.3 Pa genyen lòt altènatif ki disponib pou alevye danje oubyen entèferans la; epi 8.1.4 Li enposib akòz konpòtman li pou bay elèv la nòt avètisman ak chita-tande anvan sispansyon an ijans

la. Malgre pap kapab genyen avètisman, lekòl la fèt pou dokimante rezon egzat pou mete aleka a ak mezi altènatif yo pran pou asire konpòtman an korije anvan sispansyon an.

[NÒT: Yon administratè ki pa disponib ensifizan pou sispann yon elèv nan seksyon sa a anvan yon chita-tande.]

8.2 Nòt Avètisman pou Paran. Administratè Lokal la ki ap otorize sispansyon an ijans la osito sa posib ap fè jefò ki

rezonab pou jwenn yon paran elèv la pou li enfòme paran an. Yo pa dwe mete yon elèv ki kapab plase sou

Page 25: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 25

sispansyon deyò lekòl la anvan yo jwenn yon solisyon adekwat pou transpò ak sekirite.

Nan 24 èd tan lè sispansyon an ijans la kòmanse, administratè a ap avèti paran an sou sispansyon an ijans la epi baz espesifk yo te itilize pou detèmine ke sa te nesesè daprè Seksyon 8.1. Si paran an la nan lekòl la, yo ap bay paran an yon lèt. Si paran an pa nan lekòl la, lekòl la ap avèti paran an pa telefòn epi/oubyen voye yon lèt sètifye lakay elèv la. Tout korespondans ki genyen arevwa ak sispansyon an ijans dwe fèt an Angle epi premye lang yo pale nan kay la, si lang nan diferan. Lèt la ava enfòme elèv la ak paran an sou dwa yo genyen pou yon chita-tande dapre Seksyon 9.5 epi desizyon yo ap konsidere pandan chita-tande sa a.

8.3 Chita-tande. Elèv la genyen dwa pou yon chita-tande dapre Seksyon 9.8 la pi bonè posib (men pa pi ta pase

yon jou lekòl apre sispansyon an ijans la te kòmanse) epi genyen dwa pou ale annapèl anba Seksyon 9.8. Si chita-tande a oubyen ale annapèl la demontre sispansyon an ijans la pat genyen plas li paske pa genyen youn nan faktè nan Seksyon 8.1 ki te satisfè alòs tout referans pou sispansyon an ijans yo ap soti nan dosye elèv la. Si yo jwenn sispansyon an ijans la te jistifye epi toujou genyen yon bezwen pou kontinye sispansyon an, enben sispansyon an kapab pwolonje rive nan limit Kòd la bay pou kalite ofans sa a. Tan ki te deja pase andeyò lekòl la pandan sispansyon an ijans la ap konte nan tan sispansyon andiplis yo enpoze a apre chita-tande sa a.

Seksyon 9 SISPANSYON: DEFINISYON AK MACHASUIV 9.1 Definisyon ak Rezon

9.1.1 Sispansyon vle di mete yon elèv sou kote nan lekòl la pandan yon ti tan tou kout pou pa patisipe nan

okenn aktivite regilye lekòl la. Tèm “sispansyon” an genyen ladan li nenpòt sispansyon “anndan lekòl” la [gade Seksyon 10 pou definisyon sispansyon manch long].

9.1.2 Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a kapab enpoze sispansyon si elèv la komèt yon

vyolasyon nan Seksyon 7 epi yo te eseye lòt altènatif ki pa la pou mete okenn moun aleka anba Seksyon 4 ak 5 oubyen yo te dokimante yo. Lekòl la dwe bay prèv pandan chita-tande sipansyon an kote yo te eseye epi dokimante lòt altènatif ki pa la pou mete aleka. Tèm “sispansyon” genyen landan li nenpòt ki sispansyon “anndan lekòl”.

9.1.3 Direktè a dwe avèti Sipèentandan an lè y ap sispann elèv ki nan K-3 anvan sispansyon an sa a fèt.

Avètisman an dwe genyen yon deskripsyon swadizan konduit la epi rezon ki fè gen yon sispansyon deyò lekòl la.

9.1.4 Gid ak patisipasyon paran an fèt pou ankouraje kòm eleman kle nan etap disiplin nan. 9.2 Machasuiv Anbònedifòm 9.2.1 Pa genyen okenn sispansyon ki kapab enpoze, eksepte sispansyon an ijans, anvan paran an genyen

nòt avètisman epi yon chita-tande fèt nan lekòl la daprè Sekyon 9.5, sof si paran an renonse dwa li pou yon chita-tande alekri [gade Sekyon 9.4.6 ak Anèks 3.2].

9.2.2 Lakou Siperyè nan Masachousèt ak tout Lakou Siprèm nan Etazini toulede oblije lekòl pou gen

machasuiv anbònedifòn soupye. Li nesesè pou machasuiv anbònedifòn an plas lè chita-tande sispansyon an ap fèt sinon yo kapab deklare machasuiv la envalid.

9.3 Frekans ak Dire Sispansyon 9.3.1 Sispansyon pa kapab dire plis pase twa (3) jou lekòl pou yon elèv ki genyen 15 zan oubyen pi piti pase

Page 26: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

26 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

15 zan osinon senk (5) jou lekòl pou yon elèv ki genyen 16 zan oubyen plis pase 16 zan. 9.3.2 Yo pa kapab sispann yon elèv defwa pou menm ensidan an. 9.3.3 Konfòm ak Lwa Jeneral nan Masachousèt, Chapit 71, Seksyon 37H ½ epi an konsiltasyon ak Lidè

Operasyon ki apwopriye a, yon Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a detèmine longè sispansyon an pou elèv yo sispann daprè Seksyon 7.5.1: akize pou krim grav oubyen krim delenkans.

9.3.4 Kanta elèv ak enfimite yo, sispansyon youn sou lòt pa kapab depase dis (10) jou lekòl nan yon ane san

yo pa suiv machasuiv ki tabli yo nan Seksyon 15 la. 9.3.5 Sizoka yo pata idantifye yon elèv kòmkwa li ta enfim men yo sispann li pou plis pase senk (5) jou nan

yon peryòd (45 jou) oubyen mete li aleka lekòl la, Administrè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a oubyen yon reprezantan fèt pou detèmine nan yon espas senk (5) jou lè sa rive a èske li apwopriye ou pa pou refere elèv la bay Ekip Sipò Elèv (Student Support Team) yo oubyen pou yon evalyason edikasyon espesyal epi enfòme paran an alekri: 1) si yo ap refere; epi 2) dwa paran an pou li refere.

9.4 Machasuiv anvan Chita-tande pou Sispansyon

9.4.1 Avan yo fè yon chita-tande pou yon sispansyon, Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a ava fè tout jefò posib pou kontakte paran ak/oubyen reprezantan paran an nonmen. Si paran an la nan lekòl la, yo va bay paran an yon lèt [gade Anèks 3.1]. Si paran an pa nan lekòl la, lekòl la ap avèti paran an pa telefòn epi/oubyen voye yon lèt sètifye lakay elèv la. Anplis, si elèv la nan lekòl la, yo va ba li yon lèt tou. Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a ava dokimante nan Sistèm Enfòmasyon Elèv yon rejis tout efò yo fè pou kontakte paran an.

9.4.2 Korespondans apwopo rekòmandasyon pou sispansyon dwe enfòme elèv la ak paran an akizasyon ak

rezon pou sispansyon ki ka posib, dwa pou yon chita-tande pou diskite akizasyon yo anvan yon mete aleka sou pye epi dwa yo pou ale annapèl kont nenpòt desizyon. Li fèt pou li refere elèv ak paran sou Sikilè Sipèentandan an LGL-7: Etap Dosye Elèv [ale gade Anèks 3.6, 3.7] Kopi dokiman ki apwopriye oubyen prèv ki kolekte distans tan sa a fèt pou nan avètisman chita-tande a.

9.4.3 Tout korespondans ak elèv la epi paran li apwopo sispansyon an fèt pou yo an Angle epi nan premye

lang yo pale nan kay la, si li diferan. 9.4.4 Si paran an eksprime entansyon li pou patisipe nan chita-tande a, oubyen si yo pa kapab kontakte

paran an, chita-tade a ka retade pou 48 èdtan pou pèmèt paran an la. Si yon paran mande pou retade yon chita-tande, yo genyen dwa kenbe yon elèv andeyò yon klas espesifk oubyen yon aktivite si Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a genyen rezon valab, apre diskisyon ak elèv la epi/oubyen mèt/matmwazèl la, ki fè kwè prezans elèv la nan klas la oubyen aktivite a ap debouche sou dezòd.

9.4.5 Nan fè orè yon chita-tande pou elèv ki genyen Konpetans Limite an Angle, administratè a dwe gade

Seksyon 2.2 ki konsène dwa elèv ak paran pou genyen yon entèprèt prezan nan chita-tande ak konferans.

9.4.6 Yon paran kapab renonse dwa li pou yon chita-tande. Renons sa a dwe alekri, epi voye kopi bay Lidè

Operasyon yo [gade Anèks 3.2].

Page 27: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 27 9.5 Machasuiv pou Mennen yon Chita-tande pou Sipsansyon

Gade Egzibisyon 2, Modèl ki sijere…pou Mennen yon Chita-tande pou Sispansyon, paj 30-31. 9.5.1 Ofisye Chita-tande. Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a ap mennen chita-tande

pou sispansyon an. Kèlkilanswa lè genyen yon konfli denterè—pa egzanp, si Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a se swadizan moun ki viktim nan ensidan an—Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a ap retire tèt li nan ka a. Lè se konsa sa ye, Administratè Lokal la ap refere ka a bay Asistan Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a, si pa genyen youn, bay Ofisye Chita-tande Sipèentandan an pou mete randevou pou yon chita-tande.

9.5.2 Prezans. Moun ki ap prezan nan chita-tande pou sispansyon an se elèv la, paran an (si paran an

chwazi pou li la), ak lòt moun Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa pou sa a ap detèmine pou fè sa. Chita-tande a kapab fèt san prezans Paran/Responsab/Èd ki otorize a sèlman apre yo fin dokimante Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a te fè yon efò rezonab pou enkli Paran, Responsab, oubyen Èd ki otorize a.

9.5.3 Akizasyon. Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a ap deklare akizasyon yo epi detèmine

elèv la konprann yo. 9.5.4 Temwen. Si elèv la pa dakò ak akizasyon yo, ya rele moun ki genyen konesans dirèk sou swadizan

ensidan an. Tout temwen kap bay temwayaj yo, swa pou oubyen kont elèv la, ava prezante an pèsòn nan chita-tande a (eksepte nan ka kote genyen temwayaj ekspè sou koze prèv balistik oubyen analiz dwòg), lèfini pa genyen okenn deklarasyon ki kapab bay pou elèv la oubyen kont li sof si moun ki ap bay deklarasyon yo prezan.

Genyen twa eksepsyon nan dispozisyon sa a: (a) Elèv temwen/viktim pa oblije la si Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a, espesifikman

deside, aloral oubyen alekri, nan chita-tande a, idantifikasyon elèv temwen an, oubyen prezans yon temwen/viktim ki koni nan chita-tande a, ap mete sekirite fizik elèv la andanje oubyen lakòz entimidasyon. Nan ka sa yo, elèv temwen an kapab founi yon temwayaj alekri oubyen anrejistre, ak siyati li, bay yon ofisyèl lekòl la.

(b) Si genyen yon ka kriminèl annatant, biwo Avoka Piblik yo, kapab mande pou viktim nan pa

temwaye. (c) Nan ka kote yon temwen pa kapab vini nan chita-tande a (pa egzanp li pa jwenn pèmisyon nan

travay li oubyen li pa nan zòn Boston an), temwen an kapab founi yon temwayaj alekri oubyen anrejistre, ak siyati li, bay yon ofisyèl lekòl la.

9.5.5 Dosye. Admiistratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a ap fè yon anrejistreman sou tep nan tout chita-

tande yo ke yo swete ki ap genyen kòm rezilta yon chanjman nan plasman nan edikasyon an (pa egzanp mete deyò, transfè pou disiplin nan nivo elemantè oubyen plasman nan pwogram altènatif nan nivo segondè). Sou demann alekri, si toutfwa yo te fè yon tep, yon kopi tep la dwe disponib pou elèv la oubyen paran an nan lespas senk jou lekòl kòmanse sou jou yo te mande tep la pou yo ka revize li.

9.5.6 Desizyon. Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a ap detèmine si elèv la te komèt yon ofans ki

mande pou yo sispann li jan yo akize li la. Desizyon sa a ap pran san pati pri epi li ap baze sèlman sou prèv.

Page 28: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

28 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 9.6 Konsekans

9.6.1 Si yo detèmine elèv la te komèt yon ofans ki mande pou yo sispann li, epi apre yo te fin eseye altènatif

ki mande pou yo pa mete li aleka daprè Seksyon 4 ak 5 oubyen yo te vrèman konsidere altènatif sa yo epi yo dokimante yo, yo ka sispann elèv la oubyen li kapab jwenn yon transfè pou disiplin, konfòm ak limitasyon ki dekri nan Sekyon 9.3, 10 ak 11.

9.6.2 Si yo enpoze yon sispansyon, Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a ap avèti elèv la aloral,

epi nan 24 èd tan apre chita-tande a, yo ap bay elèv la ak paran li yon avètisman alekri ki dekri zak espesifik ki fè yo sispann elèv la pou li a, dire sispansyon an, ak dat elèv la dwe retounen lekòl, epitou dwa yo genyen pou ale annapèl dapre Seksyon 9.8.

Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a ava fè yon jefò rezonab pou li kominike enfòmasyon ki

dekri nan fraz pi wo yo dirèk-dirèk. Si paran an prezan nan lekòl la, ya bay paran an yon lèt [gade Anèks 3.6, 3.7]. Si paran an pa nan lekòl la, lekòl la ava avèti paran an pa telefòn ak/oubyen pa lèt sètifye yo voye lakay elèv la. Anplis, si elèv la nan lekòl la, elèv la ava resevwa yon lèt tou. Tout korespondans ak elèv la epi paran li apwopo enpozisyon sispansyon an fèt pou yo an Angle epi premye lang ki pale nan kay la, si li diferan.

9.7 Machasuiv Prezans pandan Sispansyon

Yo make yon sispansyon pou rezon prezans “sispann”, ki konparab ak “prezans konstriktif.” Yo pa dwe make elèv ki sispann “absan”. Pou tout elèv yo mete aleka lekòl (sispansyon oubyen mete deyò), Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a ap asire yo elèv la gen opòtinite pou li fè pwogrè akademik pandan peryòd mete aleka a pou li ratrape nan devwa yo epi jwenn kredi li rate yo ak tout, men se pa sa sèlman, devwa lakay, ti tès kout, egzamen ak pwojè li rate.

9.8 Ale Annapèl pou Sispansyon

Nan lespas dis (10) jou lekòl ak lè yo te enpoze sispansyon an, yon elèv oubyen paran li kapab plase yon demann pou ale annapèl ak Ofisye Ale Annapèl Sipèentandan an [gade Egzibisyon 3, Machasuiv Ale Annapèl, Etap pa Etap, paj 34]. Paran kapab mande yon pwolonjman dat limit pou aplike a rive pou jiska sèt (7) jou. Machasuiv yo itilize nan ale annapèl la fèt pou konfòm ak egzijans sa yo:

9.8.1 Espas Tan

Ofisye Chita-Tande a ap fè orè pou annapèl chita-tande a fèt nan lespas twa (3) jou lè yo resevwa demann paran an. Paran an kapab mande yon pwolonjman pou annapèl chita-tande a rive sou sèt jou.

9.8.2 Revizyon Prèv Toudabò, Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a ap adrese Ofisye Chita-tande a enpi li

kapab fè yon rezime prèv ki te prezante pou sispansyon yo nan chita-tande a. Elèv la, paran li ak / oubyen yon reprezantan (ki genyen ladan li tou yon avoka) kapab poze Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a kesyon lèfini adrese Ofisye Chita-tande a sou prèv yo ak èske sanksyon yo enpoze a apwopriye. Elèv la ap gen dwa pou li prezante temwayaj yo potko tande alekri oubyen aloral epi pase temwen ki potko temwaye nan Chita-Tande a an revi. Yo kapab vin ak nenpòt ki prèv ouyben kapab tande nenpòt ki temwen selon volonte Ofisye Chita-Tande a. Elèv yo gen dwa tou pou gen yon avoka. Ofisye Chita-tande a ap sèvi ak prèv ki prezante nan chita tande a epi ale annapèl la pou pran yon desizyon.

Page 29: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 29 Tout temwen k ap bay temwayaj swa pou elèv la osinon kont elèv la ap parèt an pèsòn nan chita-tande

a (eksepte nan ka temwayaj yon espesyalis tankou prèv balistik oubyen analiz dwòg), lèfini pa gen dwa gen okenn deklarasyon ki ka fèt kont elèv la san moun k ap fè deklarasyon an pa la.

Gen twa eksepsyon nan dispozisyon sa a:

(a) Elèv temwen/viktim pa oblije asiyen pou yo la si Ofisye Chita-Tande a, deside klèman, aloral oubyen alekri, nan chita tande a, elèv temwen an, oubyen prezans yon temwen yo konnen/viktim nan chita-tande a, t ap mete sekiritie fizik li an danje oubyen koze entimidasyon. Nan ka sa yo, elèv temwen an kapab soumèt bay yon ofisyèl lekòl la, yon temwayaj alekri oubyen anrejistre ak siyati li.

(b) Si yon ka kriminèl ap tann, biwo Komisè Gouvènman an kapab mande pou viktim nan pa temwaye.

(c) Nan ka kote temwen yo pa kapab vin nan chita-tande a (tankou pa egzanp yo pa kite yo soti nan travay oubyen yo pa nan zòn Boston), temwen an kapab soumèt bay Ofisye Chita-Tande a temwayaj li alekri oubyen anrejistre, ak siyati li.

9.8.3 Desizyon Ofisye Chita-tande a ava anrejistre sa li jwenn yo. Kopi desizyon an ak tout kopi nenpòt dokiman ki

enpòtan ki te prezante bay pandan chita-tande a ava ale nan dosye elèv la, epi voye yo pa lapòs pou elèv la, paran elèv la, ak Administratè Lokal la oubyen moun ki gen dwa a pou dosye a. Desizyon sa a ava kominike bay Paran/Responsab/Èd ki otorize a, elèv la ak Administratè Lokal la nan lespas senk (5) jou lè chita-tande a te fèt la. Si Ofisye Chita-tande a detèmine pat genyen okenn vyolasyon Kòd la epi yo pa te ni eseye ni dokimante okenn mezi ki pou pa mete elèv la aleka, epi elèv la ak/oubyen paran li pat avèti dapre Kòd la lèfini sa debouche sou yon vyolasyon dwa elèv la pou li genyen yon machasuiv anbònedifòm, kidonk pa genyen okenn dosye ni dokimantasyon sou sispansyon an ki kapab plase nan dosye elèv la oubyen kominike bay okenn moun eksepte moun ki genyen dwa a resevwa yon kopi daprè Seksyon sa a. Si sispansyon an potko fini, enben Ofisye Chita-tande a kapab detèmine se pou elèv la readmi menm kote a.

Page 30: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

30 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

EGZIBISYON 2: Modèl ki Sijere pou Administratè Lokal Kòm Ofisye Chita-tande Kondui yon Chita-Tande pou

Sispansyon – SAN Chanjman nan Plasman

[PA genyen Egzijans pou Anrejistreman sou tep.]

Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a: Bonjou. Non mwen se ________. Mwen se Direktè Lekòl ____________. Mwen pral sèvi kòm Ofisye Chita-

tande pou pwoblèm sa a. Rezon chita-tande sa a se pou konsidere posibilite pou yon [sispansyon/sipsansyon manch long ___________

(elèv) pou swadizan vyolasyon Kòd Konduit la Seksyon _____, ki rele ___________________ (dekri swadizan ofans la).

[Pou tout ofans ki pa tonbe anba Seksyon 7.1.3 gen sa yo] Toudabò, m ap pataje ak ou tout prèv entèvansyon konpòtman altènatif nou te eseye ak (elèv) [pataje

dokimantasyon apwòch ki pa mete aleka yo te eseye anvan yo te konsidere sispansyon/sispansyon manch-long]

Administratè Lokal la oubyen Moun ki Gen Dwa a adrese paran/reprezantan: Èske ou te resevwa nòt avètisman pou chita-tande sa a? [paran reponn.] Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a adrese paran/reprezantan: Èske ou bezwen entèprèt? [paran reponn.] Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a adrese tout moun ki prezan: Anvan nou kòmanse li enpòtan pou nou pale sou regleman debaz yo pou chita-tande a. Mwen se Ofysye Chita-

tande a, kidonk se mwen ki anchaj pou mennen chita-tande a. Lekòl la ap prezante ka pa li a an premye. Mwen ap rele temwen yo vin nan chanm chita-tande a youn pa youn. [Elèv temwen/viktim pa bezwen la obligatwaman si administratè a te deside, aloral oubyen alekri, idantifikason ak/oubyen prezans temwen/viktim ta kapab mete sekirite fikiz yo andanje gade Seksyon 9.5.4]. Temwen an ap bay pwòp vèsyon pa li sou evenman yo. Mwen kapab genyen kèk kesyon. Lè mwen fini ak kesyon mwen yo, ou menm kòm paran/reprezantan ap genyen opòtinite pou poze temwen an kesyon. Lè temwen sa a fini, nou ap voye li ale enpi lòt temwen an ap vin bay temwayaj pa li. Nou ap kontinye konsa pou jiskaske tout temwen yo fin temwaye.

Lè tout temwen pou lekòl la fini, ou ap genyen opòtinite pou prezante temwen pa ou. Elèv la tou ap genyen

opòtinite pou bay pwòp deklarasyon pa li sou evenman yo, [sonje li genyen dwa anba lwa Miranda, ke twemwayaj sa a kapab itilize nan yon lòt dat nan yon tribinal sivil oubyen kriminèl]. Si akize a chwazi pou li pa temwaye, refi sa a pa vle di li antò. Sepandan, mwen ap pran yon desizyon baze sou temwayaj yo prezante devan mwen yo.

