Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan...

43
Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 Kou pou Manman ak Tibebe yo Devlope pa: Ricardo F. Muñoz, Ph.D. Chandra Ghosh-Ippen, Ph.D. Huynh-Nhu Le, Ph.D. Alicia F. Lieberman, Ph.D. Manuela Diaz, Ph.D. Lauren La Plante, B.A. Adapte pa: Darius Tandon, Ph.D. Hannah Snyder, B.A. Erin Ward, LMSW Deborah Perry, Ph.D. Huynh-Nhu Le, Ph.D. © Dwa pou Otè 2000, 2001 pa Muñoz ak lòt. Tout Dwa Rezève. Pa fè sitasyon ni repwodiksyon san otorizasyon otè yo.

Transcript of Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan...

Page 1: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

Kou pou Manman ak Tibebe yo

Devlope pa: Ricardo F. Muñoz, Ph.D.

Chandra Ghosh-Ippen, Ph.D.

Huynh-Nhu Le, Ph.D. Alicia F. Lieberman, Ph.D.

Manuela Diaz, Ph.D. Lauren La Plante, B.A.

Adapte pa:

Darius Tandon, Ph.D.

Hannah Snyder, B.A.

Erin Ward, LMSW

Deborah Perry, Ph.D.

Huynh-Nhu Le, Ph.D.

© Dwa pou Otè 2000, 2001 pa Muñoz ak lòt. Tout Dwa Rezève.

Pa fè sitasyon ni repwodiksyon san otorizasyon otè yo.

Page 2: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

1

FÈY TRAVAY 1.1: AJAN ESTRESAN KI KAPAB AFEKTE RELASYON MANMAN-TIBEBE

Page 3: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

2

FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU

Men, nou ka aprann jere estrès epi santi nou pi byen ak gen plis ekilib si

nou fè chanjman nan:

fason nou konpòte nou

fason nou panse sou ak konprann ajan estresan yo

sipò nou resevwa nan men lòt moun

Page 4: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

3

FÈY TRAVAY 1.3: REZIME SOU KOU MANMAN YO AK TIBEBE YO

Entwodiksyon Kou a Sesyon 1 ak 2

Aktivite Agreyab Sesyon 3, 4 ak 5

Panse Sesyon 6, 7 ak 8

Kontak ak Lòt moun Sesyon 9, 10 ak 11

Revizyon Kou a ak Planifikasyon pou Pi devan

Sesyon 12

Page 5: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

4

FÈY TRAVAY 1.4 VIDEYO: “PARAN MWEN YO, PWOFESÈ MWEN YO”

Pandan w ap gade videyo a, men kèk nan pwen ki pi enpòtan ou dwe reflechi sou yo--

Lyen pou Videyo a: http://www.mothersandbabiesprogram.org/mothers-clients/

3 premye ane yo nan lavi tibebe w la se yo ki pi enpòtan

Lè w aprann yon tibebe yon nouvo bagay sa fè newòn li yo (selil nan sèvo li)grandi epi fè koneksyon. Se sa nou rele “aprantisaj”

Chak timoun diferan

“Travay” timoun se pou jwe; se konsa yo aprann sou ozalantou yo

Lè w fè lekti, jwe epi chante avèk tibebe w la, ap ede devlopman fizik ak emosyontibebe w la

Tout manman kapab bay sa pitit li bezwen

Page 6: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

5

FÈY TRAVAY 2.1: ETA LESPRI OU AK REYALITE PÈSONÈL OU

Li enpòtan pou nou konprann eta lespri nou. Kijan yo gen enfliyans sou lavi nou?

Pou ou gen yon bon eta lespri, oswa santiman ki pozitif, li enpòtan pou aprannkòman pou jere reyalite pèsonèl ou.

Reyalite pèsonèl nou divize an de pati:

Reyalite panse nou: Sa nou panse

Reyalite “anndan” nou

Reyalite mond nou an: Sa nou fè

Avèk kimoun nou gen rapò Eta kò nou: sante nou

Sa k ap pase nan mond nou an

Reyalite “deyò” nou

Desen sa a montre kòman nou konprann relasyon ki genyen ant reyalite pèsonèl nou ak eta lespri nou.

REYALITE PÈSONÈL MWEN

Reyalite Anndan (Nan tèt ou)

Reyalite Deyò (Nan mond lan)

Pou kont ou

Avèk lòt moun

Ankouraje atachman paran ak tibebe avèk lèd estrateji ki gen rapò avèk panse e konpòtman

Panse yo Aktivite

Eta lespri

Desen sa a montre fason nou konprann relasyon ki genyen ant

reyalite pèsonèl nou ak eta lespri nou.

Panse ou yo ak

espwa ou yo

Travay, pran swen timoun ou yo,

relasyon ou ak lòt

moun

Page 7: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

6

FÈY TRAVAY 2.2: SISTÈM RAPID POU MEZIRE ETA LESPRI

Sistèm Rapid pou Mezire Eta lespri a pèmèt ou swiv eta lespri ou ye chak jou. Li pral ede w aprann konnen kòman ou santi w, konsa ou ka aprann gen pi bon eta lespri, epi anseye tibebe w lan fason pou mete ekilib nan eta lespri li.

Kòman pou ranpli Sistèm pou Mezire Eta lespri a:

Chak swa, anvan w ale nan kabann, antoure chif (ant 1 ak 9), ki endike kòman ou te santi w jounen sa. Pa gen ni bon ni move repons.

