Desizyon ki soti nan 28ièm konsèy gouvènman

3
SEKRETARYA JENERAL PRIMATI 28 ièm KONSEY GOUVENMAN Mèkredi 9 avril 2014 Pwogram jodia TÈM «ESTRATEJI GOUVENMAN POU LITE KONT POVRETE AK ESKLIZYON SOSYAL» Desizyon ki sò ti nan 28 ièm Konsèy Gouvènman an Desizyon 1 Tout Minis yo dwe li plan daksyon pou fè bese povrete nan peyi a paske plan sa pral fè pati de lis etap ke yo pral swiv (fèy de wout) nan Ministè ke yap dirije a. D esizyon 2 Nan lide pou pemèt popilasyon an konprann tout sa kap di nan Konsèy Gouvènman yo, Premye Minis lan deside ke tout prezantasyon yo fèt an kreyòl. Desizyon 3 Nan sousi pou fè bese povrete ekstrèm lan, Premye Minis lan raple tout Minis yo ke yo dwe reflechi sou enpak depans yo ka genyen sou desizyon Gouvènman poul garanti yon meyè avni pou jenès peyi a. Desizyon 4 Demen Minis Kilti a, Minis Finans lan ak Sekretè Deta Planifikasyon dwe komanse travay pou lansman renovasyon Palè San Sousi nan Milo si sa pot ko fèt. Desizyon 5 Minis Edikasyon Nasyonal la dwe bay Premye Minis la rapò sou pwototip lekol ki dwe konstwi ki pap koute twòp kòb e kap pèmèt nou konstwi plis lekol nan peyi a. Desizyon 6 Minis Edikasyon Nasyonal la dwe komanse pwosesis kap mennen nan konstriksyon plis lekol ak akreditasyon yo. Desizyon 7 Minis finans lan dwe òganize yon asiz sou finansman ajans miltilateral yo. Li dwe kòmanse ak BID sou zafè konstwiksyon lekòl yo. Desizyon 8

description

Les Grandes Décisions du Conseil de Gouvernement du mercredi 9 avril 2014.

Transcript of Desizyon ki soti nan 28ièm konsèy gouvènman

Page 1: Desizyon ki soti nan 28ièm konsèy gouvènman

SEKRETARYA JENERAL PRIMATI

28ièm KONSEY GOUVENMAN

Mèkredi 9 avril 2014Pwogram jodia

TÈM

«ESTRATEJI GOUVENMAN POU LITE KONT POVRETE AK ESKLIZYON SOSYAL»

Desizyon ki sòti nan 28ièm Konsèy Gouvènman an

Desizyon 1

Tout Minis yo dwe li plan daksyon pou fè bese povrete nan peyi a paske plan sa pral fè pati de lisetap ke yo pral swiv (fèy de wout) nan Ministè ke yap dirije a.

Desizyon 2

Nan lide pou pemèt popilasyon an konprann tout sa kap di nan Konsèy Gouvènman yo, PremyeMinis lan deside ke tout prezantasyon yo fèt an kreyòl.

Desizyon 3

Nan sousi pou fè bese povrete ekstrèm lan, Premye Minis lan raple tout Minis yo ke yo dwereflechi sou enpak depans yo ka genyen sou desizyon Gouvènman poul garanti yon meyè avni poujenès peyi a.

Desizyon 4

Demen Minis Kilti a, Minis Finans lan ak Sekretè Deta Planifikasyon dwe komanse travay poulansman renovasyon Palè San Sousi nan Milo si sa pot ko fèt.

Desizyon 5

Minis Edikasyon Nasyonal la dwe bay Premye Minis la rapò sou pwototip lekol ki dwe konstwi kipap koute twòp kòb e kap pèmèt nou konstwi plis lekol nan peyi a.

Desizyon 6

Minis Edikasyon Nasyonal la dwe komanse pwosesis kap mennen nan konstriksyon plis lekol akakreditasyon yo.

Desizyon 7

Minis finans lan dwe òganize yon asiz sou finansman ajans miltilateral yo. Li dwe kòmanse akBID sou zafè konstwiksyon lekòl yo.

Desizyon 8

Page 2: Desizyon ki soti nan 28ièm konsèy gouvènman

Desizyon 8Direktè Jeneral FAES la dwe pran dispozisyon pou kòmanse ak demaraj konstwiksyon lekòl poupitit pèp la.

Desizyon 9Pwochen Gouvènman Lakay ou ap fèt 26 avril nan Mibalè. Direktè Kabinè an ak Sekretè JeneralPrimati a dwe voye yon ekip nan Mibalè yon semèn alavans pou byen prepare aktivite sa nan fètout moun patisipe asosyason fanm, komès, plantè.