Èske ou genyen okenn kesyon? Kounye a mwen ap rele premye temwen an. Premye temwen idantifye tèt li epi bay temwayaj. Nan finisman an, Adminitratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a asire li kesyon sa yo te reponn nan temwayaj temwen an: K. Ki moun ki te patisipe nan evenman an? K. Kilè sa te pase? K. Ki kote sa te pase? K. Kisa ki te pase? K. Kisa ki te lakòz sa te pase, si li okouran?

Page 31: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 31 Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a adrese paran/reprezantan: Eske ou genyen okenn kesyon pou temwen an? Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a, apre temwen an fini: Mèsi. Souple èske ou kapab mande ________ (pwochen temwen an) pou li vini? Administratè oubyen Moun Ki Gen Dwa a adrese paran/reprezantan, lè lekòl la fin prezante ka li a: Èske ou genyen okenn temwen pou prezante? Si wi epi paran/reprezantan prezante temwen yo, Adminitratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a poze menm

tip kesyon li te poze nan temwayaj anvan yo nan finisman an. Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a adrese elèv la, lè ka paran/reprezantan an fini: Èske ou swete temwaye pou tèt tou? Rakonte nou kisa ki te pase? Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a fèt pou li poze elev la kesyon kle sa yo nan fen temwayaj la: K. Èske ou te komèt ofans la? K. Poukisa ou te komèt li? K. Èske ou te di sa? K. Poukisa ou te di sa? POU YON ELÈV AK ENFIMITE: Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a adrese ETF la: Èske ____________ (elèv) sijè a Kòd Konduit Lekòl Piblik Boston? ETF idantifye tèt li epi reponn: Ekip la te rankontre epi fè detèminasyon ki apwopriye pou elèv la ki sijè a tout dispozizyon ki nan Kòd Konduit

la. Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a nan fen chita-tande a: SI PRÈV YO SIPÒTE YON SISPANSYON/SISPANSYON MANCH LONG: Apre mwen fin tande temwayaj tout temwen yo, mwen jwenn ase prèv ke __________ (elèv) te komèt yon

vyolasyon pou sispann li dapre Kòd Konduit, Seksyon ____. Kidonk, mwen ap sispann ______ (elèv) pou peryòd ki ap kòmanse _____, 20 ____, epi ki ap fini _____, 20___.

Ou genyen dwa pou ale annapèl pou sispansyon sa a nan lespas dis (10) jou lekòl depi ou gen dwa pou mande

epi jwenn yon pwolonjman pou jiska sèt (7) jou. Ale annapèl sa a dwe alekri epi voye li bay Ofisye Ale Annapèl Sipèentandan an nan 26 Court St., Boston 02108, oubyen faks an 617-635-7959.

You gen dwa tou pou fè pwogrè akademik pandan peryòd sispansyon an pou ratrape devwa ak jwenn kredi ou

te rate yo, ak tout, men se pa sa sèlman devwa lakay, ti tès kout, egzamen, papye ak pwojè ou te rate. Èske genyen lòt kesyon? Si pa genyen lòt kesyon, mwen ap fini ak chita-tande sa a.

Page 32: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

32 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

EGZIBISYON 3: Machasuiv Ale Annapèl, Etap pa Etap:

Sispansyon, Sispansyon Manch Long, Sispansyon Nètale, ak Transfè pou Disiplin/Plasman nan Pwogram Altènatif

Gade Seksyon 10, 11 ak 12 Kòd Konduit la pou konplete machasuiv la. ETAP 1 Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a mete randevou pou chita tande epi voye li

oubyen bay paran lèt Nòt Avètisman Chita-Tande Pou Disiplin (Anèks 3.1 oubyen 3.4) epi Nòt Renonsman Paran pou Chita-tande pou Disiplin (Anèks 3.2)

ETAP 2 Chita-tande pou Disiplin nan fèt (sof si paran an renonse dwa li pou yon chita-tande). ETAP 3 Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a enfòme paran an sou desizyon an ak dwa

paran an pou ale annapèl sou desizyon an (Anèks 3.6, 3.7, 3.8, 3.9, 3.10 oubyen 3.11). Nan chita-tande a, ak/oubyen nan lèt si paran an pa te vini nan chita-tande a, avèti paran an si li vle ale annapèl kont askyon pou disiplin nan, li fèt pou li fè sa nan dis (10) jou lekòl depi li te mande yon pwolonjman nan lespas sèt (7) jou. Demann ale annapèl sa a dwe fèt pou li alekri epi li voye oubyen faks bay:

Superintendent’s Hearing Officer (Ofisye Chita-Tande Sipèentandan) Boston Public Schools 26 Court Street Boston, MA 02108 FAX 617-635-7959 ETAP 4 Nan de jou tout chita-tande pou displinin EKSEPTE sispansyon (kout), Administratè Lokal la

oubyen Moun Ki Gen Dwa a dwe soumèt Demann pou Revizyon bay Lidè Operasyon an (Anèks 4.1 oubyen 4.2) ak tout lòt dokiman ki enpòtan. Anvan yon elèv nan Jadendanfan rive nan 3zyèm ane sispann, Administratè Lokal la dwe notifiye Sipèentandan an alekri sou swadizan move konpòtman an epi rezon ki fè gen yon sispansyon deyò lekòl la.

ETAP 5 Si paran an soumèt yon demann ale annapèl pou aksyon disiplin, Ofyse Chita-tande a avèti

Administratè a ak Lidè Operasyon yo sou demann nan. ETAP 6 Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a voye tout dokimantasyon sou premye chita-

tande pou sispansyon an bay Ofisye Chita-tande a. Lekòl la kenbe yon dosye ki genyen yon kopi tout dokimantasyon ak korespondans.

ETAP 7 Ofisye Chita-tande a revize dokimantasyon yo epi fè orè ale annapèl chita-tande a nan lespas

twa (3) jou sof si Paran/Responsab/Èd ki otorize a oubyen elèv la mande yon pwolonjman anplis jiska sèt (7) jou lèfini avèti patisipan yo. Paran an dwe akonpaye ak yon moun ki pou defann dwa li oubyen yon defansè osinon yon avoka. Administratè Lokal la oubyen direktè pwogram nan fèt pou la.

ETAP 8 Ofisye Chita-tande a tande ka a, pran yon desizyon epi avèti (alekri) tout patisipan kisa li jwenn

alekri. Desizyon an ap pran pandan senk (5) jou distans lè ale annapèl la te fèt la.

Page 33: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 33 Seksyon 10 SISPANSYON MANCH LONG AK SISPANSYON NÈTALE: DEFINISYON AK MACHASUIV

10.1 Definisyon ak Rezon

10.1.1 Sispansyon manch-long vle di mete yon elèv aleka nan aktivite regilye lekòl la pou yon peryòd tan ki

pi long pase yon sispansyon regilye (kout). Sispansyon manch long ap genyen ladan li nenpòt ki sispansyon “anndan lekòl”. [Gade Seksyon 9 pou definisyon ak machasuiv pou sispansyon].

10.1.2 Administratè Lokal la kapab enpoze sispansyon manch long pou yon elèv ki kontinye ap vyole Seksyon

7 Kòd la, malgre li te deja sijè pou yo pran aksyon kont li daprè Sekyon 3, 4, ak 5. Yo kapab enpoze yon sispansyon manch long si, Administratè a jije, yon grenn ofans ki mande pou sispansyon tèlman grav li kapab konstitiye yon menas pou sekirite fizik lòt moun.

10.1.3 Sispansyon nètale vle di mete yon elèv aleka nan aktivite regilye lekòl la pandan yon peryòd nètale lè

elèv la te akize pou yon krim, epi Administratè Lokal al jije, prezans elèv la genyen, epitou ap kontinye genyen, yon efè detrimantal sou byennèt lekòl la an jeneral. Sispansyon an ap kontinye pou jiskaske genyen yon desizyon ki pran sou ka a. [Gade Seksyon 7.5]

10.2 Machasuiv Anbònedifòm

10.2.1 Lakou Siperyè nan Masachousèt ak tout Lakou Siprèm Etazini toulede konfime obligasyon pou yon

machasuiv anbònedifòm nan chita-tande anndan lekòl. Li nesesè lè genyen yon chita-tande pou sispansyon manch long pou suiv yon machasuiv anbònedifòm sinon yo kapab deklare machasuiv la envalid.

10.2.2 Yo pa kapab enpoze okenn sispansyon manch long anvan yo avèti paran an epi Administratyè Lokal la

te mennen yon chita-tande konfòm ak Sekyon 9.5. 10.3 Frekans ak Dire Sispansyon Manch Long

10.3.1 Pou yon elèv ki genyen kenz zan oubyen pi piti, yon sispansyon manch long kapab dire plis pase twa

(3) jou, men li pa dwe depase sis (6) jou. Pou yon elèv ki genyen sèz zan oubyen pi gran, sispansyon manch long lan kapab dire plis pase senk (5) jou men li pa dwe depase dis (10) jou. Sispansyon manch long kapab genyen ladan li sispansyon “anndan” lekòl.

10.3.2 Administratè Lokal la dwe mete tout lè elèv la te sispann epi li pat nan lekòl la nan sanksyon

sispansyon manch long nan anjeneral. 10.3.3 Yon elèv pa dwe sispann de fwa pou menm ensidan an. 10.3.4 Konfòm ak Lalwa Jeneral nan Masachousèt Chapit 71, Seksyon 37H ½, epi nan konsiltasyon avèk Lidè

Operasyon ki apwopriye a, Administratè Lokal la ap detèmine dire sispansyon an pou elèv yo sispann daprè Sekyon 7.5.1: akize yon krim grav oubyen krim delenkans.

10.3.5 Kanta pou elèv ak enfimite, sispansyon youn sou lòt pa kapab depase dis (10) jou lekòl nan yon ane

lekòl san yo pa suiv machasuiv ki tabli nan Sekyon 15. 10.4 Sizoka yo ta sispann yon elèv ak enfimite yo pat idantifye pandan plis pase senk (5) jou pandan yon tèm (45

jou) oubyen mete li aleka nan lekòl la, Administratè Lokal la oubyen reprezantan li dwe detèmine nan lespas senk (5) jou lè sa fèt la si li apwopriye ou non pou rekòmande elèv la bay Ekip Sipò Elèv la oubyen pou yon

Page 34: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

34 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

evalyasyon edikasyon espesyal lèfini enfòme paran an alekri: 1.) si yo antreprann refere elèv la, epi 2.) dwa paran an pou li mande pou yo refere li.

10.5 Machasuiv Suiv machasuiv ki tabli nan Seksyon 9.4 pou rive nan 9.7: Machasuiv Anvan Chita-tande pou

Sispansyon, Machasuiv pou Mennen yon Chita-tande pou Sispansyon, Konsekans, ak Machasuiv Pandan Sispansyon.

Gade Egzibisyon 2, Modèl ki Sijere pou Mennen yon Chita-tande pou Sispansyon paj 30-31.

10.6 Demann pou Revizyon

10.6.1 Pa pita pase de (2) jou lekòl apre chita-tande sispansyon manch long nan, Administratè Lokal la dwe soumèt fòm nan, Demann pou Revize [Anèks 4.1 osinon 4.2] bay Lidè Operasyon an, ak tout dokiman yo ladann. Dokiman sa yo dwe genyen ladan yo Lèt Nòt Avètisman Chita-tande pou disiplin, Lèt Nòt Avètisman pou Sispansyon Manch Long, ak rekòmandasyon pou dire sispansyon manch long nan, dosye elèv la (adrès, kanè, ak relve nòt) ak yon kasèt anrejistreman chita-tande a si yo te egzije youn daprè Seksyon 9.5.5, ak tout lòt dokiman andiplis ki genyen arevwa ak ensidan an. Se Administratè Lokal la ki fèt pou li konplete epi siyen Demann pou Revize a.

10.6.2 Lidè Operasyon an ap revize ka a ak tout dokiman yo pou wè si machasuiv ak prèv yo te konfòm ak

Kòd Konduit la. Pa pita pase twa (3) jou lekòl apre li te fin resevwa Demann pou Revize ak tout dokiman yo, Lidè Operasyon an fèt pou deside swa pou kite desizyon Administratè Lokal la jan li ye a osinon pou li ranvèse li.

10.6.3 Si Lidè Operasyon an sipòte sispansyon manch long nan, li avèti Administratè Lokal la. Administratè

Lokal la dwe avèti paran an alekri imedyatman, nan premye lang yo pale nan kay la. 10.6.4 Lidè Operasyon an kapab ranvèse desizyon Administratè Lokal la si machasuiv yo, sitou si yo aplikab a

machasuiv anbònedifòm—pa egzanp, egzijans pou nòt avètisman ak prèv—te suiv. 10.7 Annapèl pou Sispansyon Manch Long Suiv machasuiv daprè Seksyon 9.8, Ale annapèl pou Sispansyon. Gade Egzibisyon 3, paj 32. Seksyon 11 TRANSFÈ POU DISIPLIN/PLASMAN NAN PWOGRAM ALTÈNATIF: DEFINISYON AK

MACHASUIV

11.1 Definisyon ak Rezon Administratè Lokal la, nan fen chita-tande pou disiplin, kapab rekòmande Sipèentandan an (oubyen reprezantan li) yon transfè pou disiplin pou yon elèv lè elèv la kontinye ap vyole Sekyon 7 Kòd sa a, malgre li te deja sijè pou yo pran aksyon kont li daprè Sekyon 3, 4, ak 5, ki mande pou machasuiv aksyon pwogresis pou disiplin. Rekòmandasyon pou transfè pou disiplin ava genyen ladan li deklarasyon jan sa te pase nan ka a ak rezon pou transfè pou disiplin, olye yon sispansyon oubyen yon mete aleka, jan Seksyon 11.1.3 mande li a. Yo kapab rekòmande yon transfè pou disiplin, si Administratè Lokal la jije, apre chita-tande pou sispansyon an fini, yon grenn ofans lan si tèlman grav li kapab konstititye yon menas pou sekirite fizik lòt moun.

Page 35: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 35 11.1.1 Yo kapab transfere yon elèv ki nan nivo elemantè, sou baz disiplin, nan yon lòt lekòl piblik Boston ki

ofri menm pwogram akademik la. Yo pap kapab bay lòd transfè sa a, si li kapab dirèkteman oubyen endirèkteman lakòz elèv la soufri yon sanksyon akademik.

11.1.2 Yo kapab voye yon elèv ki nan nivo segondè, sou baz disiplin, sèlman nan yon pwogram altènatif pou

elèv ki dezòd. 11.1.3 Yon transfè pou disiplin kapab kreye yon gwo-gwo dezòd nan edikasyon yon elèv. Konsa, yo pa kapab

otorize li sof si Administratè Lokal la deklare alekri: (1) seryozite nati ofans la (2) tout jefò ki te fèt anvan yo pou te adrese konpòtman ki inapwopriye elèv la (3) rezon ki fè yo ap rekòmande yon transfè pou disiplin olye yon lòt fòm disiplin (4) konfimasyon paran an te avèti, anvan chita-tande sispansyon an (5) yon plasman ki apwopriye pou elèv la, jan yo detèmine baze sou rankont ak Lidè Operasyon yo epi biwo Planifikasyon Anwolman ak Sipò.

11.2 Frekans ak Dire Transfè a

11.2.1 Lòt transfè pou disiplin ki pa pwogram altènatif pou edikasyon espesyal, ava limite pou youn pa elèv pa

ane. 11.2.2 Premye plasman yon elèv dezòd nan yon pwogram altènatif ava fèt pou rès ane akademik la pou ofans

ki make nan 7.1.3, men pou pa depase 90 jou lekòl pou tout lòt ofans. Nan fen ane akademik la, Administratè Lokal lekòl ki te voye elèv la, paran an, ak Direktè Pwogram pwogram altènatif la ava revize plasman an pou wè ki plasman kap satisfè bezwen elèv la alavni. Men opsyon pou plasman alavni yo: 1) retounen nan lekòl ki te voye li a; 2) transfè nan yon lòt lekòl; 3) kontinye nan pwogram edikasyon altènatif la. Lè peryòd transfè disiplinè a fini, yon elèv ki ale nan yon pwogram altènatif ap retounen nan lekòl ki te voye li a baze sou yon plan devlopman re-antre Sant Konsèy ak Entèvansyon ak Chwa Edikatif voye. Y ap konsidere rekòmandasyon Administratrè Lokal lè y ap detèmine ki plasman k ap pi bon pou elèv la.

Page 36: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

36 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

EGZIBISYON 4: Modèl ki Sijere pou Administratè Lokal la kòm Ofisye Chita-tande Kondui yon Chita-tande pou Disiplin pou Rekòmande Chanjman Plasman: Transfè Disiplin (Jadendanfan-5yèm Ane); Plasman nan Pwogram

Altènatif (6yèm-12yèm Ane); Sispansyon Nètale; oubyen Mete Deyò

[Louvri kasèt tep la.]

Administratè Lokal la: Bonjou. Non mwen se ________. Mwen se Direktè Lekòl ____________. Mwen pral sèvi kòm Ofisye Chita-

tande pou pwoblèm sa a. Jodi a se ___, 20___. Lè a se ______ A.M./P.M. Chita-tande sa a ap kondui nan _______________ (lokal).

Rezon chita-tande sa a se pou nou ka konsidere yon posiblite pou yon (a) transfè pou disiplin (nivo elemantè) / (b) transfè nan yon pwogram altènatif (nivo segondè) (c) sispansyon nètale (d) mete deyò _____________ (elèv) pou swadizan vyolasyon Kòd Konduit Sekyon ________, ki rele __________________ (dekri swadizan ofans).

[Pase fèy-siyen pou tout moun ki la prezan kapab siyen].

Administratè Lokal: Moun ki prezan yo èkse yo ka idantifye tèt yo souple pou nou ka mete nan dosye a?

Si yo akize elèv la ak yon ofans kriminèl, Administratè Lokal la adisyone: Kòm Ofisye Chita-tande a, mwen fèt pou mwen avèti ou nou kapab jwenn manda pou remèt dosye sa a nan

tribinal. Kidonk, si ou (elèv) vle fè silans ou, ou kapab fè sa, epi nou pap entèprete silans ou fè a kòmkwa ou admèt ou antò.

Administratè Lokal la adrese paran/reprezantan: Èske ou te resevwa nòt avètisman pou chita-tande sa a pou konsidere [nonmen sankyon an, pa egzanp transfè

pou disiplin]? Èske ou resevwa nòt avètisman sou dwa ou genyen pou genyen moun ki pou reprezante ou?

Apre paran/reprezantan fin reponn, ajoute: Kite dosye a montre ke Paran/Responsab/Èd ki otorize a ______________ [non] reponn afimativman.

Administratè Lokal la adrese paran/reprezantan: Èske ou genyen bezwen pou sèvis entèprèt?

Apre paran/reprezantan an reponn, ajoute: Kite dosye a montre Paran/Responsab/Èd ki otorize a ______________ [non] reponn __________.

Administratè Lokal la adrese tout moun ki prezan Anvan nou kòmanse, li enpòtan pou nou pale sou regleman debaz yo pou chita-tande a. Mwen se Ofysye Chita-

tande a, kidonk se mwen ki anchaj pou kondui chita-tande a. Lekòl la ap prezante ka pa li a an premye. Mwen ap rele temwen yo vin nan chanm chita-tande a youn pa youn. [Elèv temwen/viktim pa bezwen la obligatwaman si administratè a te deside, aloral oubyen alekri, idantifikason ak/oubyen prezans temwen/viktim yo ta kapab mete sekirite fikiz yo andanje: gade Seksyon 9.8.2.]. Temwen yo ap bay pwòp vèsyon pa yo sou evenman yo. Mwen kapab genyen kèk kesyon. Lè mwen fini ak kesyon mwen yo, ou menm kòm paran / reprezantan ap genyen opòtinite pou poze temwen yo kesyon. Lè temwen sa a fini, nou ap voye li ale enpi lòt temwen an ap vini bay temwayaj pa li. Nou ap kontinye konsa pou jiskaske tout temwen yo fin temwaye.

Page 37: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 37 Lè tout temwen pou lekòl la fini, ou ap genyen opòtinite pou prezante temwen. Elèv la ap genyen opòtinite pa li tou pou bay pwòp vèsyon pa li sou sa ki te pase yo.

Sonje li genyen dwa anba lwa Miranda, ke twemwayaj sa a kapab itilize nan yon lòt dat nan yon tribinal sivil oubyen kriminèl. Si akize a chwazi pou li pa temwaye, refi sa a pa vle di li antò. Sepandan, mwen ap pran yon desizyon baze sou temwayaj yo prezante devan mwen yo.

Nou ap anrejistre chita-tande sa a pou pwoteksyon tout moun ki konsène yo. Ou ap genyen dwa pou jwenn yon kopi tep la nan senk jou konlikzyon chita-tande sa a si toutfwa ou ta mande sa alekri.

Èske ou genyen kesyon? Kounye a mwen ap rele premye temwen an.

Premye temwen an idantifye tèt li sou tep pou rezon anrejistreman epi bay temwayaj li. Alafen, Administratè Lokal la asire li kesyon sa yo reponn nan temwayaj temwen an: K. Ki moun ki te patisipe nan sa ki te pase a? K. Kilè sa te pase? K. Ki kote sa te pase? K. Kisa ki te pase? K. Kisa ki te lakòz sa te pase, si li okouran?

Administratè Lokal adrese paran/reprezantan: Eske ou genyen okenn kesyon pou temwen an?

Administratè Lokal la, apre temwen an fini: Mèsi. Souple èske ou kapab mande ________ (pwochen temwen an) pou li vini?