- Si eta lespri w pasab, (pa ni wo, ni ba), antoure chif 5 - Si li pi bon pase pasab, antoure yon chif ki pi gwo pase 5 - Si li pi mal pase pasab, antoure yon chif ki pi piti pase 5

Nou jwenn li pi fasil pou konsève sistèm mezi a bò kabann ou, konsa anvan ou ale nan kabann, ou ka reflechi sou jounen ou epi bay yon nòt pou eta lespri ou pou jounen an.

DAT LA:

PI BON ETA LESPRI

PASAB

PI MOVE ETA LESPRI

Page 8: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

7

FÈY TRAVAY 3.1:

JOUNEN VIOLET AK MARY YO

ENSTRIKSYON YO: Violet ak Mary, yo tou de gen 5 mwa ansent. Nan chak tablo, antoure chif ki reprezante ki kalite eta lespri ou panse chak nan fanm yo genyen.

Mwen pa anvi leve.

Mwen pa anvi leve.

Mwen pa anvi fè fas ak jounen an.

Aprè m fin benyen, mwen pral santi m pi byen.

Mwen pa vle pale ak pyès moun.

Alo Carmen! Mèwi, mwen ta renmen al achte.

Mwen santi m sitèlman tris ak pou kont mwen. Li te bon pou mwen te

al achete pou tibebe mwen an.

JOUNEN MARY JOUNEN VIOLET

Page 9: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

8

FÈY TRAVAY 3.2: KISA OU RENMEN FÈ?

ENSTRIKSYON YO: Ekri anba a bagay ou renmen fè. Eseye reflechi sou kèk bagay ou ka fè pou kont ou oubyen bagay ou ka fè ak lòt moun. Pa gen kesyon bon repons - se ou menm sèlman ki konnen sa ou renmen fè!

Kounya, ekri anba a bagay ou renmen fè ak tibebe w la oswa bagay ou kapab fè ak tibebe w la lè li fèt.

Page 10: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

9

FÈY TRAVAY 4.1: LIS AKTIVITE AGREYAB

1. Fè lekti nan yon liv oswa nan yon magazin

2. Reve je klè

3. Ale nan sinema

4. Al gade vitrin magazen

5. Travay deyò (pa egzanp, jadinaj)

6. Koute mizik

7. Pran yon douch oswa yon beny cho

8. Pase tan avèk zanmi

9. Al fè yon ti mache

10. Ale legliz oubyen lapriyè

11. Fè maniki oswa pediki.

12. Al fè cheve ou

13. Ekri pwezi

14. Chante

15. Fè yon ti dòmi

16. Gade Televizyon

17. Griyen dan avèk zanmi

18. Fè yon egzèsis pou relakse ou

19. Fè egzèsis

20. Fè manje

21. Danse

22. Ale nan bibliyotèk

23. Lòt

24. Lòt

25. Lòt

Page 11: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

10

FÈY TRAVAY 4.2: SIMONTE OBSTAK YO

Pafwa menm aprè nou fin deside pou fè yon bagay agreyab, plan nou gate sa kanmèm. Nou rankontre yon obstak oswa yon pwoblèm, epi nou pa fè aktivite agreyab nou te vle fè a.

Eseye reflechi sou kèk obstak ki posib ak solisyon ki posib pou simonte yo (pafwa pi gwo obstak yo, se pwòp panse nou yo).

ETAP POU REZOUD PWOBLÈM YO AK SIMONTE OBSTAK YO:

1. Jwenn pwoblèm lan oswa obstak la.

2. Reflechi sou tout solisyon ki posib.

3. Chwazi solisyon ki pi bon pou ou an.

4. Eseye solisyon an epi gade kòman li

mache.

Kisa ki anpeche m fè aktivite agreyab yo oswa ki anpeche m avèk tibebe mwen an lè li fèt?

(Obstak/Pwoblèm)

Kòman pou mwen simonte obstak sa yo? (Solisyon yo)

Solisyon yo

Mwen kapab fè

ekonomi oswa fè yon

bagay gratis

Mwen pa gen

ase lajan

Page 12: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

11

FÈY TRAVAY 4.3: PRAN YON ANGAJMAN PÈSONÈL

1) Mwen planifye fè bagay sa yo:

2) Mwen pral fè li anvan dat sa a:

3) Mwen santi sa enpòtan paske:

Sèvi ak kalandriye ki nan fen seksyon sa a pou planifye aktivite agreyab ou pran angajman pou w fè.

Page 13: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 4.4: KALANDRIYE ANGAJMAN PÈSONÈL

12

LENDI MADI MÈKREDI JEDI VANDREDI SAMDI DIMANCH

Maten Maten Maten Maten Maten Maten Maten

Aprèmidi Aprèmidi Aprèmidi Aprèmidi Aprèmidi Aprèmidi Aprèmidi

Aswè Aswè Aswè Aswè Aswè Aswè Aswè

Page 14: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

13

FÈY TRAVAY 5.1:

KOMAN TIBEBE YO APRANN?

KOMAN TIBEBE YO APRANN?

Tibebe yo aprann nan:

• Obsève ak imite sa paran yo fè

• Kominike avèk paran yo

• Swiv sa paran yo aprann yo

• Santi yo jwenn ankourajman lè yo eseye fè nouvo bagay

Tout aktivite yo ou fè ak pitit ou a se okazyon yo ye pou aprann!