Desizyon 10Direktè Jeneral FAES la dwe pran tout disposizyon pou enstale plis DCP nan Ilavach pou pechè.

Desizyon 11Minis Komikasyon an dwe pran dispozisyon pou amelyore kominikasyon pou enfome popilasyonan sou bilan realizasyon ak avansman pwojè Ilavach yo.

Desizyon 12Chak Ministè dwe chwazi yon moun kom pwen fokal pou enplemantasyon e aplikasyon planPAARP lan.Premye Minis lan chwazi Sekretè Deta Planifikasyon an Mesye Michel PRESUME kòm pwenfokal pou aplikasyon PAARP nan MPCE. Pou UCLBP, yo chwazi Herve Bernis, pou FAES seChèf Kabinè Direktè Jeneral la ke yo chwazi e pou Primati Premye Minis lan chwazi tèt li kommoun kap patisipe nan aplikasyon plan sa.

Desizyon 13Minis AUGUSTE an kolaborasyon ak Minis Ekonomi e Finans lan dwe òganize yon rankont avèkBayè fon yo pou esplike yo enpòtans e kisa ki plan PAARP lan.

Desizyon 14Pou enfòmasyon yo, tout Minis dwe konsilte manyèl pwosedi ekzekisyon bidjè a ak kad legalfinans piblik yo.

Desizyon 15Minis Finans lan dwe pwopoze yon lòt pwosedi pou pote yon solisyon ak ti pwoblèm (iregilarite)ki genyen nan pwogram ede pèp la.

Desizyon 16FAES ansanm ak Ministè Kominikasyon an dwe prepare dokimantè kap fè pèp la pale sou efè akenpak pwogram ede pèp la.

Desizyon 17Semèn kap vini an Direktè Kabinè Premye Minis lan dwe mande BRH vinn fè yon prezantasyonsou pwopozisyon mikro kredi pou ti komès ak ti biznis pou Minis Finans lan, Minis Fanm lan,Minis Komès lan, Minis povrete extrèm e Minis Agrikilti an.

Desizyon 18Direktè Jeneral FAES la dwe travay an kolaborasyon ak Minis Finans lan pou fè pwogram sosyalyo mache byen nan enterè popilasyon an.

Desizyon 19Premye Minis lan envite Minis ak Sekretè Deta yo patisipe lè payroll e distribisyon pwogram edepèp yo ap fèt.

Desizyon 20MEF ak FAES dwe pran dispozisyon pou fasilite dekèsman fon pwogram sosyal yo regilyèman.

Desizyon 21Sekretè Ronald DECEMBRE dwe fe vit pou rezoud pwoblèm ekspwopriasyon pou konstriksyonèpòt Okay lan. E Minis MTPTC an dwe pran dispozisyon poul anonse ofisyèlman demarajkonstriksyon vyadik Kafou a.

Desizyon 22Delege Depatmantal Grandans lan, Mesye Norman Wiener, se nouvo Kòwodonatè Plan espesyalJeremi a.

Desizyon 23Chèf Kabinè Premye Minis lan dwe fè swivi ak Ministè Enteryè sou 25 motè kel te pwomèt nanGouvènman Lakay ou kite òganize nan vil Jeremi.

Desizyon 24Minis Édikasyon an dwe asire swivi ak PNCS sou zafè kantin popilè a kite pwomèt nan

Page 3: Desizyon ki soti nan 28ièm konsèy gouvènman

Minis Édikasyon an dwe asire swivi ak PNCS sou zafè kantin popilè a kite pwomèt nanGouvènman Kay ou kite fèt Jeremi.

Desizyon 25Premye Minis lan deside ke Direktris PNCS lan dwe toujou patisipe nan tout Konsèy Gouvènmankap fèt yo.

Desizyon 26Mesye Jean Marie Altema dwe fè yon swivi ijan sou senk òdinatè ke CONATEL te pwomèt nanGouvènman Lakay ou kite fèt Jeremi.

Desizyon 27Avan vandredi 11 avril lan, Direktè Jeneral CONATEL lan dwe pran tout dispozisyon pou enstaleòdinatè ke yo te pwomèt Lagonav yo.

Desizyon 28Sekretè Deta Chancy dwe òganize yon rankont avèk Minis Mimose FELIX pou etabli yon planredistribisyon DCP yo nan Grandans.

Desizyon 29Direktè Cabinè Premye Minis lan dwe fè swivi avèk Komite swivi GOL Jeremi sou tout angajmankite pran yo.