Fèmen tep la pou jiskaske pwochen temwen an pare. Suiv menm machasuiv la pou lòt temwen ki suiv yo.

Administratè Lokal la adrese paran/reprezantan an, lè lekòl la fin prezante ka li a: Èske ou genyen okenn temwen pou prezante?

Si wi epi paran/reprezantan an prezante temwen yo, Administratè Lokal la poze menm kalite kesyon li te poze nan temwayaj anvan yo nan fen temwayaj la.

Administratè Lokal la adrese elèv la, lè ka paran/reprezantan an la fini: Èske ou swete temwaye pou tèt ou? Rakonte nou kisa ki te pase?

Administratè Lokal la fèt pou li poze elèv la kesyon nou pwente la yo nan fen temwayaj la: K. Èske ou te komèt ofans la? K. Èske ou te di sa? Poukisa K. Poukisa ou te fè sa?

POU YON ELÈV AK ENFIMITE: Administratè Lokal la adrese ETF la: Èske ____________ (elèv) sijè a Kòd Konduit Lekòl Piblik Boston?

ETF idantifye tèt li sou tep epi reponn: Ekip la te rankontre epi te fè detèminasyon ki apwopriye pou elèv sa a ki sijè a tout dispozizyon ki nan Kòd

Konduit la.

Page 38: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

38 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 Administratè Lokal la nan fen chita-tande a: 1. SI PRÈV YO SIPÒTE YON TRANSFÈ POU DISIPLIN/PLASMAN NAN PWOGRAM ALTÈNATIF: Apre m fin tande temwayaj tout temwen yo, mwen jwenn ase prèv ke __________ (non elèv la) te komèt yon

vyolasyon kont Kòd Konduit, Seksyon ____. Kidonk, mwen ap rekòmande pou (elèv) jwenn yon transfè pou [Jaden danfan-5yèm Ane] nan yon lòt lekòl elemantè / [6yèm-12yèm ane] nan yon pwogram edikasyon altènatif ki apwopriye. Lidè Operasyon yo ap revize desizyon sa a nan senk jou. Mwen ap fè ou konnen rezilta yo alekri.

2. SI PRÈV YO SIPÒTE YON SISPANSYON NÈTALE: Apre mwen fin tande temwayaj tout temwen yo, mwen jwenn ase prèv ________ (elèv) te komèt yon vyolasyon kont Kòd Konduit la, Seksyon _______. Mete sou sa, _________ (elèv) te akize ak yon plent pou krim grav/krim delenkans. Kidonk, mwen ap rekòmande yon sispansyon nètale pou jiskaske yo jije akizasyon yo. Lidè Operasyon yo ap revize jijman sa a nan senk jou. Mwen ap fè ou konnen rezilta yo alekri.

3. SI PRÈV YO SIPÒTE YON METE DEYÒ: Apre mwen fin tande temwayaj tout temwen yo, mwen jwenn ase prèv ____________ (elèv) te komèt yon vyolasyon kont Kòd Konduit la, Seksyon _________ ki pou fè nou mete li deyò. Lidè Operasyon yo ap revize tep la ak tout rapò ki genyen arevwa ak ka sa a nan senk jou. Pandan nou ap rete tann desizyon Lidè Operasyon yo, _________ (elèv) ap retounen nan sant Konsèy ak Entèvansyon.

Mwen ap fè ou konnen alekri sou desizyon pou mwen mete __________ (elèv) deyò ou pa pandan li nan Sant Konsèy ak Entèvansyon an.

Administratè Lokal la adrese tout moun ki prezan yo: Ou genyen dwa pou ale annapèl pou askyon sou disiplin sa a nan dis jou lekòl. Demann ale annapèl la dwe fèt

alekri epi voye bay Ofisye Chita-tande Sipèentandan an nan 26 Court St., Boston 02108, oubyen faks nan 617-635-7959.

Èske genyen lòt kesyon? Si pa genyen lòt kesyon, souple verifye adrès ou ak nimewo telefòn ou anvan mwen fini chita-tande sa a.

Lè a se: _____A.M./P.M.

[Fèmen tep anrejistreman an]

Page 39: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 39

11.3 Machasuiv pou Rekòmande yon Transfè pou Disiplin

Si Administratè Lokal la vle rekòmande yon transfè pou disiplin, rekòmandasyon an dwe fèt pandan chita-tande pou disiplin elèv la, daprè Seksyon 9 (sispansyon) oubyen Seksyon 10 (sispansyon manch long). Pa genyen yon chita-tande apa pou rekòmande yon transfè pou disiplin. Rekòmandasyon pou transfè pou disiplin dwe genyen yon deklarasyon sou sak pase nan ka a ak tout rezon pou transfè pou disiplin nan, olye yon sispansyon oubyen yon mete aleka, jan Sekyon 11.1.3 egzije sa. Chita-tande pou rekòmande yon transfè pou disiplin/plasman nan pwogram altènatif dwe anrejistre. Gade Egzibisyon 4, Modèl ki Sijere…. pou Chita-tande pou Disiplin ki Rekòmande yon Chanjman nan Plasman, paj 36-38. Tout dokimantasyon ki sipòte rekòmandasyon an dwe ale jwenn biwo Sipèentandan an pa pita pase 24 èd tan apre chita-tande sipsansyon an, yon fason pou Sipèentandan an (oubyen reprezantan li) kapab revize li epi pran yon desizyon byen rapid.

11.4 Nòt Avètisman pou Paran

Administratè Lokal la ava suiv dispozisyon ki pran nan Seksyon 9.4 ki genyen arevwa ak avèti paran sou entansyon pou rekòmande yon transfè pou disiplin. Administratè Lokal pa kapab rekòmande yon transfè pou disiplin sof si yo te avèti paran an sou entansyon sa a anvan chita-tande a [Gade Anèks 3.1].

11.5 Demann pou Revize Suiv machasuiv ki tabli nan Seksyon 10.6, Demann pou Revize.

11.6 Ale Annapèl pou yon Transfè Disiplin Suiv machasuiv ki tabli nan Seksyon 9.8 Ale Annapèl pou Sispansyon. Gade Egzibisyon 3, paj 32.

11.7 Kritè pou Revize: Transfè pou Disiplin Ofisye Chita-tande a ava espesifikman detèmine si genyen ase prèv te genyen yon vyolasyon epitou yon transfè pou disiplin apwopriye.

Seksyon 12 SISPANSYON KI AKIMILE 12.1 Apre yon elèv te fin pran yon sispansyon oubyen yon sispansyon manch long de fwa nan yon tèm oubyen yon

total kenz (15) jou lekòl oubyen kat (4) fwa nan yon ane lekòl, kèlkilanswa sa ki rive anvan an, Administratè Lokal la (pa kapab genyen yon delege pou tach sa a) ava kondui yon reyinyon pou eksplore solisyon ki pa la pou pini pou pwoblèm ki debouche sou sispansyon yo. Pa genyen okenn lòt sispansyon ki ka bay, eksepte yo ka otorize yon sispansyon an ijans, jiskaske yo fè reyinyon sa a oubyen refize fè li. Administratè Lokal la ava envite moun sa yo nan reyinyon an: elèv la, paran elèv la, yon konseye lekòl la ak lòt pwofesyonèl ki apwopriye elèv la oubyen paran an envite, nenpòt ki mèt/matmwazèl oubyen yon estaf ki rekòmande pou yo sispannn elèv la plis pase yon fwa, epitou nenpòt lòt manb nan estaf la yo estime prezans li apwopriye.

12.2 Yo va voye yon nòt avètisman alekri bay elèv la ak paran an omwens senk (5) jou lekòl anvan reyinyon an. Yo va avèti elèv la ak paran li sou dwa yo genyen pou envite nenpòt moun yo vle, swa nan sistèm lekòl la oubyen andeyò sistèm lekòl la, yo estime ki kapab itil nan diskite konpòtman elèv la.

Page 40: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

40 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

Nan reyinyon an, pwen sa yo ava fè pati solisyon ki pa la pou pini yo nan diskisyon an:

12.2.1 ajisteman nan orè klas; 12.2.2 konseye pwofesyonèl oubyen kanmarad-konseye; 12.2.3 refere bay yon ajans sèvis sosyal; 12.2.4 konsiderasyon pou rekòmandasyon bay ekip evalyasyon an petèt pou klasifikasyon kòm elèv ki genyen

bezwen espesyal; 12.2.5 leson patikilye ak lòt fòm asistans akademik. 12.3 Pa genyen okenn aksyon ki ka pran baze sou reyinyon sa a eksepte ak konsantman elèv la ak paran an. Nan

48 èd tan apre reyinyon an, Administratè Lokal la ava voye lèt ki dekri solisyon, si genyen, ke yo te dakò sou yo a nan reyinyon an, bay elèv la ak paran an, paran an oubyen lekòl la fèt pou fè suivi solisyon sa yo.

12.4 Nan ka kote yo rekòmande sispansyon plis pase senk (5) jou lekòl nan yon tèm pou nenpòt ki elèv, transfè pou

disiplin, oubyen mete deyò, Administratè Lokal la ava detèmine si yo ta dwe rekòmande elèv la bay Ekip Sipò Elèv kòm youn nan aspè anvan rekòmandasyon yo.

12.5 Kanta pou elèv ak enfimite, sispansyon youn sou lòt pa kapab depase dis (10) jou lekòl nan yon ane lekòl san yo pa suiv machasuiv ki tabli nan Seksyon 15.

Seksyon 13 METE DEYÒ: DEFINISYON AK MACHASUIV

13.1 Definisyon Mete Deyò

Mete deyò vle di yon mete aleka nan prezans lekòl la ak lòt privilèj lekòl la pou plis pase ten (10) jou lekòl youn apre lòt rive sou yon ane. Sepandan, nan ka elèv ak enfimite, aksyon sa a ka pran sèlman apre yon Ekip detèmine konduit ki an kesyon an se pa yon manifestasyon enfimite elèv la. Anplis, pandan nenpòt ki peryòd mete deyò a, elèv la dwe resevwa yon edikasyon piblik gratis ki apwopriye [Gade Seksyon 15—Elèv ak Enfimite]. Lè peryòd mete deyò a fini, yo ap reprann elèv yo te mete deyò a nan lekòl nan yon lekòl baze sou plan re-antre Sant Konsèy ak Entèvansyon ak Chwa Edikatif la. Y ap konsidere rekòmandasyon Administratè Lokal la lè y ap detèmine ki plasman ki pi bon pou elèv.

Page 41: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 41

EGZIBISYON 5: Delè Rekòmande pou Machasuiv Mete Deyò DELÈ AKSYON KÒD KONDUIT ANÈKS # _________________________________________________________________________________________________ Jou Ensidan • Sispansyon an Ijans (pa obligatwa) • Lèt Nòt Avètisman Paran pou Chita-tande pou Disiplin …………………………………… 3.1 oubyen 3.4 • Lèt pou Renons Paran oubyen Dwa pou Chita-tande pou Disiplin ………………………………..……..3.2 _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #1 • Chita-tande pou sispansyon fèt (sof si paran renonse dwa li pou chita-tande) • Voye lèt bay paran: Nòt Avètisman pou Sispansyon ………………………………………3.6 oubyen 3.7 • Sispansyon • Orè pou Sant Konsèy ak Entèvansyon (CIC) • Si sa aplikab, avèti Lidè Operasyon yo ak Sekirite re. Eprèv/Tès Balistik _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #2 • Sispansyon • Si se yon sispansyon manch long oubyen sispansyon nètale osinon transfè/Plasman nan Pwogram Altènatif: voye pake a bay Lidè Operasyon yo pou revize…………………………………. 5.1 oubyen 5.2 _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #3 • Sispansyon (dènye jou pou elèv pi piti pase 16 zan) • Lèt Nòt Avètisman pou Chita-tande pou mete deyò bay paran (pi piti pase 16 zan)…….….…….. 3.3 _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #4 • Plasman nan CIC kòmanse (pi piti pase 16 zan) • Si pa genyen rekòmandasyon pou CIC: retounen lekòl (pi piti pase 16 zan) • Sispansyon an kontinye (16 zan oubyen pi gran) _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #5 • Sispansyon: dènye jou (16 zan ak pi gran) • Lèt Nòt Avètisman pou Mete Deyò pou paran (16 zan ak pi gran) ……………………………….. 3.3 • Chita-tande pou mete deyo (pi piti pase 16 zan); voye pake a ak Demann pou Revize bay Lidè Operasyon yo………………………………………………………………..……………… 4.1 oubyen 4.2 _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #6 • Plasman nan CIC kòmanse (16 zan ak pi gran) • Si pa gen okenn plasman nan CIC: retounen lekòl (16 zan ak pi gran) • Maksimòm plasman nan CIC fini (pi piti pase 16 zan) • Lidè Operasyon revize mete deyò (pi piti pase 16 zan) _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #7 • CIC (16 zan ak plis) • Lèt Nòt Avètisman Mete Deyò bay paran (pi piti pase 16 zan)……………………………….……. 3.12 • Si refize: Lèt Nòt Avètisman Refize Mete Deyò …………………………………………………….… 3.13 • Si pa genyen mete deyò: retounen lekòl (pi piti pase 16 zan) Jou Lekòl #8 • CIC (16 zan ak pi gran) Jou Lekòl #9 • CIC (16 zan ak pi gran)

Page 42: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

42 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 Jou Lekòl #10 • CIC (16 zan ak pi gran) • Chita-tande mete deyò (16 zan ak pi gran); voye pake epi Demann pou Revize bay Lidè Operasyon yo……………………………………….……4.1 oubyen 4.2 _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #11 • CIC (16 zan ak pi gran) _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #12 • CIC (16 zan ak pi gran) • Lidè Operasyon yo revize mete deyò (16 zan ak pi gran) _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #13 • CIC (16 zan ak pi gran) • Lèt Nòt Avètisman pou paran (16 zan ak pi gran)….…………………………………………………. 3.12 • Si refize: Lèt Nòt Avètisman Refize Mete Deyò……………..…………………………………………. 3.13 _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #14 • CIC (16 zan ak pi gran) _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #15 • CIC (16 zan ak pi gran): dènye jou _________________________________________________________________________________________________ Jou Lekòl #16 • Si pa genyen mete deyò: retounen lekòl (16 zan ak pi gran) 13.2 Machasuiv Anbònedifòm

Lakou Siperyè nan Masachousèt ak tout Lakou Siprèm nan Etazini toulede oblije lekòl pou gen machasuiv anbònedifòn soupye anndan lekòl. Li nesesè pou suiv machasuiv anbònedifòn lè genyen yon chita-tande sispansyon sinon yo kapab deklare machasuiv la envalid. Se responsablite Administratè Lokal la pou li rekòmande mete deyò epitou pou li kondui yon chita-tande ofisyèl, ak yon machasuiv anbònedifòm Lidè Operasyon yo revize anvan yo avèti elèv la ak paran an sou desizyon ki pran an. Revizyon sa a mande pou Lidè Operasyon yo aplike bonjan kritè pou li asire li Administratè Lokal la suiv tout machasuiv yo nan lèt la dapre lalwa ak Kòd Konduit la toulede. Eksepte nan ka yon enfraskyon patikilye ki egzije mete deyò. (Al gade Seksyon 7.1.3), yo pa genyen dwa mete okenn elèv deyò sof si yo te pran tout mezi disiplin ki pa mete deyò (al gade Seksyon 5) epi mezi sa yo pat ede korije konpòtman elèv la. Pou rekòmande mete deyò, Administratè Lokal la fèt pou li jwenn bonjan prèv, ki limite sèlman ak prèv yo te prezante nan chita-tande yo, genyen rezon ase pou mete deyò daprè Kòd la epitou dwa a yon machasuiv anbònedifòm elèv la te respekte. Daprè lalwa, Administratè Lokal la kapab egzèse diskresyon li lè l ap adrese konpòtman ki okazyone pou yo konsidere mete deyò a, chache mwayen pou fè elèv la resantre sou etap aprantisaj li, epi evite sèvi ak mete deyò kòm konsekans pou jiskaske yo anplwaye lòt mwayen ak konsekans sou baz ka pa ka. Pa egzanp, nan ka ki enplike yon zam, Administratè Lokal la kapab konsidere faktè tankou èske elèv la te demontre entansyon li pou li koze domaj fizik epitou èske elèv la genyen istwa yon konpòtman ki vyolan. Anmenm tan tou, Kòd Konduit la asire yon elèv yo akize pou yon ofans ki egzije pou yo mete li deyò fèt pou li

Page 43: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 43

genyen yon chita-tande ofisyèl rapid-rapid; li fèt pou li enfòme sou dwa li genyen pou yon avoka reprezante li, li kabap genyen temwen epi prezante prèv nan chita-tande sa a; lèfini li te okouran dwa li genyen pou li ale annapèl kont pozisyon Adminstratè Lokal la te voye bay Sipèentandan an (oubyen reprezantan) li.

13.3 Lwa Refòm sou Edikasyon Lwa Refòm sou Edikasyon 1993 la, jan li amande a, idantifye kat sikonstans kote yon Administratè Lokal olye Sipèentandan an, kapab mete yon elèv deyò:

13.3.1 an poseyon yon zam danjre (tankou yon zam afe oubyen yon kouto men pa limite ak sa sèlman); 13.3.2 an posesyon yon sibstans ki kontwole nan lokal lekòl la oubyen nan aktivite lekòl la; 13.3.3 atak sou anplwaye lekòl la nan lekòl la oubyen nan aktivite lekòl la patwone; 13.3.4 kondanasyon pou yon krim grav, si Administratè Lokal la detèmine prezans elèv la toujou kapab

genyen yon efè detrimantal nan byennèt jeneral lekòl la (Lwa Jeneral nan Masachousèt, Chapit 71, Seksyon 37H ½).

Lalwa Refòm sou Edikasyon, jan li amande a, pemèt tou sispansyon nètale yon elèv yo akize pou yon

krim grav, si Administratè Lokal la detèmine prezans elèv la toujou kapab genyen yon efè detrimantal sou byennèt jeneral lekòl la.

13.4 Machasuiv Anvan Chita-tande Mete Deyò a 13.4.1 Lè yon elèv komèt yon ofans ki mande pou yo mete li deyò, ki pa antre nan paramèt pou dispoze mete

deyò an ijans (al nan Seksyon 8) Administratè Lokal la fèt pou li fè yon chita-tande, kapab sispann elèv la pou senk (5) jou lekòl (twa jou si elèv la genyen 15 zan oubyen pi piti pase 15 zan), epi kapab refere elèv la nan Sant Konsèy ak Entèvansyon pou dis (10) jou lekòl, ki pou kòmanse nan fen sispansyon an. Sekans sa a kapab pran jiska kenz (15) jou lekòl [gade Egzibisyon 5, paj 41-42]. Pandan peryòd sispansyon an, lekòl la ak otorite ki la pou fè respekte lalwa rasanble prèv yo, fè tès balistik nan laboratwa, epi prepare ka a pou chita-tande mete deyò a.

Nan kèk ka, yon chita-tande pou sispansyon anvan yon chita-tande pou mete deyò pap nesesè paske

yo gen tan retire elèv la nan lekòl la. Pa egzanp, elèv la kapab nan prizon oubyen ospitalize. 13.4.2 Pandan peryòd sispansyon an, epi si sa li jwenn yo ba li manda pou li fè sa, Administratè Lokal la dwe

antame machasuiv pou kondui yon chita-tande ofisyèl pou mete deyò. Espesyalman, nan ka ki genyen arevwa ak zam osinon sibstans ki kontwole, Administratè Lokal la dwe mande Depatman Sèvis Sekirite asistans nan moman ensidan an pou presipite tès balistik ak analiz dwòg.

13.4.3 Yo dwe rekòmande tout elèv yo jwenn ki komèt yon ofans ki mande pou mete deyò nan chita tande a

nan Sant Konsèy & Entèvansyon, menm si genyen yon dezyèm ofans ladann. Yo ap make elèv la prezan konstriktifman pandan peryòd yo plase li nan Sant Konsèy & Entèvansyon. Elèv ki genyen bezwen espesifik ki kapab egzije sèvis sipò espesyalize fèt pou idantifye epi fè Direktè Sant Konsèy & Entèvansyon konnen anvan plasman an. Plasman elèv la nan yon anviwonman altènatif se responsablite Direktè Anchèf Chwa Edikatif.

13.5 Chita-tande Mete Deyò: Nòt Avètisman

Page 44: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

44 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 13.5.1 Chita-tande a dwe fèt pa pita ke senk (5) jou anvan tan plasman nan Sant Konsèy & Entèvansyon an

fini. Ak tan limit sa a, Administratè Lokal la kapab asire chita-tande ofisyèl la ak tout machasuiv pou revize Lidè Operasyon yo, toulede fèt anvan elèv la konplete tan plasman li a nan Sant Konsèy & Entèvansyon an epitou nan ka sa a ede asire yon machasuiv anbònedifòm.

Depi yo fin avèti yo sou dat chita-tande a, elèv la ak paran an genyen dwa pou yo ranwaye li yon fwa

pou pa plis pase senk (5) jou anplis. Chita-tande a ap fèt nan dat nouvo orè a, ke paran an la ke paran an pa la depi Administratè Lokal la, oubyen Moun Ki Gen Dwa a fè bonjan jefò pou enkli paran an epi dokimante sa.

13.5.2 Nan fen sispansyon an, nenpòt elèv yo akize pou yon ofans ki mande mete deyò, ak paran li, dwe

jwenn nòt avètisman alekri, sou opòtinite pou yon chita-tande ofisyèl devan Administratè Lokal la ki genyen ladann dat, lè ak kote chita-tande a ap fèt.