Page 15: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

14

FÈY TRAVAY 5.2: DE LÈ YO FÈT RIVE NAN 1 AN – KÈK BAGAY TIBEBE YO RENMEN

Enfòmasyon nou pran nan Your Child at Play: Birth to One Year (Enfòmasyon nou pran nan Pitit ou k ap Jwe:

Depi Nesans rive Ennan) pa Marilyn Segal, Ph.D., New Market Press, New York

LAJ KISA TIBEBE YO RENMEN FÈ

Tibebe ki fèk fèt

1 mwa

2 mwa

3 mwa

4 mwa

5 mwa

6 mwa

7 mwa

8 mwa

9 mwa

10 mwa

11 mwa

1 ane

Imite—fè grimas, fè filalang epi gade tibebe w la k ap imite w Dodine—al fè yon pwomnad nan pousèt kapab gen yon efè kalman tou Koute mizik dous, yon jwèt mizik, oswa vwa ou Lè yo manyen li—fè masaj dous pou tibebe w la

Swiv bagay Gade bagay k ap bouje Fè egzèsis pye avèk mouvman pedale bisiklèt

Jwe ak maryonèt alamen Mate monte desann tou dousman Kenbe epi jwe ak yon ti tchatcha

Souke yon ti tchatcha sou ponyèt li Koute mizik avèk yon ritm Jwe ak jwèt ki tache nan kòd ak aprann frape

Jwe jwèt “peek-a-boo” (kache figi, epi dekouvri figi) Aprann sòti sou vant pou woule sou do Gade ti boul ki plen lè

Gade nan glas Jwe ak yon jwèt “roly-poly” (yon jwèt ki tounen kanpe lè w fè l tonbe) Balanse nan yon balansin pou tibebe

Jwe “patty-cake” (frape men ak li pandan w ap chante) Jwe ak lòt tibebe Lè ou pote yo sou do ou

Jwe “tug of war” (tire bagay ki nan men lòt) Jwe “chèche jwèt la apre ou kache li” Gade nan liv ki gen anpil foto ak koulè

Aprann son bèt fè Jwe jwèt kach-kach Jwe tanbou sou po ak kaswòl

Woule yon boul tounen ba ou Fè efò pou kanpe

Pouse yon vwati oswa kamyon atè a Chire liv Fè ti boul ki plen lè ak bouch li

Pouse bagay ki gen levye Vide bagay soti nan yon veso pou mete nan yon lòt (eseye sereyal) Jwe nan dlo

Jwe ak yon gwo balon pou plaj Lanse sache ki gen ti grenn oswa voye balon (oswa papye ki chifonnen) nan yon veso Jwe avèk lonbraj li Etidye bagay ki antoure li

Page 16: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

15

FÈY TRAVAY 5.3: SISTÈM RAPID POU MEZIRE ETA LESPRI

Chak swa, anvan w ale nan kabann, antoure chif de 1 a 9, ki pi byen reprezante eta lespri ou chak jou.

Nan anba nan chak kolòn, ou pral jwenn yon espas kote ou ka ekri

konbyen aktivite agreyab ou fè chak jou. Èske gen yon relasyon ant eta lespri ou ak kantite aktivite agreyab ou fè?

PASAB:

PI BON ETA LESPRI

DAT LA:

Kantite Aktivite

AGREYAB:

PI MOVE ETA LESPRI

Page 17: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

16

FÈY TRAVAY 6.1: JOUNEN VIOLET AK MARY

ENSTRIKSYON YO: Violet ak Mary yo tou de akouche tou dènyèman, men piske

tibebe yo fin fèt kounya, yo pa dòmi byen. Nan chak tablo, antoure chif ki reprezante ki kalite eta lespri ou panse chak nan fanm yo genyen.

Mwen pa ka sipòte sa. Ou kriye twòp. Ou se yon move tibebe, epi mwen pa konnen kisa pou m fè.

Podyab cheri. Ki pwoblèm ou genyen? Èske ou grangou? Èske yon bagay ap fè w mal? Manmi ou la tande.

Mwen sitèlman fatige. Mwen pa anvi leve.

Mwen sitèlman fatige. Mwen pa anvi leve.

JOUNEN MARY JOUNEN VIOLET

Page 18: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

17

FÈY TRAVAY 6.2:

KISA PANSE YE?

Gwosès, ak genyen yon

nouvo tibebe, se moman

espesyal nan lavi m...

Panse yo, se tout bagay nou di tèt nou (tankou nou te gen

yon konvèsasyon nan tèt nou).

Nou ka gen plizyè panse a nenpòt ki moman. Kèk nan yo an dezakò youn ak lòt.

Nou rann nou kont de kèk panse, epi genyen nou pa rann nou kont.

Panse nou yo ka ede nou, oswa yo ka fè nou mal.

Panse nou prèske toujou afekte eta lespri nou.

Si nou ka rann nou kont de anpil kalite panse nou genyen

yo, nou ka aprann sèvi ak yo pou nou vin gen yon pi bon

eta lespri.

Page 19: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

18

FÈY TRAVAY 6.3: CHEMEN KI MENNEN NAN YON BON ETA LESPRI

Reyalite pèsonèl ou bati oswa fòme tanzantan.

Nan chak moman nan lavi nou, nou deside kisa pou nou panse, fè, di, ak kòman pou nou trete lòt moun.

Chak desizyon nou pran amelyore oswa fè pi mal byennèt emosyonèl nou oubyen kenbe li menm jan.

Anjeneral, chak desizyon nou pran gen yon ti efè sou nou. Men, amezi desizyon nou ap anpile, yo ka kreye yon gwo chanjman nan eta lespri nou.

Aktivite nou fè ak panse nou genyen chak jou ede nou fòme reyalite a pou jounen sa!

Egzanp: Jounen Mary 1. Reveye. 2. Benyen. 3. Reponn telefòn. 4. Pale ak yon zanmi. 5. Sòti. 6. Santi li pi byen

Egzanp: Jounen Violet 1. Reveye. 2. Rete nan kabann. 3. Pa reponn telefòn. 4. Rete lakay li. 5. Santi li tris ak pou kont li. 6. Kòmanse kriye.

Chemen ki mennen nan yon BON eta lespri Chemen an ki mennen nan yon MOVE eta

lespri

Page 20: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

19

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 6.4:

PANSE ITIL AK PANSE NWIZIB ENSTRIKSYON YO: Kèk panse ede nou santi nou pi pozitif sou lavi nou - yo ban nou enèji ak espwa. Gen lòt panse ki ka fè nou santi nou pi negatif - yo ka fè nou santi nou deprime ak fatige. Eseye reflechi sou kèk panse itil ak panse nwizib ou ka genyen, epi fè lis yo nan bwat ki anba a.

Mwen pral

yon bon

manman!

Mwen pa

pral yon bon

manman.

PANSE ITIL PANSE NWIZIB

Page 21: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

20

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 6.5:

PANSE ITIL AK PANSE NWIZIB

Sa ki anba la a se yon lis bagay ou ka rankontre, oswa gendwa te rankontre pandan gwosès ki ka mennen nan panse itil oswa panse nwizib. Pou chak fraz ki anba a, tanpri antoure si li fè ou santi w kontan, pozitif ak remonte lespri w, oswa si li fè ou santi ou tris, negatif oswa fache; osinon enpe nan yo chak.

0 = Pa ditou 1 = Yon tikras 2 = Pafwa 3 = Toujou

ITIL NWIZIB Kontan/Pozitif/Remonte lespri Tris/Negatif/Fache

0

1

2

3

Rad ou pa bon pou ou.

0

1

2

3

0

1

2

3

Santiman poutèt ou ansent nan moman sa a.

0

1

2

3

0

1

2

3

Efè gwosès/nouvo tibebe, ak pran swen lòt timoun yo.

0

1

2

3

0

1

2

3

Panse a pwòp ansyen gwosès oswa akouchman ou.

0

1

2

3

0

1

2

3

Panse sou aparans tibebe w la.

0

1

2

3

0

1

2

3

Santiman espirityèl poutèt ou ansent.

0

1

2

3

0

1

2

3

Kòmantè lòt moun sou gwosès ou.

0

1

2

3

0

1

2

3

Chanjman nan ki moun ou wè oswa ak ki moun ou pale.

0

1

2

3

Page 22: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

21

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 6.6:

PANSE ITIL AK PANSE NWIZIB

PANSE ITIL PANSE NWIZIB

Page 23: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

22

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 7.1: MODÈL PANSE NWIZIB, AK REPONS

MODÈL PANSE NWIZIB

REPONS POU MODÈL PANSE NWIZIB OU YO

Panse, Tout oswa Anyen: Panse alekstrèm (kapab nan yon pwent echèl la sèlman, anlè oswa anba). Pa egzanp, tout bon oswa tout move, pi bon oswa pi mal, reyisit oswa echèk.

Kisa ki gen nan mitan an?

Èske gen plis bagay ki pa fin klè?

Kategorik anjeneral san prèv: Pran yon aspè oswa yon evènman negatif epi wè li tankou yon bagay k ap refèt ki pa janm fini. Pa egzanp, yon moun te trayi m, ki donk mwen pa fè okenn moun konfyans. Mwen pa t kapab fè grenn bagay sa, kidonk

mwen pa ka fè anyen.

Èske m asepte tout sitiyasyon ak tout chak se menm bagay yo ye?

Sa a se jis yon grenn sitiyasyon, yon

sèl moun.

Èske mwen ka sonje lòt sitiyasyon ak lòt moun ki te diferan?

Blame Tèt ou: Panse lè move bagay rive, se toujou fòt ou.

Èske se tèt mwen pou m blame pou tout bagay ki pase mal?

Èske se move bagay sèlman ki rive m?

Sonje bon bagay ki te rive m, ak tou sa mwen te reyalize.

Fè Prediksyon Move Avni: Panse ou ka wè kòman bagay yo pral ye pi devan, epi yo pral tounen mal san mank.

Èske mwen ka fè prediksyon lavni

reyèlman?

Poukisa m pa chèche konnen kijan yo pral vin ye, olye m ap imajine pi move bagay sèlman?

Bagay yo gendwa chanje.

[Adapte apatide Feeling Good: The New Mood Therapy (Santi w Byen: Nouvo Terapi pou Eta Lespri), pa David Burns. Morrow, 1980]

Page 24: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

23

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 7.2: FASON POU CHANJE PANSE NWIZIB KI GEN EFÈ

SOU TIBEBE MWEN AK SOU MWEN

Menm jan panse yo afekte eta lespri ou, panse pitit ou an afekte eta lespri li. Ou ka aprann pitit ou panse nan yon bon fason, ki pral fè kè li kontan.

Metòd pou diminye panse nwizib Fason pou aprann pitit ou gen yon bon eta lespri

Koupe Panse:

Gen kèk fwa nou kole nan yon sèten panse, anjeneral yon panse ki negatif, k ap plede trakase nou pandan tout jounen an, ki fè nou santi nou pa byen. Nou ka aprann pou pran konsyans de sa, epi “kraze panse nou an” pou nou sòti nan labou nou kole a.