13.5.3 Nòt Avètisman pou Chita-tande dwe an Angle epi nan premye lang yo pale nan kay la, si lang nan

diferan [gade Anèks 3.3]. Li dwe genyen ladann enfòmasyon espesifik sa yo:

(a) yon deklarasyon ki di Administratè a rekòmande mete deyò (b) yon deskripsyon okonplè swadizan ofans ki egzije mete deyò a, ki genyen ladann referans ak

seksyon ki apwopriye a nan Kòd sa a (c) dokimantasyon nenpòt ki metòd pwogresis nan zafè disiplin, jan sa dekri nan Seksyon 4 ak 5 (d) yon deklarasyon sa ki pase yo ak prèv jan yo te prezante bay Administratè Lokal la, ak tout kopi

dokiman ki enpòtan epi prèv yo te kolekte lè sa a (e) nòt avètisman espesifik sou dwa pou machasuiv la, ak tout dwa elèv la pou li genyen yon chita-

tande an prive, pou li genyen paran li prezan nan chita-tande a, pou li genyen yon avoka oubyen yon reprezantan li menm li chwazi nan chita-tande a, pou li prezante temwen, pou li kont-entèwoje temwen ki kont elèv la, epi pou genyen yon tep anrejistreman chita-tande a Lekòl Piblik Boston fè, si li fè demann alekri, pou tep anrejistreman an disponib gratis, pou elèv la oubyen paran an nan senk (5) jou lekòl pou li kapab ale annapèl.

(f) Note lè Administratè Lokal la jwenn yon desizyon, yo fèt pou detaye bay elèv la ak paran an rezon

pou desizyon an: (g) yon lis biwo Sèvis Legal ak lòt gwoup ki defann dwa moun [Anèks 5]

(h) referans espesik sou dwa elèv la ak/osinon paran an pou genyen aksè nan dosye elèv la jan lalwa mande sa [gade Gid Regleman BPS pou Paran & Elèv]; epi Gid pou Fanmi ak Elèv Lekòl Piblik Boston ak Sikilè Sipèentandan LGL-07; Machasuiv Dosye Elèv

(i) referans espesik sou dwa paran an pou li jwenn yon rekòmandasyon pou edikasyon espesyal, si

paran an santi elèv la kapab bezwen sèvis edikasyon espesyal [gade Gid pou Fanmi ak Elèv Lekòl Piblik Boston ak Anèks 3.14].

13.5.4 Si paran an prezan nan lekòl la, yo va bay paran an de kopi Lèt Chita-tande pou Mete Deyò a, youn

pou pwòp dosye pa li ak lòt la pou li siyen epi voye li retounen bay Administratè Lokal la. Anplis, si elèv la nan lekòl la, yo ap ba li yon lèt tou. Si ni youn ni lòt pa nan lekòl la, yo va voye de kopi Nòt Avètisman

Page 45: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 45

Chita-tande lakay elèv la. Depi sa posib, yon anplwaye Sekirite Lekòl la ava delivre li. Yon kopi se pou elèv la ak paran an, dezyèm kopi a se pou paran (oubyen elèv la si li genyen dizuit an osinon plis pase dizuit an) siyen epi retounen li bay lekòl la. Kopi tout korespondans fèt pou kenbe nan dosye lekòl la epi voye kopi bay Lidè Operasyon yo.

Administratè Lokal la ankouraje fè tout jefò li pou jwenn elèv la ak paran an, rele paran an nan travay,

pa egzanp, pou fè aranjman pou delivre lèt la. Sizoka anplwaye Sekirite Lekòl la pa kapab delivre lèt Nòt Avètisman Chita-tande Mete Deyò a, Administratè Lokal la fèt pou li voye yon lèt sètifye nan adrès lakay la epi kenbe yon kopi resi a kòm prèv nòt avètisman an.

13.5.5 Si paran an pa vini nan chita-tande ofisyèl mete deyò a epi pa mande yon delè, dwe genyen yon nouvo

orè pou chita-tande a epi pou li fèt nan lespas karantuit (48) èd tan. Paran an ta dwe enfòme chita-tande sa a ap fèt nan orè yon lòt dat, kit paran an la kit li pa la. Administratè Lokal la fèt pou fè jefò ki dokimante pou enkli Paran, Responsab, ak Èd ki otorize a.

13.6 Chita-tande Mete Deyò: Machasuiv

Gade Egzibisyon 4, Modèl ki Sijere… pou Chita-tande Disiplin ki Rekòmande yon Chanjman nan Plasman, paj 36-38.

Yon chita-tande ofisyèl pou konsidere mete deyò ava kondui konfòm ak regleman sa yo: 13.6.1 Administratè Lokal fèt pou sèvi kòm Ofisye Chita-tande, sof si Administratè Lokal la se yon temwen

oubyen viktim ak/oubyen si li pa disponib pou kondui chita-tande a konfòm ak sa ki preskri nan dat limit yo. Nan wòl sa a, Administratè Lokal la oblije devlope epi genyen yon konesans travay sou Kòd Konduit la ak tout lòt lwa epi regleman enpòtan. Li fèt pou li suiv tout machasuiv yo jan yo endike nan Kòd Konduit la san eksepsyon; ak tout anrejistreman chita-tande a, inadmisibilte prèv ki baze sou yo di, ak kritè pou “prèv valab” pou jwenn yon elèv antò jan yo akize li a [gade Seksyon 13.2].

13.6.2 Chita tande a fèt pou li fèt an prive sof si Administratè Lokal la (oubyen lòt Ofisye Chita-tande) dakò ak

demann yon elèv oubyen yon paran ki mande pou li piblik. 13.6.3 Tout temwen ki ap bay temwayaj pou oubyen kont elèv la dwe parèt an pèsòn nan chita-tande a

(eksepte nan ka temwayaj ekspè tankou prèv balistik oubyen analiz dwòg), epi yo pap admèt okenn deklarasyon pou oubyen kont elèv la sof si moun ki ap fè deklarasyon yo prezan.

Genyen twa eksepsyon nan propozisyon sa a: (a) Elèv temwen/viktim pa oblije genyen manda pou li la si Administratè Lokal la, espesifikman deside,

aloral oubyen alekri, nan chita-tande a, idantifikasyon elèv temwen an, oubyen prezans yon temwen/viktim ki koni nan chita-tande a, ap mete sekirite fizik elèv la andanje oubyen lakòz entimidasyon. Nan ka sa yo, elèv temwen an kapab founi yon temwayaj alekri oubyen anrejistre, ak siyati li, bay yon ofisyèl lekòl la.

(b) Si genyen yon ka kriminèl annatant, biwo Avoka Piblik yo, kapab mande pou viktim nan pa

temwaye. (c) Nan ka kote yon temwen pa kapab vini nan chita-tande a (pa egzanp li pa jwenn pèmisyon nan

travay li oubyen li pa nan zòn Boston an), temwen an kapab founi yon temwayaj alekri oubyen anrejistre, ak siyati l, bay yon ofisyèl lekòl la.

Page 46: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

46 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 13.6.4 Elèv la ava genyen dwa pou li prezan pandan prezantasyon prèv yo. Elèv la, paran, ak reprezantan

elèv la ap genyen dwa pou poze temwen ki ap temwaye kont elèv la kesyon. Apre ka kont elèv la fini prezante, elèv la ava genyen dwa pou li founi prèv nan pwòp defans li, ak tout prezantasyon temwen, epi pou temwaye pou defann tèt li, men li pa oblije fè sa. Administratè Lokal la (oubyen lòt Ofisye Chita-tande) dwe avèti elèv la nenpòt ki temwayaj elèv la bay kapab itilize kont li nan yon lòt pwosedi [gade Sekyon 13.6.8].

13.6.5 Elèv la, paran an, oubyen reprezantan yo kapab genyen objeksyon sou admisyon nenpòt ki temwayaj

oubyen prèv. Si Administratè Lokal la (oubyen lòt Ofisye Chita-tande) detèmine yo te mal jwenn prèv la, li te inapwopriye, oubyen li pa dokimante, prèv konsa inadmisib si dapre jijman pwofesyonèl Administratè Lokal la (oubyen lòt Ofisye Chita-tande) yon jijman konsa jistifye devan totalite sikonstans yo. Egzanp yon prèv ki inadmisib se yon sibstans ki swadizan yon dwòg men yon ofisyèl analiz dwòg pat konfime. Sijè chita-tande a ava rete chita sou akizasyon ki te nan nòt avètisman an.

13.6.6 Elèv la genyen dwa a yon sipozisyon inosans, epi akizasyon pou prèv la chita sou moun ki ap prezante

ka a kont elèv la. 13.6.7 Administratè Lokal la (oubyen lòt Ofisye Chita-tande) epi sou demann alekri, ap mete kasèt anrejistreman

disponib gratis pou elèv ak paran nan senk (5) jou lekòl depi chita-tande a te fèt pou rezon ale annapèl. Kasèt anrejistreman, relve nòt yo, prèv, ak dosye chita-tande mete deyò a ap rete konfidansyèl. Sepandan, yo dwe enfòme elèv ak paran ke lajistis gendwa mande kasèt anrejistreman yo, relve nòt yo, dosye, ak prèv yo ki ap admisib nan tribinal epi yo kapab itilize yo kont yo nan pwosedi nan tribinal.

13.6.8 Nou dekri yon modèl nou sijire pou Administratè Lokal la (oubyen lòt Ofisye Chita-tande) itilize lè yo ap

mennen yon chita-tande ofisyèl nan Egzibisyon 4, paj 36-38. 13.7 Opsyon Apre Chita-tande Mete Deyò

Apre chita-tande ofisyèl la, Administratè Lokal la genyen plizyè opsyon: mete elèv la deyò, pa mete elèv la deyò, oubyen rekòmande yon transfè pou disiplin. Lè li ap pran desizyon an, Administratè Lokal la kapab pran tout dosye elèv la an konsiderasyon.

13.7.1 Si prèv sou ensidan an sipòte yon mete deyò men dosye anvan elèv la pa sipòte sa, Administratè Lokal

la dwe enfòme Lidè Operasyon yo nan Demann pou Revize a [Seksyon 13.8 ak Anèks 4.1 oubyen 4.2] ke desizyon yo te pran nan chita-tande a se pat mete deyò, men se pou (1) pèmèt elèv la kontinye nan lekòl la; (2) rekòmande yon transfè pou disiplin/plasman nan pwogram altènatif (gade Seksyon 11); oubyen (3) pwolonje sispansyon an pou senk jou anplis anvan elèv la retounen nan lekòl la. Mete sou sa, lèt la dwe avèti, “nan opinyon Administratè Lokal la, prezans elèv sa a toujou nan lekòl la pa poze yon menas pou pwoteksyon, sekirite, ak byennèt lòt elèv ak anplwaye lekòl la.”

13.7.2 Si prèv yo nan ensidan an sipòte yon mete deyò, Administratè Lokal la dwe enfòme Lidè Operasyon yo

nan Demann pou Revize a [Anèks 4.1 oubyen 4.2] yo te pran yon desizyon pou mete elèv la deyò ki bezwen revize. Kopi tout dokimantasyon yo egzije yo fèt pou atache ak memo sa a jan sa note pi ba a nan Seksyon 13.8.

13.8 Demann pou Revize 13.8.1 Pa pita pase de (2) jou lekòl apre chita-tande mete deyò a, Administratè Lokal la dwe soumèt bay Lidè

Operasyon yo Demann pou Revize [Anèks 4.1 oubyen 4.2] epi atache tout lòt dokiman yo ladann. Dokiman sa yo genyen ladan yo kopi Nòt Avètisman Chita-tande pou Mete Deyò, Nòt Avètisman pou

Page 47: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 47

Mete Deyò, yon rekòmandasyon pou tan mete deyò a ap dire a, dosye elèv la (adrès, kanè, ak relve nòt) ak yon kasèt anrejistreman chita-tande a ak nenpòt lòt dokiman ki genyen arevwa ak ensidan an: zam afe oubyen analiz dwòg, dosye ki soti Sant Konsèy & Entèvansyon, ak lòt dokiman. Pou elèv ak enfimite, yo egzije dokimantasyon andiplis [gade Seksyon 15]. Se Administratè Lokal la ki fèt pou li konplete epi siyen Demann pou Revize a.

13.8.2 Lidè Operasyon yo ap revize ka a ak tout dokiman yo pou wè si direksyon pwosedi ak prèv yo konfòm

ak Kòd Konduit la. Pa pita pase twa (3) jou lekòl apre li fin resevwa Demann pou Revize a ak tout materyèl yo, Lidè Operasyon yo fèt pou li deside swa pou li kite desizyon Adminstratè Lokal la jan li ye a oubyen pou li ranvèse li.

13.8.3 Si Lidè Operasyon yo sipòte mete deyò a, li avèti Administratè Lokal la. Administratè Lokal la dwe avèti

paran an alekri, nan premye lang yo pale nan kay la. 13.8.4 Lidè Operasyon yo kapab ranvèse desizyon Administratè Lokal la si mach asuiv pwosedi yo, an

patikilye jan yo aplike nan yon machasuiv anbònedifòm—pa egzanp, nòt avètisman ak egzijans prèv--- pat suiv.

13.8.5 Mete yon elèv deyò yo idantifye kòm yon elèv ak enfimite mande bonjan revizyon daprè lalwa federal

ak etatik sou edikasyon espesyal. Machasuiv pou disiplin sa yo pou elèv ak enfimite fèt pou yo suiv. Machasuiv sa yo baze sou lwa ak regleman federal epi etatik lèfini yo tabli nan Seksyon 15.

13.9 Anonse Rezilta yo ak Nòt Avètisman Elèv ak Paran

Apre Lidè Operasyon yo fin revize, Administratè Lokal la ava anonse elèv la ak paran an desizyon swa pou mete elèv la deyò osinon pou pa mete li deyò.

13.9.1 Sizoka yon desizyon pou mete deyò te pran epi Lidè Operasyon yo te sipòte desizyon sa a, Administratè Lokal la fèt pou li enfòme elèv la ak paran li alekri, an Angle epi nan premye lang yo pale nan kay la, si li diferan [gade Nòt Avètisman pou Mete Deyò, Anèks 3.12]. Lèt sa a dwe esplike elèv la ak paran li genyen dwa pou ale annapèl pou mete deyò a devan Sipèentandan nan dis (10) jou apre yo fini resevwa lèt la epi depi yo mande sa, y ap gen yon pwolonjman sèt (7) jou anplis. Anplwaye Sekirite Lekòl la dwe delivre de kopi Nòt Avètisman pou Mete Deyò a lakay elèv la. Yon kopi se pou elèv la ak paran an; dezyèm kopi a se pou paran (oubyen elèv la si li genyen dizuit an osinon plis pase dizuit an) siyen epi remèt li bay anplwaye lekòl la. Kopi tout korespondans ap rete nan dosye lekòl la ak tout dosye Lidè Operasyon yo.

13.9.2 Sizoka yo te pran yon desizyon pou pa mete elèv la deyò (oubyen yo pat prezante prèv solid ki sipòte

desizyon yon mete deyò) epi Lidè Operasyon yo te sipòte desizyon sa a, Administratè Lokal la dwe enfòme elèv la ak paran an alekri [gade Anèks 3.13]. Anplwaye Sekirite Lekòl la ta dwe delivre de kopi

lèt la lakay elèv la. Yon kopi se pou elèv la ak paran li. Paran an (oubyen elèv la si li genyen 18 tan oubyen plis pase dizuit tan) dwe siyen dezyèm kopi a epi remèt li bay anplwaye a pou remèt lekòl la. Kopi tout korespondans yo fèt pou kenbe nan dosye lekòl la ak tout Lidè Operasyon yo. Ofisye Chita-Tande a ap pran yon randevou pou ale annapèl chita-tande a nan lespas twa (3) jou ak lè yo te resevwa demann la. Paran yo kapab mande yon pwolonjman jiska sèt (7) jou pou annapèl chita-tande a.

13.10 Ale Annapèl pou Mete Deyò

Gade Egzibisyon 6, Machasuiv Ale Annapèl la Etap pa Etap: Mete Deyò, paj 49.

Elèv yo mete deyò a ak paran li ava genyen dis (10) jou lekòl kote yo ava fè yon demann alekri pou yon ale

Page 48: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

48 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

annapèl prive epi chita-tande devan Sipèentandan an (oubyen reprezantan). Ofisye Chita-tande a ap mete yon randevou pou annapèl chita-tande a nan lespas twa (3) jou ak lè yo te resevwa demann la. Paran kapab mande yon pwolonjman jiska sèt (7) jou annapèl chita-tande a. Nan chita-tande a, elèv la ak paran li ap gen dwa pou prezante temwayaj yo potko tande aloral oubyen alekri epi pase an revi temwayaj temwyen ki potko temwaye nan Chita-Tande a. Y ap gen dwa pou gen yon avoka. Yo kapab entwodui nenpòt temwen oubyen prèv selon diskresyon Ofisye Chita-Tande a.

Tout temwen k ap prezante temwayaj pou yon elèv oubyen kont yon elèv ap parèt an pèsòn nan chita-tande

annapèl la (eksepte nan ka yon temwayaj yon espesyalis tankou prèv balistik oubyen analiz dwòg) epi pa gen okenn deklarasyon ki ap fèt pou yon elèv oubyen kont yon elèv sof si moun k ap bay deklarasyon yo la. Genyen twa eskepsyon nan dispozisyon sa a:

(a) Elèv temwen/viktim pa oblije genyen manda pou li la si Administratè Lokal la, deside espesifikman, aloral oubyen alekri, nan chita-tande a, idantifikasyon elèv temwen an, oubyen prezans yon temwen/viktim ki koni nan chita-tande a, ap mete sekirite fizik elèv la andanje oubyen lakòz entimidasyon. Nan ka sa yo, elèv temwen an kapab founi yon temwayaj alekri oubyen anrejistre, ak siyati li, bay yon ofisyèl lekòl la.

(b) Si genyen yon ka kriminèl annatant, biwo Avoka Piblik yo, kapab mande pou viktim nan pa

temwaye. (c) Nan ka kote yon temwen pa kapab vini nan chita-tande a (pa egzanp li pa jwenn pèmisyon nan

travay li oubyen li pa nan zòn Boston an), temwen an kapab soumèt yon temwayaj alekri oubyen anrejistre, ak siyati l, bay yon ofisyèl lekòl la.

13.10.1 Ofisye Chita-tande Sipèentandan an ap espesifikman detèmine si te genyen ase prèv ki fè kwè te

genyen vyolasyon ki rann mete deyò a apwopriye. Ofisye Chita-Tande a ap sèvi ak prèv ki prezante nan chita-tande a epi annapèl la pou l pran yon desizyon. Ofisye Chita-Tande Annapèl la ap bay yon desizyon nan lespas senk (5) jou lè chita-tande a te fèt la.

13.10.2 Ofisye Chita tande a kapab toujou kite mete deyò yo te enpoze a annatandan li revize ka a. 13.10.3 Si yo te mete elèv la deyò pandan premye tèm nan, Ofisye Chita-tande Sipèentandan an ap revize ka

a otomatikman pandan twa premye semèn twazyèm tèm nan. 13.10.4 Kondane pou Krim Grav. Konfòm ak Lwa Jeneral nan Masachousèt, Chapit 71, Seksyon 37H ½, yon

elèv yo mete deyò paske li kondane pou krim grav kapab mande Sipèentandan an yon ale annapèl. Elèv la dwe mande ale annapèl sa a pa pita pase dis (10) jou lekòl apre dat mete deyò a depi yon elèv oubyen paran li kapab mande yon pwolonjman, epi si yo mande sa, y ap jwenn yon pwolonjman pou jiska sèt (7) jou. Sipèentandan an (osinon reprezantan) dwe genyen yon chita-tande avèk elèv la epi paran li nan twa (3) jou lekòl apre dat demann lan, lèfini bay desizyon yo nan senk (5) jou lekòl apre ale annapèl la. Yo va suiv kritè pwosedi pou kondui yon chita-tande.

13.11 Edikasyon Altènatif pandan Peryòd Mete Deyò

13.11.1 Apre desizyon yon mete deyò, Distri a ap kontinye bay sèvis pou edikasyon. Direktè Anchèf Opsyon

Edikatif yo oubyen moun ki gen dwa a ava rankontre ak elèv la epi paran li pou eksplore yon bann altènatif ki disponib ki kapab pèmèt elèv la kontinye edikasyon li nan peryòd mete deyò a, pami yo genyen: etid lakay, pwogram edikasyon granmoun (lajounen, aswè, konbinezon modifye), epi pwogram altènatif travay-etid.

Page 49: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 49

EGZIBISYON 6: Machasuiv pou Ale Annapèl, Etap pa Etap:

Mete Deyò

Gade Seksyon 13 Kòd Konduit la pou Machasuiv Okonplè.

ETAP 1 Administratè Lokal la fè orè pou yon chita-tande mete deyò epi avèti paran an [Anèks 3.3 osnon 3.5).

ETAP 2 Chita-tande mete deyò fèt nan lekòl la. Si paran an pa vini, lè fini li pa mande pou chita-tande a fèt yon lòt lè, Administratè Lokal la fèt pou li fè yon lòt orè pou ranvwaye chita-tande a pou li fèt nan 48 èd tan. Nan lòt orè sa a, chita-tande a ap fèt kit paran an la kit paran an pa la.

ETAP 3 Administratè Lokal la fè paran an konnen si li vle li kapab ale annapèl pou mete deyò, li fèt pou li fè sa nan dis (10) jou lekòl. Ale annapèl la dwe alekri epi voye li bay oubyen fakse li bay:

Superintendent’s Hearing Officer (Ofisye Chita-tande Sipèentandan an) Boston Public Schools 26 Court Street Boston, MA 02108 FAX: 617-635-7959

ETAP 4 Nan de jou chita-tande a, Administratè Lokal la voye Demann pou Revize bay Lidè Operasyon yo (Anèks 4.1 osnon 4.2) ak tout lòt materyèl ki enpòtan.

ETAP 5 Si paran ale annapèl pou mete deyò, Ofisye Chita-tande avèti lekòl la ak Lidè Operasyon yo sou demann la.

ETAP 6 Administratè Lokal la voye tout dokiman yo, ak tout tep anrejistreman premye chita-tande mete deyò a, bay Ofisye Chita-tande a. Lekòl la dwe kenbe yon kopi tout dokiman ak tout korespondans.

ETAP 7 Ofisye Chita-tande a revize dokiman yo epi fè orè pou yon lè ak lokal pou chita-tande ale annapèl la epi avèti patisipan yo. Elèv la ak paran an kapab genyen yon moun ki pou defann li oubyen yon avoka. Yo kapab vin ak nouvo temwen ak temwayaj tounèf [Temwen elèv/viktim pa bezwen gen manda si administratè a pran dezisyon, aloral oubyen alekri, idantifikasyon ak/oubyen prezans temwen/viktim t ap mete sekirite fizik yon an danje; al gade Seksyon 13.10]. Lòt patisipan anplis kapab anplwaye Sèvis Legal BPS.

ETAP 8 Ofisye Chita-tande a tande ka a, pran yon desizyon epi avèti (alekri) tout patisipan, ak tout Lidè Operasyon epi Direktè Plasman Elèv, sou rezilta yo.

Page 50: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

50 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 Seksyon 14 ABI SIBSTANS 14.1 Daprè Lalwa Masachousèt, Chapit 94C, Seksyon 32L ak 32M, ofans sa yo kapab debouche sou mete deyò, ak

dire mete deyò a pou pa depase yon ane dapre sa lidè lekòl la rekòmande epi Sant Konsèy ak Entèvansyon detèmine (CIS) an kolaborasyon ak Lidè Operasyon yo.

14.1.1 Lavant, distribisyon, oubyen posesyon ak entansyon pou vann oubyen distribiye sibstans ki kontwole

nan lekòl la, nan lakou lekòl la, oubyen pandan sou jiridiksyon lekòl la.

14.1.2 Sèvi ak alkòl/dwòg oubyen posesyon osinon sèvi ak nenpòt sibstans ki kontwole yo preskri oubyen yo pa preskri, dwòg nakotik, dwòg alisinojèn, dwòg anfetamin, babitirik, marigwana, bwason alkolik, oubyen nenpòt ki kalite entoksikan nan lekòl.

14.2 Nan ka ki genyen nenpòt ki sibstans 14.1.2 yon anplwaye lekòl la ki gen fòmasyon pou sa (si pa genyen rele

Polis Lekòl yo nan 635-8000) fèt pou detèmine “Sispisyon Rezonab” elèv la itilize/aktivite dwòg oubyen alkòl ki debouche sou vyolasyon regleman distri a. Pou detèmine “Sispisyon Rezonab” faktè sa yo posib men yo pa endikatè esklizif oubyen eleman pou konsidere an rapò ak ak lòt enfòmasyon tankou esplikasyon elèv la.

14.2.1 Sentòm fizik oubyen manifestasyon itilizasyon dwòg ak alkòl tankou langaj chanje oubyen pa konprann

langaj la oubyen deklarasyon ki kontinye pa fè sans, zye dilate oubyen zye fèmen-fèmen, po tou wouj, swe anpil, dòmi anpil, oubyen pèt konsyans, grate anpil, grate kal po, zye wouj oubyen jòn, tranble, manje dan san yon bonjan esplikasyon.

14.2.2 Chanjman toudenkou san esplikasyon oubyen chanjman radikal nan konpòtman tankou eksplozyon

vyolan, ipèaktivite, paranòy, delire, ap chanje imè tout tan ak/epi yon ti momann tan kontan yon ti momann tan fache san yon bonjan esplikasyon.

14.2.3 Enkapab mache san pa bite oubyen pa ka mache dwat, oubyen pa kapab pèfòme fonksyon manyèl

nòmal nan travay lekòl la san pa gen yon bonjan esplikasyon. 14.2.4 Malfonksyon nan konpetans sans ak mouvman san pa gen yon bonjan esplikasyon. 14.2.5 Sant bwason alkolik sou elèv la. 14.2.6 Obsèvasyon dirèk-dirèk itilizasyon dwòg ak alkòl nan lekòl la.

14.2.7 Yon rapò sispisyon rezonab yon sous ki kredib yo ka konte sou li. 14.3 Nan ka ki konsène itilizasyon alkòl/dwòg oubyen posesyon yo nan lekòl, ap gen yon Konferans sou Byennèt

imedyatman ak elèv la epi moun ki pran swen li an pou planifye evalyasyon ak entèvansyon nan Sant Konsèy ak Entèvansyon an. Apre Konferans sou Byennèt la, y ap detèmine entèvansyon ki apwopriye. CIC a an kolaborasyon ak Lidè Operasyon yo ap detèmine dire tan nan Sant la ak tretman an oubyen konsèy an konbinezon ak plasman pou yon ti bout tan oubyen pou yon tan ki pi long. Kòm kondisyon pou re-antre nan lekòl la oubyen nan pwogram nan elèv la ap sou yon plan re-antre ak rekòmandasyon.

14.4 Machasuiv pou referans dapre seksyon 14.1.2 (Alkòl/dwòg oubyen posesyon osinon itilizasyon nenpòt sibstans

kontwole yo preskri, dwòg nakotik, dwòg alisinojenik, anfetamin, babitirik, marigwana, bwason alkolik, oubyen entoksikan nenpòt ki kalite nan lekòl) ap fèt konsa:

Page 51: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 51 14.4.1 Jou 1. Yon enfimyè oubyen polis lekòl la ap fè yon evalyasyon nan lekòl la pou detèmine

itilizasyon/posesyon. Y ap avèti moun ki bay swen an sou yon Konferans Byennèt. Y ap pran yon randevou pou yon admisyon nan CIC.

14.2.2 Jou 2. Elèv la ak paran li ap pral nan CIC pou revize dosye a an kolaborasyon ak Lidè Operasyon yo

epi fè rekòmandasyon pou dire tan an. Pi piti jou pou pase nan CIC a se 5 jou, alòs dire tan nan CIC a kapab 10 jou li kapab plis si oblije gen plis tan pou tretman.

14.3.3 Jou 3-4. Egzamen preliminè ak evalyasyon yo ap kontinye 14.4.4 Jou 5. Lekòl la ak fanmi an ap resevwa rekòmandasyon pou suiv tretman ak dire tan nan CIC a. SEKSYON 15 ELÈV AK ENFIMITE

15.1 Elèv ak enfimite ak/osinon elèv ki sou plan Seksyon 504, jan lalwa ak regleman federal defini li, sijè a

dispozisyon ki nan Kòd sa a, eksepte kote yo di otreman nan Seksyon sa a (Refere a Sikilè Sipèentandan “Superintendent’s Circular”, SPE-15: Disiplin pou Elèv ak Enfimite) ak IEP Elèv la ak/osinon Plan 504.

15.2 Anplwaye edikasyon espesyal, ak tout Kowòdonatè Edikasyon Espesyal/Direktè Program nan oubyen moun ki gen dwa pou fè sa, ava patisipe nan tout desizyon administratif Kòd sa a ki genyen arevwa sou elèv ak enfimite. 15.2.1 Anvan yo pran yon desizyon administratif nan Kòd sa a, Administratè Lokal la ap verifye: (a) èske yo te detèmine elèv la enfim oubyen li te rekòmande pou evalyasyon edikasyon espesyal men

yo poko detèmine si li gen enfimite; lèfini

(b) Pwogram Edikasyon Endividyalize (IEP) chak elèv ak enfimite ap endike poukisa elèv la pa satisfè Kòd Konduit la oubyen poukisa yo espere li pap satisfè li, epi, si li pa satisfè Kòd la, ki modifikasyon ki kapab fèt nan Kòd la. Si dwe genyen modifikasyon nan Kòd la, yo va dekri modifikasyon yo nan IEP a.

15.2.2 Si desizyon an pa ap genyen efè sou plasman elèv la ak/oubyen pa ap debouche sou mete deyò youn

sou lòt pandan plis pase dis (10) jou pandan yon ane lekòl, li pa egzijib pou genyen yon reyinyon ak manb Enpòtan nan Ekip la.

15.2.3 Si desizyon an ap afekte plasman elèv la ak/oubyen ap debouche sou yon sispansyon pou plis pase

dis (10) jou lekòl nan yon ane, yon reyinyon ak mamm enpòtan nan Ekip la egzijib.

15.3 Elèv ki poko elijib pou edikasyon espesyal Anba lwa ak regleman federal ak etatik, yon elèv yo poko detèmine elijib pou edikasyon espesyal ak lòt sèvis ki

genyen arevwa ak sa, lèfini ki angaje nan konpòtman ki vyole nenpòt ki regleman oubyen kòd konduit la, kapab jwenn tout pwoteksyon elèv ak enfimite genyen si lekòl la an konesans elèv la se te yon elèv ak enfimite anvan konpòtman ki presipite aksyon pou disiplin nan rive.

15.3.1 Depatman lekòl la sipoze te okouran elèv la se yon elèv ak enfimite si anvan ensidan an:

(a) Paran elèv la te eksprime enkyetid li alekri bay depatman lekòl la ke elèv sa a genyen bezwen

sèvis edikasyon espesyal; (Refere a Sikilè Sipèentandan an “Superintendent’s Cicular", SPE-15;

Page 52: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

52 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

Disiplin Elèv Ki gen Enfimite)

(b) Paran an te mande yon evalyasyon pou elèv la; oubyen

(c) Mèt/matmwazèl elèv la osinon lòt pèsonèl lekòl la te eksprime enkyetid espesifik yo sou fason timoun nan konpòte li bay Direktè Edikasyon Espesyal la oubyen lòt manb edikasyon espesyal la.

15.3.2 Si anvan pat genyen okenn konesans sou enfimite a, elèv la kapab sijè a menm mezi pou disiplin ki

aplike sou lòt elèv ki pa genyen enfimite men ak limitasyon sa yo:

(a) Si te genyen yon demann ki te fèt pou yon evalyasyon pandan peryòd elèv la te sijè a mezi pou disiplin, evalyasyon an ta dwe ekspedye; lè fini

(b) Pou jiskaske evalyasyon an konplete, elèv la dwe rete nan yon plasman nan edikasyon lekòl la li

menm detèmine.

15.4 Dispozisyon sa yo ap aplike nenpòt ki lè lekòl la pwopoze aksyon sa yo: pou sispann yon elèv ak enfimite pou plis pase dis (10) jou lekòl youn apre lòt nan yon ane lekòl; oubyen pou mete yon elèv enfim deyò. Definisyon yon elèv enfim nan Seskyon 21.19. Pandan nenpòt peryòd sispansyon pou plis pase dis (10) jou youn apre lòt, plasman nan pwogram altènatif, oubyen mete deyò, yo fèt pou bay elèv ak enfimite yon edikasyon piblik apwopriye gratis (FAPE).

15.4.1 Konfòm ak lwa federal epi regleman yo, Administratè Lokal la oubyen Moun Ki Gen Dwa a nan Lekòl Piblik Boston:

(a) ap avèti Asistan Sipèentandan Edikasyon Espesyal ak Sèvis Elèv, oubyen reprezantan li, sou move

konpòtman yon elèv ak enfimite epi yo pwopoze sispansyon pou elèv sa a pou plis pase ten (10) jou lekòl youn apre lòt yon fason pou machasuiv lalwa federal ak etatik epitou regleman yo egzije yo egzekite byen;

(b) ap dokimante epi note kantite ak dire sispansyon elèv ak enfimite; (c) ap asire yo pa genyen okenn elèv ak enfimite ki sispann pou plis pase dis (10) jou lekòl youn sou

lòt nan yon ane lekòl eksepte jan lalwa federal ak regleman yo mande sa. 15.4.2 Manifestasyon Detèminasyon Lè yo konnen sispansyon yon elèv ak enfimite ap pral monte pou plis pase dis (10) jou lekòl youn sou

lòt nan yon ane lekòl, akòz patisipasyon li nan yon ensidan sou konpòtman, manb enpòtan Ekip Edikasyon Espesyal elèv la anvan mete aleka a fèt pou yo revize IEP elèv la. Paran fèt pou envite nan reyiyon Ekip sa a alekri.

(a) Nan revizyon sa a, Ekip la ap detèmine si move konpòtman elèv la se yon manifestasyon enfimite

elèv la. Yo fèt pou rankontre nan dis (10) jou lekòl soti nan dat ensidan sou konpòtman sa a te pase a. Baze sou sa yo detèmine, chita-tande sou sispansyon an genyen dwa fèt konsa li genyen dwa pa fèt tou. (Refere a Sikilè Sipèentandan an “Superintendent’s Circular” SPE-15: Disiplin Elèv Ki gen Enfimite: Anèks C).

(b) Anmenmtan an tou, Ekip la, si li potko fè sa, fèt pou li fè yon Evalyasyon Sou Konpòtman

Fonksyonèl (FBA) konpòtman elèv la, epi devlope yon Plan Entèvansyon sou Konpòtman (BIP) pou adrese konpòtman yo sible a osito yo kapab fè sa.

Page 53: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 53

(c) Si elèv la genyen yon Plan Entèvansyon sou Konpòtman, Ekip la fèt pou li revize epi modifye li si sa nesesè pou li ka adrese konpòtman yo sible a.

EGZIBISYON 7: Machasuiv pou yon Ofans Ki Pase nan Lekòl Ki Kapab Debouche sou Mete yon Elèv ak Enfimite Deyò

ETAP 1 Administratè Lokal la kontakte Kowòdonatè Edikasyon Espesyal la imedyatman apre ofans la fin pase. ETAP 2 Kowòdonatè a avèti Sipèvizè a genyen posibilite pou yo sispann yon elèv ak enfimite epi yo bezwen

asistans teknik. ETAP 3 Anvan 10 jou lekòl depi jou ensidan sou konpòtman an te pase a, ETF la fè yon reyinyon ak Ekip la pou li

revize IEP a, li kondui yon Manifestasyon Detèminasyon (Manifestation Determination) ak yon Evalyasyon Konpòtman Fonksyonèl, epi devlope plan Entèvansyon you Konpòtman.

Si NON pou Manifestasyon, machasuiv la kontinye:

ETAP 4 Administratè Lokal la fè yon chita-tande mete deyò. ETF la ak lyezon yo fèt pou yo patisipe.

ETAP 5 Si Ofisye Chita-tande a rekòmande yon mete deyò, Ekip lekòl la ap devlope yon amandman altènatif pou IEP a pou idantifye (1) sèvis ki nesesè pou pèmèt pwogrè nan kourikoulòm jeneral la epi bi IEP yo, lèfini (2) lokal pou sèvis yo.

ETAP 6 Sipèvizè a revize amandman altènatif pou IEP a epi otorize ETF pou pran siyati paran.

ETAP 7 Kopi pake mete deyò a ale jwenn Lidè Operasyon apwopriye a. [Gade Anèks 4.2.] Pake a genyen ladan li:

• Fòm Manifestasyon • Evalyasyon Konpòtman Fonksyonèl • Amandman altènatif pou IEP ak siyati paran.

ETAP 8 Lidè Operasyon yo revize machasuiv anbònedifòm epi pran siyati paran pou nòt avètisman mete deyò pa filyè Polis Lekòl.

ETAP 9 Yon fwa yo genyen siyati paran an sou nòt avètisman mete deyò, 625A konplete epi Lidè Operasyon yo voye yo bay Chèf Ekip la pou travay sou sa.

ETAP 10 Direktè Edikasyon Altènatif la, an konsiltasyon ak reprezantan Direktè Edikasyon Espesyal la travay sou pwosesis admisyon an.

Si WI machasuiv pou Manifestasyon kanpe. Ekip Lekòl la kapab konsidere yon reevalyasyon pou li detèmine si yon plasman apwopriye.

Page 54: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

54 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

15.4.3 Sikonstans kote yon elèv pa genyen dwa mete aleka pou plis pase dis (10) jou lekòl youn apre lòt: (a) Si manb enpòtan nan Ekip la konkli move konpòtman elèv la se yon manifestasyon enfimite li, elèv la pap sispann. Lè yo ap fè detèminasyon sa a, Ekip la dwe deside pwen sa yo: (i) Premyèman konsidere, nan ka yon konpòtman ki sijè a yon aksyon pou disiplin, tout

enfòmasyon enpòtan, ak tout: 1. Rezilta evalyasyon ak dyagnostik, ak tout rezilta lòt enfòmasyon enpòtan paran elèv la

founi; 2. Obsèvasyon elèv la; ak 3. IEP elèv la ak plasman. (ii) Epi detèmine: 1. Èske se enfimite elèv la ki te koze move konpòtman an dirèkteman oubyen te gen anpil

pou wè ak move konpòtman an;

2. Si lekòl la pat aplike IEP elèv la, èske move konpòtman elèv la se te rezilta dirèk mankman lekòl la pou te fè sa.

(b) Si manb enpòtan nan Ekip la ak lòt pèsonèl ki kalifye detèmine yo pat satisfè nenpòt nan kritè nan

15.4.3(a) (ii), konpòtman an dwe konsidere kòm yon manifestasyon enfimite elèv la.

(c) Revizyon ki dekri nan 15.4.3 (a, b) kapab fèt menm lè ak reyinyon Ekip la ki genyen pou konvoke a nan 15.4.2.

(d) Si yo detèmine yon pwogram tounèf oubyen yon plasman pou elèv la kòm rezilta revizyon an,

pwogram tounèf la oubyen plasman an ava egzekite imedyatman apre paran an fin apwouve IEP a. Si paran an pa dakò IEP a, lekòl la oubyen paran an kapab swa mande yon medyasyon osinon mande pou ale annapèl devan Biwo Ale Annapèl nan Masachousèt pou detèmine si pwogram nan apwopriye. Annatandan medyasyon an oubyen ale annapèl la, elèv la ava rete nan plasman li te ye anvan an lè deba a te kòmanse a sof si lekòl la oubyen paran elèv la dakò sou yon lòt plasman depi yo ka montre prezans elèv la nan lekòl la toujou kapab prezante yo domaj grav pou elèv la osinon lòt moun. Si yo bezwen lòd lajistis, dispozisyon ki nan Seksyon 15.4.7 ava aplike.

15.4.4 Sikonstans kote yo kapab enpoze yon mete aleka pou plis pase dis (10) jou lekòl youn apre lòt: (a) Si lekòl la pwopoze pou enpoze yon mete aleka ki ka lakòz plis pase dis (10) jou mete aleka youn

sou lòt nan yon ane lekòl, epi Ekip la konkli move konpòtman elèv la se pa yon manifestasyon enfimite li, lekòl la ava:

(i) Asire manb Ekip la devlope yon plan altènatif pou founi yon edikasyon piblik gratis ki

apwopriye pou elèv la pandan peryòd meta aleka a, ki kapab refere kòm “plan altènatif”; (ii) Prezante plan altènatif pwovizwa a bay paran elèv la ak tout yon nòt avètisman alekri ke lalwa

federal ak etatik epi regleman yo egzije [Nòt Avètisman Sovgad pou Paran]. Si paran an pa gen tan konsanti oubyen refize konsanti dispozisyon pou sèvis yo ofri nan plan altènatif la sa pa kapab anpeche egzekisyon mete aleka a. Men, si paran an mande yon chita-tande pou konteste detèminasyon manifestasyon an, dispozisyon ki nan Sekyon 15.4.4 (b) ava aplike.

Page 55: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 55 (b) Si paran an mande yon chita-tande, elèv la ava kontinye ak dènye plasman an edikasyon yo te

dakò sou li yo (plasman ki te sou plas lè deba a te kòmanse a) annatandan chita-tande a, sof si toulede pati yo dakò sou yon lòt plasman, oubyen lajistis bay lòd la, osinion tou Ofisye Chita-tande BSEA pèmèt lekòl la chanje plasman elèv la baze sou prèv ki montre prezans elèv la nan lekòl la toujou kapab lakòz domaj sou elèv la oubyen lòt moun. Si yo bezwen lòd lajistis, disposizyon ki nan Seksyon 15.4.7 ava aplike.

15.4.5 Sikonstans kote yo kapab enpoze yon sispansyon ki ka dire jiska (45) jou san pèmisyon paran an:

Ekip la kapab detèmine yon chanjman nan plasman ak ou san pèmisyon paran an pou yon kad

edikasyon altènatif pwovizwa pou yon peryòd rive sou karant-senk jou men pa depase sa menm si move konpòtman an se yon manifestasyon enfimite elèv la, depi yo founi yon edikasyon piblik gratis (FAPE) ki apwopriye si youn nan pwen sa yo aplike:

(a) Yon elèv pote oubyen genyen yon zam swa nan lekòl la osinon nan yon aktivite lekòl la;

(b) Yon elèv genyen oswa itilize dwòg ilegal osinon vann oubyen solisite vant yon sibstans ki kontwole pandan li lekòl la oubyen nan yon aktivite lekòl la.

(c) Yon elèv koze domaj grav sou yon lòt moun pandan li lekòl la oubyen nan aktivite lekòl la. “Domaj

grav” vle di kapab menm genyen lanmò oubyen gwo-gwo doulè fizik.

(d) Sistèm nan demontre nan chita-tande administratif nan BSEA bonjan prèv valab ke kenbe elèv la nan plasman li ye a ka vrèman lakòz elèv la oubyen lòt moun domaj. Nan ka sa a, yon ofisye chita-tande a kapab pase lòd pou yon chanjman nan plasman an.

15.4.6 Nòt Avètisman pou Asistan Sipèentandan Edikasyon Espesyal ak Sèvis Elèv oubyen Reprezantan (a) Nenpòt ki lè yo pwopoze yon sispansyon osinon mete deyò ki kapab debouche sou mete yon elèv

ak enfimite deyò nan yon lekòl pou plis pase dis (10) jou youn sou lòt nan yon ane lekòl, lekòl la ap voye yon nòt avètisman alekri sou sispansyon an oubyen mete deyò a imedyatman bay Asistan Sipèentandan Ediksayon Espesyal ak Sèvis Elèv la (osnon reprezantan) li pou revize epi kòmante.