Yonn nan fason pou fè sa ak tibebe, se konstate kòman yo santi yo, epi aprann yo kisa yo santi. Pa egzanp, si tibebe w la kòmanse santi li kontrarye paske li fatige, epi li anvi dòmi, di “Cheri, èske w fatige? Li lè pou w fè yon ti dòmi. Depi w fin repoze, ou pral santi w pi byen anpil.” Nan fason sa, tibeb w la aprann gen yon bagay ou ka fè pou w santi w pi byen.

Moman Enkyetid: Pafwa li nesesè pou reflechi sou bagay ki gen yon efè sou eta lespri ou, men li enpòtan pou w pa fè li twò souvan. Li posib pou mete yon limit 5 oswa 10 minit chak jou pou kantite tan ou pase nan panse sa yo, eseye pa gen panse sa yo lè ou avèk tibebe w la.

Pran kèk minit pa jou pou w konsantre sou pwoblèm ou ak enkyetid ou lè tibebe w la ap dòmi ak lè pa gen bagay ki pral entèwonp ou. Nan fason sa tibebe a pral gen mwens chans pou aprann enkyete, epi ou pral kapab konsantre reyèlman pou vini ak yon bon solisyon.

Pwojeksyon Tan: Pafwa lè nou tris oswa deprime, li fè tankou bagay yo pa bon ditou, epi yo pral toujou rete pa bon ditou. Lè sa rive, li itil pou imajine tèt nou ki ap avanse nan yon tan a yon tan lè bagay yo pral pi byen.

Li enpòtan pou tibebe w la aprann ke lavi pral pote bon bagay tankou move bagay pou yo. Yo kapab pwofite de bon bagay yo, epi sonje move moman yo gen pou pase.

Bay pwòp tèt ou lòd: Pale ak tèt nou, se yon bagay tout moun fè, epi sa pa vle di nou fou pou sa. Li kapab tankou w ap bay tèt ou bon direksyon. Pa egzanp, ou ka fè tèt sonje pou w sèvi ak teknik sa yo oubyen kòman ou vle okipe de bagay yo. Pou timoun aprann kontwole tèt yo, ou ba yo lòd tankou “pa manyen,” “bagay sa cho,” etsetera. Nou bay tèt nou lòd tou, sitou lè n ap fè yon nouvo bagay.

Fason ou pale ak tibebe w la pral aprann li konprann ou pi byen amezi l ap grandi. Se vre tibebe w la pa pral konprann tout sa ou di, men li bon pou w kòmanse fè pratik depi kounya. Pa egzanp, ou ka di tèt ou, “Mwen vle leve tibebe m lan ak anpil lanmou, konsa lè m dwe korije tibebe m lan, li pa pral panse se renmen mwen pa renmen l.”

Page 25: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

24

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 7.3:

SISTÈM RAPID POU MEZIRE ETA LESPRI Chak swa, anvan w ale nan kabann, antoure chif de 1 a 9, ki pi byen reprezante

eta lespri ou chak jou.

Nan anba nan chak kolòn, ou pral jwenn yon espas kote ou ka ekri konbyen panse itil ak panse nwizib ou genyen chak jou. Èske gen yon rapò ant kantite panse itil ak panse nwizib ou genyen, epi eta lespri ou?

Kantite Panse NWIZIB:

Kantite Panse ITIL:

PI MOVE ETA LESPRI

PASAB

PI BON ETA LESPRI

DAT LA:

Page 26: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

25

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 7.4:

FASON POU SISPANN PANSE NWIZIB YO

KISA PANSE NWIZIB LA TE YE?

KI METÒD OU TE ITILIZE POU ESEYE

SISPANN PANSE NWIZIB LA?

KI EFIKASITE METÒD LA TE GENYEN?

KISA PANSE NWIZIB LA TE YE?

KI METÒD OU TE ITILIZE POU ESEYE

SISPANN PANSE NWIZIB LA?

KI EFIKASITE METÒD LA TE GENYEN?

Page 27: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

26

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 8.1:

PANSE SOU OU MENM ANTAN MANMAN

Panse nou yo gen efè sou fason nou wè lavi ak fason nou ye antan manman.

Ou ka deside ki kalite manman ou vle tounen. Pa egzanp, ou ka

deside: - Fason pou reflechi sou tèt pa ou, tibebe w la, ak relasyon

nou genyen - Fason ou vle trete tibebe w la ak kisa pou w aprann li - Ki konpasyon ou vle genyen pou tibebe w la ak emosyon

ou ta renmen aprann li

Sonje aprann panse se tankou aprann pale. Pou tibebe aprann panse

ak aprann pale, yo obsève kijan manman yo panse ak pale.

Si pandan w ap leve tibebe a li tande mo afeksyon, tibebe a pral

aprann gen afeksyon.

Tibebe w la aprann nan men w. Sonje byen, se ou menm ki premye pwofesè li!

Ou ka aprann tibebe w la panse nan yon fason ki ta fè li santi li

kontan ak tèt li e avèk ou menm.

Antan manman, ou kapab yon egzanp pou tibebe w la. Ou ka ede li “fòme” panse li pou li devlope yon bon reyalite anndan li.

Mwen se yon manman kounya... Mwen sitèlman gen anpil bagay pou m montre ti pitit mwen an

Page 28: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

27

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 8.3:

FÈY TRAVAY 8.2: REFLECHI SOU AVNI PA OU

ENSTRIKSYON YO: Reflechi sou ki kalite lavi ou ta renmen genyen pi devan, pa egzanp nan 5 ane sòti kounya, epi ki kalite bagay ou vle pou tèt ou ak ki kalite bagay ou pa vle pou tèt ou. Aprè sa, reflechi sou aksyon ou dwe pran depi kounya pou w gen lavi ou anvi reyèlman an.

Kisa mwen dwe evite fè kounya: Kisa mwen pa vle:

Kisa mwen dwe fè kounya: Kisa mwen vle:

PI BON AVNI MWEN (nan 5 ane sòti kounya)

“Mwen pral enskri nan yon kou enfòmatik kounya”

“Mwen ta renmen gen yon trè bon travay nan enfòmatik”

EGZANP:

Page 29: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

28

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 8.3: REFLECHI SOU AVNI TIBEBE W LA

ENSTRIKSYON YO: Reflechi sou ki kalite lavi ou ta renmen tibebe w la genyen. Aprè sa, reflechi sou aksyon ou dwe pran depi kounya pou ede tibebe w la gen yon trè bon avni.

EGZANP:

Kisa mwen dwe evite fè kounya: Kisa mwen pa vle pou tibebe mwen an:

Kisa mwen dwe fè kounya: Kisa mwen vle pou tibebe mwen an:

PI BON AVNI POU TIBEBE MWEN AN (nan 5 ane sòti kounya)

“Mwen pral fè lekti pou

pitit mwen kounya”

“Mwen vle pitit mwen renmen fè lekti”

Page 30: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

29

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 9.1: JOUNEN VIOLET AK MARY

ENSTRIKSYON YO: Violet ak Mary, yo tou de gen 7 mwa ansent. Nan chak tablo,

antoure chif ki reprezante ki kalite eta lespri ou panse chak nan fanm yo genyen.

Mèsi dèske ou vini nan pak la ansanm avè m ak poutèt ou se yon bon zanmi.

Mwen santi m sitèlman tris ak pou kont mwen.

Alo Carmen, èske ou vle ale nan pak la ansanm avè m? Mwen pa vle pale ak

pyès moun.

Mwen pa anvi fè fas ak jounen an, men lè m wè carmen, sa pral fè m santi m pi byen.

Mwen pa anvi fè fas ak jounen an.

Mwen pa anvi leve.

Mwen pa anvi leve.

JOUNEN MARY JOUNEN VIOLET

Page 31: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

30

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 9.2:

RELASYON KI GENYEN ANT ETA LESPRI EPI KONTAK AK LÒT MOUN

Nan seksyon sa a, nou pral wè kòman lè w pase tan ak lòt moun, sa gen efè sou fason ou santi ou.

Ki kalite kontak ou gen ak moun lè ou santi w deprime? Ki efè eta lespri w gen sou kontak ou ak moun? Lè ou izole tèt ou de lòt moun, ki efè sa genyen sou eta lespri ou?

Kijan lè w gen plis chire pit oswa tansyon avèk lòt moun, sa gen efè sou eta lespri ou?

Èske yon eta lespri negatif lakòz moun vin mwens sosyab?

OSWA

Èske lè w mwens sosyab, sa lakòz ou gen yon eta lespri negatif?

Sandout, repons lan se tou de. Lè nou santi nou deprime, nou gen mwens chans konpòte nou nan fason amikal ak lòt. Lè nou santi nou deprime, souvan nou menm fè mwens bagay ak lòt moun. Sa kontinye jiskaske nou sitèlman deprime nou pase pifò tan santi nou pou kont nou.

Mwens Kontak

Pozitif ak Lòt

moun

Move Eta lespri

Lè nou gen mwens kontak pozitif oswa plis kontak negatif ak lòt moun, anjeneral nou:

Santi nou pou kont nou

Santi nou tris

Santi nou ankòlè

Santi tankou se pa mele pyès moun

Santi w plis deprime

Lè nou santi nou deprime, anjeneral nou:

Gen mwens kontak ak lòt moun, epi nou evite lòt moun.

Tolere bagay mwens, santi nou irite pi fasil.

Aji pi trankil epi pale mwens.

Vin pi sansib, konpòtman lòt moun gen plis efè sou nou.

Fè lòt moun mwens konfyans.

Page 32: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

31

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 9.3:

ETA LESPRI OU AK REYALITE PÈSONÈL OU

Li enpòtan pou nou konprann eta lespri nou. Kòman yo gen enfliyans sou lavi nou?

Pou ou gen yon bon eta lespri, oswa santiman ki pozitif, li enpòtan pou aprann fason pou fèfas ak reyalite pèsonèl ou.

Reyalite pèsonèl nou divize an de pati:

Reyalite panse nou: Sa nou panse

Reyalite “anndan” nou

Reyalite mond nou an: Sa nou fè

Avèk kimoun nou gen rapò Eta kò nou: sante nou

Sa k ap pase nan mond nou an

Reyalite “deyò” nou

Desen sa a montre kòman nou konprann relasyon ki genyen ant reyalite pèsonèl nou ak eta lespri nou.

REYALITE PÈSONÈL MWEN

Desen sa a montre kòman nou konprann relasyon ki genyen ant

reyalite pèsonèl nou ak eta lespri nou.

Eta lespri

Ankouraje atachman paran ak tibebe avèk èd estrateji ki gen rapò avèk panse e konpòtman

Aktivite yo Panse yo

Pou kont ou

Avèk lòt moun

Reyalite Deyò (Nan lemonn)

Reyalite Anndan (Nan tèt ou)

Panse ou yo ak

espwa ou yo

Travay, pran swen timoun ou yo,

relasyon ou avèk

Page 33: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

32

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 9.4:

SISTÈM RAPID POU MEZIRE ETA LESPRI Chak swa, anvan w ale nan kabann, antoure chif de 1 a 9, ki pi byen

reprezante eta lespri ou chak jou.