(b) Nòt avètisman sa a ap demontre ke: • Te genyen yon machasuiv anbònedifòm nan lekòl la jan Goss v. Lopez ak Kòd Konduit la

mande li a; • Ekip la detèmine konpòtman ki lakòz vyolasyon Kòd la se pat yon manifestasyon enfimite elèv la; • Yon evalyasyon konpòtman fonksyonèl oubyen revizyon yon plan pou konpòtman ki la deja te

konplete; • Aksyon pou disiplin nan se pou yon kantite jou detèmine epi limite; • Aksyon an nesesè baze sou bezwen elèv la ak lòt elèv nan lekòl la; • Administratè a konsilte ak lòt anplwaye edikasyon espesyal ki apwopriye sou aksyon pou

disiplin nan epi yo suiv machasuiv yo jan sa endike nan paragraf sa a, ak tout yon nòt avètisman pou Paran, Responsab, oubyen Èd ki otorize a sou dwa yo pou ale annapèl.

Page 56: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

56 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 (c) Asistan Sipèentandan Edikasyon Espesyal ak Sèvis Elèv la (osnon reprezantan) li ap revize tout

enfòmasyon ofisyèl lekòl la prezante yo lèfini, nan yon peryòd tan ki apwopriye apre yo fin resevwa yo, ap enfòme lekòl la ak Lidè Operasyon yo oubyen reprezantan li ke plan an ak machasuiv la konfòm ak lalwa federal ak etatik epitou regleman yo.

15.4.7 Lòd Lajistis Nesesè pou Otorize Mete Aleka Yon lekòl pa kapab mete yon elèv deyò pou plis pase dis (10) jou lekòl youn apre lòt pandan yo ap tann

chita-tande Biwo Ale Annapèl Edikasyon Espesyal oubyen yon pwosedi jidisyè yo pran pou defye yon sispansyon, yon sispansyon yo pwopoze, osinon nenpòt ki lòt detèminasyon nan paragraf sa a sof si lekòl la jwenn lòd tribinal oubyen lòd nan men Ofisye Chita-tande BSEA a ki otorize yon chanjman tanporè nan plasman pou edikasyon elèv la ki demontre prezans elèv la nan lekòl la toujou kapab debouche sou gwo domaj pou elèv la oubyen lòt moun.

Seksyon 16 DISIPLIN AK TRAVAY LEKÒL 16.1 Yon elèv ki pèdi nenpòt klas pou rezon mete aleka pou disiplin pou yon total 10 jou oubyen pi piti ap gen

opòtinite pou kontinye fè pwogrè akademik pandan mete aleka a, epi gen opòtinite rezonab pou ratrape devwa, tès, devwa lakay, ti tès kout, papye ak pwojè, eip ap resevwa kredi akademik pou travay ki konplete. (Al gade Seskyon 13.11 pou machasuiv ki gen arevwa ak edikasyon elèv yo mete deyò).

16.2 Direktè yo ap develope plan sèvis edikasyon pou tout lekòl la pou elèv ki pèdi klas yo akoz mete aleka pou disiplin pou yon total 10 jou youn apre lòt. Lekòl la ap bay elèv la ak Paran/Responsab/Èd ki otorize a yon lis sèvis edikasyon altènatif. Sèvis yo bay opòtinite pou kontinye fè pwogrè akademik pandan peryòd mete deyò a, epi opòtinite pou ratrape devwa ak tès lèfini y ap resevwa kredi akademik pou travay yo konplete a.

16.3 Nan okenn ka pinisyon pou vyolasyon Kòd la oubyen pou vyolasyon regleman lekòl ki tabli daprè Seksyon 3 Kòd sa a pa dwe genyen ladan li yon rediksyon nan pwen/nòt nan kanè.

Section 17 ELIMINE DOSYE

Kèlkilanswa lè yo detèmine swa nan yon chita-tande, yon ale annapèl, oubyen yon desizyon administratif enfòmèl ke yo te kondane yon elèv pou yon vyolasyon li pat komèt, yo ap elimine tout referans sou ensidan an ak tout machasuiv pou disiplin yo imedyatman nan dosye elèv la. Ofisye chita-tande a ap enfòme paran yo ak elèv yo alekri ke yo ap efase dosye yo.

Seksyon 18 ALE ANNAPÈL MÈT/MATMWAZÈL AK ADMINISTRATÈ

Nenpòt ki mèt/matmwazèl osinon administratè ki enplike nan yon aksyon pou disiplin epi ki pa satisfè ak askyon Administratè Lokal la pran an kapab mande Administratè Lokal la ak Sipèentandan an (oubyen reprezantan) li nan lòd sa a pou ale annapèl kont desizyon an alekri anvan senk (5) jou lekòl lè desizyon an te pran an. Si Administratè Lokal la oubyen reprezantan Sipèentandan an deside nan annapèl la ke desizyon ki te pran an pat sa, moun ki ap tande annapèl la ava voye yon lèt bay mèt/matmwazèl la oubyen administratè a nan de (2) jou lekòl pou fè yo konnen sa ak tout kopi bay elèv la ak paran an.

Seksyon 19 FÒS FIZIK Yon elèv pa genyen dwa sibi pinisyon kòporèl. Anplwaye lekòl la kapab itiize yon fòs rezonab epi ak pridans

pou rennen yon elèv ke yo kwè aksyon li kapab debouche sou domaj fizik sou lòt moun epi menm sou elèv la.

Page 57: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 57

Nenpòt anplwaye lekòl la ki nèk itilize fòs ki pa rezonab oubyen ki pa jistifye ap sijè a disiplin. Nenpòt itilizasyon fòs fizik pou rennen yon elèv dwe konfòm ak regleman Depatman Edikasyon nan Masachousèt.

Seksyon 20 PWOKLAMASYON AK DISTRIBISYON 20.1 Inifòmite

Kòd sa a, ansanm ak tout lòt règ andiplis lèfini lòt mezi altènatif ki tabli nan Seksyon 3, 4 ak 5, ap konstitiye sèl règ ak regleman Lekòl Piblik Boston ki gouvène konpòtman elèv ak machasuiv pou disiplin epitou menm règ sa yo va an efè nan tout Lekòl Piblik Boston.

20.2 Dat Efektif Kòd sa a ak tout deklarasyon ki make gwo dispozizyon ki ladan li yo ap an efè osito Komite Lekòl Boston apwouve li epi yo depoze li bay Komisè Edikasyon konfòm ak Lwa Jeneral nan Masachousèt Chapit 71, Seksyon 37H. Lòt regleman andiplis ak mezi altènatif ki tabli nan Seksyon 3, 4 ak 5 Kòd sa a ap efektif depi distribisyon li fin fèt konfòm ak sesyon sa yo epitou depoze li bay Komisè a anba M.G.L. Chapit 71, Seksyon 37H.

20.3 Nòt Avètisman ak Distribisyon

Apre Kòd sa a fin apwouve epi nan de semèn nan kòmansman chak ane lekòl apre sa, yon rezime Kòd sa a ap

distribiye bay tout anplwaye, elèv nan lekòl segondè, ak paran. Yo ap disemine li bay paran an Angle ak nan lang yo pale lakay elèv la. Kòd la ap pibliye epi disemine bay administratè, Administratè Lokal, mèt/matmwazèl, ak lòt anplwaye nan sistèm lekòl la; epi yon kopi ap disponib pou nenpòt moun depi yo mande sa san li pa koute yo anyen.

Kòd sa a ak tout yon deklarasyon ki make gwo dispozizyon ki ladan li yo ki ap prepare anvan dat efektif Kòd la, ap poste kote ki vizib nan tout Lekòl Piblik Boston yo; yo va prezante aloral bay elèv nan chak lekòl nan yon mwa dat efektif li epi, apre sa, nan de semèn lè lekòl ouvè chak ane lekòl. Prezantasyon aloral la ap fèt nan rasanbleman yo fè pou sa menm, mèt/matmwazèl lekòl yo, administratè, gouvènans elèv ap prezante li tou, oubyen nan nenpòt ki lòt fason yo panse ki pi bon pou avèti tout elèv aloral.

Seksyon 21 DEFINISYON Jan yo itilize nan Kòd sa a, mo sa yo ava genyen siyifikasyon ki tabli pi ba a:

21.1 ANPLWAYE AKADEMIK LEKÒL: genyen ladan li administratè lokal, asistan administratè lokal, direktè,

asistan direktè, sipèvizè, mèt/matmwazèl, mèt/matmwazèl sipleyan, bibliyotekè, konseye pedagojik, konseye ak kowòdonatè kominotè sèlman, ak lòt moun ki kapab angaje aktivman nan pwosesis ansèyman.

21.2 REGLEMAN ITILIZASYON AKSEPTAB SOU REZO, AK TOUT SIT ENTÈNÈT: yon regleman BPS pou asire li elèv ak anplwaye itilize teknoloji lekòl posede pou antre sou rezo a nan yon fason responsab, legal, ak etik.

21.3 PLASMAN NAN PWOGRAM ALTÈNATIF: Lè yon elèv nan lekòl segondè kontinye ap vyole Sekyon 7 Kòd la epi Administratè Lokal la deside prezans elèv la se yon menas pou pwoteksyon lòt moun nan lekòl la, Administratè Lokal la kapab rekòmande plase elèv la nan youn nan pwogram edikasyon altènatif BPS yo pou rès ane lekòl la [gade Sekyon 11.1]. Elèv nan 6yèm-12yèm ane pa kapab jwenn yon transfè pou disiplin nan yon lòt lekòl regilye. NÒT: Yo kapab plase elèv nan pwogram edikasyon altènatif pou lòt rezon san se pa pou aksyon pou disiplin.

Page 58: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

58 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

21.4 ATAK AK BAT: “Atak” se yon tantativ oubyen menas pou domaje yon lòt moun fizikman epi sanble genyen

kapasite pou fè sa lèfini viktim nan genyen yon pè rezonab oubyen li genyen krentif li ka genyen domaj fizik menm kote a. Pa oblije genyen kontak fizik pou komèt atak. “Bay kou” se nenpòt manyen ilegal osnon sèvi ak fòs kont yon lòt moun. Bay kou genyen ladan li ofans tankou koze domaj sou yon lòt moun epi manyen li nan yon fason ki ofansif.

21.5 PLAN ENTÈVANSYON POU KONPÒTMAN (BIP): yon plan Ekip edikasyon espesyal la devlope baze sou enfòmasyon yo jwenn nan Evalyason Konpòtman Fonksyonèl pou adrese konpòtman elèv la.

21.6 SANT KONSÈY & ENTÈVANSYON LEKÒL PIBLIK BOSTON (anvan yo te rele li “Barron Assessment & Counseling Center”: yon pwogram ki bay elèv ki komèt ofans pou mete deyò sèvis konsèy.

21.7 ADMINISTRATÈ LOKAL: premye moun ki responsab administrasyon regleman lokal lekòl la: direktè a oubyen direktè pwogram nan.

21.8 ENTIMIDASYON/BAY PANIK (BULLYING): lè youn oubyen plizyè elèv kontinye ap itilize yon ekspresyon alekri, aloral oubyen elektwonik oswa fè yon jès fizik oubyen nenpòt ki konbinezon sa yo, kont sib yo a ki: (i) koze domaj fizik oubyen emosyonèl oubyen domaje pwopriyete viktim nan; (ii) fè viktim nan pè anpil pou malè pa rive li oubyen domaje pwopriyete li; (iii) kreye yon anviwonman ki tchak nan lekòl la pou viktim nan; (iv) mache sou dwa viktim nan lekòl la; (v) entèwonp demach edikatif oubyen bon fonksyonman yon lekòl materyèlman anpil-anpil. Pou seksyon sa a, entimidasyon/panik genyen ladan li entimidasyon (bullying) sou rezo entènèt la tou (cyber-bullying).

21.9 ÈD: Moun k ap pran swen elèv la epi ki ranpli yon “Afidavi Otorizasyon pou Pran Swen” ki bay dwa pou pran

desizyon pou edikasyon.

21.10 VYOLASYON DWA SIVIL: nenpòt aksyon oubyen deklarasyon ensiltan yo fè sou yon moun akòz ras li, koulè, orijin nasyonal, etnisite, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite gason/fi, enfimite, laj, jenetik, oubyen estati militè aktif, ak tout deklarasyon ki fèt fas-a-fas oubyen pa telefòn, pa lapòs, lèt elektwonik, oubyen nenpòt lòt mwayen kominikasyon, si yo grav ase, oubyen yo pèsistan ase ke yo (entèfere) ak oubyen limite yon moun pou li patisipe oswa pran avantaj osinon jwi privilèj pandan yo nan kou nan Lekòl Piblik Boston osinon pwogram oubyen aktivite Lekòl Piblik Boston; oubyen (b) kreye yon anviwonman ki entimidan, menasan, oubyen abizan.

21.11 SIBSTANS KONTWOLE: nenpòt dwòg oubyen sibsans ki nan lis Lwa Jeneral Masachousèt Chapit 94C.

21.12 ENTIMIDASYON/BAY PANIK SOU REZO ENTÈNÈT (CYBER-BULLYING): entimidasyon/panik pa mwayen

teknoloji oubyen nenpòt ki lòt fòm kominiksyon elektwonik, genyen ladan, men se pa sa sèlman, nenpòt ki transfè siy, siyal, ekrito, imaj, son, done oubyen nenpòt ki kalite entèlijans ke yo transmèt nèt ou kèk ladan yo tankou kab, radio, elektwomayetik, sistèm foto elektwonik oubyen foto optik, tankou, men se pa sa sèlman, kominikasyon sou entènèt, mesaj enstantane, oubyen kominikasyon pa faks. Entimidasyon/bay panik sou entènèt ava genyen ladan li tou (i) kreyasyon yon paj wèb oubyen yon “blòg” kote moun ki kreye li a pran pòz li se yon lòt moun oubyen (ii) konnen enpèsonifikasyon yon lòt moun kòm otè mesaj ki kreye yo oubyen kontni yo, si kreyasyon mesaj sa yo oubyen enpèsonifikasyon an pèmèt kondisyon ki enonse nan paragraf (i) rive sou (v) fè pati definisyon entimidasyon. Entimidasyon sou rezo entènèt ava genyen ladan li tou distribisyon pa vwa elektwonik, yon kominikasyon ki ale jwenn plis pase yon moun, oubyen afiche dokiman pa mwayen elektwonik kote plis pase yon moun kapab antre sou yo, si distribisyon oubyen afichaj so yo kreye nenpòt ki kondisyon ki enonse nan paragraf (i) rive sou (v), fè pati definisyon entimidasyon.

Page 59: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 59

21.13 OBJE DANJRE: nenpòt ki atik, objè, oubyen enstriman yo itilize nan yon fason danjre oubyen menasan tankou

kreyon, règ pou trase, fouch pou cheve, elatriye.

21.14 ZAM DANJRE: Nenpòt ki objè oubyen enstriman, poutèt jan li ye a, ak/oubyen jan yo itilize li a, yo wè li kapab pratikman koze domaj ki grav. Jan li defini nan 18 USC, Seksyon 930, yon “zam danjre” vle di yon zam, enstriman, materyèl, oubyen sibstans, ki an mouvman oubyen ki pa an mouvman, ke yo itilize oubyen ki kapab fasilman koze lanmò oubyen blesi grav nan kò, eksepte tèm sa yo pa genyen ladan yo yon kouto pòch ak yon razwa ki pi piti pase 2½ pous. Jan Lwa Jeneral Masachousèt Chapit 269 Seksyon 10 plis esplike, yon zam danjre genyen ladan nenpòt nan sa yo, san limitasyon:

• zam afe, chaje oubyen pa chaje • BB zam oubyen rafal ak lè • talon, ponya, oubyen yon aparèy osinon pòt aparèy la ki pèmèt yon kouto ki genyen yon lam ki klete ladann

rale nan yon pozisyon kwense • kouto balistik, oubyen nenpòt ki kouto ki genyen yon detach lam ki kapab lanse pa nenpòt ki mekanis • Yon kouto ponya, nenpòt kouto ak doub lam, oubyen yon kouto ki ka chanje • yon kouto ki genyen yon aparèy pou fè li ouvè otomatikman kote manch la deklannche lam nan, epi li

genyen yon lam plis pase 1½ pous • fistibal, sakaban, piche, jwen metalik oubyen nenpòt ki jwen kèlkilanswa sibstans la ki kapab itilize pou

menm bagay la epi ki genyen menm efè ak yon jwen metalik • mountchako, zoubo, ke yo rele klakè oubyen baton konnfou, osinon nenpòt lòt zam menm jan an ki genyen

de baton an bwa, an plastik oubyen an metal ki konekte ak yon kòd, yon chèn, yon fil kab oubyen, kui nan yon pwent

• ensiy oubyen nenpòt ki objè etwale ki kapab blese yon moun lè yo voye li • nenpòt ki brasa, ki fèt an kui ki genyen pwen metalik, pwen, oubyen bouton osinon nenpòt ki lòt aparèy ki

sanble ak sa ki fèt ak nenpòt lòt sisbans oubyen on sestis oubyen lòt materyèl ki fèt menm jan an ak filaplon epi yo mete yo nan men

• kiwagachi oubyen yon chèn ki menm longè a ki fèt ak filaplon. 21.15 JOU, BIZNIS: nenpòt ki jou nan Depatman Lekòl Boston lè biwo administratif yo ouvè, sa vle di Lendi rive pou

Vandredi, sof jou konje federal, etatik, ak konje nan vil la.

21.15 JOU, KALANDRIYE: nenpòt jou.

21.17 JOU, LEKOL: nenpòt jou lè genyen lekòl epi li egzije pou elèv yo prezan. Sof si li espesifye yon lòt jan, referans ak “jou” nan Kòd sa vle di “jou lekòl”.

21.18 REPREZANTAN: yon moun Administratè Lokal la oubyen Sipèentandan an plase espesifikman pou li aji nan plas li (Asistan Direktè a, Dwayen Elèv, Kowòdonatè Kominotè Sou Teren, Kowòdinatè Klima Lekòl, anplwaye Ekip Sipò Elèv, Kowòdonatè Edikasyon Espesyal ak Sèvis Elèv, elatriye) pou ranpli egzijans Kòd sa a.

21.19 ENFIMITE, ELEV AK: yon elèv ki poutèt yon enfimite tankou yon delè devlopmantal oubyen nenpòt ki defisyans entèlektyèl, sansoryèl, newolojik, emosyonèl, kominikasyon, fizik, defisyans espesifik sou aprantisay oubyen lasante, oubyen yon konbinezon, ki pa kapab fè bonjan pwogrè nan edikasyon regilye epi ki egzije sèvis edikasyon espesyal, ak tout timoun ki genyen laj lekòl ki egzije sèlman yon sèvis oubyen plizyè sèvis si swadizan sèvis sa yo egzijib pou asire elèv la genyen aksè nan kourikoulòm edikasyon jeneral la.

Page 60: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

60 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

21.20 TRANSFE POU DISIPLIN: Transfè yon elèv nan yon lòt lekòl oubyen pwogram, lè, apre yon chita-tande,

Administratè Lokal la deside prezans elèv la nan lekòl la se yon menas pou proteksyon lòt moun nan lekòl la. Elèv ki nan lekòl elemantè kapab jwenn yon transfè pou disiplin nan lòt lekòl men yo pap mete li nan plasman pwogram altènatif. Elèv nan lekòl segondè kapab jwenn transfè sèlman nan pwogam altènatif pou elèv ki dezòd.

21.21 MACHASUIV ANBONEDIFOM: disposizyon ki dwe mete sou pye pou tout pati ki nan akizasyon yo jwenn avi ki apwopriye, opòtinite pou yo prezante prèv yo, epi sizoka genyen mete deyò, dwa yo pou yo genyen reprezantasyon ak re-kesyone temwen yo malgre eksepsyon ki dekri nan seksyon 9.5.4 ak 13.6.3 epi obligasyon pou enfòme akize a sou dwa li genyen pou ale annapèl.

21.22 MINÈ EMANSIPE: yon minè ki ap sipòte pwòp tèt li epi ki pa sou kontwòl paran, jeneralman se rezilta lòd tribinal pou mete fen ak dwa epi obligasyon paran an(yo).

21.23 PREV, KONVENKAN: prèv ki genyen plis pwa oubyen ki plis fè sans pase prèv yo ofri nan opozisyon kont yo a. Prèv konsa fèt pou klè san twou vid.

21.24 PREV, SIBSTANSYEL: depase prèv konvenkan; prèv nenpòt ki moun ki ta genyen tèt li anplas ap aksepte kòm prèv adekwa pou sipòte yon konklizyon.

21.25 METE DEYO: mete aleka nan prezans lekòl la ak privilèj lekòl la pou plis pase dis jou youn apre lòt rive pou jiska yon ane lekòl. [Gade Seksyon 13 Kòd la pou plis esplikasyon ak machasuiv ki egzijib yo; ak Sekyon 15 pou detay ak machasuiv pou elèv ki genyen enfimite.]