Nan anba nan chak kolòn, ou pral jwenn yon espas kote ou ka ekri

konbyen kontak pozitif ak kontak negatif ou genyen chak jou. Gade pou wè si gen yon rapò ant fason ou santi epi moun ou gen kontak ak yo a.

Kantite Kontak NEGATIF:

Kantite Kontak POSITIF:

PI MOVE ETA LESPRI

PASAB

PI BON ETA LESPRI

DAT LA:

Page 34: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

33

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 10.1:

MOUN KI NAN LAVI M

Enstriksyon yo: Ekri nan sèk la non moun ou konnen ki dekri pi byen relasyon ou genyen avèk yo.

Moun ki tou prè mwen: yo se moun ou ka pataje avèk yo panse ak santiman ou.

Zanmi Pwòch: yo se moun ou santi ou ka pale avèk yo, men petèt se pa sou tout bagay.

Zanmi: yo se moun ou renmen fè bagay ansanm avèk yo (pa egzanp ale nan sinema) menmsi ou pa pataje detay pèsonèl sou lavi ou avèk yo.

Moun ou konnen: yo se moun lè ou wè yo ou voye men pou di bonjou.

Page 35: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

34

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 10.2:

MOUN KI NAN LAVI M AK FASON YO BAN M SIPÒ

ENSTRIKSYON YO: Chak kare anba a reprezante yon kalite sipò diferan moun lan ba ou. Reflechi sou moun nan lavi ou ki koresponn ak chak kare epi ekri non moun sa yo ladan. Ou ka ekri non yon grenn moun nan plis pase yon kare.

Ki moun ou pral konte sou li: pou ankourajman?

pou konprann ou?

pou ede w lè w santi w deprime?

Ki moun ki pral: flannen nan pak la ansanm ak ou?

pase yon aprèmidi ansanm ak ou?

ede w fè travay òdinè nan kay?

Ki moun ou pral mande konsèy/enfòmasyon: lè ou pa santi w byen?

lè ou pa konprann kòman pou w fè yon bagay?

Ki moun ou pral mande pou: kondi pou mennen w lopital la?

rele pou prete w yon bagay ou bezwen?

SIPÒ EMOSYONÈL KAMARAD OU

KONSÈY OSWA ENFÒMASYON SIPÒ POU REZOUD PWOBLÈM

Page 36: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

35

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 10.3:

MOUN KI PRAL BAY SIPÒ POU MWEN MENM AK TIBEBE MWEN

ENSTRIKSYON YO: Fwa sa, chak kare anba a eksplike yon kalite sipò diferan moun lan kapab bay tibebe w la. Reflechi sou moun nan lavi ou ki koresponn ak chak kare epi ekri non moun sa yo ladan. Ou ka ekri non yon grenn moun nan plis pase yon kare.

[Adapte apati de Liv Brugha: Preparing for Parenthood (Preparasyon pou vin paran), 1998]

Ki moun ou pral mande konsèy/enfòmasyon:

lè ou pa santi w byen?

lè tibebe mwen malad?

lè ou pa konprann kòman pou w fè yon bagay?

lè yon bagay ban m enkyetid sou tibebe mwen?

Ki moun ou pral mande pou:

kondi pou mennen w lopital la?

rele pou prete w yon bagay ou bezwen?

ede m pou gadri si mwen pa santi m byen epi

mwen bezwen pran yon ti repo?

ta mennen m lopital si tibebe mwen an malad?

SIPÒ EMOSYONÈL KAMARAD OU

KONSÈY OSWA ENFÒMASYON SIPÒ POU REZOUD PWOBLÈM

Ki moun ou pral konte sou li:

pou ankourajman?

pou konprann ou?

pou ede w lè w santi w deprime?

konsole tibebe mwen an?

fè tibebe mwen an santi yo renmen li?

Ki moun ki pral:

flannen nan pak la ansanm ak ou?

pase yon aprèmidi ansanm ak ou?

ede w fè travay òdinè nan kay?

jwe ak tibebe mwen an?

aprann tibebe mwen an nouvo bagay?

Page 37: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

36

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 11.1:

MÒD KOMINIKASYON EPI ETA LESPRI OU

Kisa mòd prensipal ou pou kominikasyon?

Kijan efè mòd kominikasyon ou an genyen sou eta lespri ou?

Ki efè mòd kominikasyon ou an genyen sou rapò ou ak lòt moun?

Non

Non

Wi Wi

Wi

Wi

Afime

Agresif

Pasif

Respekte Pwòp

Volonte ou

Respekte Volonte

Lòt moun MÒD KOMINIKASYON

3 KALITE MÒD KOMINIKASYON Kisa ki nan bwat la?

Page 38: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

37

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 11.2:

FÈ YO SATISFÈ BEZWEN OU

Pa gen pwoblèm pou mande sa ou bezwen.

Ou gen plis chans pou ou jwenn sa ou bezwen an si ou kominike nan yon fason pozitif, klè, epi dirèk.

Lè ou mande pou lòt moun ede w, toutotan ou bay plis enfòmasyon, se toutotan li pral pi fasil pou lòt moun yo ede ou, epi se plis chans ou pral genyen pou w jwenn sa ou vle a. Pa egzanp: “Mwen vle ale nan yon kou enfòmatik le mèkredi sòti 1:00 pou rive 3:00 PM.”