21.26 KRIM GRAV: nenpòt ki krim ki genyen kondanasyon amò oubyen penitansye. Tout lòt krim yo se deli [M.G.L. Chapit 274, Seksyon 1]. Egzanp krim grav genyen ladann: • zak ki pa natirèl ak libètinay sou timoun ki poko genyen 16 zan • kraze epi rantre ak volè zafè moun • kraze epi rantre ak lide pou komèt yon krim • fè fo chèk ak entansyon pou fè fwod • omisid envolontè • posesyon oubyen vant dwòg nakotik (entansyon pou vann dwòg nakotik tou) • resevwa machandiz yo volè • posesyon zam afe • touye moun • atak ak vòl endesan • destriksyon • vòl ame • vòl san zam men ak fòs epi vyolans • vyòl • bay dife • vòlè yon zam afe • vòl pase plis $250 • vòl yon machin٭ • pote zam afe • pote kouto oubyen lòt zam danjre٭ • ofans annapre ki genyen zam • vann oubyen distribye silansye ٭ • itilize gaz lakrimonèj nan komèt yon krim

Krim sa yo kapab konsidere kòm deli ٭

Page 61: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 61

21.27 ZAM AFE: nenpòt nan sa yo jan Lalwa Federal Pa Genyen Zam Afe nan Lekòl [Sekyon 921 Tit 18 Kòd Etazini]

defini sa: • nenpòt zam ki pral oubyen ki deziye pou oubyen kapab tou pare pou yo konvèti li oubyen pou sèvi ak li pou

lanse yon pwojektil oubyen yon eksplozif • ankadreman oubyen reseptè nenpòt ki zam ki dekri pi wo yo • nenpòt mòflè yon zam oubyen silansye yon zam • nenpòt eksplozif, anjen pou mete dife, oubyen pwazon gaz: (1) bonm (2) grenad (3) fizi ki genyen chaj pou tire plis pase kat ons (4) misil ki genyen eksplozif oubyen ensandyè ki genyen yon chaj plis pase yon ka ons (5) min oubyen (6) lòt aparèy ki menm jan an • nenpòt zam ki pral oubyen ki deziye oswa kapab tou pare pou yo konvèti pou lanse yon pwojektil sou fòm

yon eksplozif osinon nenpòt lòt bagay ki ka tire ak oubyen yon eksplozif ak yon barik epi yon fè ki genyen plis pase mwatye yon pous dyamèt

• nenpòt konbinezon pati ki deziye oswa destine pou itilize nan konvèti aparèy destritif ki dekri nan de premye egzanp pi wo yo, epi yo kapab itilize yo pou asanble yon aparèy destriktif.

21.28 EDIKASYON PIBLIK GRATIS APWOPRIYE (FAPE): edikasyon espesyal ak lòt sèvis apwopriye ki mache ak

dispozisyon ki tabli nan 20 U.S.C. 1400 et seq., ak lòt regleman ki mache ak yo a epi ki satisfè kritè sou edikasyon lalwa tabli oubyen regleman komite jeneral edikasyon tabli.

21.29 EVALYASYON KONPÒTMAN FONKSYONÈL (FBA): yon evalyasyon konpòtman manb yon Ekip edikasyon

espesyal ki ede yo devlope estrateji ki apwopriye pou konpòtman pou adrese konpòtman elèv la a lavni. Sa dwe fèt nan dis (10) jou lekòl.

21.30 IDANTITE GASON/FI: idantite yon moun ki gen arevwa ak sèks li, aparans oubyen konpòtman, menm si

idantite ki gen arevwa ak sèks li, aparans oubyen konpòtman an diferan ak jan yo asosye li tradisyonèlman ak fizyoloji moun nan oubyen sèks yo te ba li a lè li te fèt. Idantite ki gen arevwa ak sèks kapab parèt nan bay prèv tankou men se pa sa sèlman istwa medikal, swen oubyen tretman idantite ki gen arevwa ak sèks, toujou ap fè menm deklarasyon konsistan sou idantite ki gen arevwa ak sèk oubyen nenpòt lòt prèv ki montre idantite ki gen arevwa ak sèk la fè pati valè debaz moun nan, depi idantite ki gen arevwa ak sèks la pa deklare pou yon move bi (M.G.L. Chapit 4. Seksyon 7].

21.31 GOSS V. LOPEZ: yon ka Lakou Siprèm Etazini ki rekonèt ke elèv genyen dwa yon machasuiv anbònedifòm

nan kontèks yon sispansyon/mete deyò. 21.32 BAY BRIMAD: nenpòt konduit oubyen metòd inisyasyon nan kèlkilanswa òganizsyon elèv, kit se nan

pwopriyete piblik oubyen prive, kit se entansyonèlman oubyen nan enpridans mete sante fizik oubyen mantal yon elèv osinon nenpòt lòt moun an danje. [M.G.L. Chapit 269, Seksyon 17-19, ak 603 C.M.R. 33.03].

21.33 Y0 DI: Yon deklarasyon aloral ou alekri yon moun ki pap temwaye fè nan yon chita tande/jijman, epi yo prezante sa nan chita tande/jijman an kòm prèv laverite nan pwoblèm yo vin ak yo a nan deklarasyon an.

21.34 DETÈMINASYON MANIFESTASYON (MD): yon reyinyon ak distri lekòl la, paran, ak lòt manb enpòtan nan Ekip IEP yon elèv ki fè nan dis (10) jou lekòl pou detèmine si move konpòtman an se te akòz oubyen te genyen yon gwo relasyon dirèk oubyen endirèk ak enfimite elèv la osinon si konduit yo ap pale a se te rezilta dirèk oubyen mankman egzekisyon IEP elèv la.

Page 62: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

62 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

21.35 DELI: yon krim se yon deli ki mwen serye pase yon krim grav ke yo pini pa yon amann, fòfè, sanksyon, oubyen

anprizonman yon lòt kote ki pa prizon leta.

21.36 ZAM JWÈT: nenpòt ki aparèy ki sanble tout bon ak yon zam afe epi ki la pou fè viktim nan pè.

21.37 ANPLWAYE LEKÒL KI PA AKADEMIK: sekretè lekòl, gadyen lekòl, moun ki ap travay nan kantin nan, monitè salamanje a, èd tranzisyon yo, monitè otobis, èd pou enstrikyon yo, èd sekirite yo, mèt/matmwazèl estajyè oubyen entèn, ak lòt anplwaye lekòl la ki pa angaje aktivman nan pwosesis ansèyman an.

21.38 OBJÈ KI PA VALAB: Nenpòt ki objè ki pa genyen gwo itilite pou yon elèv nan lekòl, tankou, men se pa sa sèlman, yon wòch, zam jwèt, pidetwal, oubyen yon lazè pou pwente. Note anba Òdonans Vil la, yo pa pèmèt yon lazè pou pwente nan lokal lekòl.

21.39 PARAN: manman oswa papa osnon toulede osinon gadyen, oubyen yon ajans legal tribinal pase lòd pou aji sou non timoun nan nan plas manman li ak papa li oubyen nan tèt-ansanm ak yo.

21.40 SEKSYON 504: refere a Seksyon 504 Lwa Reyabilitasyon 1973. Li la pou asire ke yo pa mete okenn moun aleka pou patisipe, oubyen yo refize bay yo benefis, oubyen yo pa kite yo genyen aksè a, nenpòt pwogram oubyen aktivite ki baze sèlman sou enfimite yo. Yo kapab toujou detèmine kèk elèv ki petèt pa elijib pou sèvis anba Chapit 766 ta ka genyen yon enfimite daprè definisyon Seksyon 504. Yon gwoup moun ki genyen konesans sou yon elèv nan kategori sa a fèt pou devlope yon Plan Akomodasyon pou elèv la ke lekòl la dwe egzekite.

21.41 SÈKSTIN (SEXTING): se pataje oubyen voye mesaj seksyèl aklè oubyen foto pa vwa elektwonik, anpil fwa sou òdinatè, telefòn pòtab, PDA obyen lòt kalite ekipman.

21.42 ATAK SEKSYÈL: nenpòt zak seksyèl sou yon lòt moun swa ak fòs oubyen kont volonte li, oubyen menas pou domaj kòporèl. Li genyen ladan li tou nenpòt ki zak seksyèl sou yon lòt moun ki pa kapab bay konsantman li swa paske li genyen enkapasite mantal osinon fizik oubyen paske li se yon minè. Krim tankou atak endesan ak bat, vyòl, vyòl ak fòs, vyòl ak abi, atak ak entansyon pou vyole lèfini zak ki pa natirèl ak libètinay konstitiye yon atak seksyèl.

Atak endesan ak bat genyen ladan yo, men se pa sa sèlman, manyen nan yon fason inapwopriye epi san konsantman pati prive nan kò a. Yon moun ki genyen pi piti pase 14 zan legalman enkapab pou konsanti tip aktivite seksyèl sa yo.

Atak seksyèl kapab rive sou granmoun ak granmoun, granmoun ak elèv, elèv ak granmoun, gason ak fi, fi ak gason, fi ak fi epitou gason ak gason.

21.43 ASÈLMAN SEKSYÈL: yon konduit seksyèl mou nan pa dakò ak li tankou avans seksyèl yo pa dakò, demann pou favè seksyèl ak lòt konduit fizik ki genyen nati seksyèl lè:-- (i) swa soumèt a avans la oubyen rejte avans la se yon tèm oubyen yon kondisyon pou jwi sèvis benefis yo, privilèj oubyen plasman oubyen li se baz pou yon evalyasyon siksè akademik; oubyen (ii) lè sa posib pou kalite avans sa yo, demann sa yo, oubyen konduit la kapab entèfere ak edikasyon yon moun nan kreye yon edikasyon ki entimandan, imilyan, epi ofansif seksyèlman. [M.G.L. Chapit 151C, Seksyon 1]. Dapre Tit IX, asèlman seksyèl se konduit ki baze sou sèk ki gravman-grav, ki anmèdan oubyen pèsistan ki lakoz li kreye yon anviwonman entimidan ki retire abilite yon elèv oubyen li limite abilite li pou patisipe oubyen resevwa benefis, sèvis ak opòtinite, sèvis lekòl la, pwogram, ak aktivite. Vyolans seksyèl se yon fòm asèlman seksyèl.

Page 63: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 63 21.44 DOSYE ELÈV: tout enfòmasyon ki genyen arevwa ak yon elèv Lekòl Piblik Boston kenbe sou nenpòt ki fòm ki

òganize sou baz non elèv la oubyen nan yon fason ki ka idantifiye elèv la endividyèlman. Refere a Sikilè Sipèentandan “Superintendent’s Circular”, LGL-7: Machasuiv Dosye Elèv.

21.45 SISPANSYON: yon mete aleka nan aktivite lekòl la ak lòt privilèj lekòl la pou yon peryòd tan limite. Sispansyon ap genyen ladan li mete deyò nan lokal lekòl la ak sispansyon “anndan lekòl”. Yon sispansyon kout regilye pa genyen dwa depase twa (3) jou lekòl pou yon elèv ki genyen 15 zan oubyen pi piti pase 15 zan oswa senk (5) jou lekòl pou yon elèv ki genyen 16 zan oubyen pi gran pase 16 zan. Yon sispansyon manch long pa genyen dwa depase sis (6) jou lekòl pou yon elèv ki genyen 15 zan oubyen pi piti pase 15 zan oubyen dis (10) jou lekòl pou yon elèv ki genyen 16 zan oubyen ki pi gran pase 16 zan. Refere a Seksyon 10.6.1.

21.46 SISPANSYON AN IJANS: yon sispansyon tanporè yo enpoze men ki pa pi long pase jounen lekòl la. Li kapab enpoze lè elèv la swadizan komèt yon ofans ki mande sispansyon epi prezans li kontinye poze yon danje pou moun oubyen pwopriyete oubyen prezans li se yon entèferans pou machasuiv enstriksyon an, lèfini li enposib paske konpòtman elèv la pa pèmèt yo ba li yon nòt avètisman ak yon chita-tande anvan sipansyon an ijans la.

21.47 SISPANSYON NÈTALE: yo kapab poze yon sispansyon lè yo akize elèv la pou yon krim grav (laj 17 an osnon pi gran) oubyen krim delenkans (pi piti pase 17 an) si direktè lekòl kote elèv la ye a detèmine ke prezans elèv la nan lekòl la toujou ap genyen yon efè nuizib sou byennèt jeneral lekòl la. Anvan sispansyon sa a an efè, elèv la ava resevwa yon nòt avètisman alekri pou akizasyon yo epi rezon pou sispansyon an. Anplis elèv la ava reveswa yon nòt avètisman alekri sou dwa li genyen pou li ale annapèl epi machasuiv pou mande ale annapèl pou yon sispansyon konsa. Nenpòt ki sispansyon konsa ap rete an efè anvan nenpòt ki annapèl. [M.G.L. Chapit 71, Seksyon 37H ½].

21.48 SISPANSYON YON ELÈV AK ENFIMITE: nenpòt aksyon ki debouche sou retire elèv la nan pwogram ki preskri nan IEP li a. Tèm yo genyen ladan yo sispansyon anndan lekòl ak tout mete aleka pou sèvis transpòtasyon ki entèdi patisipasyon elèv la nan pwogram yo preskri li a.

21.49 EKIP: an referans a edikasyon espesyal, gwoup moun ki responsab pou kreye epi egzekite Plan Edikasyon Endividyalize (IEP) yon elèv. Manb Ekip la kapab epi ta dwe varye sa ap depann de bezwen endividyèl edikasyon elèv la. Patisipan yo jeneralman se:

• mèt/matmwazèl sal klas la(yo) • administratè lekòl la oubyen reprezantan (Fasilitatè Ekip Evalyasyon (ETF) • paran oubyen gadyen legal, epi, si sa apwopriye, elèv la • lòt ekip sipò nan lekòl la si yo te patisipe nan evalyasyon fòs ak bezwen elèv la, oubyen yo pral patisipe nan

delivre IEP a. 21.50 ZAM: gade 21.14, Zam Danjre; ak 21.27, Zam afe.

Page 64: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

64 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

Anèks A: Sèvis Sipò Elèv Okonplè

Sistèm sipò elèv a nivo vize pou l bay elèv yon anviwonman aprantisay ki an sekirite epi ki senesof lèfini tou bay anplwaye yo mwayen pou yo akonpli bi sa a. Premye nivo a la pou tout elèv epi li sèvi kòm seri sistèm sipò fondalnatal, li santre sou pran prekosyon pou pa gen move konpòtman ki nuizib. Dezyèm ak twazyèm nivo a bay yon pi piti kantite elèv ki demontre yo gen plis bezwen pou swen ak atansyon ki endividyalize. Dezyèm nivo a sèvi ak yon seri entèvansyon debaz an pasan pa konsèy an patilikye rive sou kontwòl an ijans. Twazyèm nivo a chita sou yon seri sistèm sipò wo nivo entansite, ki mande yon konsantrasyon resous ak enstitisyon anndan kou deyò BPS. Nou rive nan twazyèm nivo a senpman lè elèv la demontre li gen yon gwo bezwen pou èd ak sipò. Angwo, seri entèvansyon k ap monte pi wo sa a ankouraje lekòl an sekirite epitou sipòtif.

NIVO I: SÈVIS PREVANSYON

NIVO 2: SÈVIS ENTÈVANSYON

NIVO 3: SÈVIS ENTÈVANSYON

ENTANS

Devlopman Pwofesyonèl

Sant Konsèy & Entèvansyon: Entimidasyon (livrè, modil, ak

fòmasyon) Fòmasyon sou Evalyasyon

Menas Sekirite nan Otobis Komite CPR/AED Opsyon pou Edikasyon: DCF (sèvis) Fòmasyon sou Òdinatè Sèvis nan Nivo Lekòl Depatman Lasante ak Byennèt: Edikasyon Fizik Evalyasyon Fòm Fizik/

FITNESSGRAM Edikasyon Lasante Komite Byennèt ak Sipò Fòmasyon Sekirite Sibè (pou

pwofesè, elèv, ak paran) Depatman Konpòtman an Sante: PREPaRE 1 ak PREPaRE 2 CPI Kontwòl Konpòtman Demand Espesifik Lekòl Fòmasyon Paran

Depatman Konpòtman An Sante: Gwoup Ki Konsantre sou

Solisyon (Kapasite espesifik) FBA/BIP Gid Demand espesifik Lekòl Fòmasyon Paran

Sant Konsèy & Entèvansyon: Asèlman Seksyèl / DCF/ SOA Komite CPR/AED Fòmasyon CPI Sant Defans Timoun Depatman Konpòtman An Sante: Entènalize Konpòtman Ekstènalize Konpòtman Evalyasyon Menas Fòmasyon Paran Demand Espesifik Lekòl

Page 65: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 65

NIVO I: SÈVIS PREVANSYON

NIVO 2: SÈVIS ENTÈVANSYON

NIVO 3: SÈVIS ENTÈVANSYON

ENTANS

Vizit Lekòl/Asistans Teknik l

Sant Konsèy & Entèvansyon: Sekirite Otobis; Sekirite Dife Triyaj Entimidasyon Lekòl Vizit Lekòl nan Chak Grenn

Lekòl Enstriksyon Fòmatè

Edikasyon Fizik & Edikasyon Lasante

Asistans Teknik Komite Byennèt ak Sipò

FITNESSGRAM Prezantasyon gid sekirite sibè

nan lekòl

Depatman Konpòtman An Sante: Konsiltasyon Kontwole Ka Klima Lekòl Ekip Sèvis AAF /SST Relasyon ant Kanmarad ki

Apwopriye /Pale sou Manyen Kriz entèvansyon

Sant Konsèy & Entèvansyon: Entèvansyon Sekirite nan

Otobis Entèvansyon Sekirite Dife Evalyasyon Menas Solisyon an Ekip Depatman Konpòtman An Sante: Konsiltasyon Kontwole Ka Klima Lekòl Ekip Sèvis AAF /SST Gwoup Ki Konsantre Sou

Solisyon (Kapasite Espesifik) Terapi an Gwoup Pale sou Manyen Kriz entèvansyon

Sant Konsèy & Entèvansyon: Fè suivi ak lekòl Rezime sou Kite Soti Kontak suivi ak lekòl Konsiltasyon elèv yo fèk kite

soti Rankont ak direktè Depatman Konpòtman An Sante: Konsiltasyon Kontwole Ka Klima Lekòl Ekip Sèvis AAF /SST Teknik Terapi Terapi an Gwoup Pale sou Manyen Kriz entèvansyon

Kourikoulòm

Sant Konsèy & Entèvansyon:

Prevansyon Entimidasyon (K-12)

Prevansyon Vyolans (6-12) Rezolisyon Konfli (K-12) Konsyantizasyon Dwòg ak

Alkòl (6-12) Relasyon an Sante

Lasante ak Byennèt: Edikasyon Fizik (K-12) Edikasyon Lasante (K-12) Aktivite Fizik – Leson Entegre

nan Kourikoukòm nan ki gen Mouvman, Mouvman Kase ak Rekreyasyon

OIIT: Eksplore opòtinite pou

konekte ak Boston kont Entimidatè

Depatman Konpòtman An Sante: Mwayen pou adapte Kenbe san fwa Aksyon: CBT pou depresyon Pale sou manyen Kanpe epi panse – gen gwo

san

Sant Konsèy & Entèvansyon: Priz Konsyans sou Dwòg Prevansyon/Medyasyon

Vyolans Konsèy an Gwoup ak

Endividyèl Leson Patikilye Apre-Lekòl Depatman Konpòtman An Sante: Teknik Terapi Terapi Endividyèl Pale sou Manyen

Page 66: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

66 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

NIVO I: SÈVIS PREVANSYON

NIVO 2: SÈVIS ENTÈVANSYON

NIVO 3: SÈVIS ENTÈVANSYON

ENTANS

Depatman Konpòtman an Sante: Dezyèm Pa Sèk Ouvè PBIS Pale sou Manyen

Pwomosyon/Kominikasyon

Sant Konsèy & Entèvansyon: Sit Entènèt CIC Jounal “Boston Globe” Jounal “Common Ground” Opsyon pou Edikasyon: Kat ak Enfòmasyon sou

Prezans Sante ak Byennèt: Koneksyon an Sekirite & Sit

Entènèt Depatman H&W Bilten Chak Mwa Aktivite ak Fowòm Pwomosyon Byennèt

Anplwaye Manje Konpetitif ak Zouti

Bwason Pwomosyon Aktivite Fizik

Baze nan Lekòl Aktivite Distri a nan

Depatman yo OIIT: www.bpscybersafety.org Afich Sekirite Sibè Materyèl Regleman

Itilizasyon Akseptab

Opsyon pou Edikasyon: Fèy Enfòmasyon CRA

Sant Konsèy & Entèvansyon: Sit Entènèt CIC Konferans, nòt pou laprès,

medya BPS

Done/Sistem Enfòmasyon Elèv

Sant Konsèy & Entèvansyon: Idantifye tandans (zam,

vyolasyon, gwoup)

Sant Konsèy & Entèvansyon: Baz Done Liy Telefòn 24 sou

24

Sant Konsèy & Entèvansyon: Moun k ap mete

Dife/CIC/SMART

Page 67: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 67

NIVO I: SÈVIS PREVANSYON

NIVO 2: SÈVIS ENTÈVANSYON

NIVO 3: SÈVIS ENTÈVANSYON

ENTANS

Sante ak Byennèt:

Evalyasyon Jounen Lekòl Aktif

Edikasyon Fizik pou Pwogrè Koleksyon Done

Sondaj sou Konpòtman Riske Jenn

Regleman Edikasyon sou Lasante ak Sondaj Pwogram PE/PA

SOFIT – PA pandan PE Dosye Suivi Sipò Byennèt Rapò Elèv, Lekòl ak Distri

FITNESSGRAM Plan Resous Plan Daksyon Byennèt ak

Tablo Afich Pwofil Aktivite Fizik Okonplè

Lekòl Okonplè

Lasante ak Byennèt Plan Resous Lasante ak

Byennèt

Seleksyon/Evalyasyon

Depatman Lasante ak Byennèt: FITNESSGRAM Egzamen Anviwonmantal Envantè Lekòl an Sante