Moun nan gendwa di “wi” oswa “non.” Ou ka oblije sede sèten bagay.

Mwen ta vrèman apresye sa si ou ta siveye

tibebe a pandan m ap fè yon ti mache aprè manje mid ai.

Mwen pa ka siveye li touswit aprè

manje midi a, men mwen kapab fè sa pita nan

aprèmidi a.

ETAP YO

Pare pou sede sèten

bagay.

Respekte dwa lòt moun nan genyen pou li pa fè sa ou mande a.

Mande sa ou bezwen an nan yon fason ki klè e dirèk.

Kimoun ki ka ede m?

Kisa mwen bezwen?

EGZANP MWEN

Page 39: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

38

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 11.3: CHANJMAN WÒL

Lè w gen yon tibebe, li kapab yon okazyon pou ni lajwa ni estrès. Lè w gen yon tibebe, sa ka chanje sa ou panse de pwòp tèt ou. Lè w vin yon manman (pou premye fwa oswa yon lòt fwa ankò), se yon nouvo wòl li ye, epi li ka gen efè sou eta lespri ou.

Yon Metòd pou Fèfas ak Reyalite a:

Kijan ou ka gide reyalite ou piske wòl ou chanje? Pou bati yon nouvo reyalite ki bon pou sante, ou ka itilize panse w, konpòtman w, ak kontak ak lòt moun.

1. Panse: Kisa ou panse konsènan chanjman sa yo? (Itil ak Nwizib)

2. Konpòtman: Kisa w ka fè pou adapte w ak chanjman sa yo nan lavi w?

3. Moun: Kimoun ki ka ede w adapte w ak chanjman sa yo nan lavi w?

Page 40: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

39

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 11.4:

WÒL DEZAKÒ OSWA CHIRE PIT

Lè w gen yon tibebe, sa ka chanje rapò w ak lòt moun, yo ka vin pi bon oswa pi mal. Èske ou gen pwoblèm ak yon lòt moun ki gen efè sou eta lespri ou? Èske pwoblèm sa yo, chire pit, oswa diskisyon sa yo vin lakòz ou santi w tris?

Santiman: Ki santiman ou genyen pou moun sa a?

Panse: Reflechi sou chire pit(yo) ou te gen ak moun sa a pandan semèn ki sot pase a

Ki efè chire pit la gen sou fason ou wè pwòp tèt ou?

Ki efè chire pit la gen sou fason ou wè lòt moun nan?

Ki efè chire pit la gen sou fason ou wè sosyete a?

Moun: Reflechi sou moun ou gen pwoblèm avèk li a

Ki bon pwennvi li genyen? Ki move pwennvi li genyen?

Kijan ou panse li wè pwoblèm nan? (Eseye konprann pwennvi li menmsi ou gendwa pa dakò ak li)

Èske gen yon solisyon kote nou tou de jwenn yon bagay enpòtan nou vle?

Konpòtman: Lè w gen yon pwoblèm ak moun sa, kijan ou konpòte w?

Èske anjeneral se konsa ou konpòte w lè w gen pwoblèm ak lòt moun?

Lè w gen pwoblèm ak moun sa, kijan li konpòte l?

Èske gen yon bagay ou ta kapab fè pou ede transfòme sitiyasyon an pou vin fè li yon

sitiyasyon ki pi bon?

Page 41: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

40

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 12.1: REVIZYON KLAS

Reyalite Anndan: Domèn lespri ou, ki se pwopriyete pa ou, epi lòt moun pa ka wè li. Se ou sèlman ki gen “kle” pou louvri reyalite ki anndan ou!

Reyalite Deyò: Enfòmasyon yo - pati nan reyalite ou lòt moun ka wè, lòt moun ka mezire.

Sonje: Reyalite anndan ak reyalite deyò kapab gen efè sou eta lespri ou. Reyalite sa yo gen efè sou aktivite ou fè, sou panse ou, ak sou kontak ou ak lòt moun. Epi tout bagay sa yo yo menm gen efè sou:

Ou menm

Tibebe w la

Rapò ki genyen ant ou menm ak tibebe w la

Panse ou ak

espwa ou

Travay, pran swen timoun ou,

relasyon ou

Desen sa a montre fason nou konprann rapò ki genyen ant reyalite pèsonèl nou ak eta lespri nou.

Ankouraje atachman paran ak tibebe alèd teknik ki gen rapò avèk panse e konpòtman

Eta lespri

Panse

Pou kont ou Avèk lòt moun

Aktivite

Reyalite Deyò (Nan lemonn)

Reyalite Anndan (Nan tèt ou)

REYALITE PÈSONÈL MWEN

Page 42: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

41

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

FÈY TRAVAY 12.1 (KONTINYE):

REVIZYON KOU A

Kontak ak lòt moun

epi Eta lespri

Aktivite Agreyab

epi Eta lespri

Panse ak Eta

lespri

Kontak pozitif

ak Lòt moun

Aktivite

Agreyab Panse Itil Eta lespri Eta lespri Eta lespri

Reyalite

Deyò

Reyalite

Anndan

Page 43: Kou pou Manman ak Tibebe yo · 2017. 6. 27. · Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015 2 FÈY TRAVAY 1.2: KIJAN KOU POU MANMAN YO AK TIBEBE YO KAPAB EDE OU Men, nou

42

Liv egzèsis pou Patisipan MB fas-a-fas Prentan 2015

KONPLIMAN DÈSKE OU FIN SWIV KOU MANMAN AK TIBEBE YO!