Sant Konsèy & Entèvansyon: Risk dife timoun, fanmi, ak

paran Kesyonè Enskripsyon Elèv

CIC Chita-pale klinik Risk suisid ak evalyasyon Dosye Entèvansyon

Konpòtman Tès Entimidasyon Anvan ak

Apre Kesyonè Sòti

Regleman

Sant Konsèy & Entèvansyon: Regleman Prevansyon

Entimidasyon Regleman Itilizasyon

Akseptab Regleman DESE sou Rapòte

Entimidasyon Opsyon pou Edikasyon: Regleman Prezans Lwa CRA

Sant Konsèy & Entèvansyon: Entimidasyon nan BPS

Sant Konsèy & Entèvansyon: Regleman Konsèy ak

Entèvansyon Rapòte Otobis Lekòl Kòd Konduit Regleman sou Rapòte Dife

Page 68: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

68 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

NIVO I: SÈVIS PREVANSYON

NIVO 2: SÈVIS ENTÈVANSYON

NIVO 3: SÈVIS ENTÈVANSYON

ENTANS

Lasante ak Byennèt: Regleman Byennèt Distri a Regleman Anviwonman Pa

Gen Tabak Regleman sou Aksè ak Dlo Regleman Manje Konpetitif

ak Bwason Regleman Edikasyon Fizik ak

Aktivite Gwo Sekous

OIIT: Regleman Itilizasyon Aksetap

Pwogram Prevansyon

Sant Konsèy & Entèvansyon: Prevansyon Vyolans nan

Lekòl Elemantè Fòmasyon Prevansyon

Entimidasyon Opsyon pou Edikasyon: Konekte Fanmi Inivèsite Paran/Atelye Ane nan Vil la “City Year” Depatman Lasante & Byennèt: Sipò Byennèt Anplwaye Byennèt Pwogram Jounen Mache

Apye/Monte Bisiklèt Rediksyon Presyon Rekreyasyon pi bon Kanpay Annou Bouje Bibliyotèk Edikasyon Fizik Mini-Bous pou Prevansyon

Tabak Depatman Konpòtman an Sante: Lekòl Sansib sou Twoma Inisyativ Klima Lekòl Kontwole Ijans

Sant Konsèy & Entèvansyon: Operasyon Anndan Liy Telefòn 24 sou 24

Entimidasyon Fòme Fòmatè Plan Travay Operasyon Evalyasyon Menas Opsyon pou Edikasyon Konekte Lafanmi Inivèsite Paran/Atelye Paran Tribinal Depatman Lasante & Byennèt: Pwogram Pou Sispann Tabak

pou Anplwaye BPS Pwogram Edikasyon Fizik

pou Pwogrè Depatman Konpòtman An Sante: Egzèsis pou Jere Ijans

Sant Konsèy & Entèvansyon: Kraze Prizon Kontwòl Reyalite Operasyon Anndan Ou ka prevni Vyolans Evalyasyon Menas Sans Dife Depatman Konpòtman An Sante: CBT Kriz Entèvansyon

Page 69: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 69

NIVO I: SÈVIS PREVANSYON

NIVO 2: SÈVIS ENTÈVANSYON

NIVO 3: SÈVIS ENTÈVANSYON

ENTANS

Patisipasyon Lafanmi

Sant Konsèy & Entèvansyon: Fòmasyon Paran sou

Prevansyon Entimidasyon Konsiltasyon Lafanmi Nimewo telefòn 24 sou 24

pou Entimidasyon Opsyon pou Edikasyon: Travay ak Kowòdonatè

Kominotè sou Teren Depatman Lasante ak Byennèt: FITNESSGRAM – Rapò sou

Grenn Elèv Inivèsite Paran

Sant Konsèy & Entèvansyon: • Operasyon Anndan • Rankont pou Anrejistre

Paran

Sant Konsèy & Entèvansyon: • Operasyon Anndan • Rankont Admisyon Paran • Rankont Suivi • Referal ekip FAST lakay • Konsèy ak Entèvansyon

pou Lafanmi

Tan Aprantisay Pwolonje

Lasante ak Byennèt: Kraze Tèt-ansanm Gid Sibè

Sant Konsèy & Entèvansyon: • Boston “SMART”

Sant Konsèy & Entèvansyon: • Pwogram jis lage aprelekòl • Samdi pou Siksè

Patisipasyon Elèv

Sant Konsèy & Entèvansyon: • Fòmasyon AED • Gid Prevansyon Entimidasyon • Devlopman Mendèv

Opsyon pou Edikasyon: • Rankontre Paran ak Lekòl ki

Kouri Gwo Risk Depatman Lasante ak Byennèt: • Elèv Pran Kontwòl • 84 Chapit yo

OIIT: • Fòmatè/prezantatè anchèf

Gid Sibè • Elèv kreye tout materyèl BPS

Sant Konsèy & Entèvansyon: • Depatman Lekòl • Depatman Polis Boston

Sant Konsèy & Entèvansyon: • Pwogranm Ete/Kan • Pwogram Leson Patikilye • Travay • Gid Terapetik • Avoka Piblik Depatman

Suffolk • ABCD • Òganizasyon: Travayè

“Streetworkers”, Tribinal “Dorchester Court Probation”, Jenn “Youth Polics”, Sistèm Jistis Jenn “Juvenile Justice System”, “DCF”, Ekip “BEST Team”, “YPVC”, “BPRI”, Lopital “Boston Med. Center”, Lopital Timoun “Children’s Hospital Boston”

Page 70: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

70 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

Anèks B: Jistis Reparatè

Pratik Reparatè ak Jistis Reparatè Pratik reparatè se yon syans sosyal ki etidye kijan pou bati koneksyon ant moun epi akonpli disiplin sosyal nan aprantisay patisipatif ak pran desizyon. Itilizasyon pratik reparatè nan lekòl ede:

• amelyore konpòtman moun

• devlope epi kenbe relasyon

• eksplore opòtinite pou aprantisay

• anseye kijan pou vin lidè ak kontrandi pèsonèl

Jistis reparatè se yon bann repons fòmèl ak enfòmèl pou koze gwo tò oubyen ti tò apre yo fin rive. Nan pratik reparatè dwe gen respè pou diyite moun. Patisipasyon nan pratik reparatè fèt pou toujou sou yon baz volontè. Baz fondal-natal pratik reparatè chita sou moun pi kontan, yo pi kowoperatif epi pwodiktif, lèfini yo plis ka fè chanjman ki pozitif lè moun ki gen otorite mete ak yo olye yo kont yo oubyen yo fè pou yo. Jistis Reparatè poze twa kesyon:

1. Ki tò yo te fè endividi a ak kominote a?

2. Kimoun ki te responsab pou koze tò sa a epi pou met bagay yo dwat?

3. Kijan tò a kapab repare epi remete relasyon yo sou pi bon pye yo kapab?

Bi ak Etap Jistis Reparatè Anpil fwa jistis reparatè se dyalòg ant de (2) pati osinon plis oubyen konferans an gwoup – rankont tankou moun ki an tò a, moun ki responsab la, ak manb kominote a ki afekte oubyen manb kominote yo. Bi prensipal la se:

1. Kreye yon espas pou pati ki afekte yo ak kominote a genyen dizon sou kijan yo kapab fikse pwoblèm nan epi ede detèmine konsekans ki apwopriye.

2. Manyen pwoblèm nan, konsa pati ki responsab la kapab konprann enpak aksyon li a(yo); epi

3. Bay opòtinite pou sila yo ki responsab pwoblèm nan kapab fikse li.

Sa retabli oubyen transfòme relasyon epi redui chans pou move konpòtman alavni.

Kòm pati yon estrateji konpòtman an sante lekòl okonplè an sekirite epi sipòtif, yo ta dwe sèvi ak pratik reparatè tout tan nan sal klas pou ka devlope kominote ak klima lekòl, bati relasyon ant elèv, epi adrese konpòtman ki deranjan an anvan sa al pi lwen. Pwofesè, administratè, konseye, ekip sipò ak elèv yo menm ap sèvi ak teknik reparatè pou rezoud pwoblèm pou ogmante kominikasyon epi fòse elèv reflechi sou aksyon yo ki gen enpak sou lòt moun. Jistis reparatè kapab sèvi kòm yon entèvansyon pou rezoud pwoblèm “ak” nenpòt ki manb kominote lekòl ki gen move konpòtman, ak tout moun move konpòtman yon manb te koze tò. Pratik sa yo bati sou ekite otan sa posib ak tout repare tò a nan mezi ki posib la. Jistis reparatè chita sou tò epi kijan sa ka vin dwat. Pratik jistis reparatè debouche sou yon plan tout pati yo kreye epi dakò sou sa, kote pati ki responsab yo dakò pou pran etap konkrè ki tabli pou repare tò a, tankou men pa sa sèlman, yon lèt eskiz, restitisyon (pa egzanp, repare, ranplase, oubyen peye pou domaj, dega, pwopriyete lekòl ki pèdi oubyen vòlè), oubyen sèvis. Y ap aplike etap yon fason pou pa sèvi ak enfòmasyon ki bay yo pandan pratik reparatè yo kont elèv la si toutfwa li pa ta aplike pratik la epi ka a ta ale devan ajans lalwa. An preparasyon pou entèvansyon jistis reparatè, yon anplwaye ki gen fòmasyon ap fè/mennen yon evalyasyon ensidan an, epi lekòl la oubyen Distri a ap detèmine si yon rankont fas-a-fas ant tout pati yo apwopriye.

Page 71: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 71

Ekip Lidè Jistis Reparatè Lekòl sèvi ak yon pwosesis ki pran an kont done ki disponib yo epi mande tout kominote lekòl la, ak tout administratè, pwofesè, anplwaye, paran/responsab, elèv lekòl segondè, ak òganizasyon kominotè pou bay dizon yo pou tabli Ekip Lidè Jistis Reparatè pou aplike pratik reparatè. Ekip la ap rekrite nouvo manb nan kominote lekòl la regilyèman pou ka pataje konesans ak direksyon pratik reparatè yo ant diferan manb kominote a epi pou jenn ka toujou fè pati pwosesis la. Ekip Lidè Reparatè yo responsab pou disemine enfòmasyon sou pratik reparatè epi pou angaje tout manb kominote a pou ka sipòte aplikasyon pratik sa yo nan lekòl la. Ekip la responsab pou kolekte dizon yo sou kominote lekòl la angwo epi pou devlope yon plan pou fòmasyon sou pratik reparatè yo pou anplwaye, elèv ak paran oubyen responsab epi ki chapant, regleman ak pratik y ap kreye. Ekip Planifikasyon Reparatè yo ap rale òganizasyon kominotè debaz yo epi lòt aktè nan kominote a pou bati sipò ak opòtinite pou angaje yo nan pratik reparatè anndan ak deyò lekòl la. Lè yon ensidan ki apwopriye pou pratik reparatè rive, manb Ekip Lidè Reparatè yo ap rankontre ak elèv ki konsène yo, pwofesè oubyen anplwaye ki konsène, epi lòt manb nan kominote a pou rekòmande pratik reparatè ki pi apwopriye yo, epi, ki kote, si sa aplikab, pou prepare yo pou pratik reparatè. Pratik yo ap kreye selon bezwen elèv yo epi kalite ensidan an oubyen pwoblèm nan. Fòmasyon Devlopman Pwofesyonèl Kalandriye devlopman pwofesyonèl distri a ap pèmèt ase tan epi l ap fleksib nan devlopman pwofesyonèl nan eleman pratik reparatè ak jistis reparatè yo nan lekòl. Y ap idantifye administratè lekòl, pwofesè ak anplwaye espesifik pou fòmasyon avanse sou eleman patikilye pratik reparatè pou devlope kapasite nan pwogram nan epi pou modèl la ka kenbe lè fini pou gen yon kominote lekòl sipòtif. Pou sipòte ekip lidè yo, administrasyon lekòl yo ap ba yo resous pou ranpli responsablite yo, materyèl pou aplikasyon pratik yo epi fòmasyon san rete. Ekip Lidè yo ap pral suiv yon fòmasyon fòmatè ki gen kapasite sou pratik reparatè bay k ap dire de ou twa jou pa ane. Egzanp Pratif Reparatè

a. Sèk

Etap sèk la kreye yon kalite bonjan espas pou dyalòg reparatè, ki bay tout patisipan vwa, egalize pouvwa, epi bati konsansis ak kowoperasyon. Yo devlope sèk pou ka mete aksan sou koneksyon youn lòt, depandans youn lòt, egalite ant manb kominote a. Yo ankouraje patisipan yo pou pataje sans responsablite youn anvè lòt pou byennèt kominote a ak moun ki anndan kominote sa a, epi konprann sa ki rive yon moun afekte tout moun. Tout patisipan nan sèk la, kèlkilanswa wòl li oubyen estati li, laj li oubyen eksperyans li, koulè li oubyen kwayans li, gen enpòtans egal-ego ak vwa egal-ego. Yo envite tout moun nan sèk la pou pale epi tande ak kè yo, oubyen pou chache rete an silans. Pa gen okenn moun ki sou tèt oubyen anba okenn lòt moun, oubyen deyò sèk la. Yon moun ki “gadyen sèk” la chita nan sèk la epi dirije sèk la pou asire li tout patisipan yo trete ak respè epi yo gen opòtinite pou pale, san yo pa entèwonp yo, lè se tou pa yo pou pale. Anpil nan gadyen sèk yo sèvi ak “pyon pale” yo pase nan sèk la bay moun lè tou pa li rive pou pale a, pou asire pwosesis sèk la fèt ak lòd. Itilizasyon pyon pale a montre rit dyalòg la ankouraje moun ki pi pa renmen pale yo pou gen menm vwa egal-ego, pou asiste patisipan yo nan ajiste epi ranje ekspresyon emosyon ki fò, epi pèmèt konvèsasyon ki pi pwofon, tande ak plis atansyon ak ekspresyon ki pi janti. Yo kapab sèvi ak sèk nan sal klas pou rann relasyon komonitè pi djanm, oubyen yo kapab met yon sèk espesyalman sou pye pou adrese pwoblèm espesifik oubyen konfli. Sèk kreye yon espas pou patisipan ki pa gen menm valè, eskperyans, ak edikasyon diferan pou diskite sijè ki difisil nan yon espas an sekirite, epi ede elèv kreye konpreyansyon tounèf lè yo angaje yo nan dyalòg konstriktif ak jeneratè. Sèk plis apwopriye tankou yon repons ak yon tò lè tò a afekte anpil manb nan yon sal klas lekòl oubyen kominote lekòl la. Pwofesè kapab sèvi ak sèk reparatè kòm yon metòd ansèyman nan sal klas pou travay nan tèt-ansanm ak elèv pou fikse bi akademik, eksplore kourikoulòm epi fikse règ konpòtman nan sal klas tankou:

a. Sèk “tcheke” nan maten pou pwofesè ak elèv pou pataje sa k ap pase nan lavi yo, santre tèt yo epi konsantre sou jounen an ki devan yo a.

b. Sèk “tcheke” nan apremidi pou pwofesè ak elèv pou klotire jounen an ansanm, epi pataje sa ki te bon ak sa ki pat bon pou jounen an; lèfini

c. Sèk diskisyon pou pale sou yon sijè elèv yo ap etidye ansanm epi fouye plis sou sijè a.

Page 72: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

72 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013

b. Konferans Reparatè an Gwoup

Konferans reparatè an gwoup se yon pwosesis pou idantifye, repare oubyen prevni tò, baze sou valè jistis reparatè ak tou kontrandi ki vle di yon bagay. Se yon animatè ki fòme ki Mennen yon konferans reparatè an gwoup ki gen ladan kontak fas-a-fas ant youn ou plis moun tò a gen enpak sou li a oubyen reprezantan yo, moun nan oubyen moun yo ki koze tò a, sipòtè toulede, ak lòt moun ki afekte. Patisipasyon fèt pou volontè nèt. Yon konferans reparatè an gwoup plis yerachik pase sèk, epi toulede pati yo travay poukont yo nan sougwoup ak tout fas-a-fas.

Konferans reparatè an gwoup toujou gen ladan li gwoup moun pase yon sèk. Patisipan yo nan konferans reparatè an gwoup kapab gen ladan li elèv ki enplike yo, zanmi, fami, oubyen pwofesè. Elèv ki responsab tò a gen opòtinite pou pran responsablite li, mande moun li te koze tò a eskiz, epi travay ak lòt pati ki enplike yo pou idantifye fason ki apwopriye pou repare tò a.

c. Dyalòg Reparatè

Dyalòg reparatè gen yon chapant, dyalòg an ti gwoup piti ant pati ki nan konfli yo. Yo pi piti pase yon konferans reparatè epi yo kapab genyen omwens pati ki responsab la, pati ki afekte a ak animatè a.

d. Fowòm tout lekòl la

Pratik reparatè tout lekòl la gen ladan, men se pa sa sèlman:

a. Diskisyon sou kijan manb kominote lekòl la dwe trete youn lòt

b. Kreye yon anviwonman ki akeyan kote paran oubyen responsab ak manb kominote a envite pou volontè epi patisipe nan kominote lekòl la

Anèks C: Sistèm Sipò a Nivo nan Masachousèt (MTSS)

Vizyon Jeneral MTSS MSTT gen yon sistèm nivo chanjman nan sal klas, lekòl ak distri a pou satisfè bezwen akademik ak bezwen ki pa akademik tout elèv ak tout elèv ki gen enfimite. Twa nivo fleksib reprezante yon ogmantasyon entans sipò akademik ak sipò ki pa akademik ak entèvasyon: 1) anviwonman sipòtif lekòl, 2) entèvansyon davans, ak 3) sèvis entansif. Eleman debaz MTSS se:

• Kourikoulòm ak enstriksyon debaz wo nivo kalite.

• Entèvansyon akademik ak evalyasyon baze sou rechèch

• Entèvansyon ak sipò pou konpòtman baze sou rechèch

• Seleksyon inivèsèl ak kontwòl pwogrè

• Kolaborasyon ak kominikasyon ant edikatè ak paran

Sipò ki pa akademik ki konsantre sou fonksyonman pozitif ak pwodiktif omaksimòm. Pratik pro-aktif ak previzib abityèl nan sal klas esansyèl. Klima lekòl la dwe sipòte yon relasyon pozitif ak granmoun/pwofesè/gid pou bay sipò ak ankourajman anplis.

Etap

Gen yon sistèm seleksyon inivèsèl an plas pou evalye fòs ak difikilte tout elèv nan akonplisman akademik ak konsèp konpòtman, kapasite ak konpòtman. Done kontwòl pwogrè yo dirije desizyon enstriksyon yo pandan etap pa nivo yo. Done pou kontwole pwogrè yo endike repons pou entèvansyon. Yo kontwole pwogrè akademik ak sila yo ki pa akademik ak yon frekans kap ogmante pandan elèv la ap resevwa plis sipò a nivo entansif epi entèvansyon.

Ekip la sèvi ak done pou pran desizyon epi etap pou rezoud pwoblèm nan lekòl la, sal klas ak nivo endividyèl elèv pou pran desizyon akademik ak sila yo ki pa akademik. Edikatè yo pataje responsablite yo ant yo. Paran yo enplike nan

Page 73: Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit - 2013...yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON • JIYÈ 2013 ____________ ______ 73 etap pran desizyon yo nan tout nivo yo. Nivo lelòl, nivo klas ak ekip ki konsantre sou elèv rankontre nan tèt-ansanm pou revize done sou evalyasyon yo epi pran desizyon.

Kreye yon klima pou ankouraje sante mantal ak devlopman sosyal, emosyonèl, ak entèlektyèl pozitif pou elèv tout moun konprann sa epi chak grenn manb nan chak kominote lekòl pratike sa. Yo aplike regleman, machasuiv, ak pratik pou 1) redui sispansyon, mete aleka, ak lòt referans pou disiplin; 2) minimize kite lekòl; epi 3) rekipere elèv ki kite lekòl.

Ekip Lidè

Lekòl ap tabli Ekip Lidè (oubyen sèvi ak ekip nivo-lekòl ki deja la oubyen gwoup ki pran desizyon) pou aplike MTSS. Y ap sèvi ak yon pwosesis k ap konsidere done ki la yo epi y ap mande tout kominote lekòl la pou bay dizon pa yo.

a. Administratè lekòl ap sèvi ak yon sistèm demokratik pou mande patisipasyon moun ki gen enterè yo nan ekip lidè a, ki ap gen ladan reprezantan tout gwoup ki enterese yo, tankou yon administratè, yon pwofesè edikasyon jeneral, yon pwofesè edikasyon espesyal, ekip sipò, elèv, paran oubyen responsab ak lòt manb enpòtan nan kominote a.

b. Ekip lidè a ap fè reyinyon regilyèman, yon bi trè klè, yon bonjan pwosesis entèn epi bati relasyon ki sousye.

c. Distri lekòl la ak administratè yo ap sipòte ekip lidè yo aktifman nan founi resous adekwa pou ranpli responsablite yo, materyèl pou aplikasyon ak fòmasyon tout tan. Ekip Lidè a pral nan fòmasyon omwens de a twa jou nan men fòmatè ki gen kapasite nan MTSS bay.

d. Ekip lidè a responsab pwoteje akò epi jwenn sipò nan men tout kominote lekòl la pou aplikasyon MTSS la nan:

i. Nati ak priyorite efò pou devlopman ekip la ak bezwen

ii. Angajman ak envestisman nan efò yo nan yon tan ki long (3-4 ane); epi

iii. Enpòtans pou pran apwòch pou prevni ak apwòch nan enstriksyon pou kontwole konpòtman ak disiplin nan tout lekòl la

Fòmasyon Devlopman Pwofesyonèl Kalandriye devlopman pwofesyonèl nan distri a ap gen ase tan epi l ap fleksib pou devlopman pwofesyonèl nan eleman nan sistèm sipò a nivo a.Y ap idantifye anplwaye espesifik nan lekòl pou al nan fòmasyon avanse an patikilye sou eleman modèl a nivo a (analiz done, entèvansyon, kontwole pwogrè) pou bati kapasite pwogram nan epi pou fè modèl la mache. Administratè lekòl la ap sipòte ekip lidè a aktifman nan bay resous adekwa pou ranpli responsablite yo, materyèl pou aplikasyon ak fòmasyon tout tan. Ekip Lidè a pral pran fòmasyon nan men fòmatè ki gen kapasite nan MTSS bay omwens de a twa jou pa ane.